Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon pou etidye Liv istwa biblik mwen an

Kesyon pou etidye Liv istwa biblik mwen an

Istwa 1

Bondye kòmanse kreye

  1. Ki kote tout bon bagay soti ? Èske w ka bay yon egzanp ?

  2. Ki sa Bondye te fè an premye ?

  3. Ki sa k fè premye zanj lan te espesyal ?

  4. Di ki jan tè a te ye okòmansman. (Gade foto a.)

  5. Ki jan Bondye te kòmanse prepare tè a ni pou bèt, ni pou moun ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jeremi 10:12.

    Ki kalite Bondye demontre nan kreyasyon l lan (Iza. 40:26 ; Wom. 11:33) ?

  2. Li Kolosyen 1:15-17.

    Ki wòl Jezi te jwe nan kreyasyon an, e ki efè sa ta dwe genyen sou fason nou konsidere Jezi (Kol. 1:15-17) ?

  3. Li Jenèz 1:1-10.

    1. Ki jan tè a fè egziste (Jen. 1:1) ?

    2. Ki sa k te pase nan premye jou kreyasyon an (Jen. 1:3-5) ?

    3. E ki sa k te pase nan dezyèm jou kreyasyon an (Jen. 1:7, 8).

Istwa 2

Yon jaden san parèy

  1. Ki jan Bondye te prepare tè a pou nou abite ?

  2. Pale de divès kalite bèt Bondye fè. (Gade foto a.)

  3. Sa k fè jaden Edenn nan te espesyal ?

  4. Ki sa Bondye te vle pou tout tè a tounen ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 1:11-25.

    1. Ki sa Bondye te kreye pandan twazyèm jou kreyasyon an (Jen. 1:12) ?

    2. Ki sa k te rive pandan katriyèm jou kreyasyon an (Jen. 1:16) ?

    3. Ki kalite bèt Bondye te fè nan senkyèm jou a ak nan sizyèm jou a (Jen. 1:20, 21, 25) ?

  2. Li Jenèz 2:8, 9.

    Bondye te mete de pyebwa espesyal nan jaden an. Ki pyebwa sa yo, e ki sa yo te reprezante ?

Istwa 3

Adan ak Èv

  1. Ki diferans ki genyen ant foto ki nan istwa n3 a ak foto ki nan istwa n2 a ?

  2. Kiyès ki te fè premye mesye a, e ki jan mesye sa a te rele ?

  3. Ki travay Bondye te bay Adan fè ?

  4. Poukisa Bondye te andòmi Adan ?

  5. Konbyen tan Adan ak Èv te ka viv, e ki travay Jewova te vle yo fè ?

Lòt kesyon :

  1. Li Sòm 83:18.

    Ki non Bondye, e ki pozisyon espesyal li genyen pa rapò ak tout sa ki sou tè a (Jer. 16:21 ; Dan. 4:17) ?

  2. Li Jenèz 1:26-31.

    1. Ki kokenn kreyasyon Bondye te fè nan sizyèm jou a, e nan ki sans kreyasyon sa a pa t menm ak kreyasyon bèt yo (Jen. 1:26) ?

    2. Ki dispozisyon Jewova te pran ni pou moun, ni pou bèt (Jen. 1:30) ?

  3. Li Jenèz 2:7-25.

    1. Yo te mande Adan pou l bay bèt yo non. Ki sa sa te gen ladan l (Jen. 2:19) ?

    2. Ki jan Jenèz 2:24 ede nou konprann fason Jewova konsidere maryaj, separasyon ak divòs (Mat. 19:4-6, 9) ?

Istwa 4

Yo pèdi bitasyon yo a

  1. Ki sa k pase Adan ak Èv nan foto a la a ?

  2. Poukisa Jewova te pini yo ?

  3. Ki sa yon sèpan te di Èv ?

  4. Kiyès ki te fè sèpan an pale ak Èv ?

  5. Poukisa Adan ak Èv te pèdi Paradi yo a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 2:16, 17 ak Jenèz 3:1-13, 24.

    1. Ki jan kesyon sèpan an te poze Èv la te lage vèni sou do Jewova (Jen. 3:1-5 ; 1 Jan 5:3) ?

    2. Nan ki sans Èv se yon egzanp ki sèvi nou avètisman (Fil. 4:8 ; Jak 1:14, 15 ; 1 Jan 2:16) ?

    3. Nan ki sans Adan ak Èv pa t pran responsablite yo pou zak yo te fè a (Jen. 3:12, 13) ?

    4. Ki jan cheriben yo ki te poste nan lès jaden Edenn nan te soutni souvrènte Jewova (Jen. 3:24) ?

  2. Li Revelasyon 12:9.

    Jis nan ki pwen Satan rive detounen limanite kont dominasyon Bondye (1 Jan 5:19) ?

Istwa 5

Yo kòmanse pase mizè

  1. Ki jan lavi a te ye pou Adan ak Èv pa deyò jaden Edenn nan ?

  2. Ki sa k te kòmanse rive Adan ak Èv e poukisa ?

  3. Poukisa pitit Adan ak Èv yo vin granmoun e yo mouri ?

  4. Si Adan ak Èv te obeyi Jewova, ki jan lavi a t ap ye pou yo menm ak pitit yo ?

  5. Nan ki sans dezobeyisans Èv te fè l soufri ?

  6. Ki jan de premye pitit gason Adan ak Èv yo te rele ?

  7. Kiyès lòt timoun sa yo ki parèt nan foto a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 3:16-23 ak Jenèz 4:1, 2.

    1. Ki jan malediksyon ki te tonbe sou tè a te aji sou lavi Adan (Jen. 3:17-19 ; Wom. 8:20, 22) ?

    2. Poukisa non Èv la ki siyifi “ moun ki vivan ” an se yon non ki apwopriye (Jen. 3:20) ?

    3. Ki jan Jewova te montre konsiderasyon pou Adan ak Èv menm apre yo fin peche (Jen. 3:7, 21) ?

  2. Li Revelasyon 21:3, 4.

    Ki “ ansyen bagay ” w ap tann ki pou elimine ?

Istwa 6

Yon bon pitit, yon move pitit

  1. Ki okipasyon Kayen ak Abèl te genyen ?

  2. Ki kado Kayen ak Abèl te pote bay Jewova ?

  3. Poukisa Jewova te pran plezi nan kado Abèl la, e poukisa li pa t pran plezi nan pa Kayen an ?

  4. Ki kalite moun Kayen te ye, e ki jan Jewova te eseye korije l ?

  5. Ki sa Kayen te fè lè l te poukont li ak frè l la nan jaden an ?

  6. Esplike sa k te rive Kayen apre l fin touye frè l la.

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 4:2-26.

    1. Ki jan Jewova te dekri danje ki te genyen nan atitid Kayen (Jen. 4:7) ?

    2. Ki jan Kayen te demontre sa l gen nan kè li (Jen. 4:9) ?

    3. Ki jan Jewova konsidere vèse san inosan (Jen. 4:10 ; Iza. 26:21) ?

  2. Li 1 Jan 3:11, 12.

    1. Poukisa Kayen te fache anpil, e nan ki sans sa ka sèvi nou avètisman jodi a (Jen. 4:4, 5 ; Pwo. 14:30 ; 28:22) ?

    2. Ki jan Bib la montre, menm lè tout manm fanmi nou opoze ak Jewova, nou toujou ka kenbe entegrite nou (Sòm 27:10 ; Mat. 10:21, 22) ?

  3. Li Jan 11:25.

    Ki asirans Jewova bay konsènan tout moun ki mouri akoz sa ki jis (Jan 5:24) ?

Istwa 7

Yon gason ki brav

  1. Nan ki sans Enòk se te yon moun ki diferan ?

  2. Poukisa moun ki t ap viv nan tan Enòk yo te konn fè anpil bagay mal konsa ?

  3. Ki bagay mal moun yo te konn fè ? (Gade foto a.)

  4. Sa k fè Enòk te bezwen brav ?

  5. Konbyen tan moun yo te konn viv nan epòk sa a ? Men, konbyen tan Enòk li menm li te viv ?

  6. Ki sa k pase apre lanmò Enòk ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 5:21-24, 27.

    1. Ki kalite relasyon Enòk te genyen avèk Jewova (Jen. 5:24) ?

    2. Selon Bib la, ki moun ki te viv pi lontan, e ki laj li te genyen lè l te mouri (Jen. 5:27) ?

  2. Li Jenèz 6:5.

    Jis nan ki pwen sitiyasyon sou tè a pa t bon apre lanmò Enòk, e nan ki sans nou ka fè konparezon ak sa k ap pase jodi a (2 Tim. 3:13) ?

  3. Li Ebre 11:5.

    Ki kalite lakay Enòk ki te “ fè Bondye plezi anpil ”, e ki rezilta sa te bay (Jen. 5:22) ?

  4. Li Jid 14, 15.

    Ki jan kretyen yo jodi a ka imite kouraj Enòk lè y ap bay moun yo avètisman konsènan batay Amagedòn ki pral fèt la (2 Tim. 4:2 ; Ebre 13:6) ?

Istwa 8

Men jeyan sou tè a

  1. Ki sa k te rive lè kèk zanj Bondye te koute Satan ?

  2. Poukisa kèk zanj te sispann travay yo t ap fè nan syèl la e yo te desann sou tè a ?

  3. Poukisa se yon bagay ki te mal pou zanj yo desann sou tè a epi pou yo pran kò moun ?

  4. Nan ki sans pitit zanj yo pa t menm ak pitit lòt moun yo ?

  5. Tankou nou ka wè sa nan foto a, ki sa pitit zanj yo te fè lè yo te vin jeyan ?

  6. Ki bon moun apre Enòk ki te pase sou tè a, e poukisa Bondye te renmen l ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 6:1-8.

    Ki sa Jenèz 6:6 revele sou efè konduit nou gen sou santiman Jewova (Sòm 78:40, 41 ; Pwo. 27:11) ?

  2. Li Jid 6.

    Ki jan zanj yo ki “ pa t kenbe pozisyon yo te genyen okòmansman an ” nan epòk Noye a sèvi nou rapèl jodi a (1 Kor. 3:5-9 ; 2 Pyè 2:4, 9, 10) ?

Istwa 9

Noye bati yon lach

  1. Konbyen moun ki te genyen nan fanmi Noye, e ki jan twa pitit gason l yo te rele ?

  2. Ki bagay estrawòdinè Bondye te mande Noye pou l fè, e poukisa ?

  3. Ki jan vwazen Noye yo te reyaji lè l te pale yo de lach la ?

  4. Ki sa Bondye te di Noye pou l fè ak bèt yo ?

  5. Apre Bondye fin fèmen pòt lach la, ki sa Noye ak fanmi li te dwe fè ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 6:9-22.

    1. Ki sa k fè Noye se te yon adoratè vrè Bondye a ki eksepsyonèl (Jen. 6:9, 22) ?

    2. Ki santiman Jewova sou vyolans, e ki enfliyans sa ta dwe genyen sou distraksyon n ap chwazi (Jen. 6:11, 12 ; Sòm 11:5) ?

    3. Ki jan nou ka imite Noye lè nou resevwa enstriksyon nan òganizasyon Jewova a (Jen. 6:22 ; 1 Jan 5:3) ?

  2. Li Jenèz 7:1-9.

    Kòman, lefètke Jewova te konsidere Noye kòm jis, alòske li enpafè, sa ankouraje nou jodi a (Jen. 7:1 ; Pwo. 10:16 ; Iza. 26:7) ?

Istwa 10

Gwo delij dlo a

  1. Poukisa okenn moun pa t ka antre nan lach la kou lapli a te kòmanse ?

  2. Pandan konbyen jou ak konbyen nuit Jewova te fè lapli tonbe, e ki wotè dlo a te monte ?

  3. Ki sa k te rive lach la lè dlo a te kòmanse kouvri tè a ?

  4. Èske jeyan yo te chape nan delij la, epitou, sa k te rive papa jeyan yo ?

  5. Ki sa k te rive lach la apre senk mwa ?

  6. Poukisa Noye te lage yon kaw pa deyò lach la ?

  7. Kòman Noye te fè konnen dlo ki te sou tè a te bese ?

  8. Ki sa Bondye te di Noye apre li menm ak fanmi l te pase plis pase yon ane nan lach la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 7:10-24.

    1. Jis nan ki pwen lavi sou tè a te detwi (Jen. 7:23) ?

    2. Konbyen tan sa te pran pou dlo delij la bese (Jen. 7:24) ?

  2. Li Jenèz 8:1-17.

    Ki jan Jenèz 8:17 montre pwogram Jewova te genyen okòmansman pou tè a pa t chanje (Jen. 1:22) ?

  3. Li 1 Pyè 3:19, 20.

    1. Lè zanj rebèl yo te retounen nan syèl la, ki jijman yo te resevwa (Jid 6) ?

    2. Ki jan istwa Noye ak fanmi l ogmante konfyans nou nan kapasite Jewova genyen pou l delivre pèp li a (2 Pyè 2:9) ?

Istwa 11

Premye lakansyèl la

  1. Jan nou wè l nan foto a, ki premye bagay Noye te fè lè l te kite lach la ?

  2. Ki kòmandman Bondye te bay Noye ak fanmi li apre delij la ?

  3. Ki pwomès Bondye te fè ?

  4. Lè nou wè yon lakansyèl, ki sa sa ta dwe fè nou sonje ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 8:18-22.

    1. Ki jan jodi a nou ka fè Jewova pran “ yon bon sant ki repozan ” ? (Jen. 8:21 ; Ebre 13:15, 16.)

    2. Ki sa Jewova te remake konsènan eta kè lèzòm, e pakonsekan, ki prekosyon nou dwe pran (Jen. 8:21 ; Mat. 15:18, 19) ?

  2. Li Jenèz 9:9-17.

    1. Ki alyans Jewova te fè ak tout kreyati ki sou tè a (Jen. 9:10, 11) ?

    2. Pandan konbyen tan alyans lakansyèl la ap toujou valab (Jen. 9:16) ?

Istwa 12

Lèzòm konstwi yon tou men wotè

  1. Kiyès Nimwòd te ye, e ki jan Bondye te konsidere l ?

  2. Poukisa moun yo ki nan foto a ap fè brik ?

  3. Poukisa Jewova pa t pran plezi nan travay konstriksyon sa a ?

  4. Ki sa Bondye te fè pou l bloke konstriksyon tou a ?

  5. Ki jan yo te rele vil la, e ki sans non sa a te genyen ?

  6. Sa k te rive moun yo apre Bondye te konfonn langaj yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 10:1, 8-10.

    Ki jan de moun Nimwòd te montre l ye, e ki avètisman egzanp li an kite pou nou (Pwo. 3:31) ?

  2. Li Jenèz 11:1-9.

    Ki sa k te pouse moun yo konstwi tou a, e poukisa pwojè sa a te kondane pou l echwe (Jen. 11:4 ; Pwo. 16:18 ; Jan 5:44) ?

Istwa 13

Abraram, zanmi Bondye

  1. Ki jan de moun ki t ap viv nan vil Ou ?

  2. Ki mesye sa a ki nan foto a ? Ki lè l te fèt ? Ki kote l te rete ?

  3. Ki sa Bondye te di Abraram pou l fè ?

  4. Poukisa yo te rele Abraram zanmi Bondye ?

  5. Kiyès ki te ale avèk Abraram lè l te kite Ou ?

  6. Ki sa Bondye te di Abraram lè l te rive nan peyi Kanaran ?

  7. Ki pwomès Bondye te fè Abraram lè Abraram te gen 99 an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 11:27-32.

    1. Ki sa Lòt te ye pou Abraram (Jen. 11:27) ?

    2. Menmsi yo di se Tera ki te deplase ak fanmi l pou l al Kanaran, kòman nou fè konnen se te Abraram ki te pran desizyon fè deplasman sa a, e poukisa li te fè sa (Jen. 11:31 ; Tra. 7:2-4) ?

  2. Li Jenèz 12:1-7.

    Ki jan Jewova te elaji alyans li te fè avèk Abraram nan apre Abraram te rive nan peyi Kanaran (Jen. 12:7) ?

  3. Li Jenèz 17:1-8, 15-17.

    1. Ki chanjman yo te fè nan non Abram lè l te gen 99 an, e poukisa (Jen. 17:5) ?

    2. Ki benediksyon Jewova te pwomèt Sara t ap jwenn alavni (Jen. 17:15, 16) ?

  4. Li Jenèz 18:9-19.

    1. Nan Jenèz 18:19, ki responsablite yo montre papa yo genyen (Det. 6:6, 7 ; Efe. 6:4) ?

    2. Ki eksperyans Sara te fè ki montre nou pa kapab kache Jewova anyen (Jen. 18:12, 15 ; Sòm 44:21) ?

Istwa 14

Bondye teste lafwa Abraram

  1. Ki pwomès Bondye te fè Abraram, e ki jan Bondye te kenbe pwomès li ?

  2. Jan nou wè sa nan foto a, ki jan Bondye te mete lafwa Abraram aleprèv ?

  3. Ki sa Abraram te fè, menmsi li pa t konprann rezon ki fè Bondye te ba l lòd li te ba li a ?

  4. Ki sa k te pase lè Abraram te pran kouto pou l touye pitit gason l lan ?

  5. Jis nan ki pwen lafwa Abraram te gen nan Bondye te solid ?

  6. Ki sa Bondye te bay Abraram pou l ofri an sakrifis, e ki jan l te fè sa ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 21:1-7.

    Poukisa Abraram te sikonsi pitit gason l lan sou uit jou (Jen. 17:10-12 ; 21:4) ?

  2. Li Jenèz 22:1-18.

    Ki jan Izarak te montre li te soumèt li ak papa l Abraram, e nan ki sans sa te anonse yon evènman ki t apral pase alavni e ki gen plis enpòtans toujou (Jen. 22:7-9 ; 1 Kor. 5:7 ; Fil. 2:8, 9) ?

Istwa 15

Madan Lòt vire gade dèyè

  1. Poukisa Abraram ak Lòt te separe ?

  2. Poukisa Lòt te chwazi al viv Sodòm ?

  3. Ki jan de moun moun Sodòm yo te ye ?

  4. Ki avètisman de zanj te bay Lòt ?

  5. Sa k te fè madan Lòt te tounen yon poto sèl ?

  6. Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive madan Lòt la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 13:5-13.

    Ki jan egzanp Abraram nan ka sèvi nou leson nan kesyon rezoud pwoblèm ant de moun (Jen. 13:8, 9 ; Wom. 12:10 ; Fil. 2:3, 4) ?

  2. Li Jenèz 18:20-33.

    Ki jan fason Jewova te boule avèk Abraram ban nou konfyans Jewova ak Jezi pral jije avèk jistis (Jen. 18:25, 26 ; Mat. 25:31-33) ?

  3. Li Jenèz 19:1-29.

    1. Dapre istwa biblik sa a, ki sa Bondye panse de omoseksyalite (Jen. 19:5, 13 ; Lev. 20:13) ?

    2. Ki diferans ki genyen ant Lòt ak Abraram nan fason yo te reyaji devan direksyon Bondye bay, e ki sa nou ka aprann nan sa (Jen. 19:15, 16, 19, 20 ; 22:3) ?

  4. Li Lik 17:28-32.

    Ki atitid madan Lòt te genyen nan fon kè l devan byen materyèl, e nan ki sans sa sèvi nou avètisman (Lik 12:15 ; 17:31, 32 ; Mat. 6:19-21, 25) ?

  5. Li 2 Pyè 2:6-8.

    Etan n ap imite Lòt, ki atitid nou dwe genyen fasa monn ki antoure nou an e ki pa gen atachman pou Bondye (Eze. 9:4 ; 1 Jan 2:15-17) ?

Istwa 16

Izarak jwenn yon bon madanm

  1. Mesye sa a ak madanm sa a ki nan foto a, kiyès yo ye ?

  2. Ki sa Abraram te fè pou l jwenn yon madanm pou pitit gason l lan e poukisa l te fè sa ?

  3. Ki jan sèvitè Abraram nan te jwenn repons priyè l la ?

  4. Ki repons Rebeka te bay lè yo te mande l si l vle marye avèk Izarak ?

  5. Ki sa k te fè Izarak gen kè kontan ankò ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 24:1-67.

    1. Ki bèl kalite Rebeka te montre l genyen lè l te rankontre sèvitè Abraram nan bò pi a (Jen. 24:17-20 ; Pwo. 31:17, 31) ?

    2. Nan ki sans dispozisyon Abraram te pran pou Izarak la se yon bèl egzanp pou kretyen yo jodi a (Jen. 24:37, 38 ; 1 Kor. 7:39 ; 2 Kor. 6:14) ?

