Detewonòm 4​:​1-49

  • Yo fè pèp la sonje li dwe obeyi (1-14)

    • Nou pa dwe bliye aksyon Bondye fè yo (9)

  • Jewova mande pou moun atache avè l sèlman (15-31)

  • Pa gen okenn lòt Bondye, apa Jewova (32-40)

  • Vil refij ki nan lès Rivyè Jouden yo (41-43)

  • Moyiz kòmanse pale sou Lalwa (44-49)

4  “Kounye a, o Izrayèl, koute kòmandman ak lwa m ap anseye nou pou nou suiv yo pou nou ka rete an vi+, pou nou ka antre nan peyi Jewova, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an e pou nou ka pran l kòm byen pa nou.  Nou pa dwe ajoute sou kòmandman m ap ban nou yo, ni nou pa dwe retire ladan yo+, yon fason pou nou ka suiv kòmandman Jewova, Bondye nou an, kòmandman m ap ban nou jodi a.  “Nou te wè ak je nou sa Jewova te fè nan kesyon Baal Peyò a. Jewova te detwi tout moun nan mitan nou ki t ap sèvi Baal Peyò+ yo.  Men, nou menm ki rete atache ak Jewova, Bondye nou an, nou tout nou vivan jodi a.  Gade, mwen fè nou konnen yon seri kòmandman ak lwa+, jan Jewova, Bondye m nan, te mande m fè sa a, yon fason pou nou ka suiv yo lè nou rive nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an.  Se pou nou byen suiv yo+ paske sa ap fè pèp ki pral tande pale de kòmandman sa yo wè nou gen sajès+ ak bon konprann+ e y ap di: ‘Vrèmanvre, moun ki nan gwo nasyon sa a se moun ki gen sajès ak bon konprann+.’  Ki lòt gwo nasyon ankò dye yo toupre yo jan Jewova, Bondye nou an, toupre nou kèlkeswa lè nou rele l la+?  Ki lòt gwo nasyon ki gen kòmandman ak lwa ki jis tankou tout Lwa sa a mwen mete devan nou jodi a+?  “Sèl bagay, fè atansyon epi byen veye* pou nou pa bliye bagay nou te wè ak je nou yo e fè yon fason pou yo rete nan kè nou pandan tout vi nou. Mete sou sa, nou dwe fè pitit nou ak pitit pitit+ nou konnen yo. 10  Jou nou te kanpe devan Jewova, Bondye nou an, nan Orèb, Jewova te di m: ‘Rasanble pèp la devan m pou m ka fè yo tande pawòl mwen yo+, pou yo ka aprann gen lakrentif+ pou mwen pandan tout vi yo e pou yo ka anseye pitit yo+.’ 11  “Vrèmanvre, nou te vini epi nou te kanpe nan pye mòn nan e te gen yon dife sou mòn nan. Dife a te monte jis nan syèl la*. Te gen fènwa ak nyaj pwès ki te tou nwa+. 12  Jewova te kòmanse pale avèk nou nan mitan dife+ a. Nou te tande pawòl li t ap di yo, men nou pa t wè okenn fòm+. Se sèlman yon vwa+ nou te tande. 13  Li te fè nou konnen alyans+ li an, alyans li te ban nou lòd pou nou respekte a, sa vle di Dis Kòmandman*+ yo. Apre sa, li te ekri yo sou de wòch plat+. 14  Lè sa a, Jewova te ban m lòd pou m anseye nou kòmandman ak lwa nou dwe suiv lè nou rive nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an. 15  “Piske lè Jewova t ap pale avèk nou nan mitan dife a, nan Orèb, nou pa t wè okenn fòm, nou dwe byen veye* 16  pou nou pa mal aji, pou nou pa al fè zidòl ki gen kèlkeswa fòm nan, ki gen fòm gason oswa ki gen fòm fi+, 17  oubyen tou ki gen fòm nenpòt bèt ki sou tè a, oswa ki gen fòm nenpòt zwazo k ap vole nan syèl la+, 18  oswa ki gen fòm kèlkeswa bèt sou tè a ki rale sou vant, oswa ki gen fòm kèlkeswa pwason k ap viv nan dlo ki sou tè a+. 19  Lè nou leve je nou gade syèl la e nou wè solèy la, lalin nan, zetwal yo, tout bagay ki nan syèl la, pinga nou kite yo atire nou pou n ta pwostène devan yo pou nou sèvi yo+. Jewova, Bondye nou an, mete yo la pou tout pèp k ap viv anba syèl la. 20  Men, nou menm, Jewova te pran nou e li te retire nou nan founèz dife pou yo fonn fè a, anpalan de Ejip, pou l ka fè nou vin pèp li, pou nou ka vin byen+ pa l* jan sa ye jodi a. 21  “Jewova te fache kont mwen poutèt nou menm+ e li te fè sèman mwen pap travèse Rivyè Jouden an, ni mwen pap antre nan bon peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la+. 22  M ap mouri isit la, mwen pap travèse Rivyè Jouden an+, men, nou menm, n ap travèse l e n ap pran bon peyi sa a kòm byen pa nou. 23  Veye pou nou pa bliye alyans Jewova, Bondye nou an, fè avèk nou an+. Pinga nou fè zidòl ki gen fòm kèlkeswa bagay la, jan Jewova, Bondye nou an, entèdi nou fè sa a+. 24  Paske, Jewova, Bondye nou an, se yon dife, yon dife ki ka lakòz destriksyon+, li se yon Dye ki mande pou nou atache avè l sèlman+. 