    3. Poukisa nou dwe jwenn tan pou n medite, menm jan Izarak te fè sa (Jen. 24:63 ; Sòm 77:12 ; Fil. 4:8) ?

Istwa 17

De jimo, de moun diferan

  1. Kiyès Ezayi ak Jakòb te ye, e nan ki sans yo te diferan ?

  2. Ki laj Ezayi ak Jakòb te genyen lè granpapa yo Abraram te mouri ?

  3. Ki sa Ezayi te fè ki te fè manman l ak papa l tris anpil ?

  4. Poukisa Ezayi te fache anpil ak Jakòb, frè l la ?

  5. Ki enstriksyon Izarak te bay Jakòb, pitit gason l lan ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 25:5-11, 20-34.

    1. Ki sa Jewova te pwofetize konsènan de pitit gason Rebeka yo (Jen. 25:23) ?

    2. Ki diferans ki te genyen ant atitid Jakòb ak atitid Ezayi konsènan dwa premye ne a (Jen. 25:31-34) ?

  2. Li Jenèz 26:34, 35 ; 27:1-46 ak Jenèz 28:1-5.

    1. Kòman mank apresyasyon Ezayi te genyen pou bagay espirityèl yo te parèt aklè (Jen. 26:34, 35 ; 27:46) ?

    2. Pou Jakòb te resevwa benediksyon Bondye, ki sa Izarak te di l pou l fè (Jen. 28:1-4) ?

  3. Li Ebre 12:16, 17.

    Ki sa egzanp Ezayi a pwouve, konsènan sa ki ka rive moun ki meprize bagay sakre ?

Istwa 18

Jakòb ale Aràn

  1. Kiyès jèn fi sa a ki nan foto a, e ki sa Jakòb te fè pou li ?

  2. Ki sa Jakòb te dispoze fè pou l ka marye avèk Rachèl ?

  3. Ki sa Labàn te fè lè lè a te rive pou Jakòb marye avèk Rachèl ?

  4. Ki sa Jakòb te dakò fè pou l genyen Rachèl kòm madanm ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 29:1-30.

    1. Menm lè Labàn te twonpe Jakòb, ki jan Jakòb te montre li se yon moun onorab, e ki leson nou ka tire nan sa (Jen. 25:27 ; 29:26-28 ; Mat. 5:37) ?

    2. Ki jan egzanp Jakòb la montre gen yon diferans ant lanmou ak pasyon (Jen. 29:18, 20, 30 ; Chan Sal. 8:6) ?

    3. Ki kat medam sa yo ki te vin ap viv lakay Jakòb, e ki te fè pitit gason pou li apre sa (Jen. 29:23, 24, 28, 29) ?

Istwa 19

Fanmi Jakòb gen anpil moun

  1. Ki jan yo te rele sis pitit gason Jakòb te fè avèk Leya, premye madanm li an ?

  2. Zilpa, sèvant Leya, te fè de pitit gason pou Jakòb. Ki jan yo te rele ?

  3. Bila, sèvant Rachèl, te fè de pitit gason pou Jakòb. Ki jan yo te rele ?

  4. Ki jan yo te rele de pitit gason Rachèl te fè yo ? Men, ki sa k te pase lè dezyèm tigason an te fèt ?

  5. Selon foto a, konbyen pitit gason Jakòb te genyen, e ki sa ki te soti nan yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 29:32-35 ; 30:1-26; ak Jenèz 35:16-19.

    Jan sa parèt nan ka 12 pitit gason Jakòb yo, sou ki sa yo te konn baze yo pou yo bay tigason ebre yo non nan tan lontan ?

  2. Li Jenèz 37:35.

    Menmsi se sèlman non Dina yo bay nan Bib la, ki jan nou fè konnen Jakòb te gen plis pase yon pitit fi (Jen. 37:34, 35) ?

Istwa 20

Dina tonbe nan pwoblèm

  1. Poukisa Abraram ak Izarak pa t vle pou pitit yo marye ak moun Kanaran yo ?

  2. Èske Jakòb te dakò pou pitit fi l la fè zanmi ak Kananeyèn yo ?

  3. Kiyès mesye sa a k ap gade Dina nan foto a, e ki move bagay li te fè ?

  4. Ki sa de frè Dina, Simeyon ak Levi, te fè lè yo te aprann sa k pase ?

  5. Èske Jakòb te dakò ak sa Simeyon ak Levi te fè a ?

  6. Ki jan tout pwoblèm fanmi sa a te kòmanse ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 34:1-31.

    1. Èske se te yon sèl fwa Dina te al vizite medam nan peyi Kanaran yo ? Esplike (Jen. 34:1).

    2. Poukisa Dina gen responsablite pa l nan pèdi l te pèdi vijinite l la (Gal. 6:7) ?

    3. Ki jan jèn yo jodi a ka montre yo pran leson nan sa ki te rive Dina a (Pwo. 13:20 ; 1 Kor. 15:33 ; 1 Jan 5:19) ?

Istwa 21

Frè Jozèf yo rayi l

  1. Poukisa frè Jozèf yo te jalou kont Jozèf, e ki sa yo te fè ?

  2. Ki sa frè Jozèf yo vle fè l, men, ki sa Riben di ?

  3. Ki sa k rive lè machann yichmayelit yo vin ap pase ?

  4. Ki sa frè Jozèf yo fè pou yo fè papa yo konprann Jozèf mouri ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 37:1-35.

    1. Ki jan kretyen yo ka imite egzanp Jozèf nan rapòte move bagay k ap fèt nan kongregasyon an (Jen. 37:2 ; Lev. 5:1 ; 1 Kor. 1:11) ?

    2. Ki sa k te fè frè Jozèf yo aji an trèt avèk li (Jen. 37:11, 18 ; Pwo. 27:4 ; Jak 3:14-16) ?

    3. Ki sa Jakòb fè ki nòmal lè yon moun nan chagren (Jen. 37:35) ?

Istwa 22

Yo mete Jozèf nan prizon

  1. Ki laj Jozèf lè yo mennen l ann Ejip, e ki sa k pase lè li rive ann Ejip ?

  2. Kòman fè Jozèf vin twouve l nan prizon ?

  3. Ki responsablite yo bay Jozèf nan prizon an ?

  4. Etan Jozèf nan prizon, ki sa l fè pou sèvè bwason e pou boulanje Farawon an ?

  5. Ki sa k pase apre yo fin lage sèvè bwason an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 39:1-23.

    Piske pa t gen okenn lwa ki te ekri kote Bondye te kondane zak adiltè nan epòk Jozèf la, ki sa k te pouse l kouri pou madan Potifa (Jen. 2:24 ; 20:3 ; 39:9) ?

  2. Li Jenèz 40:1-23.

    1. Rakonte rèv sèvè bwason an te fè a e pale de esplikasyon Jewova te bay Jozèf sou rèv sa a (Jen. 40:9-13).

    2. Ki rèv chèf boulanje a te fè, e ki sa rèv sa a te vle di (Jen. 40:16-19) ?

    3. Nan ki sans jodi a, esklav fidèl ki prevwayan an imite etadespri Jozèf te genyen an (Jen. 40:8 ; Sòm 36:9 ; Jan 17:17 ; Tra. 17:2, 3) ?

    4. Kòman Jenèz 40:20 ede nou konprann fason kretyen yo konsidere anivèsè nesans (Ekl. 7:1 ; Mak 6:21-28) ?

Istwa 23

Rèv Farawon te fè yo

  1. Ki sa k rive Farawon yon jou swa ?

  2. Poukisa sèvè bwason an resi sonje Jozèf ?

  3. Jan foto a montre sa, ki de rèv Farawon fè ?

  4. Selon sa Jozèf di, ki sade rèv sa yo siyifi ?

  5. Ki jan Jozèf fè vin moun ki pi enpòtan ann Ejip apre Farawon ?

  6. Poukisa frè Jozèf yo vin ann Ejip, e ki sa k fè yo pa rekonèt li ?

  7. Ki rèv Jozèf sonje, e ki sa sa ede l konprann ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 41:1-57.

    1. Ki jan Jozèf te atire atansyon sou Jewova, e nan ki sans kretyen yo jodi a ka imite egzanp li (Jen. 41:16, 25, 28 ; Mat. 5:16 ; 1 Pyè 2:12) ?

    2. Kòman lefètke te gen bon ane ann Ejip, epi apre sa, grangou te frape, sa ede nou konprann aklè diferans ki genyen jodi a ant kondisyon espirityèl pèp Jewova a ak kondisyon espirityèl kretyente a (Jen. 41:29, 30 ; Amòs 8:11, 12) ?

  2. Li Jenèz 42:1-8 ak Jenèz 50:20.

    Èske se yon mal pou adoratè Jewova pwostène devan yon moun pou yo demontre onè ak respè pou pozisyon moun sa a, si se koutim nan nan peyi a (Jen. 42:6) ?

Istwa 24

Jozèf teste frè l yo

  1. Poukisa Jozèf mete akizasyon espyon sou do frè l yo ?

  2. Poukisa Jakòb kite Benjamen, dènye pitit gason l lan, ale ann Ejip ?

  3. Kòman koup ann ajan Jozèf la te fè twouve l nan sak Benjamen ?

  4. Ki sa Jida ofri pou l fè pou yo ka lage Benjamen ?

  5. Kòman nou fè wè frè Jozèf yo chanje ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 42:9-38.

    Nan ki sans sa Jozèf di nan Jenèz 42:18 la, se yon bon rapèl pou moun ki gen responsablite nan òganizasyon Jewova a jodi a (Ney. 5:15 ; 2 Kor. 7:1, 2) ?

  2. Li Jenèz 43:1-34.

    1. Byenke se Riben ki te premye pitit, ki jan sa parèt klè se Jida ki te vin pòtpawòl frè l yo (Jen. 43:3, 8, 9 ; 44:14, 18 ; 1 Kwo. 5:2) ?

    2. Selon jan sa parèt, ki jan Jozèf te teste frè l yo, e poukisa l te fè sa (Jen. 43:33, 34) ?

  3. Li Jenèz 44:1-34.

    1. Nan plan Jozèf te fè pou l kache frè l yo kiyès li ye, ki jan li te prezante tèt li (Jen. 44:5, 15 ; Lev. 19:26) ?

    2. Ki jan frè Jozèf yo montre etadespri jalou yo te genyen nan tan lontan pou frè yo a pa t la ankò (Jen. 44:13, 33, 34) ?

Istwa 25

Fanmi an bwote al ann Ejip

  1. Ki sa k rive lè Jozèf di frè l yo kiyès li ye ?

  2. Ki sa Jozèf esplike frè l yo avèk bonte ?

  3. Ki sa Farawon di lè l tande pale de frè Jozèf yo ?

  4. Ki kantite moun ki te genyen nan fanmi Jakòb lè yo te deplase al ann Ejip ?

  5. Ki non fanmi Jakòb la te vin genyen e poukisa ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jenèz 45:1-28.

    Ki jan istwa Bib la rakonte sou Jozèf la montre Jewova ka fè yon bagay ki te la pou nui sèvitè l vin bay yon bon rezilta (Jen. 45:5-8 ; Iza. 8:10 ; Fil. 1:12-14) ?

  2. Li Jenèz 46:1-27.

    Ki asirans Jewova te bay Jakòb etan Jakòb te sou wout pou l al ann Ejip ? (Jen. 46:1-4, nòt.)

Istwa 26

Jòb fidèl anvè Bondye

  1. Kiyès moun Jòb te ye ?

  2. Ki sa Satan te eseye fè, men, èske l te reyisi ?

  3. Ki sa Jewova te bay Satan pèmisyon fè, e poukisa ?

  4. Poukisa madanm Jòb te di l pou l ‘ modi Bondye epi pou l mouri ’ ? (Gade foto a.)

  5. Jan w wè sa nan dezyèm foto a, ki jan Jewova te beni Jòb, e poukisa ?

  6. Si, menm jan ak Jòb, nou rete fidèl anvè Jewova, ki benediksyon n ap jwenn ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jòb 1:1-22.

    Ki jan kretyen yo jodi a ka imite Jòb (Jòb 1:1 ; Fil. 2:15 ; 2 Pyè 3:14) ?

  2. Li Jòb 2:1-13.

    Ki de fason diferan Jòb ak madanm li te reyaji devan pèsekisyon Satan an (Jòb 2:9, 10 ; Pwo. 19:3 ; Mika 7:7 ; Mal. 3:14) ?

  3. Li Jòb 42:10-17.

    1. Ki resanblans ki genyen ant rekonpans Jòb te jwenn ak rekonpans Jezi te jwenn poutèt yo te rete fidèl tout vi yo (Jòb 42:12 ; Fil. 2:9-11) ?

    2. Ki ankourajman nou jwenn dèske Jòb te beni poutèt li te kenbe entegrite li devan Bondye (Jòb 42:10, 12 ; Ebre 6:10 ; Jak 1:2-4, 12 ; 5:11) ?

Istwa 27

Yon move wa ap gouvène Ejip

  1. Kiyès mesye sa a ki avèk fwèt la nan foto a, e ki moun l ap bat ?

  2. Apre Jozèf fin mouri, ki sa k te rive Izrayelit yo ?

  3. Poukisa Ejipsyen yo vin pè Izrayelit yo ?

  4. Ki lòd Farawon te bay medam ki t ap ede medam izrayelit yo akouche ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 1:6-22.

    1. Ki fason Jewova te kòmanse reyalize pwomès li te fè Abraram nan (Egz. 1:7 ; Jen. 12:2 ; Tra. 7:17) ?

    2. Ki jan fanmsaj ebre yo te montre yo respekte lavi kòm yon bagay ki sakre (Egz. 1:17 ; Jen. 9:6) ?

    3. Ki rekonpans fanmsaj yo te jwenn pou fidelite yo anvè Jewova (Egz. 1:20, 21 ; Pwo. 19:17) ?

    4. Ki jan Satan te eseye bloke pwogram Jewova konsènan semans yo te pwomèt Abraram nan (Egz. 1:22 ; Mat. 2:16) ?

Istwa 28

Ti Moyiz manke mouri

  1. Ki tibebe sa a nou wè nan foto a, e dwèt kiyès l ap kenbe la a ?

  2. Ki sa manman Moyiz te fè pou l anpeche yo touye Moyiz ?

  3. Kiyès tifi sa a ki nan foto a, e ki sa l te fè ?

  4. Lè pitit fi Farawon an te jwenn tibebe a, ki sa Miryam te pwopoze ?

  5. Ki sa prensès la te di manman Moyiz ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 2:1-10.

    Ki opòtinite manman Moyiz te genyen pou l fòme Moyiz e pou l anseye l pandan l te toupiti, e ki egzanp sa ye pou paran yo jodi a (Egz. 2:9, 10 ; Det. 6:6-9 ; Pwo. 22:6 ; Efe. 6:4 ; 2 Tim. 3:15) ?

Istwa 29

Moyiz chape poul li

  1. Ki kote Moyiz te leve, men ki sa l te konnen konsènan paran l yo ?

  2. Ki sa Moyiz te fè lè l te gen 40 an ?

  3. Ki sa Moyiz te di yon mesye izrayelit ki t ap goumen, e ki repons mesye a te ba li ?

  4. Poukisa Moyiz te kouri kite Ejip ?

  5. Ki kote Moyiz te kouri ale, e kiyès li te rankontre kote l ale a ?

  6. Ki sa Moyiz te fè pandan 40 an ki te pase apre li fin kouri kite Ejip ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 2:11-25.

    Malgre Moyiz pase plizyè ane ap pran fòmasyon nan sajès Ejipsyen yo, ki jan l montre fidelite l anvè Jewova e anvè pèp li a (Egz. 2:11, 12 ; Ebre 11:24) ?

  2. Li Travay 7:22-29.

    Moyiz te eseye pran inisyativ pèsonèl pou l sove Izrayèl anba men Ejipsyen yo. Ki leson nou ka tire nan sa (Tra. 7:23-25 ; 1 Pyè 5:6, 10) ?

Istwa 30

Flanm dife nan yon touf raje

  1. Ki jan yo rele mòn ki nan foto a ?

  2. Ki bagay dwòl Moyiz te wè lè l te al nan mòn nan avèk mouton l yo ?

  3. Ki sa yon vwa ki nan flanm dife ki nan touf raje a te di, e vwa kiyès li te ye ?

  4. Ki sa Moyiz te reponn lè Bondye te di l se li ki t ap gen pou l mennen pèp Bondye a kite peyi Ejip ?

  5. Ki sa Bondye te di Moyiz pou l di si moun yo t ava mande l kiyès ki voye l ?

  6. Ki jan Moyiz t ap ka pwouve se Bondye ki te voye l ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 3:1-22.

    Ki jan eksperyans Moyiz la ban nou asirans menmsi nou santi nou pa kalifye pou nou ranpli yon responsablite teyokratik, Jewova ap soutni nou (Egz. 3:11, 13 ; 2 Kor. 3:5, 6) ?

  2. Li Egzòd 4:1-20.

    1. Ki chanjman ki te fèt nan atitid Moyiz pandan 40 an li te pase Madyàn nan, e ki leson moun k ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an ka tire nan sa (Egz. 2:11, 12 ; 4:10, 13 ; Mika 6:8 ; 1 Tim. 3:1, 6, 10) ?

    2. Menmsi Jewova disipline nou pa mwayen òganizasyon l lan, ki asirans egzanp Moyiz la ban nou (Egz. 4:12-14 ; Sòm 103:14 ; Ebre 12:4-11) ?

Istwa 31

Moyiz ak Arawon al kot Farawon

  1. Ki efè mirak Moyiz ak Arawon te fè yo te genyen sou Izrayelit yo ?

  2. Ki sa Moyiz ak Arawon te di Farawon, e ki sa Farawon te reponn yo ?

  3. Jan yo montre sa nan foto a, ki sa ki pase lè Arawon lage baton l lan atè ?

  4. Kòman Jewova te bay Farawon yon leson, e kòman Farawon te reyaji ?

  5. Ki sa k te rive apre dis flewo yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 4:27-31 ak Egzòd 5:1-23.

    Ki sa Farawon te vle di lè l di : “ Mwen pa konn Jewova ditou ” ? (Egz. 5:2 ; 1 Sam. 2:12 ; Wom. 1:21.)

  2. Egzòd 6:1-13, 26-30.

    1. Nan ki sans Jewova pa t revele kiyès li ye bay Abraram, Izarak ak Jakòb (Egz. 3:13, 14 ; 6:3 ; Jen. 12:8) ?

    2. Kòman nou santi nou lè nou konnen Jewova te itilize Moyiz kanmenm, malgre Moyiz te santi li pa t kalifye pou misyon l lan (Egz. 6:12, 30 ; Lik 21:13-15) ?

  3. Li Egzòd 7:1-13.

    1. Lefètke Moyiz ak Arawon te bay Farawon mesaj jijman Jewova a avèk kouraj, ki modèl yo kite pou sèvitè Bondye yo jodi a (Egz. 7:2, 3, 6 ; Tra. 4:29-31) ?

    2. Kòman Jewova te montre pisans li sou dye Ejip yo (Egz. 7:12 ; 1 Kwo. 29:12) ?

Istwa 32

Dis flewo yo

  1. Itilize foto yo montre la a pou w esplike twa premye flewo Jewova te voye sou Ejip yo.

  2. Ki diferans ki te genyen ant twa premye flewo yo ak lòt yo ?

  3. Ki sa katriyèm flewo a te ye ? E senkyèm nan ? E sizyèm nan ?

  4. Dekri setyèm, uityèm ak nevyèm flewo yo.

  5. Ki sa Jewova te di Izrayelit yo pou yo te fè anvan dizyèm flewo a ?

  6. Ki sa dizyèm flewo a te ye, e ki sa k te pase apre ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 7:19–8:23.

    1. Malgre prèt majisyen nan peyi Ejip yo te rive kopye de premye flewo Jewova te fè yo, ki sa yo te oblije admèt apre twazyèm flewo a (Egz. 8:18, 19 ; Mat. 12:24-28) ?

    2. Kòman katriyèm flewo a te demontre Jewova gen pouvwa pou l pwoteje pèp li a, e lefètke pèp Bondye a konn sa, ki efè sa fè sou li, sitou li gen pou l afwonte “ gwo tribilasyon an ” ? (Egz. 8:22, 23 ; Rev. 7:13, 14 ; 2 Kwo. 16:9.)

  2. Li Egzòd 8:24 ; 9:3, 6, 10, 11, 14, 16, 23-25; ak Egzòd 10:13-15, 21-23.

    1. Ki de gwoup dis flewo yo te fè parèt aklè e ki enfliyans sa genyen sou fason nou wè de gwoup sa yo jodi a (Egz. 8:10, 18, 19 ; 9:14) ?

    2. Kòman Egzòd 9:16 ede nou konprann jodi a poukisa Jewova pèmèt Satan egziste jis kounye a (Wom. 9:21, 22) ?

  3. Li Egzòd 12:21-32.

    Kòman Pak la te rann delivrans lan posib pou anpil moun, e ki sa Pak la te anonse (Egz. 12:21-23 ; Jan 1:29 ; Wom. 5:18, 19, 21 ; 1 Kor. 5:7) ?

Istwa 33

Yo travèse lanmè Wouj la

  1. Konbyen gason izrayelit, konbyen fi, konbyen timoun ki te kite peyi Ejip, e ki lòt moun ki te ansanm ak yo ?

  2. Ki jan Farawon te santi l lè l fin kite Izrayelit yo ale, e ki sa l te fè ?

  3. Ki sa Jewova te fè pou l anpeche Ejipsyen yo atake pèp li a ?

  4. Ki sa ki te rive lè Moyiz lonje baton l lan sou lanmè Wouj la, e ki sa Izrayelit yo te fè ?

  5. Ki sa ki rive lè Ejipsyen yo fann nan lanmè a dèyè Izrayelit yo ?

  6. Kòman Izrayelit yo te montre yo kontan e yo rekonesan poutèt Jewova te sove yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 12:33-36.

    Ki jan Jewova te fè pou pèp li a jwenn reparasyon pou tout ane yo te fè ap travay nan esklavaj nan peyi Ejip la (Egz. 3:21, 22 ; 12:35, 36) ?

  2. Li Egzòd 14:1-31.

    Ki efè pawòl Moyiz yo ki nan Egzòd 14:13, 14 la gen sou sèvitè Jewova yo jodi a, etandone yo nan papòt batay Amagedòn nan (2 Kwo. 20:17 ; Sòm 91:8) ?

  3. Li Egzòd 15:1-8, 20, 21.

    1. Pou ki rezon sèvitè Jewova yo dwe chante chan louwanj pou li (Egz. 15:1, 2 ; Sòm 105:2, 3 ; Rev. 15:3, 4) ?

    2. Ki egzanp Miryam ak medam yo ki te bò lanmè Wouj la kite pou kretyèn yo jodi a nan sa ki gen rapò ak bay Jewova louwanj (Egz. 15:20, 21 ; Sòm 68:11) ?

Istwa 34

Yon nouvo kalite manje

  1. Nan foto a, ki sa moun sa yo ap ranmase atè a la a, e kòman sa y ap ranmase a rele ?

  2. Ki lòd Moyiz bay pèp la konsènan ranmase lamàn nan ?

  3. Ki sa Jewova di pèp la fè sizyèm jou a, e poukisa ?

  4. Ki mirak Jewova fè lè yo sere lamàn nan pou setyèm jou a ?

  5. Konbyen tan Jewova pase ap bay pèp la manje lamàn ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 16:1-36 ak Nonb 11:7-9.

    1. Ki sa Egzòd 16:8 montre nou konsènan nesesite nou genyen pou nou respekte nominasyon teyokratik ki fèt nan kongregasyon an (Ebre 13:17) ?

    2. Nan dezè a, ki sa k te fè Izrayelit yo sonje chak jou yo depann de Jewova (Egz. 16:14-16, 35 ; Det. 8:2, 3) ?

    3. Ki siyifikasyon Jezi te bay lamàn nan, e kòman nou benefisye nan “ pen ki soti nan syèl la ” ? (Jan 6:31-35, 40.)

  2. Li Jozye 5:10-12.

    Konbyen ane Izrayelit yo pase ap manje lamàn ? Kòman sa te mete yo aleprèv, e ki sa nou ka aprann nan istwa sa a (Egz. 16:35 ; Nonb 11:4-6 ; 1 Kor. 10:10, 11) ?

Istwa 35

Jewova bay lwa li yo

  1. Apre de mwa Izrayelit yo fin kite peyi Ejip, ki kote yo tabli kan yo ?

  2. Ki sa Jewova di li vle pou pèp la fè, e ki sa pèp la reponn ?

  3. Poukisa Jewova bay Moyiz de wòch plat ?

  4. Anplis Dis Kòmandman yo, ki lòt lwa Jewova te bay Izrayelit yo ?

  5. Ki de lwa Jezi Kris te di ki pi gran pase lòt lwa yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 19:1-25 ; 20:1-21 ; 24:12-18; ak Egzòd 31:18.

    Ki jan pawòl nou jwenn nan Egzòd 19:8 la ede nou konprann ki sa sa enplike lè yon moun vwe tèt li kòm kretyen (Mat. 16:24 ; 1 Pyè 4:1-3) ?

  2. Li Detewonòm 6:4-6 ; Levitik 19:18 ak Matye 22:36-40.

    Ki jan yon kretyen montre li gen lanmou pou Bondye e pou pwochen l (Mak 6:34 ; Tra. 4:20 ; Wom. 15:2) ?

Istwa 36

Ti bèf annò a

  1. Nan foto a, ki sa pèp la ap fè la a, e poukisa ?

  2. Poukisa Jewova an kòlè, e ki sa Moyiz fè lè li wè sa pèp la ap fè ?

  3. Ki sa Moyiz mande kèk mesye pou yo fè ?

  4. Ki leson sa dwe aprann nou ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 32:1-35.

    1. Ki jan istwa sa a montre nou atitid Jewova genyen konsènan melanj fo relijyon ak vrè adorasyon (Egz. 32:4-6, 10 ; 1 Kor. 10:7, 11) ?

    2. Ki prekosyon yon kretyen dwe pran lè l ap chwazi divètisman, tankou chante ak danse (Egz. 32:18, 19 ; Efe. 5:15, 16 ; 1 Jan 2:15-17) ?

    3. Kòman tribi Levi a bay yon bon egzanp nan pran pozisyon pou ladwati (Egz. 32:25-28 ; Sòm 18:25) ?

Istwa 37

Yon tant pou bay adorasyon

  1. Ki batisman sa a ki nan foto a, e ki itilite l ?

  2. Poukisa Jewova te mande Moyiz pou l bati tant lan yon fason pou yo ka demonte l moso pa moso byen fasil ?

  3. Ki bwat sa a ki nan ti chanm ki nan fon tant lan, e ki sa k ladan l ?

  4. Ki moun Jewova chwazi ki pou gran prèt, e ki travay yon gran prèt fè ?

  5. Bay non twa bagay yo ki nan pi gwo chanm ki nan tant lan.

  6. Ki de bagay sa yo ki nan lakou tabènak la, e ki itilite yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Egzòd 25:8-40 ; 26:1-37 ; 27:1-8; ak Egzòd 28:1.

    Ki sa cheriben yo ki sou lach alyans lan reprezante (Egz. 25:20, 22 ; Nonb 7:89 ; 2 Wa 19:15) ?

  2. Li Egzòd 30:1-10, 17-21 ; Egzòd 34:1, 2 ak Ebre 9:1-5.

    1. Poukisa Jewova te bay anpil enpòtans nan kesyon pou prèt k ap sèvi nan tabènak la rete pwòp fizikman, e ki efè sa ta dwe fè sou nou jodi a (Egz. 30:18-21 ; 40:30, 31 ; Ebre 10:22) ?

    2. Nan moman apot Pòl t ap ekri kretyen ebre yo, ki jan l te montre tabènak la ansanm ak alyans Lalwa a se bagay ki fè tan yo (Ebre 9:1, 9 ; 10:1) ?

Istwa 38

Douz espyon yo

  1. Ki sa w remake konsènan grap rezen ki nan foto a, e ki kote l soti ?

  2. Poukisa Moyiz voye 12 espyon nan peyi Kanaran ?

  3. Ki sa dis nan espyon sa yo rapòte bay Moyiz lè yo retounen ?

  4. Kòman de espyon montre konfyans yo nan Jewova, e ki jan yo rele ?

  5. Poukisa Jewova an kòlè, e ki sa l di Moyiz ?

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 13:1-33.

    1. Ki moun yo te chwazi pou espyone peyi a, e ki gwo opòtinite yo te genyen (Nonb 13:2, 3, 18-20) ?

    2. Poukisa Jozye ak Kalèb pa t wè bagay yo menm jan ak lòt espyon yo, e ki sa sa aprann nou (Nonb 13:28-30 ; Mat. 17:20 ; 2 Kor 5:7) ?

  2. Li Nonb 14:1-38.

    1. Ki avètisman nou dwe koute konsènan tandans pou nou plenyen kont reprezantan Jewova yo sou tè a (Nonb 14:2, 3, 27 ; Mat. 25:40, 45 ; 1 Kor. 10:10) ?

    2. Kòman Nonb 14:24 montre Jewova enterese pèsonèlman nan chak sèvitè l yo (1 Wa 19:18 ; Pwo. 15:3) ?

Istwa 39

Flè pouse sou baton Arawon an

  1. Ki moun ki rebele kont otorite Moyiz ak Arawon, e ki sa yo di Moyiz ?

  2. Ki sa Moyiz di Kora ak 250 patizan l yo pou yo fè ?

  3. Ki sa Moyiz di pèp la, e ki sa k pase kou l fin pale ?

  4. Ki sa k rive Kora ak 250 patizan l yo ?

  5. Ki sa Eleyaza, pitit gason Arawon an, fè avèk veso dife defen yo, e poukisa ?

  6. Poukisa Jewova fè baton Arawon an pouse flè ? (Gade foto a.)

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 16:1-49.

    1. Ki sa Kora ak patizan l yo te fè, e poukisa se te yon zak rebelyon kont Jewova (Nonb 16:9, 10, 18 ; Lev. 10:1, 2 ; Pwo. 11:2) ?

    2. Ki move pwennvi Kora avèk 250 “ chèf asanble a ” te kiltive (Nonb 16:1-3 ; Pwo. 15:33 ; Iza. 49:7) ?

  2. Li Nonb 17:1-11 ak Nonb 26:10.

    1. Ki sa baton Arawon ki fleri a te montre, e poukisa Jewova bay lòd pou baton an rete nan lach la (Nonb 17:5, 8, 10) ?

    2. Ki leson trèzenpòtan nou ka tire nan senbòl baton Arawon an te reprezante a (Nonb 17:10 ; Tra. 20:28 ; Fil. 2:14 ; Ebre 13:17) ?

Istwa 40

Moyiz frape wòch la

  1. Kòman Jewova pran swen Izrayelit yo pandan yo nan dezè a ?

  2. De ki sa Izrayelit yo t ap plenyen lè yo rive tabli kan yo Kadèch ?

  3. Ki jan Jewova bay pèp la ak bèt yo dlo ?

  4. Nan foto a, ki moun sa a k ap lonje dwèt sou tèt li a, e poukisa l fè sa ?

  5. Poukisa Jewova an kòlè kont Moyiz ak Arawon, e ki jan l pini yo ?

  6. Ki sa ki pase sou mòn Ò, e ki moun ki vin gran prèt ann Izrayèl ?

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 20:1-13, 22-29 ak Detewonòm 29:5.

    1. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te pran swen Izrayelit yo nan dezè a (Det. 29:5 ; Mat. 6:31 ; Ebre 13:5 ; Jak 1:17) ?

    2. Moyiz ak Arawon pa t sangtifye non Jewova devan pèp Izrayèl la. Ki jan Jewova te wè sa (Nonb 20:12 ; 1 Kor. 10:12 ; Rev. 4:11) ?

    3. Ki leson nou ka tire nan fason Moyiz te reyaji devan disiplin li te resevwa nan men Jewova a (Nonb 12:3 ; 20:12, 27, 28 ; Det. 32:4 ; Ebre 12:7-11) ?

Istwa 41

Yon koulèv an kuiv

  1. Nan foto a, ki sa ki vlope nan poto a, e poukisa Jewova di Moyiz pou l mete l la a ?

  2. Kòman pèp la fè pa rekonesan pou tout sa Bondye fè pou yo ?

  3. Ki sa pèp la mande Moyiz pou l fè apre Jewova fin voye koulèv anpwazonnen pou pini pèp la ?

  4. Poukisa Jewova mande Moyiz pou l fè yon koulèv an kuiv ?

  5. Ki leson nou ka tire nan istwa sa a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 21:4-9.

    1. Ki avètisman nou jwenn nan istwa Izrayèl ki t ap plenyen konsènan dispozisyon Jewova pran (Nonb 21:5, 6 ; Wom. 2:4 ) ?

    2. Nan syèk ki vin apre yo, ki jan Izrayelit yo te itilize koulèv an kuiv la, e ki aksyon wa Ezekyas te fè (Nonb 21:9 ; 2 Wa 18:1-4) ?

  2. Li Jan 3:14, 15.

    Nan ki sans mete yo te mete koulèv an kuiv la sou poto siyal la, sa te byen reprezante Jezi Kris yo te kloure sou yon poto (Gal. 3:13 ; 1 Pyè 2:24) ?

Istwa 42

Yon bourik tonbe pale

  1. Kiyès Balak ye, e pou ki rezon li voye chèche Balaram ?

  2. Poukisa bourik Balaram nan kouche nan chemen an ?

  3. Ki sa Balaram tande bourik la di ?

  4. Ki sa yon zanj di Balaram ?

  5. Ki sa k pase lè Balaram eseye modi Izrayèl ?

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 21:21-35.

    Poukisa Izrayèl te bat Siyòn wa peyi Amorit ak Òg wa peyi Bachàn (Nonb 21:21, 23, 33, 34) ?

  2. Li Nonb 22:1-40.

    Ki sa k te motive Balaram pou l te modi Izrayèl, e ki leson nou ka tire nan sa (Nonb 22:16, 17 ; Pwo. 6:16, 18 ; 2 Pyè 2:15 ; Jid 11) ?

  3. Li Nonb 23:1-30.

    Byenke Balaram te pale kòmsi l te yon adoratè Jewova, kòman aksyon l yo demontre se pa t vre (Nonb 23:3, 11-14 ; 1 Sam. 15:22) ?

  4. Li Nonb 24:1-25.

    Kòman istwa biblik sa a ogmante lafwa nou nan akonplisman pwogram Jewova (Nonb 24:10 ; Iza. 54:17) ?

Istwa 43

Jozye vin alatèt pèp la

  1. Nan foto a, ki de mesye sa yo ki kanpe bò kote Moyiz ?

  2. Ki sa Jewova di Jozye ?

  3. Poukisa Moyiz monte sou tèt mòn Nebo, e ki sa Jewova di l ?

  4. Ki laj Moyiz te genyen lè l mouri ?

  5. Poukisa moun yo tris, men ki rezon yo genyen pou yo kontan ?

Lòt kesyon :

  1. Li Nonb 27:12-23.

    Ki gwo misyon Jozye te resevwa nan men Jewova, e kòman Jewova pran swen pèp li jodi a (Nonb 27:15-19 ; Tra. 20:28 ; Ebre 13:7) ?

  2. Li Detewonòm 3:23-29.

    Poukisa Jewova pa t kite Moyiz ak Arawon travèse Latè pwomiz, e ki leson nou ka tire nan sa (Det. 3:25-27 ; Nonb 20:12, 13) ?

  3. Li Detewonòm 31:1-8, 14-23.

    Ki jan dènye pawòl Moyiz te di pèp Izrayèl la montre li te aksepte disiplin ki te soti bò kote Jewova a avèk imilite (Det. 31:6-8, 23) ?

  4. Li Detewonòm 32:45-52.

    Kòman pawòl Bondye a kapab okipe yon plas enpòtan nan lavi nou (Det. 32:47 ; Lev. 18:5 ; Ebre 4:12) ?

  5. Li Detewonòm 34:1-12.

    Alòske Moyiz pa janm wè Jewova ak je l, ki sa Detewonòm 34:10 fè nou konprann konsènan relasyon l avèk Jewova (Egz. 33:11, 20 ; Nonb 12:8) ?

Istwa 44

Rahab kache espyon yo

  1. Ki kote Rahab t ap viv ?

  2. De mesye ki nan foto a, kiyès yo ye, e sa y ap fè Jeriko ?

  3. Ki sa wa Jeriko a mande Rahab pou l fè, e ki repons Rahab bay ?

  4. Ki jan Rahab ede de mesye yo, e ki favè l mande yo ?

  5. Ki pwomès de espyon yo fè Rahab ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 2:1-24.

    Ki jan pwomès Jewova te fè nan Egzòd 23:28 la te reyalize lè Izrayelit yo te monte kont Jeriko (Joz. 2:9-11) ?

  2. Li Ebre 11:31.

    Ki jan egzanp Rahab la montre aklè enpòtans lafwa genyen (Wom. 1:17 ; Ebre 10:39 ; Jak 2:25) ?

Istwa 45

Yo janbe rivyè Jouden an

  1. Ki mirak Jewova fè pou l pèmèt Izrayelit yo janbe rivyè Jouden an ?

  2. Ki aksyon ki mache ak lafwa Izrayelit yo dwe fè pou yo travèse rivyè Jouden an ?

  3. Poukisa Jewova mande Jozye pou l pran 12 gwo wòch nan mitan rivyè a ?

  4. Ki sa k pase tousuit prèt yo fin soti nan Jouden an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 3:1-17.

    1. Jan nou wè sa nan istwa sa a, ki sa nou dwe fè si nou vle rive jwenn èd ak benediksyon nan men Jewova (Joz. 3:13, 15 ; Pwo. 3:5 ; Jak 2:22, 26) ?

    2. Ki jan rivyè Jouden an te ye lè Izrayelit yo t ap travèse l pou yo t ale nan Latè pwomiz la, e ki jan sa te glorifye Jewova (Joz. 3:15 ; 4:18 ; Sòm 66:5-7) ?

  2. Li Jozye 4:1-18.

    Nan ki bi yo te ranmase 12 wòch nan Jouden an e yo te mete yo Gilgal (Joz. 4:4-7) ?

Istwa 46

Miray Jeriko yo

  1. Ki sa Jewova mande pou sòlda ak prèt yo fè pandan sis jou ?

  2. Ki sa mesye yo dwe fè sou setyèm jou a ?

  3. Jan nou ka wè sa nan foto a, ki sa k rive miray Jeriko yo ?

  4. Poukisa gen yon kòd wouj ki pandye nan fenèt la ?

  5. Ki sa Jozye di sòlda yo pou yo fè moun yo ak vil la, men ki sa yo dwe fè ak ajan, lò, kuiv ak fè yo ?

  6. Ki sa yo mande de espyon yo pou yo fè ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 6:1-25.

    1. Kòman mache Izrayelit yo te mache toutotou Jeriko sou setyèm jou a sanble ak aktivite predikasyon Temwen Jewova yo nan dènye jou yo (Joz. 6:15, 16 ; Iza. 60:22 ; Mat. 24:14 ; 1 Kor. 9:16) ?

    2. Kòman pwofesi ki te ekri nan Jozye 6:26 la te jwenn akonplisman l kèk 500 ane apre, e ki sa sa aprann nou konsènan pawòl Jewova (1 Wa 16:34 ; Iza. 55:11) ?

Istwa 47

Gen yon vòlè ann Izrayèl

  1. Nan foto a, kiyès mesye sa a k ap antere richès ki soti Jeriko, e ki moun sa yo k ap ede l ?

  2. Poukisa sa Akàn ak fanmi l fè a se yon bagay ki grav ?

  3. Ki sa Jewova di lè Jozye mande l poukisa Izrayelit yo te pèdi batay Ayi a ?

  4. Apre yo fin mennen Akàn ak tout fanmi l bay Jozye, ki sa k rive yo ?

  5. Ki leson enpòtan jijman Akàn nan anseye nou ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 7:1-26.

    1. Ki sa priyè Jozye a revele nou sou relasyon li avèk Kreyatè li a (Joz. 7:7-9 ; Sòm 119:145 ; 1 Jan 5:14) ?

    2. Ki sa egzanp Akàn nan montre nou, e ki avètisman sa ban nou (Joz. 7:11, 14, 15 ; Pwo. 15:3 ; 1 Tim. 5:24 ; Ebre 4:13) ?

  2. Li Jozye 8:1-29.

    Ki responsablite pèsonèl nou genyen anvè kongregasyon an jodi a (Joz. 7:13 ; Lev. 5:1 ; Pwo. 28:13) ?

Istwa 48

Gibeyonit yo gen lespri

  1. Ki jan pèp Gibeyòn nan montre li pa menm ak Kananeyen yo ki rete nan vil tou pre yo ?

  2. Jan nou wè sa nan foto a, ki sa Gibeyonit yo fè, e poukisa ?

  3. Ki pwomès Jozye ansanm ak Izrayelit ki t ap mennen pèp la fè Gibeyonit yo, men ki sa yo vin aprann twa jou apre ?

  4. Sa k pase lè wa lòt vil yo tande Gibeyonit yo fè lapè avèk Izrayèl ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 9:1-27.