25  “Lè nou vin gen pitit ak pitit pitit e nou gentan fè yon bon bout tan nan peyi a, si nou ta mal aji e nou ta fè kèlkeswa zidòl+ la, si nou ta fè sa Jewova, Bondye nou an, rayi e nou fè l fache+, 26  mwen pran syèl la ak tè a sèvi m temwen jodi a, nou pap pran tan pou nou peri nan peyi nou pral resevwa kòm byen pa nou pa lòtbò Rivyè Jouden an. Nou pap ret lontan nan peyi a, paske Bondye ap detwi nou san mank+. 27  Jewova ap gaye nou nan mitan lòt pèp yo+ e se kèk nan nou sèlman ki pap mouri+ nan peyi Jewova ap mennen nou yo. 28  Lè sa a, nou pral oblije sèvi fo dye+ ki fèt an bwa oswa an wòch, bagay moun fè ak men yo ki pa ka ni wè, ni tande, ni manje, ni pran sant. 29  “Men, si pandan nou nan peyi sa yo, nou chèche Jewova, Bondye nou an, nou pap manke pa jwenn li+, depi nou chèche l ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou. 30  Lè bagay yo vin difisil anpil pou nou e lè tout bagay sa yo rive nou pi devan, n ap retounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an, e n ap koute vwa+ l. 31  Jewova, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen mizèrikòd+. Li pap lage nou, li pap detwi nou nèt, ni li pap bliye alyans li te fè ak zansèt+ nou yo. 32  “Chèche konnen sa ki te pase nan tan lontan yo, anvan tan pa nou an, lè Bondye te kreye lòm sou tè a. Chèche nan yon bout syèl la pou rive nan lòt bout la. Èske yon bagay estrawòdinè konsa te janm fèt anvan oswa èske moun te janm tande yon bagay konsa+? 33  Èske gen lòt pèp ki janm tande vwa Bondye k ap pale nan mitan yon dife jan nou menm nou te tande l la, e ki kontinye viv apre sa+? 34  Oubyen, èske Bondye te janm sèvi ak fòs ponyèt+ li pou l jije yon nasyon, pou l fè mèvèy, mirak+, lagè+, ak anpil aksyon ki estrawòdinè+, pou l eseye pran yon nasyon nan mitan yon lòt nasyon pou l ka fè yo sèvi l, jan nou te wè Jewova, Bondye nou an, fè sa pou nou ann Ejip la? 35  Nou menm, yo te fè nou wè bagay sa yo, pou nou ka konnen Jewova se vrè Dye a+, e apa li menm, pa gen lòt+. 36  Li te fè nou tande vwa l detan li t ap pale nan syèl la pou l korije nou. Li te fè nou wè yon gwo dife li te fè sou tè a e nou te tande l k ap pale nan dife a+. 37  “Se paske li te renmen zansèt nou yo e li te chwazi desandan zansèt nou yo+ ki fè li te sèvi ak kokenn fòs li pou l fè nou soti nan peyi Ejip toutpandan li t ap veye sou nou. 38  Li te kouri dèyè yon seri nasyon ki te gen plis moun pase nou e ki te gen plis fòs pase nou pou l te ka fè nou antre nan peyi nasyon sa yo e pou l te ka ban nou peyi yo kòm eritaj jan l deja ap fè sa pou nou jodi a+. 39  Kidonk, jodi a, se pou nou konnen Jewova se vrè Dye a ni nan syèl la ni sou tè a+, e se pou nou kenbe sa nan lespri nou. Apre li pa gen lòt+. 40  Se pou nou obeyi lwa l yo ak kòmandman l yo m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou pitit nou yo, e pou nou ka rete lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.” 41  Lè sa a, Moyiz mete twa vil apa nan zòn lès Jouden an+. 42  Si yon moun ta touye pwochen l san li pa fè espre e li pa t rayi l anvan sa+, li dwe kouri al nan youn nan vil sa yo pou l pa mouri+. 43  Vil sa yo se Bezè+ ki nan dezè a, sou platon ki nan tèritwa tribi Ribenn nan, Ramòt+ ki nan Galaad, nan tèritwa tribi Gad la, ak Golan+ ki nan Bazan, nan tèritwa tribi Manase a+. 44  Men Lwa+ Moyiz te bay pèp Izrayèl la. 45  Se yon seri rapèl, kòmandman, desizyon ak lwa Moyiz te bay Izrayelit yo apre yo te fin soti ann Ejip+, 46  nan zòn Jouden an, nan vale ki anfas Bètpeyò+ a, nan peyi Siyon, wa Amorit yo, ki te abite Esbon+. Moyiz ak Izrayelit yo te bat wa sa a lè yo te sot ann Ejip la+. 47  Yo te pran peyi l la ak peyi Òg+, wa Bazan an, de wa ki t ap dirije Amorit yo e ki te rete nan zòn lès Jouden an, 48  soti Awoyè+, arebò Vale Anon, rive nan Mòn Syon, sa vle di Èmon+, 49  ak tout zòn Araba a, ki nan zòn lès Jouden an, rive jis nan Lanmè Araba*, nan pye Mòn Pisga+.

Nòt anba paj

Oswa: “byen veye sou nanm nou”.
Lit.: “monte jis nan kè syèl la”.
Lit.: “Dis Pawòl”.
Oswa: “byen veye sou nanm nou”.
Oswa: “pou nou ka vin eritaj li”.
Anpalan de Lanmè Sale oswa Lanmè Mòt.