    1. Etandone Jewova te bay nasyon Izrayèl la enstriksyon pou l “ elimine tout moun nan peyi a ”, lefètke li te fè pa Gibeyonit yo, ki kalite sa mete ann evidans (Joz. 9:22, 24 ; Mat. 9:13 ; Tra. 10:34, 35 ; 2 Pyè 3:9) ?

    2. Kòman Jozye kite yon bèl egzanp pou kretyen yo jodi a dèske li te kenbe alyans li te fè ak Gibeyonit yo (Joz. 9:18, 19 ; Mat. 5:37 ; Efe. 4:25) ?

  2. Li Jozye 10:1-5.

    Jodi a, ki jan gwo foul la imite Gibeyonit yo, e pou rezon sa a, gen yon bagay ki vize yo, ki sa l ye (Joz. 10:4 ; Zek. 8:23 ; Mat. 25:35-40 ; Rev. 12:17) ?

Istwa 49

Solèy la ret kanpe

  1. Nan foto a, ki sa Jozye ap di, e poukisa ?

  2. Kòman Jewova ede Jozye ak sòlda l yo ?

  3. Konbyen wa ènmi Jozye bat, e konbyen tan sa pran ?

  4. Poukisa Jozye divize peyi Kanaran ?

  5. A ki laj Jozye mouri, e ki sa ki rive pèp la annapre ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jozye 10:6-15.

    Lefètke nou konnen Jewova te fè solèy la ak lalin nan kanpe pou Izrayèl, ki asirans sa ban nou jodi a (Joz. 10:8, 10, 12, 13 ; Sòm 18:3 ; Pwo. 18:10) ?

  2. Li Jozye 12:7-24.

    Ki moun ki te vrèman alatèt echèk 31 wa ki nan peyi Kanaran yo, e poukisa sa enpòtan pou nou jodi a (Joz. 12:7 ; 24:11-13 ; Det. 31:8 ; Lik 21:9, 25-28) ?

  3. Li Jozye 14:1-5.

    Ki jan peyi a te divize pami tribi Izrayèl yo, e ki sa sa montre konsènan distribisyon eritaj nan paradi a (Joz. 14:2 ; Iza. 65:21 ; Eze. 47:21-23 ; 1 Kor. 14:33) ?

  4. Li Jij 2:8-13.

    Menm jan ak Jozye ann Izrayèl, kiyès jodi a ki tounen yon baryè pou apostazi (Jij 2:8, 10, 11 ; Mat. 24:45-47 ; 2 Tes. 2:3-6 ; Tit 1:7-9 ; Rev. 1:1 ; 2:1, 2) ?

Istwa 50

De medam ki brav

  1. Kiyès jij yo ye, e ki jan kèk ladan yo rele ?

  2. Ki privilèj espesyal Debora genyen, e ki sa sa enplike ?

  3. Lè Izrayèl jwenn menas nan men wa Yabin ak Sisera, chèf lame l la, ki mesaj ki soti bò kote Jewova Debora bay jij Barak, e ki moun li di k ap jwenn tout merit la ?

  4. Ki jan Yayèl montre li se yon dam ki gen anpil kouraj ?

  5. Ki sa k pase lè wa Yabin mouri ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jij 2:14-22.

    Kòman Izrayelit yo te mete kòlè Jewova a sou do yo, e ki leson nou kapab aprann nan sa (Jij 2:20 ; Pwo. 3:1, 2 ; Eze. 18:21-23) ?

  2. Li Jij 4:1-24.

    Ki leson konsènan lafwa ak kouraj medam kretyèn jounen jodi a kapab aprann nan egzanp Debora ak Yayèl (Jij 4:4, 8, 9, 14, 21, 22 ; Pwo. 31:30 ; 1 Kor. 16:13) ?

  3. Li Jij 5:1-31.

    Kòman chan laviktwa Barak ak Debora te chante a kapab sèvi kòm yon priyè anrapò ak lagè Amagedòn ki gen pou vini an (Jij 5:3, 31 ; 1 Kwo. 16:8-10 ; Rev. 7:9, 10 ; 16:16 ; 19:19-21) ?

Istwa 51

Rit ak Nawomi

  1. Kòman Nawomi fè rive nan peyi Mowab ?

  2. Kiyès Rit ak Òpa ye ?

  3. Nawomi di Rit ak Òpa pou yo retounen lakay yo. Ki jan yo chak yo reyaji ?

  4. Ki moun Bowaz ye, e kòman li ede Rit ak Nawomi ?

  5. Ki jan pitit Bowaz fè ak Rit la rele, e poukisa nou dwe sonje l ?

Lòt kesyon :

  1. Li Rit 1:1-17.

    1. Ki bèl pawòl Rit di ki demontre lanmou fidèl (Rit 1:16, 17) ?

    2. Kòman etadespri Rit la byen dekri atitid “ lòt mouton yo ” anvè kretyen wen yo ki sou tè a jodi a (Jan 10:16 ; Zek. 8:23) ?

  2. Li Rit 2:1-23.

    Nan ki sans Rit kite yon bèl egzanp pou jèn medam yo jodi a (Rit 2:17, 18 ; Pwo. 23:22 ; 31:15) ?

  3. Li Rit 3:5-13.

    1. Ki jan Bowaz te wè sa lefètke Rit te dispoze marye avè l olye pou l al marye ak yon jèn gason ?

    2. Ki sa atitid Rit la aprann nou konsènan lanmou fidèl (Rit 3:10 ; 1 Kor. 13:4, 5) ?

  4. Li Rit 4:7-17.

    Kòman kretyen yo kapab imite Bowaz (Rit 4:9, 10 ; 1 Tim. 3:1, 12, 13 ; 5:8) ?

Istwa 52

Gideyòn ak 300 zòm li yo

  1. Kòman Izrayelit yo fè tonbe nan pwoblèm e poukisa ?

  2. Poukisa Jewova di Gideyòn lame l la gen twòp gason ?

  3. Konbyen gason ki rete apre Gideyòn fin di mesye ki kapon yo pou yo retounen lakay yo ?

  4. Gade foto a epi esplike kòman Jewova redui kantite moun ki nan lame a pou l rive 300 gason.

  5. Ki jan Gideyòn òganize 300 mesye l yo, e ki jan Izrayèl fè genyen batay la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jij 6:36-40.

    1. Ki jan Gideyòn te asire l li konnen volonte Jewova ?

    2. Jodi a, kòman nou fè konnen sa volonte Jewova ye (Pwo. 2:3-6 ; Mat. 7:7-11 ; 2 Tim. 3:16, 17) ?

  2. Li Jij 7:1-25.

    1. Ki leson nou ka pran nan men 300 mesye sa yo ki te rete veyatif kontrèman ak lòt yo ki te montre yo neglijan (Jij 7:3, 6 ; Wom. 13:11, 12 ; Efe. 5:15-17) ?

    2. Menm jan 300 mesye yo te aprann etan yo t ap gade Gideyòn, ki jan nou menm tou nou aprann etan n ap gade Gran Gideyòn nan, Jezi Kris (Jij 7:17 ; Mat. 11:29, 30 ; 28:19, 20 ; 1 Pyè 2:21) ?

    3. Kòman Jij 7:21 ede nou pou nou kontan sèvi nenpòt kote yo mande nou sèvi nan òganizasyon Jewova a (1 Kor. 4:2 ; 12:14-18 ; Jak 4:10) ?

  3. Li Jij 8:1-3.

    Lè nou dwe regle yon pwoblèm pèsonèl nou genyen ak yon frè oswa ak yon sè, ki jan fason Gideyòn te rezoud diskisyon l te genyen ak Efrayimit yo ka sèvi nou leson (Pwo. 15:1 ; Mat. 5:23, 24 ; Lik 9:48) ?

Istwa 53

Yifta fè yon pwomès

  1. Kiyès Yifta ye, e nan ki peryòd li t ap viv ?

  2. Ki pwomès Yifta te fè bay Jewova ?

  3. Poukisa Yifta vin tris lè l retounen lakay li apre l fin gen viktwa sou Amonit yo?

  4. Ki sa pitit fi Yifta a di lè l aprann pwomès papa l te fè a ?

  5. Poukisa pèp la te renmen pitit fi Yifta a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jij 10:6-18.

    Ki avètisman nou jwenn nan sa ki te rive Izrayèl akoz enfidelite yo anvè Jewova (Jij 10:6, 15, 16 ; Wom. 15:4 ; Rev. 2:10) ?

  2. Li Jij 11:1-11, 29-40.

    1. Kòman nou fè konnen lè Yifta te ‘ ofri pitit fi l la an sakrifis ’, se pa ofri li te ofri l nan dife toutbon (Jij 11:31 ; Lev. 16:24 ; Det. 18:10, 12) ?

    2. Nan ki sans Yifta te ofri pitit fi l la an sakrifis ?

    3. Ki sa nou ka aprann nan atitid Yifta anvè ve li te fè bay Jewova a (Jij 11:35, 39 ; Ekl. 5:4, 5 ; Mat. 16:24) ?

    4. Ki jan pitit fi Yifta a se yon bèl egzanp pou jèn kretyen ki vle fè karyè nan sèvis a plen tan (Jij 11:36 ; Mat. 6:33 ; Fil. 3:8) ?

Istwa 54

Mesye ki gen plis fòs la

  1. Ki jan yo rele mesye ki gen plis fòs ki te pase sou tè a, e ki moun ki te ba l fòs sa a ?

  2. Nan yon okazyon, jan w ka wè sa nan foto a, ki sa Sanson te fè yon gwo lyon ?

  3. Nan foto a, ki sekrè Sanson ap di Dalila la a, e kòman sa mennen Filisten yo kaptire l ?

  4. Kòman Sanson rive touye 3 000 ènmi, anpalan de Filisten yo, menm jou l mouri a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jij 13:1-14.

    Ki jan Manowa ak madanm li kite yon bèl egzanp pou paran k ap elve pitit yo (Jij 13:8 ; Sòm 127:3 ; Efe. 6:4) ?

  2. Li Jij 14:5-9 ak Jij 15:9-16.

    1. Sanson touye yon lyon, li kase kòd tounèf ki te mare l yo, li sèvi ak yon machwè bourik pou l touye 1 000 gason. Ki sa istwa sa yo aprann nou sou aksyon lespri sen Jewova ?

    2. Ki jan lespri sen ede nou jodi a (Jij 14:6 ; 15:14 ; Zek. 4:6 ; Tra. 4:31) ?

  3. Li Jij 16:18-31.

    Ki sa k te rive Sanson akoz move frekantasyon, e ki sa sa aprann nou (Jij 16:18, 19 ; 1 Kor. 15:33) ?

Istwa 55

Yon tigason k ap sèvi Bondye

  1. Ki jan tigason ki nan foto a rele, e kiyès lòt moun yo ye ?

  2. Ki priyè Ana fè yon jou pandan l al nan tabènak Jewova a, e ki jan Jewova reponn li ?

  3. Ki laj Samyèl genyen lè yo mennen al sèvi nan tanp Jewova a, e ki sa manman l fè pou li chak ane ?

  4. Ki jan pitit gason Eli yo rele, e ki jan de moun yo te ye ?

  5. Ki jan Jewova rele Samyèl, e ki mesaj li ba li ?

  6. Ki sa Samyèl tounen lè l vin grandi, e sa k pase nan vyeyès li ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 1:1-28.

    1. Ki bèl egzanp Èlkana kite pou chèf fanmi yo nan sa ki konsène pran latèt nan vrè adorasyon an (1 Sam. 1:3, 21 ; Mat. 6:33 ; Fil. 1:10) ?

    2. Kòman nou ka suiv egzanp Ana lè n ap fè fas ak pwoblèm e nou pa konn sa pou nou fè (1 Sam. 1:10, 11 ; Sòm 55:22 ; Wom. 12:12) ?

  2. Li 1 Samyèl 2:11-36.

    Kòman Eli te bay pitit gason l yo plis onè pase Jewova, e ki jan sa ka sèvi yon avètisman pou nou (1 Sam. 2:22-24, 27, 29 ; Det. 21:18-21 ; Mat. 10:36, 37) ?

  3. Li 1 Samyèl 4:16-18.

    Bay kat mesaj malè ki soti nan liy batay la, e esplike ki efè yo fè sou Eli ?

  4. Li 1 Samyèl 8:4-9.

    Kòman Izrayèl te ofanse Jewova anpil anpil, e kòman nou menm jodi a nou kapab soutni Wayòm li an fidèlman (1 Sam. 8:5, 7 ; Jan 17:16 ; Jak 4:4) ?

Istwa 56

Sayil, premye wa peyi Izrayèl

  1. Nan foto a, ki sa Samyèl ap fè, e poukisa ?

  2. Poukisa Jewova renmen Sayil, e ki jan de gason li ye ?

  3. Ki jan pitit gason Sayil la rele, e ki sa l fè ?

  4. Poukisa Sayil ofri yon sakrifis olye l tann pou Samyèl fè sa ?

  5. Ki leson nou ka aprann nan istwa ki konsène Sayil la ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 9:15-21 ak 1 Samyèl 10:17-27.

    Kòman atitid modès Sayil te genyen an te ede l evite yon aksyon brital lè kèk mesye t ap pale de li san respè (1 Sam. 9:21 ; 10:21, 22, 27 ; Pwo. 17:27) ?

  2. Li 1 Samyèl 13:5-14.

    Ki peche Sayil te komèt Gilgal (1 Sam. 10:8 ; 13:8, 9, 13) ?

  3. Li 1 Samyèl 15:1-35.

    1. Ki peche grav Sayil te komèt an rapò ak Agag, wa Amalèk la (1 Sam. 15:2, 3, 8, 9, 22) ?

    2. Kòman Sayil te eseye jistifye aksyon l yo e kòman l te eseye lage fot la sou do lòt moun (1 Sam. 15:24) ?

    3. Ki avètisman nou dwe koute jodi a lè yo ban nou konsèy (1 Sam. 15:19-21 ; Sòm 141:5 ; Pwo. 9:8, 9 ; 11:2) ?

Istwa 57

Bondye chwazi David

  1. Ki jan tigason ki nan foto a rele, e ki jan nou fè konnen l brav ?

  2. Ki kote David abite, e ki jan papa l ak gran papa l rele ?

  3. Poukisa Jewova mande Samyèl pou l al Betleyèm lakay Jese ?

  4. Sa k rive lè Jese mennen sèt pitit gason l bay Samyèl ?

  5. Lè David antre, ki sa Jewova di Samyèl ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 17:34, 35.

    Kòman evènman sa yo montre kouraj David ak konfyans li nan Jewova (1 Sam. 17:37) ?

  2. Li 1 Samyèl 16:1-14.

    1. Ki jan pawòl Jewova ki nan 1 Sam. 16:7 la ede nou pou nou pa nan patipri e pou nou evite jije moun sou aparans (Tra. 10:34, 35 ; 1 Tim. 2:4) ?

    2. Kòman egzanp Sayil la montre lè Jewova wete lespri sen l sou yon moun, yon movèzespri oswa yon gwo tandans pou moun nan fè sa ki mal ka plen twou vid la (1 Sam. 16:14 ; Mat. 12:43-45 ; Gal. 5:16) ?

Istwa 58

David ak Golyat

  1. Ki defi Golyat bay lame izrayelit la ?

  2. Ki gwosè Golyat, e ki rekonpans wa Sayil pwomèt l ap bay gason ki touye Golyat la ?

  3. Ki sa David di lè Sayil fè l konnen li pap kapab goumen ak Golyat paske se yon tigason li ye ?

  4. Nan repons David bay Golyat la, kòman l montre li fè Jewova konfyans ?

  5. Jan w wè sa nan foto a, ki sa David itilize pou l touye Golyat, e ki sa k rive Filisten yo apre sa ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 17:1-54.

    1. Ki sa k fè David pa t pè, e kòman nou ka imite kouraj li (1 Sam. 17:37, 45 ; Efe. 6:10, 11) ?

    2. Lè kretyen yo ap jwe oubyen lè y ap pran yon ti detant, poukisa yo dwe evite gen yon espri konpetisyon menm jan Golyat te genyen l (1 Sam. 17:8 ; Gal. 5:26 ; 1 Tim. 4:8) ?

    3. Ki jan pawòl David yo montre li te gen lafwa Bondye t ap soutni l (1 Sam. 17:45-47 ; 2 Kwo. 20:15) ?

    4. Olye pou istwa sa a annik dekri yon batay ant de lame ki opoze youn ak lòt, ki jan li montre an reyalite, se te yon batay ant fo dye yo ak vrè Dye a, Jewova (1 Sam. 17:43, 46, 47) ?

    5. Kòman rès wen an imite egzanp David ki te mete konfyans li nan Jewova (1 Sam. 17:37 ; Jer. 1:17-19 ; Rev. 12:17) ?

Istwa 59

David oblije chape poul li

  1. Poukisa Sayil jalou kont David, men kòman Yonatàn, pitit gason Sayil la, montre li diferan ?

  2. Sa k rive yon jou, pandan David t ap jwe hap pou Sayil ?

  3. Selon sa Sayil di, ki sa David dwe fè pou l ka pran Mikal, pitit fi Sayil la, kòm madanm, e poukisa Sayil di sa ?

  4. Etan David ap jwe hap pou Sayil, ki sa k rive pou twazyèm fwa, jan foto a montre sa ?

  5. Ki jan Mikal ede David chape poul li, e lè sa a, ki sa David oblije fè pandan setan ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 18:1-30.

    1. Kòman lanmou ki pa ka kraze Yonatàn te gen pou David la, se lonbray lanmou “ lòt mouton ” yo ak “ ti twoupo a ” genyen youn pou lòt (1 Sam. 18:1 ; Jan 10:16 ; Lik 12:32 ; Zek. 8:23) ?

    2. Etandone nòmalman se Yonatàn ki eritye lejitim Sayil, kòman 1 Samyèl 18:4 montre Yonatàn gen yon soumisyon estrawòdinè parapò ak moun yo chwazi ki pou vin wa a ?

    3. Kòman egzanp Sayil la montre jalouzi kapab fè moun fè peche ki grav, e ki avètisman sa ban nou (1 Sam. 18:7-9, 25 ; Jak 3:14-16) ?

  2. Li 1 Samyèl 19:1-17.

    Lè Yonatàn t ap pale ak Sayil, kòman li te mete pwòp vi pa l an danje (1 Sam. 19:1, 4-6; Pwo. 16:14) ?

Istwa 60

Abigayil ak David

  1. Ki jan dam nan foto a k ap vin rankontre David la rele, e ki jan de moun li ye ?

  2. Kiyès Nabal ye ?

  3. Poukisa David voye kèk nan mesye l yo al mande Nabal yon favè ?

  4. Ki sa Nabal di mesye David yo, e kòman David reyaji ?

  5. Kòman Abigayil montre li se yon dam ki prevwayan ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 22:1-4.

    Kòman fanmi David bay yon bèl egzanp nan fason nou dwe soutni nou youn lòt anndan fanmi nou fòme antanke kretyen an (Pwo. 17:17 ; 1 Tes. 5:14) ?

  2. Li 1 Samyèl 25:1-43.

    1. Poukisa yo dekri Nabal avèk mepri konsa (1 Sam. 25:2-5, 10, 14, 21, 25) ?

    2. Ki sa kretyèn yo ki marye jodi a ka aprann nan egzanp Abigayil la (1 Sam. 25:32, 33 ; Pwo. 31:26 ; Efe. 5:24) ?

    3. Abigayil te anpeche David fè de move aksyon. Ki aksyon sa yo (1 Sam. 25:31, 33 ; Wom. 12:19 ; Efe. 4:26) ?

    4. Kòman reyaksyon David devan pawòl Abigayil yo ede mesye yo jodi a pou yo konsidere medam yo menm jan Jewova konsidere yo (Tra. 21:8, 9 ; Wom. 2:11 ; 1 Pyè 3:7) ?

Istwa 61

Yo mete David wa

  1. Ki sa David ak Abichayi te fè pandan Sayil t ap dòmi nan kan l lan ?

  2. Ki kesyon David poze Sayil ?

  3. Apre David fin kite Sayil, ki kote l ale ?

  4. Ki sa k fè David tris anpil, ki fè li vin ekri yon bèl chante ?

  5. Ki laj David lè yo mete l wa nan Ebwòn, e ki jan kèk nan pitit gason l yo rele ?

  6. Ki kote David dirije kòm wa apre sa ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Samyèl 26:1-25.

    1. Ki atitid anvè lòd teyokratik pawòl David nou jwenn nan 1 Samyèl 26:11 lan revele (Sòm 37:7 ; Wom. 13:2) ?

    2. Lè nou fè yon efò sensè pou nou demontre bonte ki plen lanmou, men nou jwenn yon reyaksyon negatif, ki jan pawòl David yo nou jwenn nan 1 Samyèl 26:23 a kapab ede nou wè bagay yo yon fason ki kòrèk (1 Wa 8:32 ; Sòm 18:20) ?

  2. Li 2 Samyèl 1:26.

    Kòman kretyen yo jodi a kapab devlope “ yon lanmou ki pwofon anpil youn pou lòt ” menm jan David ak Yonatàn te fè sa (1 Pyè 4:8 ; Kol. 3:14 ; 1 Jan 4:12) ?

  3. Li 2 Samyèl 5:1-10.

    1. Pandan konbyen tan David te gouvène kòm wa, e kòman peryòd sa a te divize (2 Sam. 5:4, 5) ?

    2. Sa k te fè grandè David, e ki jan sa sèvi nou rapèl jodi a (2 Sam. 5:10 ; 1 Sam. 16:13 ; 1 Kor. 1:31 ; Fil. 4:13) ?

Istwa 62

Fanmi David gen anpil pwoblèm

  1. Grasa entèvansyon Jewova, finalman, ki sa k rive peyi Kanaran ?

  2. Ki sa k rive yon swa pandan David sou tèt palè l la ?

  3. Poukisa Jewova trè an kòlè kont David ?

  4. Nan foto a, ki moun Jewova voye al pale ak David sou peche l yo, e ki sa mesye sa a di ki pral rive David ?

  5. Ki malè ki frape David ?

  6. Apre David, kiyès ki vin wa ann Izrayèl ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Samyèl 11:1-27.

    1. Kòman lè nou okipe nan travay Jewova sa pwoteje nou ?

    2. Kòman David te fè tonbe nan peche, e ki avètisman sa bay sèvitè Jewova yo jodi a (2 Sam. 11:2 ; Mat. 5:27-29 ; 1 Kor. 10:12 ; Jak 1:14, 15) ?

  2. Li 2 Samyèl 12:1-18.

    1. Ki leson ansyen yo ak paran yo ka aprann nan fason Natàn te abòde David pou l ba l konsèy (2 Sam. 12:1-4 ; Pwo. 12:18 ; Mat. 13:34) ?

    2. Poukisa Jewova te aji avèk mizèrikòd anvè David (2 Sam. 12:13 ; Sòm 32:5 ; 2 Kor. 7:9, 10) ?

Istwa 63

Salomon, yon wa ki gen sajès

  1. Ki sa Jewova mande Salomon, e ki sa l reponn ?

  2. Piske demann Salomon an fè Jewova plezi, ki sa Jewova pwomèt l ap ba li ?

  3. Ki pwoblèm difisil de medam prezante devan Salomon ?

  4. Jan nou ka wè sa nan foto a, kòman Salomon rezoud pwoblèm nan ?

  5. Ki jan rèy Salomon an te ye, e poukisa ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Wa 3:3-28.

    1. Ki sa mesye ki gen responsablite nan òganizasyon Bondye jodi a kapab aprann sou pawòl sensè Salomon te di nan 1 Wa 3:7 (Sòm 119:105 ; Pwo. 3:5, 6) ?

    2. Ki jan demann Salomon an se yon bèl egzanp ki montre pou ki bagay li bon pou nou priye (1 Wa 3:9, 11 ; Pwo. 30:8, 9 ; 1 Jan 5:14) ?

    3. Fason Salomon te jere pwoblèm ant de medam yo, ban nou ki asirans pou demen konsènan dominasyon Jezi Kris, Gran Salomon an (1 Wa 3:28 ; Iza. 9:6, 7 ; 11:2-4) ?

  2. Li 1 Wa 4:29-34.

    1. Kòman Jewova te reponn demann Salomon te fè l pou l gen yon kè obeyisan (1 Wa 4:29) ?

    2. Lè nou konsidere efò anpil moun te fè pou yo vin tande sajès Salomon, ki ta dwe atitid nou konsènan etid Pawòl Bondye a (1 Wa 4:29, 34 ; Jan 17:3 ; 2 Tim. 3:16) ?

Istwa 64

Salomon bati tanp lan

  1. Konbyen tan sa te pran Salomon pou l fin bati tanp Jewova a e poukisa sa te koute anpil lajan konsa ?

  2. Konbyen chanm prensipal ki gen nan tanp lan, e ki sa yo mete nan chanm pa anndan an ?

  3. Ki sa Salomon di nan priyè l la lè tanp lan fin konstwi ?

  4. Kòman Jewova montre priyè Salomon an fè l plezi ?

  5. Ki sa madanm Salomon yo fè l fè, e ki sa k rive Salomon ?

  6. Poukisa Jewova an kòlè kont Salomon, e ki sa Jewova di l ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Kwonik 28:9, 10.

    Lè nou konsidere pawòl David nou jwenn nan 1 Kwonik 28:9, 10, ki sa nou dwe lite pou nou fè chak jou nan lavi nou (Sòm 19:14 ; Fil. 4:8, 9) ?

  2. Li 2 Kwonik 6:12-21, 32-42.

    1. Ki jan Salomon te montre pa gen okenn konstriksyon lèzòm fè ki kapab kenbe Bondye Trèwo a (2 Kwo. 6:18 ; Tra. 17:24, 25) ?

    2. Ki sa pawòl Salomon yo nou jwenn nan 2 Kwonik 6:32, 33 a montre konsènan Jewova (Tra. 10:34, 35 ; Gal. 2:6) ?

  3. Li 2 Kwonik 7:1-5.

    Menm jan pèp Izrayèl la te santi l pouse pou l louwe Jewova lè li wè glwa l, lè n ap gade benediksyon Jewova vide sou pèp li a, ki jan sa dwe aji sou nou jodi a (2 Kwo. 7:3 ; Sòm 22:22 ; 34:1 ; 96:2) ?

  4. Li 1 Wa 11:9-13.

    Kòman lavi Salomon montre enpòtans pou yon moun rete fidèl jiska lafen (1 Wa 11:4, 9 ; Mat. 10:22 ; Rev. 2:10) ?

Istwa 65

Wayòm nan divize

  1. Kòman de mesye ki nan foto a rele, e kiyès yo ye ?

  2. Ki sa Ayiya ap fè ak rad ki sou li a, e ki sa aksyon sa a vle di ?

  3. Ki sa Salomon eseye fè Yawobam ?

  4. Poukisa pèp la mete Yawobam wa sou dis tribi ?

  5. Poukisa Yawobam fè de ti bèf annò, e ki sa k rive peyi a tousuit apre ?

  6. Ki sa k rive wayòm de tribi a ansanm ak tanp Jewova a ki nan Jerizalèm ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Wa 11:26-43.

    Ki jan de moun Yawobam te ye, e ki sa Jewova te pwomèt li si l kenbe lwa Bondye yo (1 Wa 11:28, 38) ?

  2. Li 1 Wa 12:1-33.

    1. Lè paran yo ak ansyen yo konsidere move egzanp Reyabam nan, ki leson yo ka tire konsènan abi otorite (1 Wa 12:13 ; Ekl. 7:7 ; 1 Pyè 5:2, 3) ?

    2. Kot ki moun jèn yo jodi a dwe ale pou yo jwenn bonjan gid lè y ap pran desizyon enpòtan nan lavi a (1 Wa 12:6, 7 ; Pwo. 1:8, 9 ; 2 Tim. 3:16, 17 ; Ebre 13:7) ?

    3. Ki sa k te pouse Yawobam enstale de sant pou moun adore ti bèf la, e ki jan sa te demontre yon gwo mank lafwa nan Jewova (1 Wa 11:37 ; 12:26-28) ?

    4. Ki moun ki te mennen pèp ki nan dis tribi a nan yon rebelyon kont vrè adorasyon an (1 Wa 12:32, 33) ?

Istwa 66

Jezabèl, yon move rèn

  1. Kiyès Jezabèl ye ?

  2. Poukisa wa Ahab vin tris yon jou ?

  3. Ki sa Jezabèl fè pou l fè Ahab mari l pran jaden rezen Nabòt la ?

  4. Ki moun Jewova voye al pini Jezabèl ?

  5. Jan w wè sa nan foto a, ki sa k pase lè Yewou rive nan palè Jezabèl la ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Wa 16:29-33 ak 1 Wa 18:3, 4.

    Jis nan ki pwen kondisyon yo pa t bon ann Izrayèl sou rèy wa Ahab (1 Wa 14:9) ?

  2. Li 1 Wa 21:1-16.

    1. Kòman Nabòt te montre li gen kouraj e li fidèl anvè Jewova (1 Wa 21:1-3 ; Lev. 25:23-28) ?

    2. Ki sa egzanp Ahab la ka aprann nou sou fason pou nou fè fas ak desepsyon (1 Wa 21:4 ; Wom. 5:3-5) ?

  3. Li 2 Wa 9:30-37.

    Ki leson nou ka tire nan fason Yewou te zele nan fè volonte Jewova (2 Wa 9:4-10 ; 2 Kor. 9:1, 2 ; 2 Tim. 4:2) ?

Istwa 67

Yewochafat fè Jewova konfyans

  1. Kiyès Yewochafat ye e nan ki tan li t ap viv ?

  2. Poukisa Izrayelit yo pè, e ki sa anpil nan yo fè ?

  3. Ki repons Jewova bay priyè Yewochafat te fè a ?

  4. Ki sa Jewova fè rive anvan batay la ?

  5. Ki leson nou ka tire nan men Yewochafat ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Kwonik 20:1-30.

    1. Ki jan Yewochafat te montre jan sèvitè Bondye ki fidèl yo ta dwe fè lè y ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil anpil (2 Kwo. 20:12 ; Sòm 25:15 ; 62:1) ?

    2. Kòm Jewova toujou itilize yon kanal kominikasyon nan rapò li ak pèp li a, ki kanal li itilize jodi a (2 Kwo. 20:14, 15 ; Mat. 24:45-47 ; Jan 15:15) ?

    3. Lè Bondye va deklannche “ lagè gran jou Bondye Toupisan an ”, ki jan sitiyasyon nou va sanble ak pa Yewochafat la (2 Kwo. 20:15, 17 ; 32:8 ; Rev. 16:14, 16) ?

    4. Etan pyonye yo ak misyonè yo ap imite Levit yo, ki kalite kontribisyon yo pote nan travay predikasyon an jodi a (2 Kwo. 20:19, 21 ; Wom. 10:13-15 ; 2 Tim. 4:2) ?

Istwa 68

De tigason ki reviv

  1. Ki twa moun sa yo ki nan foto a, e ki sa k rive tigason an ?

  2. Ki priyè Eliya fè pou tigason an, e ki sa k rive apre sa ?

  3. Kòman kolaboratè Eliya a rele ?

  4. Poukisa yo rele Elicha pou l al lakay yon madanm nan Chounèm ?

  5. Ki sa Elicha fè, e ki sa k rive timoun ki te mouri a ?

  6. Ki pouvwa Jewova genyen, jan nou wè sa nan ka Eliya ak Elicha ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Wa 17:8-24.

    1. Kòman obeyisans ak lafwa Eliya te pase anba eprèv (1 Wa 17:9 ; 19:1-4, 10) ?

    2. Poukisa lafwa vèv Safat la te remakab (1 Wa 17:12-16 ; Lik 4:25, 26) ?

    3. Kòman eksperyans vèv Safat la apiye verite ki nan pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 10:41, 42 (1 Wa 17:10-12, 17, 23, 24) ?

  2. Li 2 Wa 4:8-37.

    1. Ki sa madanm Chounèm nan aprann nou sou kesyon ospitalite (2 Wa 4:8 ; Lik 6:38 ; Wom. 12:13 ; 1 Jan 3:17) ?

    2. Ki fason nou ka demontre bonte anvè sèvitè Bondye yo jodi a (Tra. 20:35 ; 28:1, 2 ; Gal. 6:9, 10 ; Ebre 6:10) ?

Istwa 69

Yon tifi ede yon gwo chèf

  1. Nan foto a, ki sa tifi a ap di madanm nan ?

  2. Kiyès madanm sa a ki nan foto a, e ki sa tifi sa a ap fè lakay madanm nan ?

  3. Ki sa Elicha mande sèvitè l la pou l di Naamàn, e poukisa Naamàn fache ?

  4. Ki sa k rive lè Naamàn koute sèvitè l yo ?

  5. Poukisa Elicha refize kado Naamàn nan, men ki sa Geyazi fè ?

  6. Ki sa k rive Geyazi, e ki leson nou aprann nan sa ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Wa 5:1-27.

    1. Kòman egzanp tifi Izrayelit la ankouraje jèn yo jodi a (2 Wa 5:3 ; Sòm 8:2 ; 148:12, 13) ?

    2. Poukisa li bon pou nou sonje egzanp Naamàn nan lè nou resevwa konsèy biblik (2 Wa 5:15 ; Ebre 12:5, 6 ; Jak 4:6) ?

    3. Ki leson nou ka aprann lè nou mete ann opozisyon fason Elicha te aji ak fason Geyazi te aji (2 Wa 5:9, 10, 14-16, 20 ; Mat. 10:8 ; Tra. 5:1-5 ; 2 Kor. 2:17) ?

Istwa 70

Yona ak yon gwo pwason

  1. Kiyès Yona ye, e ki sa Jewova mande l pou l fè ?

  2. Kòm Yona pa vle ale kote Jewova di l pou l ale a, ki sa l fè ?

  3. Ki sa Yona mande maren yo pou yo fè pou tanpèt la rete ?

  4. Kòm ou kapab wè sa nan foto a, ki sa k pase lè Yona tonbe nan dlo a ?

  5. Konbyen tan Yona pase nan vant gwo pwason an, e ki sa l fè etan l la ?

  6. Ki kote Yona ale apre l soti nan vant gwo pwason an, e ki sa sa aprann nou ?

Lòt kesyon :

  1. Li Yona 1:1-17.

    Jan nou wè sa, kòman Yona te konsidere travay preche Ninivit yo (Yona 1:2, 3 ; Pwo. 3:7 ; Ekl. 8:12) ?

  2. Li Yona 2:1, 2, 10.

    Kòman eksperyans Yona a ban nou asirans Jewova ap reponn priyè nou (Sòm 22:24 ; 34:6 ; 1 Jan 5:14) ?

  3. Li Yona 3:1-10.

    1. Ki ankourajman nou jwenn lefètke Jewova te kontinye itilize Yona malgre l pa t ranpli misyon l lan okòmansman (Sòm 103:14 ; 1 Pyè 5:10) ?

    2. Ki sa eksperyans Yona te fè avèk Ninivit yo anseye nou anrapò ak prejije nou ta ka genyen sou moun ki nan tèritwa a (Yona 3:6-9 ; Ekl. 11:6 ; Tra. 13:48) ?

Istwa 71

Bondye pwomèt yon paradi

  1. Ki moun Izayi te ye, nan ki epòk li t ap viv, e ki sa Jewova te montre l ?

  2. Ki sa mo “ paradi ” a vle di, e ki sa sa fè w sonje ?

  3. Ki sa Jewova te mande Izayi pou l ekri konsènan nouvo Paradi a ?

  4. Poukisa Adan ak Èv te pèdi bèl bitasyon yo a ?

  5. Ki sa Jewova pwomèt moun ki renmen l yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Izayi 11:6-9.

    1. Kòman pawòl Bondye a dekri lapè ki pral egziste ant bèt yo ak lòm nan monn nouvo a (Sòm 148:10, 13 ; Iza. 65:25 ; Eze. 34:25) ?

    2. Ki akonplisman espirityèl pawòl Izayi yo kòmanse jwenn pami pèp Bondye a jodi a (Wom. 12:2 ; Efe. 4:23, 24) ?

    3. Grasa ki moun transfòmasyon rive fèt nan pèsonalite lèzòm depi kounye a e grasa ki moun l ap fèt nan monn nouvo a (Iza. 48:17, 18 ; Gal. 5:22, 23 ; Fil. 4:7) ?

  2. Li Revelasyon 21:3, 4.

    1. Kòman Labib montre abite Bondye pral abite avèk lèzòm nan vle di prezans li sou tè a pa nan sans literal men se nan sans senbolik (Lev. 26:11, 12 ; 2 Kwo. 6:18 ; Iza. 66:1 ; Rev. 21:2, 3, 22-24) ?

    2. Ki kalite kriye ak soufrans ki pap la ankò (Lik 8:49-52 ; Wom. 8:21, 22 ; Rev. 21:4) ?

Istwa 72

Bondye pote wa Izkiya sekou

  1. Kiyès mesye ki nan foto a ye, e poukisa li gen anpil pwoblèm ?

  2. Ki lèt sa yo Izkiya mete devan Bondye, e ki priyè Izkiya fè ?

  3. Ki jan de wa Izkiya ye, e ki mesaj Jewova voye pwofèt Izayi ba li ?

  4. Ki sa zanj Jewova a fè Asiryen yo, jan yo montre nou sa nan foto a ?

  5. Menmsi wayòm de tribi yo te anpè pandan yon tan, sa k vin pase apre lanmò Izkiya ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Wa 18:1-36.

    1. Ki jan Rabchake, pòtpawòl Asiryen an, te chèche febli lafwa Izrayelit yo (2 Wa 18:19, 21 ; Egz. 5:2 ; Sòm 64:3) ?

    2. Lè Temwen Jewova yo ap fè fas ak opozan yo, ki jan yo suiv egzanp Izkiya a (2 Wa 18:36 ; Sòm 39:1 ; Pwo. 26:4 ; 2 Tim. 2:24) ?

  2. Li 2 Wa 19:1-37.

    1. Kòman pèp Jewova jodi a imite Izkiya lè yo nan moman detrès (2 Wa 19:1, 2 ; Pwo. 3:5, 6 ; Ebre 10:24, 25 ; Jak 5:14, 15) ?

    2. Ki gwo defèt ki gen twa aspè ladan l wa Senakerib te sibi, e ki moun li reprezante pwofetikman (2 Wa 19:32, 35, 37 ; Rev. 20:2, 3) ?

  3. Li 2 Wa 21:1-6, 16.

    Poukisa nou ka di Manase se te youn nan wa ki pi mechan ki te dirije Jerizalèm (2 Kwo. 33:4-6, 9) ?

Istwa 73

Dènye bon wa Izrayèl la

  1. Ki laj Yochiya te genyen lè l vin wa, e ki sa l kòmanse fè lè l gen setan sou pouvwa a ?

  2. Ki sa w wè Yochiya ap fè nan premye foto a ?

  3. Ki sa gran prèt la jwenn etan mesye yo ap repare tanp lan ?

  4. Poukisa Yochiya chire rad li ?

  5. Ki mesaj Jewova bay pwofetès Oulda bay Yochiya ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Kwonik 34:1-28.

    1. Ki egzanp Yochiya kite pou moun ki petèt te gen yon anfans difisil (2 Kwo. 33:21-25 ; 34:1, 2 ; Sòm 27:10) ?

    2. Ki etap enpòtan Yochiya te franchi pou l fè vrè adorasyon an vanse nan uityèm, nan douzyèm, ak nan dizuityèm ane rèy li a (2 Kwo. 34:3, 8) ?

    3. Ki leson nou ka pran nan egzanp wa Yochiya ak gran prèt Ilkya pou sa ki konsène antretyen kote n ap adore a (2 Kwo. 34:9-13 ; Pwo. 11:14 ; 1 Kor. 10:31) ?

Istwa 74

Yon mesye ki pa pè moun

  1. Ki jèn gason sa a ki nan foto a ?

  2. Ki jan Jeremi wè kesyon pou l ta vin pwofèt la, men, ki sa Jewova di l ?

  3. Ki mesaj Jeremi kontinye ap di moun yo ?

  4. Kòman prèt yo eseye bloke Jeremi, men, kòman li montre li pa pè ?

  5. Ki sa k pase piske Izrayelit yo pa chanje move konpòtman yo genyen ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jeremi 1:1-8.

    1. Jan egzanp Jeremi an montre sa, ki sa ki kalifye yon moun pou l sèvi Jewova (2 Kor. 3:5, 6) ?

    2. Ki ankourajman egzanp Jeremi an bay jèn kretyen yo jodi a (Ekl. 12:1 ; 1 Tim. 4:12) ?

  2. Li Jeremi 10:1-5.

    Ki egzanp frapan Jeremi itilize pou l montre lè yon moun met konfyans li nan zidòl sa pap itil anyen (Jer. 10:5 ; Iza. 46:7 ; Aba. 2:19) ?

  3. Li Jeremi 26:1-16.

    1. Lè rès wen an ap klewonnen mesaj avètisman an jodi a, kòman li suiv de prè kòmandman Jewova te bay Jeremi an pou l “ pa retire yon mo ” (Jer. 26:2 ; Det. 4:2 ; Tra. 20:27) ?

    2. Ki bèl egzanp Jeremi bay Temwen Jewova yo jodi a nan anonse avètisman Jewova bay nasyon yo (Jer. 26:8, 12, 14, 15 ; 2 Tim. 4:1-5) ?

  4. Li 2 Wa 24:1-17.

    Ki konsekans tris enfidelite Jida anvè Jewova a pote (2 Wa 24:2-4, 14) ?

Istwa 75

Kat jènjan nan vil Babilòn

  1. Kiyès kat jènjan sa yo ki nan foto a ye, e poukisa yo nan vil Babilòn ?

  2. Ki objektif Neboukadnetza pou kat jènjan sa yo, e ki lòd li pase sèvitè l yo ?

  3. Ki sa Danyèl te mande ki gen rapò ak manje ak bwason pou li ak twa zanmi l yo ?

  4. Apre Danyèl ak twa zanmi l yo fin manje legim pandan dis jou, kòman yo ye lè w konpare yo ak lòt jènjan yo ?

  5. Kòman Danyèl ak twa zanmi l yo fè vin twouve yo nan palè wa a, e nan ki sans yo pi fò pase prèt yo ak òm saj yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Danyèl 1:1-21.

    1. Ki kalite efò nou dwe fè si nou ta renmen reziste anba tantasyon e si nou ta renmen venk feblès nou yo (Dan. 1:8 ; Jen. 39:7, 10 ; Gal. 6:9) ?

    2. Nan ki sans jèn yo jodi a ta ka tante oubyen yo ta ka jwenn presyon pou yo tonbe nan sa kèk moun konsidere kòm “ manje rafine ” (Dan. 1:8 ; Pwo. 20:1 ; 2 Kor. 6:17–7:1) ?

    3. Ki sa istwa biblik ki konsène kat jèn Ebre yo ede nou konprann konsènan ranmase konesans pwofàn (Dan. 1:20 ; Iza. 54:13 ; 1 Kor. 3:18-20) ?

Istwa 76

Yo detwi Jerizalèm

  1. Ki sa k rive Jerizalèm e ki sa k rive Izrayelit yo jan nou wè sa nan foto a ?

  2. Kiyès Ezekyèl ye, e ki bagay chokan Jewova montre l ?

  3. Etandone Izrayelit yo pa respekte Jewova, ki sa l pwomèt yo ?

  4. Ki sa wa Neboukadnetza fè apre Izrayelit yo rebele kont li ?

  5. Poukisa Jewova kite destriksyon tèrib sa a frape Izrayelit yo ?

  6. Kòman peyi Izrayèl fè rete san moun ladan l, e pandan konbyen tan ?

Lòt kesyon :

  1. Li 2 Wa 25:1-26.

    1. Ki moun Sidkiya te ye, ki sa k te rive l, e ki jan sa te akonpli yon pwofesi biblik (2 Wa 25:5-7 ; Eze. 12:13-15) ?

    2. Ki moun Jewova te rann responsab tout enfidelite Izrayèl te komèt la (2 Wa 25:9, 11, 12, 18, 19 ; 2 Kwo. 36:14, 17) ?

  2. Li Ezekyèl 8:1-18.

    Kòman kretyente a imite Izrayelit aposta yo ki t ap adore solèy la (Eze. 8:16 ; Iza. 5:20, 21 ; Jan 3:19-21 ; 2 Tim. 4:3) ?

Istwa 77

Yo refize met ajenou

  1. Ki lòd Neboukadnetza, wa Babilòn nan, bay pèp la ?

  2. Poukisa twa zanmi Danyèl yo pa met ajenou devan imaj annò a ?

  3. Lè Neboukadnetza bay twa Ebre yo yon lòt chans pou yo pwostène, kòman mesye yo montre konfyans yo nan Jewova ?

  4. Ki sa Neboukadnetza fè mesye l yo fè Chadrak, Mechak ak Abednego ?

  5. Ki sa Neboukadnetza wè lè l voye je l gade nan founèz la ?

  6. Poukisa wa a louwe Bondye Chadrak, Mechak, ak Abednego a e ki egzanp mesye sa yo kite pou nou ?

Lòt kesyon :

  1. Li Danyèl 3:1-30.

    1. Ki atitid twa jèn Ebre yo te genyen tout sèvitè Bondye dwe imite lè entegrite yo ap pase anba eprèv (Dan. 3:17, 18 ; Mat. 10:28 ; Wom. 14:7, 8) ?

    2. Ki leson enpòtan Jewova Dye te bay Neboukadnetza (Dan. 3:28, 29 ; 4:34, 35) ?

Istwa 78

Yon ekriti sou mi an

  1. Ki sa k pase lè wa Babilòn nan fè yon gwo fèt e li itilize koup ak bòl yo te pran nan tanp Jewova ki te Jerizalèm nan ?

  2. Ki sa Bèlchatza di òm saj li yo, men ki sa yo pa ka fè ?

  3. Ki sa manman wa a di l pou l fè ?

  4. Selon sa Danyèl di wa a, poukisa Bondye voye yon men ekri sou mi an ?

  5. Kòman Danyèl esplike siyifikasyon pawòl ki sou mi an ?

  6. Ki sa k pase pandan Danyèl ap pale ?

Lòt kesyon :

  1. Li Danyèl 5:1-31.

    1. Montre diferans ki genyen ant krent pou Bondye ak krent Bèlchatza te genyen an lè l te wè yon men ki t ap ekri sou mi an (Dan. 5:6, 7 ; Sòm 19:9 ; Wom. 8:35-39) ?

    2. Kòman Danyèl te montre li te gen anpil kouraj lè l t ap pale ak Bèlchatza ansanm ak zotobre l yo (Dan. 5:17, 18, 22, 26-28 ; Tra. 4:29) ?

    3. Ki fason Danyèl chapit 5 mete aksan sou souvrènte inivèsèl Jewova (Dan. 4:17, 25 ; 5:21) ?

Istwa 79

Danyèl nan twou lyon an

  1. Kiyès Dariyis ye e ki jan l konsidere Danyèl ?

  2. Ki sa kèk mesye ki jalou pouse Dariyis fè ?

  3. Ki sa Danyèl fè lè l aprann ki lwa yo fèk pase ?

  4. Sa k fè Dariyis kontrarye nan pwen pou l pa ka dòmi, e ki sa l fè nan demen maten ?

  5. Kòman Danyèl reponn Dariyis ?

  6. Ki sa k rive bann mechan ki t ap eseye touye Danyèl yo, e ki sa Dariyis ekri tout moun ki nan wayòm li an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Danyèl 6:1-28.

    1. Ki jan konplo yo fè sou Danyèl la raple nou kòman opozan yo eseye kraze travay Temwen Jewova yo nan tan modèn nan (Dan. 6:7 ; Sòm 94:20 ; Iza. 10:1 ; Wom. 8:31) ?

    2. Kòman sèvitè Bondye yo jodi a kapab imite Danyèl etan y ap soumèt yo ak “ otorite siperyè yo ” (Dan. 6:5, 10 ; Wom. 13:1 ; Tra. 5:29) ?

    3. Kòman nou ka imite egzanp Danyèl nan sèvi Jewova “ ak pèseverans ” (Dan. 6:16, 20 ; Fil. 3:16 ; Rev. 7:15) ?

Istwa 80

Pèp Bondye a kite Babilòn

  1. Jan yo montre nou sa nan foto a, ki sa Izrayelit yo ap fè la a ?

  2. Kòman Siris te akonpli pwofesi Jewova te bay pa mwayen Izayi a ?

  3. Ki sa Siris di Izrayelit ki pa ka retounen Jerizalèm yo ?

  4. Ki sa Siris bay pèp la pou yo mennen avèk yo Jerizalèm ?

  5. Konbyen tan sa pran Izrayelit yo pou yo retounen Jerizalèm ?

  6. Konbyen ane ki pase depi peyi a rete san moun ladan l ?

Lòt kesyon :

  1. Li Izayi 44:28 ak Izayi 45:1-4.

    1. Kòman Jewova te bay asirans pwofesi ki konsène Siris la t ap akonpli kanmenm (Iza. 55:10, 11 ; Wom. 4:17) ?

    2. Ki sa pwofesi Izayi anrapò ak Siris la montre konsènan kapasite Jewova Dye genyen pou l predi lavni (Iza. 42:9 ; 45:21 ; 46:10, 11 ; 2 Pyè 1:20) ?

  2. Li Ezra 1:1-11.

    Ann amoni ak egzanp moun ki pa t kapab ale Jerizalèm yo kite pou nou, kòman nou kapab “ fòtifye men ” moun ki gen posiblite antre nan sèvis a plen tan (Ezra 1:4, 6 ; Wom. 12:13 ; Kol. 4:12) ?

Istwa 81

Yo gen konfyans Bondye ap ede yo

  1. Konbyen moun ki fè vwayaj byen long soti Babilòn rive Jerizalèm nan, men ki sa yo jwenn lè yo rive ?

  2. Ki sa Izrayelit yo kòmanse konstwi lè yo rive, men ki sa ènmi yo fè ?

  3. Kiyès Agay ak Zekarya ye, e ki sa yo di pèp la ?

  4. Poukisa Tatenay voye yon lèt Babilòn, e ki repons li jwenn ?

  5. Ki sa Ezra fè lè l aprann gen nesesite pou yo repare tanp Bondye a ?

  6. Nan foto a, pou ki bagay Ezra ap priye, ki jan Bondye reponn priyè l, e ki leson sa ban nou ?

Lòt kesyon :

  1. Li Ezra 3:1-13.

    Si yon lè nou ta twouve nou nan yon zòn kote pa ta gen kongregasyon pèp Bondye a, ki sa nou dwe kontinye fè (Ezra 3:3, 6 ; Tra. 17:16, 17 ; Ebre 13:15) ?

  2. Li Ezra 4:1-7.

    Ki egzanp Zowobabèl kite pou pèp Jewova a konsènan tèt ansanm ant divès gwoupman relijye (Egz. 34:12 ; 1 Kor. 15:33 ; 2 Kor. 6:14-17) ?

  3. Li Ezra 5:1-5, 17 ak Ezra 6:1-22.

    1. Poukisa opozan yo pa t ka kanpe travay konstriksyon tanp lan (Ezra 5:5 ; Iza. 54:17) ?

    2. Kòman aksyon Juif ki te ansyen yo ankouraje kretyen ki ansyen yo pou yo chèche direksyon nan men Jewova lè y ap fè fas ak opozan (Ezra 6:14 ; Sòm 32:8 ; Wom. 8:31 ; Jak 1:5) ?

  4. Li Ezra 8:21-23, 28-36.

    Anvan nou angaje nou pou nou antreprann yon aktivite kèlkonk, ki egzanp Ezra bay ki ta bon pou nou imite (Ezra 8:23 ; Sòm 127:1 ; Pwo. 10:22 ; Jak 4:13-15) ?

Istwa 82

Mòdekay ak Estè

  1. Kiyès Mòdekay ak Estè ye ?

  2. Poukisa wa Asyeris vle gen yon lòt madanm, e ki moun li chwazi ?

  3. Kiyès Amàn ye, e ki sa k fè l fache anpil ?

  4. Ki lwa yo pase, e ki sa Estè fè apre Mòdekay voye yon mesaj ba li ?

  5. Ki sa k rive Amàn, e ki sa k rive Mòdekay ?

  6. Kòman pèp Izrayèl la sove anba ènmi l yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Estè 2:12-18.

    Ki jan Estè te demontre enpòtans pou yon moun kiltive yon “ lespri ki dou e ki pezib ” (Estè 2:15 ; 1 Pyè 3:1-5) ?

  2. Li Estè 4:1-17.

    Menm jan Estè te gen posiblite pou l defann vrè adorasyon an, ki posiblite nou genyen jodi a pou nou eksprime atachman nou ak fidelite nou pou Jewova (Estè 4:13, 14 ; Mat. 5:14-16 ; 24:14) ?

  3. Li Estè 7:1-6.

    Kòman jodi a anpil nan sèvitè Bondye yo riske sibi pèsekisyon, menm jan ak Estè (Estè 7:4 ; Mat. 10:16-22 ; 1 Pyè 2:12) ?

Istwa 83

Miray Jerizalèm nan

  1. Kòman Izrayelit yo te santi yo lefètke pa t gen miray toutotou vil Jerizalèm nan ?

  2. Kiyès Neyemya ye ?

  3. Ki sa Neyemya fè kòm travay, e poukisa sa enpòtan ?

  4. Ki nouvèl ki fè Neyemya tris, e ki sa l fè ?

  5. Ki jan wa Atakzèsès montre bonte l anvè Neyemya ?

  6. Kòman Neyemya òganize travay konstriksyon an pou ènmi Izrayelit yo pa kanpe travay la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Neyemya 1:4-6 ak Neyemya 2:1-20.

    Ki jan Neyemya te chèche direksyon Jewova (Ney. 2:4, 5 ; Wom. 12:12 ; 1 Pyè 4:7) ?

  2. Li Neyemya 3:3-5.

    Kòman ansyen yo ak asistan ministeryèl yo kapab tire leson nan diferans ki genyen ant Tekoyit yo ak “ gwo potanta ki pami yo ” (Ney. 3:5, 27 ; 2 Tes. 3:7-10 ; 1 Pyè 5:5) ?

  3. Li Neyemya 4:1-23.

    1. Ki sa ki te motive Izrayelit yo pou yo kontinye konstwi malgre opozisyon malouk yo te jwenn (Ney. 4:6, 8, 9 ; Sòm 50:15 ; Iza. 65:13, 14) ?

    2. Ki jan egzanp Izrayelit yo ankouraje nou jodi a ?

  4. Li Neyemya 6:15.

    Etandone miray Jerizalèm nan te fini nan de mwa, ki sa sa demontre konsènan pouvwa lafwa genyen (Sòm 56:3, 4 ; Mat. 17:20 ; 19:26) ?

Istwa 84

Yon zanj vizite Mari

  1. Ki fi sa a ki nan foto a ?

  2. Ki sa Gabriyèl di Mari ?

  3. Kòman Gabriyèl esplike Mari li pral fè yon bebe menmsi li pa abite ak yon gason ?

  4. Ki sa k rive lè Mari al vizite fanmi l Elizabèt ?

  5. Ki sa Jozèf panse lè l aprann Mari pral fè yon tibebe, men ki sa k fè l chanje lide ?

Lòt kesyon :

  1. Li Lik 1:26-56.

    1. Ki sa Lik 1:35 endike konsènan tras enpèfeksyon Adan ki ta ka nan ovil Mari lè yo te transfere lavi Pitit Gason Bondye a apati domèn espirityèl la (Aga. 2:11-13 ; Jan 6:69 ; Ebre 7:26 ; 10:5) ?

    2. Ki jan Jezi te resevwa onè anvan menm li te fèt (Lik 1:41-43) ?

    3. Ki bèl egzanp Mari kite pou kretyen yo jodi a ki resevwa privilèj pou yo sèvi yon fason espesyal (Lik 1:38, 46-49 ; 17:10 ; Pwo. 11:2) ?

  2. Li Matye 1:18-25.

    Menmsi yo pa t bay Jezi non Emanyèl, kòman wòl li antanke moun te akonpli siyifikasyon non sa a (Mat. 1:22, 23 ; Jan 14:8-10 ; Ebre 1:1-3) ?

Istwa 85

Jezi fèt nan yon pak

  1. Ki tibebe sa a ki nan foto a, e ki kote Mari mete l kouche ?

  2. Poukisa Jezi te fèt nan yon pak ansanm ak bèt ?

  3. Nan foto a, ki mesye sa yo k ap antre nan pak la, e ki sa yon zanj te di yo ?

  4. Poukisa Jezi se yon moun espesyal ?

  5. Poukisa yo ka rele Jezi Pitit Gason Bondye ?

Lòt kesyon :

  1. Li Lik 2:1-20.

    1. Ki wòl Seza Ogis te jwe nan akonplisman pwofesi konsènan nesans Jezi a (Lik 2:1-4 ; Mika 5:2) ?

    2. Kòman yon moun kapab vin fè pati sila yo yo rele ‘ moun Bondye apwouve ’ (Lik 2:14 ; Mat. 16:24 ; Jan 17:3 ; Tra. 3:19 ; Ebre 11:6) ?

    3. Si gadyen mouton jideyen enb sa yo te gen rezon pou yo rejwi pou nesans yon Sovè, ki pi gwo rezon sèvitè Bondye yo genyen jodi a pou yo rejwi (Lik 2:10, 11 ; Efe. 3:8, 9 ; Rev. 11:15 ; 14:6) ?

Istwa 86

Yo suiv yon etwal

  1. Ki mesye sa yo ki nan foto a, e poukisa youn nan yo lonje dwèt li sou yon etwal ki klere ?

  2. Poukisa wa Ewòd fache, e ki sa l fè ?

  3. Ki kote etwal la mennen mesye yo, men poukisa yo pran yon lòt chemen pou yo retounen nan peyi yo ?

  4. Ki lòd Ewòd bay, e poukisa ?

  5. Ki sa Jewova di Jozèf pou l fè ?

  6. Ki moun ki te fè nouvo etwal la briye, e poukisa ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 2:1-23.

    Ki laj Jezi te genyen e ki kote l t ap viv lè astwològ yo te vizite l (Mat. 2:1, 11, 16) ?

Istwa 87

Ti Jezi nan tanp lan

  1. Ki laj ou ta di Jezi gen nan foto a, e ki kote l ye la a ?

  2. Ki sa Jozèf fè ak fanmi l chak ane ?

  3. Apre yo fin pase yon jounen ap mache pou yo retounen lakay yo, poukisa Jozèf ak Mari retounen Jerizalèm ?

  4. Ki kote Jozèf ak Mari jwenn Jezi, e poukisa moun ki la yo sezi ?

  5. Ki sa Jezi di manman l Mari ?

  6. Kòman nou ka imite Jezi lè n ap aprann konnen Bondye ?

Lòt kesyon :

  1. Li Lik 2:41-52.

    1. Malgre se gason sèlman Lalwa te mande pou asiste fèt yo fè chak ane yo, ki bèl egzanp Jozèf ak Mari kite pou paran yo jodi a (Lik 2:41 ; Det. 16:16 ; 31:12 ; Pwo. 22:6) ?

    2. Nan ki sans Jezi kite yon bèl egzanp pou jèn jodi a pou yo soumèt yo anvè paran yo (Lik 2:51 ; Det. 5:16 ; Pwo. 23:22 ; Kol. 3:20) ?

  2. Li Matye 13:53-56.

    Nan Bib la, yo bay non kat frè chanèl Jezi. Kiyès yo ye, e ki jan, kèk tan apre, yo te itilize de ladan yo nan kongregasyon an (Mat. 13:55 ; Tra. 12:17 ; 15:6, 13 ; 21:18 ; Gal. 1:19 ; Jak 1:1 ; Jid 1) ?

Istwa 88

Jan batize Jezi

  1. Ki de mesye sa yo ki nan foto a ?

  2. Kòman yo batize yon moun ?

  3. Nòmalman ki moun Jan batize ?

  4. Pou ki rezon espesyal Jezi te mande Jan pou li batize l ?

  5. Kòman Bondye montre Li kontan dèske Jezi te batize ?

  6. Ki sa k rive lè Jezi t al yon kote apa pandan 40 jou ?

  7. Site kèk nan premye disip Jezi yo, e ki premye mirak Jezi fè ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 3:13-17.

    Ki modèl Jezi te bay konsènan batèm disip li yo (Sòm 40:7, 8 ; Mat. 28:19, 20 ; Lik 3:21, 22) ?

  2. Li Matye 4:1-11.

    Lefètke Jezi byen itilize Ekriti yo, ki jan sa ankouraje nou pou nou etidye Labib regilyèman (Mat. 4:5-7 ; 2 Pyè 3:17, 18 ; 1 Jan 4:1) ?

  3. Li Jan 1:29-51.

    Bò kote ki moun Jan te dirije disip li yo, e ki jan nou ka imite l jodi a (Jan 1:29, 35, 36 ; 3:30 ; Mat. 23:10) ?

  4. Li Jan 2:1-12.

    Kòman premye mirak Jezi a te montre Jewova pap refize sèvitè l yo anyen ki bon (Jan 2:9, 10 ; Sòm 84:11 ; Jak 1:17) ?

Istwa 89

Jezi netwaye tanp lan

  1. Poukisa y ap vann bèt nan tanp lan ?

  2. Ki sa ki mete Jezi an kòlè ?

  3. Jan w ka wè sa nan foto a, ki sa Jezi fè, e ki lòd li pase mesye k ap vann pijon yo ?

  4. Lè disip Jezi yo wè sa, ki sa yo sonje ?

  5. Ki distri Jezi te travèse lè li t ap retounen Galile ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jan 2:13-25.

    Lè nou konsidere endiyasyon Jezi fas ak moun ki t ap chanje lajan nan tanp lan, ki jan nou dwe konsidere aktivite komèsyal anndan Sal Wayòm yo (Jan 2:15, 16 ; 1 Kor. 10:24, 31-33) ?

Istwa 90

Rankont ak yon dam bò yon pi

  1. Poukisa Jezi te rete bò yon pi nan Samari, e ki sa l ap di dam nan la a ?

  2. Poukisa dam nan sezi ? Ki sa Jezi di l, e poukisa ?

  3. De ki dlo dam nan konprann Jezi t ap pale, men an reyalite de ki dlo Jezi t ap pale ?

  4. Poukisa dam nan sezi pou bagay Jezi konn sou li, e kòman Jezi te fè gen enfòmasyon sa yo ?

  5. Ki leson nou ka tire nan istwa dam bò pi a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jan 4:5-43.

    1. Ann amoni ak egzanp Jezi, ki atitid nou ta dwe genyen anvè moun ki pa sot nan menm ras avèk nou oswa ki pa gen menm orijin sosyal ak nou (Jan 4:9 ; 1 Kor. 9:22 ; 1 Tim. 2:3, 4 ; Tit 2:11) ?

    2. Ki byenfè espirityèl yon moun ki vin disip Jezi ap resevwa (Jan 4:14 ; Iza. 58:11 ; 2 Kor. 4:16) ?

    3. Menm jan ak Samaritèn nan ki te chofe pou l al pataje sa l te aprann nan, ki jan nou kapab montre apresyasyon nou pou sa nou aprann (Jan 4:7, 28 ; Mat. 6:33 ; Lik 10:40-42) ?

Istwa 91

Jezi ap anseye sou yon mòn

  1. Nan foto a, ki kote ou wè Jezi ap anseye, e ki moun sa yo ki chita tou pre l la ?

  2. Ki non 12 apot yo ?

  3. Wayòm Jezi ap preche a, ki sa l ye ?

  4. Pou ki bagay Jezi montre moun priye ?

  5. Ki sa Jezi di konsènan fason pou moun aji youn anvè lòt ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 5:1-12.

    Ki fason nou ka montre nou konsyan nou pòv espirityèlman (Mat. 5:3 ; Wom. 10:13-15 ; 1 Tim. 4:13, 15, 16) ?

  2. Li Matye 5:21-26.

    Ki jan Matye 5:23, 24 montre aklè relasyon nou avèk frè ak sè nou yo gen enfliyans sou relasyon nou avèk Jewova (Mat. 6:14, 15 ; Sòm 133:1 ; Kol. 3:13 ; 1 Jan 4:20) ?

  3. Li Matye 6:1-8.

    Bay kèk egzanp kote moun kwè nan pwòp jistis yo, yon atitid kretyen yo dwe evite (Lik 18:11, 12 ; 1 Kor. 4:6, 7 ; 2 Kor. 9:7).

  4. Li Matye 6:25-34.

    Ki sa Jezi te anseye konsènan konfyans nou dwe genyen nan Jewova anrapò ak bezwen fizik nou (Egz. 16:4 ; Sòm 37:25 ; Fil. 4:6) ?

  5. Li Matye 7:1-11.

    Ki sa egzanp vivan nou jwenn nan Matye 7:5 lan aprann nou (Pwo. 26:12 ; Wom. 2:1 ; 14:10 ; Jak 4:11, 12) ?

Istwa 92

Jezi resisite mò

  1. Ki moun ki papa tifi sa a ki nan foto a, e poukisa li menm ak madanm li enkyete anpil ?

  2. Ki sa Jayiris fè lè li jwenn Jezi ?

  3. Ki sa k pase pandan Jezi pral lakay Jayiris, e ki mesaj Jayiris resevwa sou wout la ?

  4. Poukisa moun lakay Jayiris t ap ri Jezi ?

  5. Apre Jezi fin mennen twa apot ansanm ak papa ak manman tifi a nan chanm tifi a, ki sa l fè ?

  6. Ki lòt moun ki mouri Jezi resisite, e ki sa sa montre ?

Lòt kesyon :

  1. Li Lik 8:40-56.

    Kòman Jezi te montre konpasyon ak konpreyansyon pou dam ki t ap pèdi san an, e ki sa kretyen ki ansyen yo kapab aprann nan istwa sa a (Lik 8:43, 44, 47, 48 ; Lev. 15:25-27 ; Mat. 9:12, 13 ; Kol. 3:12-14) ?

  2. Li Lik 7:11-17.

    Poukisa moun ki gen moun yo renmen ki mouri kapab jwenn gwo rekonfò nan repons Jezi te bay vèv Nayin nan (Lik 7:13 ; 2 Kor. 1:3, 4 ; Ebre 4:15) ?

  3. Li Jan 11:17-44.

    Kòman Jezi te montre li nòmal pou yon moun kriye lè yon moun li renmen mouri (Jan 11:33-36, 38 ; 2 Sam. 18:33 ; 19:1-4) ?

Istwa 93

Jezi bay anpil moun manje

  1. Ki bagay tèrib ki rive Jan Batis, e ki efè sa genyen sou Jezi ?

  2. Kòman Jezi bay foul moun ki suiv li yo manje, e ki kantite manje ki rete ?

  3. Poukisa disip yo pè pandan nuit lan, e ki sa ki rive Pyè ?

  4. Kòman Jezi te rive bay plizyè milye moun manje yon dezyèm fwa ?

  5. Poukisa sa va bèl lè Jezi va dirije latè antanke Wa Bondye mete ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 14:1-32.

    1. Istwa nou jwenn nan Matye 14:23-32 a ede nou konprann ki aspè nan pèsonalite Pyè ?

    2. Kòman Ekriti yo montre Pyè te vin gen plis matirite e li te venk abitid li te genyen pou l aji prese prese a (Mat. 14:27-30 ; Jan 18:10 ; 21:7 ; Tra. 2:14, 37-40 ; 1 Pyè 5:6, 10) ?

  2. Li Matye 15:29-38.

    Ki jan Jezi te montre li respekte dispozisyon Papa l pran nan domèn materyèl (Mat. 15:37 ; Jan 6:12 ; Kol. 3:15) ?

  3. Li Jan 6:1-21.

    Kòman kretyen jodi a ka suiv egzanp Jezi nan sa ki gen rapò ak gouvènman yo (Jan 6:15 ; Mat. 22:21 ; Wom. 12:2 ; 13:1-4) ?

Istwa 94

Li renmen timoun piti

  1. Konsènan ki sa apot Jezi yo ap diskite etan y ap retounen sot nan yon vwayaj ki byen long ?

  2. Poukisa Jezi rele yon timoun e li fè l kanpe nan mitan apot yo ?

  3. Nan ki sans apot yo dwe aprann pou yo tankou yon timoun ?

  4. Kèk mwa apre, kòman Jezi montre li renmen timoun ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 18:1-4.

    Poukisa Jezi te itilize egzanp pou l anseye (Mat. 13:34, 36 ; Mak 4:33, 34) ?

  2. Li Matye 19:13-15.

    Ki bèl kalite timoun genyen nou dwe imite pou nou resevwa benediksyon Wayòm nan (Sòm 25:9 ; 138:6 ; 1 Kor. 14:20) ?

  3. Li Mak 9:33-37.

    Ki sa Jezi te anseye disip li yo konsènan dezi pou yo gen pozisyon ki fè yo parèt (Mak 9:35 ; Mat. 20:25, 26 ; Gal. 6:3 ; Fil. 2:5-8) ?

  4. Li Mak 10:13-16.

    Jis nan ki pwen Jezi te abòdab, e ki jan ansyen yo ka tire pwofi nan egzanp li kite (Mak 6:30-34 ; Fil. 2:1-4 ; 1 Tim. 4:12) ?

Istwa 95

Fason Jezi anseye

  1. Ki kesyon yon mesye poze Jezi, e poukisa ?

  2. Ki sa Jezi itilize kèk fwa pou l anseye, e ki sa nou deja aprann konsènan Juif ak Samariten ?

  3. Nan istwa Jezi rakonte a, ki sa k rive yon Juif ki t ap vwayaje sou wout Jeriko ?

  4. Ki sa k rive lè yon prèt juif ak yon Levit pase nan wout la ?

  5. Nan foto a, ki moun k ap ede Juif ki blese a ?

  6. Lè Jezi fin rakonte istwa a, ki kesyon l poze, e ki jan mesye a reponn ?

Lòt kesyon :

  1. Li Lik 10:25-37.

    1. Olye Jezi bay yon repons dirèk, kòman l te ede yon mesye ki te maton nan Lalwa pou l rezone sou yon pwen (Lik 10:26 ; Mat. 16:13-16) ?

    2. Kòman Jezi te itilize egzanp pou l venk prejije moun ki t ap koute l yo te genyen (Lik 10:36, 37 ; 18:9-14 ; Tit 1:9) ?

Istwa 96

Jezi geri malad

  1. Ki sa Jezi fè pandan l ap travèse peyi a ?

  2. Twazan apre Jezi fin batize, ki sa l di apot li yo ?

  3. Ki moun sa yo ki nan foto a, e ki sa Jezi fè pou dam sa a ?

  4. Poukisa repons Jezi te bay fas ak objeksyon chèf relijye yo fè yo wont ?

  5. Etan Jezi ak apot li yo tou pre Jeriko, ki sa Jezi fè pou de mandyan avèg ?

  6. Poukisa Jezi fè mirak ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 15:30, 31.

    Ki pouvwa estrawòdinè Jewova nou rive wè pa mwayen Jezi, e ki enfliyans sa dwe genyen sou konpreyansyon nou sou pwomès Jewova fè nou konsènan monn nouvo a (Sòm 37:29 ; Iza. 33:24) ?

  2. Li Lik 13:10-17.

    Lefètke Jezi te fè kèk nan pi gwo mirak li yo pandan jou saba a, ki jan sa montre ki kalite soulajman li pral pote pou lèzòm pandan Rèy milenè l la (Lik 13:10-13 ; Sòm 46:9 ; Mat. 12:8 ; Kol. 2:16, 17 ; Rev. 21:1-4) ?

  3. Li Matye 20:29-34.

    Ki jan istwa sa a montre Jezi pa t janm twò okipe pou l ede moun, e ki sa nou ka aprann nan sa (Det. 15:7 ; Jak 2:15, 16 ; 1 Jan 3:17) ?

Istwa 97

Jezi vini antanke Wa

  1. Lè Jezi rive nan yon ti vilaj tou pre Jerizalèm, ki sa l mande disip li yo pou yo fè ?

  2. Nan foto a, ki sa k rive lè Jezi rive tou pre vil Jerizalèm ?

  3. Ki sa timoun yo fè lè yo wè Jezi ap geri moun ki avèg ak moun ki estwopye ?

  4. Ki sa Jezi di prèt ki fache yo ?

  5. Kòman nou ka sanble ak timoun k ap louwe Jezi yo ?

  6. Ki sa disip yo vle konnen ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 21:1-17.

    1. Nan ki sans fason Jezi te antre Jerizalèm antanke Wa te diferan ak fason sa te konn fèt nan tan Women yo, lè yon jeneral soti nan yon kanpay laviktwa (Mat. 21:4, 5 ; Zek. 9:9 ; Fil. 2:5-8 ; Kol. 2:15) ?

    2. Ki leson jèn yo kapab tire nan men jènjan izrayelit yo ki te di pawòl nou jwenn nan Sòm 118 la, pandan Jezi t ap antre nan tanp lan (Mat. 21:9, 15 ; Sòm 118:25, 26 ; 2 Tim. 3:15 ; 2 Pyè 3:18) ?

  2. Li Jan 12:12-16.

    Lefètke moun ki t ap louwe Jezi yo itilize branch palmis ki sa sa senbolize (Jan 12:13 ; Fil. 2:10 ; Rev. 7:9, 10) ?

Istwa 98

Sou mòn Olivye a

  1. Nan foto a, montre Jezi, e di ki moun ki avèk li yo.

  2. Ki sa prèt yo t ap eseye fè Jezi nan tanp lan, e ki sa li te di yo ?

  3. Ki kesyon apot yo poze Jezi ?

  4. Poukisa Jezi di apot li yo kèk bagay ki pral pase sou tè a lè l ap dirije nan syèl la kòm Wa ?

  5. Ki sa Jezi di ki pral rive anvan li mete yon fen nan tout mechanste k ap fèt sou tè a ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 23:1-39.

    1. Menmsi Ekriti yo montre nou ka itilize tit ki apwopriye nan domèn pwofàn, ki sa pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 23:8-11 yo montre anrapò ak itilizasyon tit ki glorifye moun nan kongregasyon an (Tra. 26:25 ; Wom. 13:7 ; 1 Pyè 2:13, 14) ?

    2. Ki metòd Farizyen yo te itilize pou eseye anpeche moun yo vin kretyen, e kòman chèf relijye yo itilize menm taktik la jodi a (Mat. 23:13 ; Lik 11:52 ; Jan 9:22 ; 12:42 ; 1 Tes. 2:16) ?

  2. Li Matye 24:1-14.

    1. Ki jan Matye 24:13 montre enpòtans andirans ?

    2. Ki siyifikasyon ekspresyon “ lafen ” nou jwenn nan Matye 24:13 la (Mat. 16:27 ; Wom. 14:10-12 ; 2 Kor. 5:10) ?

  3. Li Mak 13:3-10.

    Ki ekspresyon nou jwenn nan Mak 13:10 ki montre li ijan pou yo preche bon nouvèl la, e ki jan pawòl Jezi yo dwe enfliyanse nou (Wom. 13:11, 12 ; 1 Kor. 7:29-31 ; 2 Tim. 4:2) ?

Istwa 99

Nan yon chanm aletaj

  1. Jan nou wè sa nan foto a, poukisa Jezi ak 12 apot li yo nan yon gran chanm aletaj ?

  2. Kiyès mesye sa a k ap soti deyò a, e ki sa l pral fè ?

  3. Ki manje espesyal Jezi kòmanse tousuit apre manje Pak la te fini ?

  4. Pak la te raple Izrayelit yo ki evènman, e ki sa manje espesyal la raple disip Jezi yo ?

  5. Apre Soupe Seyè a, ki sa Jezi di disip li yo, e ki sa yo fè ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 26:14-30.

    1. Kòman Matye 26:15 montre se espre Jida te fè li te trayi Jezi ?

    2. Grasa san Jezi ki te koule, ki de objektif ki reyalize (Mat. 26:27, 28 ; Jer. 31:31-33 ; Efe. 1:7 ; Ebre 9:19, 20) ?

  2. Li Lik 22:1-39.

    Nan ki sans Satan te antre nan Jida (Lik 22:3 ; Jan 13:2 ; Tra. 1:24, 25) ?

  3. Li Jan 13:1-20.

    1. Selon sa ki rapòte nan Jan 13:2, èske yo ka blame Jida pou sa li te fè a, e ki leson sèvitè Bondye yo kapab tire nan sa (Jen. 4:7 ; 2 Kor. 2:11 ; Gal. 6:1 ; Jak 1:13, 14) ?

    2. Ki egzanp pisan Jezi te bay pa mwayen yon aksyon li te fè yon jou (Jan 13:15 ; Mat. 23:11 ; 1 Pyè 2:21) ?

  4. Li Jan 17:1-26.

    Nan ki sans Jezi te priye pou disip li yo “ youn ” (Jan 17:11, 21-23 ; Wom. 13:8 ; 14:19 ; Kol. 3:14) ?

Istwa 100

Jezi nan jaden an

  1. Ki kote Jezi ak apot li yo ale apre yo fin kite chanm aletaj la, e ki sa li mande yo pou yo fè ?

  2. Ki sa Jezi te jwenn lè l retounen kote apot li yo ye a, e konbyen fwa sa rive ?

  3. Ki moun ki antre nan jaden an, e jan foto a montre sa, ki sa Jida Iskaryòt fè ?

  4. Poukisa Jida bo Jezi, e ki sa Pyè fè ?

  5. Ki sa Jezi di Pyè, men poukisa Jezi pa t mande Bondye pou l voye zanj ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 26:36-56.

    1. Kòman fason Jezi te konseye disip li yo, se yon bon egzanp pou kretyen ki ansyen yo jodi a (Mat. 20:25-28 ; 26:40, 41 ; Gal. 5:17 ; Efe. 4:29, 31, 32) ?

    2. Ki pwennvi Jezi konsènan itilizasyon zam kont pwochen nou (Mat. 26:52 ; Lik 6:27, 28 ; Jan 18:36) ?

  2. Li Lik 22:39-53.

    Lè yon zanj te parèt bò kote Jezi nan jaden Jetsemane a pou l fòtifye l, èske sa te vle di lafwa Jezi t ap febli ? Esplike (Lik 22:41-43 ; Iza. 49:8 ; Mat. 4:10, 11 ; Ebre 5:7).

  3. Li Jan 18:1-12.

    Kòman Jezi te pwoteje disip li yo kont opozan l yo, e ki sa nou ka aprann nan egzanp sa a (Jan 10:11, 12 ; 18:1, 6-9 ; Ebre 13:6 ; Jak 2:25) ?

Istwa 101

Yo touye Jezi

  1. Kiyès an premye ki responsab lanmò Jezi ?

  2. Ki sa apot yo fè lè chèf relijye yo arete Jezi ?

  3. Ki sa k rive lakay Kayif, gran prèt la ?

  4. Poukisa Pyè soti epi l al kriye ?

  5. Apre yo voye Jezi tounen bay Pilat, ki sa prèt an chèf yo di byen fò ?

  6. Byen bonè nan vandredi aprèmidi, ki sa k rive Jezi, e ki pwomès li fè yon malfektè ki te pann sou yon poto akote l ?

  7. Paradi Jezi t ap pale de li a, kote l ap ye ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 26:57-75.

    Ki jan manm tribinal siprèm juif yo te montre kè yo mechan (Mat. 26:59, 67, 68) ?

  2. Li Matye 27:1-50.

    Poukisa nou kapab di remò Jida a pa t sensè (Mat. 27:3, 4 ; Mak 3:29 ; 14:21 ; 2 Kor. 7:10, 11) ?

  3. Li Lik 22:54-71.

    Pyè te renye Jezi lannuit yo te trayi l e yo te arete l la. Ki leson nou ka aprann nan sa (Lik 22:60-62 ; Mat. 26:31-35 ; 1 Kor. 10:12) ?

  4. Li Lik 23:1-49.

    Kòman Jezi te reyaji devan enjistis yo te fè l, e ki leson nou ka tire nan sa (Lik 23:33, 34 ; Wom. 12:17-19 ; 1 Pyè 2:23) ?

  5. Li Jan 18:12-40.

    Malgre lakrentif pou lòm te paralize Pyè pandan yon ti tan, li te reprann li e li te vin yon apot remakab. Ki sa sa montre (Jan 18:25-27 ; 1 Kor. 4:2 ; 1 Pyè 3:14, 15 ; 5:8, 9) ?

  6. Li Jan 19:1-30.

    1. Ki pwennvi ekilibre Jezi te genyen sou bagay materyèl (Jan 2:1, 2, 9, 10 ; 19:23, 24 ; Mat. 6:31, 32 ; 8:20) ?

    2. Kòman pawòl Jezi pandan l t ap mouri a se te yon deklarasyon ki montre li ranpòte laviktwa nan soutni souvrènte Jewova (Jan 16:33 ; 19:30 ; 2 Pyè 3:14 ; 1 Jan 5:4) ?

Istwa 102

Jezi vivan

  1. Ki madanm sa a ki nan foto a, e kiyès de mesye sa yo ye ? Ki kote yo ye la a ?

  2. Poukisa Pilat di prèt yo pou yo voye sòlda pou siveye tonm Jezi a ?

  3. Ki sa yon zanj fè byen bonè nan twazyèm jou apre Jezi mouri, men ki sa prèt yo fè ?

  4. Poukisa kèk nan medam yo te sezi lè yo t al vizite tonm Jezi a ?

  5. Poukisa Pyè ak Jan kouri al nan tonm Jezi, e ki sa yo jwenn ?

  6. Ki sa k te rive kò Jezi, men ki sa Jezi fè pou l montre disip yo li vivan ?

Lòt kesyon :

  1. Li Matye 27:62-66 ak 28:1-15.

    Apre Jezi resisite, kòman prèt an chèf yo, Farizyen yo ak ansyen yo te peche kont lespri sen (Mat. 12:24, 31, 32 ; 28:11-15) ?

  2. Li Lik 24:1-12.

    Ki jan istwa rezirèksyon Jezi a montre Jewova wè medam yo kòm temwen yo ka fè konfyans (Lik 24:4, 9, 10 ; Mat. 28:1-7) ?

  3. Li Jan 20:1-12.

    Kòman Jan 20:8, 9 ede nou wè nesesite pou nou pasyan si nou pa fin konprann akonplisman yon pwofesi ki nan Bib la (Pwo. 4:18 ; Mat. 17:22, 23 ; Lik 24:5-8 ; Jan 16:12) ?

Istwa 103

Anndan yon chanm ki fèmen

  1. Ki sa Mari di yon mesye li te pran pou jadinye a, men ki sa k fè l vin reyalize se Jezi toutbon ?

  2. Ki sa k rive de disip ki t ap mache sou wout pou y al nan bouk Emayis ?

  3. Ki bagay estrawòdinè ki pase lè de disip t ap fè apot yo konnen, yo wè Jezi ?

  4. Konbyen fwa Jezi parèt sou disip li yo ?

  5. Ki sa Toma di lè l tande disip yo wè Seyè a, men ki sa k rive uit jou apre ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jan 20:11-29.

    Èske Jezi te di nan Jan 20:23 lèzòm gen otorizasyon pou padone peche ? Esplike (Sòm 49:2, 7 ; Iza. 55:7 ; 1 Tim. 2:5, 6 ; 1 Jan 2:1, 2).

  2. Li Lik 24:13-43.

    Kòman nou ka prepare kè nou pou l dispoze aksepte verite biblik yo (Lik 24:32, 33 ; Ezra 7:10 ; Mat. 5:3 ; Tra. 16:14 ; Ebre 5:11-14) ?

Istwa 104

Jezi retounen nan syèl

  1. Nan yon okazyon, konbyen disip ki wè Jezi, e de ki sa li pale avèk yo ?

  2. Ki sa Wayòm Bondye a ye, e ki jan lavi sou tè a pral ye lè Jezi pral dirije kòm Wa pandan mil an ?

  3. Konbyen jou Jezi te fè ap parèt sou disip li yo, men kounye a, tan an rive pou l fè ki bagay ?

  4. Jis anvan Jezi kite disip li yo, ki sa l mande yo pou yo fè ?

  5. Ki sa k ap pase nan foto a, e kòman Jezi fè vin envizib ?

Lòt kesyon :

  1. Li 1 Korentyen 15:3-8.

    Sa k fè apot Pòl te ka pale avèk asirans konsa sou rezirèksyon Jezi a, e sou ki bagay kretyen yo kapab pale avèk asirans jodi a (1 Kor. 15:4, 7, 8 ; Iza. 2:2, 3 ; Mat. 24:14 ; 2 Tim. 3:1-5) ?

  2. Li Travay 1:1-11.

    Nan ki pwen travay predikasyon an te gaye, jan yo te predi sa nan Travay 1:8 (Tra. 6:7 ; 9:31 ; 11:19-21 ; Kol. 1:23) ?

Istwa 105

Yo rete Jerizalèm ap tann

  1. Jan foto a montre sa, ki sa k rive disip Jezi yo ki te rete Jerizalèm ap tann ?

  2. Ki sipriz vizitè ki vin Jerizalèm yo pran ?

  3. Ki sa Pyè esplike moun yo ?

  4. Ki jan moun yo santi yo apre yo fin koute Pyè, e ki sa li mande yo pou yo fè ?

  5. Konbyen moun ki te batize nan jou Pannkòt ane 33 nan epòk nou an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 2:1-47.

    1. Kòman pawòl Pyè yo nou jwenn nan Travay 2:23, 36 montre se tout nasyon juif la ki te responsab lanmò Jezi (1 Tes. 2:14, 15) ?

    2. Kòman Pyè te kite yon bèl egzanp sou fason pou nou rezone sou Ekriti yo (Tra. 2:16, 17, 29, 31, 36, 39 ; Kol. 4:6) ?

    3. Ki jan Pyè te itilize premye “ kle wayòm syèl la ” Jezi te pwomèt l ap ba li a (Tra. 2:14, 22-24, 37, 38 ; Mat. 16:19) ?

Istwa 106

Yo lage nan prizon

  1. Ki sa k rive Pyè ak Jan yon aprèmidi pandan yo pral nan tanp lan ?

  2. Ki sa Pyè di yon mesye ki te enfim, e ki sa Pyè ba l ki vo plis pase lajan ?

  3. Poukisa chèf relijye yo an kòlè, e ki sa yo fè Pyè ak Jan ?

  4. Ki sa Pyè di chèf relijye yo, e ki avètisman yo bay apot yo ?

  5. Poukisa chèf relijye yo jalou, men ki sa k rive lè yo mete apot yo nan prizon yon dezyèm fwa ?

  6. Kòman apot yo reponn lè yo mennen yo nan sal Sanedren an ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 3:1-10.

    Menmsi jounen jodi a nou pa gen pouvwa pou nou fè mirak, kòman pawòl Pyè yo ki rapòte nan Travay 3:6 ede nou apresye valè mesaj Wayòm nan (Jan 17:3 ; 2 Kor. 5:18-20 ; Fil. 3:8) ?

  2. Li Travay 4:1-31.

    Lè n ap fè fas ak opozisyon nan ministè nou, nan ki sans nou ta dwe imite frè kretyen nou yo nan premye syèk la (Tra. 4:29, 31 ; Efe. 6:18-20 ; 1 Tes. 2:2) ?

  3. Li Travay 5:17-42.

    Kòman moun ki pa Temwen, keseswa nan tan lontan, keseswa jounen jodi a, montre yon atitid rezonab anvè travay predikasyon an (Tra. 5:34-39) ?

Istwa 107

Yo lapide Etyèn

  1. Kiyès Etyèn ye, e ki sa Bondye t ap ede l fè ?

  2. Ki sa Etyèn di ki fè chèf relijye yo an kòlè anpil ?

  3. Lè mesye yo trennen Etyèn deyò vil la, ki sa yo fè l ?

  4. Nan foto a, ki jennonm sa a ki kanpe bò kote manto yo ?

  5. Anvan l mouri, ki sa Etyèn mande Jewova nan priyè l ?

  6. Menm jan ak Etyèn, ki sa nou dwe fè lè yon moun fè nou yon bagay ki mal ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 6:8-15.

    Ki pratik malonèt chèf relijye yo te konn itilize pou yo eseye bloke travay predikasyon Temwen Jewova yo (Tra. 6:9, 11, 13) ?

  2. Li Travay 7:1-60.

    1. Ki sa k te ede Etyèn defann bon nouvèl la yon fason ki efikas devan Sanedren an, e ki sa nou ka aprann nan egzanp li an (Tra. 7:51-53 ; Wom. 15:4 ; 2 Tim. 3:14-17 ; 1 Pyè 3:15) ?

    2. Ki atitid nou ta dwe kiltive anvè moun ki opoze ak travay nou an (Tra. 7:58-60 ; Mat. 5:44 ; Lik 23:33, 34) ?

Istwa 108

Sou wout pou al Damas

  1. Ki sa Sol fè apre Etyèn mouri ?

  2. Pandan Sol sou wout pou l al Damas, ki bagay estrawòdinè ki rive ?

  3. Ki sa Jezi di Sol pou l fè ?

  4. Ki enstriksyon Jezi bay Anànyas, e kòman Sol fè vin wè ankò ?

  5. Sou ki non yo vin konnen Sol, e ki jan yo itilize l ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 8:1-4.

    Ki jan gwo van pèsekisyon ki te frape nouvo kongregasyon an te pèmèt yo simaye lafwa nan Jezi, e ki bagay ki sanble ak sa k te pase a ki rive jodi a (Tra. 8:4 ; Iza. 54:17) ?

  2. Li Travay 9:1-20.

    Ki misyon ki gen twa pati ladan l Jezi te fè konnen li gen nan tèt li pou Sol (Tra. 9:15 ; 13:5 ; 26:1 ; 27:24 ; Wom. 11:13) ?

  3. Li Travay 22:6-16.

    Kòman nou kapab vin tankou Anànyas, e poukisa sa sa enpòtan (Tra. 22:12 ; 1 Tim. 3:7 ; 1 Pyè 1:14-16 ; 2:12) ?

  4. Li Travay 26:8-20.

    Ki jan konvèsyon Sol nan krisyanis la sèvi kòm yon ankourajman pou moun jodi a ki gen konjwen yo ki pa kwayan (Tra. 26:11 ; 1 Tim. 1:14-16 ; 2 Tim. 4:2 ; 1 Pyè 3:1-3) ?

Istwa 109

Pyè al kay Kònèy

  1. Ki mesye sa a ki ajenou nan foto a ?

  2. Ki sa yon zanj di Kònèy ?

  3. Ki sa Bondye fè Pyè wè pandan l sou do kay Simon an nan Jope ?

  4. Poukisa Pyè di Kònèy li pa dwe ajenou devan l e li pa dwe adore l ?

  5. Poukisa disip juif ki avèk Pyè yo sezi ?

  6. Ki leson enpòtan nou dwe aprann nan vizit Pyè te rann Kònèy la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 10:1-48.

    Ki sa pawòl Pyè nou jwenn nan Travay 10:42 a montre konsènan travay preche bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 28:19 ; Mak 13:10 ; Tra. 1:8) ?

  2. Li Travay 11:1-18.

    Ki atitid Pyè te montre lè direksyon Jewova konsènan Janti yo te parèt aklè, e kòman nou ka imite egzanp li an (Tra. 11:17, 18 ; 2 Kor. 10:5 ; Efe. 5:17) ?

Istwa 110

Timote vin ede Pòl

  1. Ki jennonm sa a ki nan foto a ? Ki kote l rete, e ki jan manman l ak grann li rele ?

  2. Ki sa Timote di lè Pòl mande l si l vle vin ede Silas avè l nan preche moun ki abite kote ki lwen yo ?

  3. Ki kote yo bay disip Jezi yo non kretyen pou premye fwa ?

  4. Bay kèk nan vil Pòl, Silas ak Timote te vizite apre yo fin kite Lis.

  5. Kòman Timote ede Pòl, e ki kesyon jèn k ap viv jodi a dwe poze tèt yo ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 9:19-30.

    Kòman apot Pòl te montre li pridan lè li te rankontre opozisyon akoz bon nouvèl la (Tra. 9:22-25, 29, 30 ; Mat. 10:16) ?

  2. Li Travay 11:19-26.

    Ki jan istwa nou jwenn nan Travay 11:19-21, 26 montre se lespri Jewova k ap dirije travay predikasyon an ?

  3. Li Travay 13:13-16, 42-52.

    Ki jan Travay 13:51, 52 montre disip yo pa t kite opozisyon dekouraje yo (Mat. 10:14 ; Tra. 18:6 ; 1 Pyè 4:14) ?

  4. Li Travay 14:1-6, 19-28.

    Kòman ekspresyon “ yo remèt yo nan men Jewova ” a ede nou soulaje anba enkyetid toutpandan n ap ede nouvo yo (Tra. 14:21-23 ; 20:32 ; Jan 6:44) ?

  5. Li Travay 16:1-5.

    Ki jan dispozisyon Timote te genyen pou l soumèt li anba sikonsizyon an montre enpòtans pou nou fè “ tout bagay akoz bon nouvèl la ” (Tra. 16:3 ; 1 Kor. 9:23 ; 1 Tes. 2:8) ?

  6. Li Travay 18:1-11, 18-22.

    Ki sa Travay 18:9, 10 montre konsènan fason Jezi enplike l pèsonèlman nan dirije travay predikasyon an, e ki asirans sa ban nou jodi a (Mat. 28:20) ?

Istwa 111

Yon jèn gason ki tonbe dòmi

  1. Nan foto a, kiyès jèn gason ki kouche atè a, e ki sa k rive l ?

  2. Ki sa Pòl fè lè l wè jènjan an mouri ?

  3. Ki kote Pòl ansanm ak Timote ak moun k ap vwayaje avèk yo prale, e ki sa k rive lè yo kanpe Milè ?

  4. Ki avètisman pwofèt Agabis bay Pòl, e ann amoni ak sa pwofèt la di a, ki sa k rive ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 20:7-38.

    1. Ki jan nou ka “ pwòp konsènan san tout moun ” ann amoni ak pawòl Pòl te di nan Travay 20:26, 27 (Eze. 33:8 ; Tra. 18:6, 7) ?

    2. Poukisa ansyen yo dwe “ kenbe pawòl fidèl la fèm ” lè y ap anseye (Tra. 20:17, 29, 30 ; Tit 1:7-9 ; 2 Tim. 1:13) ?

  2. Li Travay 26:24-32.

    Ki jan Pòl te itilize nasyonalite women l lan pou l te kapab akonpli misyon pou l preche Jezi te ba li a (Tra. 9:15 ; 16:37, 38 ; 25:11, 12 ; 26:32 ; Lik 21:12, 13) ?

Istwa 112

Y al chwe sou yon zile

  1. Ki sa k rive bato Pòl te ladan l lan lè l t ap pase tou pre zile Krèt ?

  2. Ki sa Pòl di moun ki nan bato a ?

  3. Kòman bato a fè kraze pak an pak ?

  4. Ki enstriksyon ofisye an chèf ki an chaj la bay, e konbyen moun ki rive atè sennesòf ?

  5. Ki jan zile yo te chwe a rele, e ki sa k rive Pòl lè tan an vin pi bon ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 27:1-44.

    Kòman konfyans nou nan presizyon ki genyen nan sa ki rapòte nan Bib la vin ranfòse lè nou li istwa sou vwayaj Pòl fè nan vil Wòm nan (Tra. 27:16-19, 27-32 ; Lik 1:3 ; 2 Tim. 3:16, 17) ?

  2. Li Travay 28:1-14.

    Si abitan non kwayan ki te rete nan Malt yo te santi yo pouse pou yo trete Pòl ansanm ak konpayon l yo ki te nan bato ki te chwe a ak “ yon bonte ki estrawòdinè ”, kretyen yo ta dwe santi yo pouse pou yo demontre ki sa e sitou ki jan (Tra. 28:1, 2 ; Ebre 13:1, 2 ; 1 Pyè 4:9) ?

Istwa 113

Pòl nan vil Wòm

  1. Ki moun Pòl preche pandan l prizonye nan vil Wòm ?

  2. Nan foto a, ki vizitè sa a ki chita bò tab la, e ki sa l ap fè pou Pòl ?

  3. Kiyès Epafwodit ye, e ki sa l pote avè l lè l retounen nan vil Filip ?

  4. Poukisa Pòl ekri bon zanmi l Filemon yon lèt ?

  5. Ki sa Pòl fè lè l lage, e ki sa k rive l apre ?

  6. Ki moun Jewova itilize pou ekri liv Revelasyon an, dènye liv ki nan Bib la, e sou ki sa liv sa a pale ?

Lòt kesyon :

  1. Li Travay 28:16-31 ak Filipyen 1:13.

    Kòman Pòl itilize tan l pandan l te prizonye nan vil Wòm, e ki efè lafwa solid li genyen an te fè sou kongregasyon an (Tra. 28:23, 30 ; Fil. 1:14) ?

  2. Li Filipyen 2:19-30.

    Ki jan Pòl te montre li gen rekonesans pou Timote ak Epafwodit, e kòman nou ka imite egzanp Pòl la (Fil. 2:20, 22, 25, 29, 30 ; 1 Kor. 16:18 ; 1 Tes. 5:12, 13) ?

  3. Li Filemon 1-25.

    1. Sou ki baz Pòl te mande Filemon pou l fè sa ki bon, e ki jan sa a se yon gid pou ansyen yo jodi a (File. 9 ; 2 Kor. 8:8 ; Gal. 5:13) ?

    2. Ki jan pawòl Pòl nou jwenn nan Filemon 13, 14 montre li te gen respè pou konsyans lòt moun nan kongregasyon an (1 Kor. 8:7, 13 ; 10:31-33) ?

  4. Li 2 Timote 4:7-9.

    Menm jan ak Pòl, kòman nou ka gen konfyans Jewova ap rekonpanse nou si nou rete fidèl jiska lafen (Mat. 24:13 ; Ebre 6:10) ?

Istwa 114

Lè tout mechanste pral fini

  1. Poukisa Bib la pale de cheval nan syèl la ?

  2. Kòman lagè Bondye kont mechan yo ki sou tè a rele, e ki objektif lagè sa a ?

  3. Nan foto a, ki Moun sa a ki pral mennen batay la, poukisa li gen yon kouwòn sou tèt li, e ki siyifikasyon epe l la ?

  4. Lè nou retounen gade istwa 10, istwa 15 ak istwa 33, poukisa nou pa dwe sezi poutèt Bondye pral detwi mechan yo ?

  5. Kòman istwa 36 ak 76 montre nou Bondye pral detwi mechan menm lè yo di se Li y ap sèvi ?

Lòt kesyon :

  1. Li Revelasyon 19:11-16.

    1. Kòman Ekriti yo montre aklè se Jezi Kris ki pral monte sou cheval blan an (Rev. 1:5 ; 3:14 ; 19:11 ; Iza. 11:4) ?

    2. Ki jan san ki wouze rad Jezi a konfime laviktwa l la definitif e li konplè (Rev. 14:18-20 ; 19:13) ?

    3. Ki moun li pwobab pou nou jwenn nan lame k ap suiv Jezi ki sou cheval blan l lan (Rev. 12:7 ; 19:14 ; Mat. 25:31, 32) ?

Istwa 115

Yon nouvo paradi sou tè a

  1. Ki kondisyon Labib montre nou nou pral genyen nan Paradi sou tè a ?

  2. Ki pwomès nou jwenn nan Bib la pou moun ki pral viv nan Paradi a ?

  3. Ki lè Jezi pral veye aske bèl chanjman sa yo reyalize ?

  4. Lè Jezi te sou tè a, ki sa l te fè pou l montre sa l pral fè antanke Wa nan Wayòm Bondye a ?

  5. De ki sa Jezi ansanm ak moun k ap dirije nan syèl la avèk li yo pral asire yo lè yo va dirije tè a etan yo nan syèl la ?

Lòt kesyon :

  1. Li Revelasyon 5:9, 10.

    Poukisa nou ka gen konfyans moun ki pral dirije tè a pandan Rèy milenè a se pral wa ak prèt ki konprann moun e ki gen mizèrikòd lakay yo (Efe. 4:20-24 ; 1 Pyè 1:7 ; 3:8 ; 5:6-10) ?

  2. Li Revelasyon 14:1-3.

    Ki sa sa siyifi lefètke non Papa a ak non Timouton an ekri sou fon 144 000 yo (1 Kor. 3:23 ; 2 Tim. 2:19 ; Rev. 3:12) ?

Istwa 116

Sa pou nou fè pou nou ka viv pou toutan

  1. Ki sa nou dwe konnen si nou vle viv pou toutan ?

  2. Kòman nou kapab aprann konnen Jewova Dye ak Jezi menm jan ak tifi a ki nan foto a ansanm ak zanmi l yo ?

  3. Ki lòt liv nou wè nan foto a, e poukisa nou dwe li l toutan ?

  4. Non sèlman nou dwe gen yon konesans sou Jewova ak Jezi, ki lòt bagay nou bezwen pou nou gen lavi etènèl ?

  5. Ki leson nou tire nan istwa 69 la ?

  6. Bèl egzanp ti Samyèl nou jwenn nan istwa 55 lan, ki sa sa montre ?

  7. Kòman nou ka suiv egzanp Jezi Kris, e si nou fè sa, ki sa n ap kapab fè alavni ?

Lòt kesyon :

  1. Li Jan 17:3.

    Ki jan Ekriti yo montre aprann konnen Jewova Dye ak Jezi Kris vle di plis pase annik aprann kèk bagay pa kè sou yo (Mat. 7:21 ; Jak 2:18-20 ; 1 Jan 2:17) ?

  2. Li Sòm 145:1-21.

    1. Pami rezon nou genyen pou nou bay Jewova louwanj, èske w ka site kèk (Sòm 145:8-11 ; Rev. 4:11) ?

    2. Nan ki sans Jewova “ bon anvè tout moun ” e kòman sa kapab fè nou vin pi pwòch li (Sòm 145:9 ; Mat. 5:43-45) ?

    3. Si nou renmen Jewova ak tout kè nou, ki sa sa ap pouse nou fè (Sòm 119:171, 172, 175 ; 145:11, 12, 21) ?