Al gade sa k anndan l

“Anonse bon nouvèl la!”

Kongrè Temwen Jewova yo pou ane 2024 la

Antre a gratis Yo pa fè lakòlèt

Kèk pwen enpòtan nan pwogram nan

Vandredi: Egzamine prèv ki montre ki jan bon nouvèl konsènan Jezi nou jwenn nan Evanjil yo prezante nou lavi Jezi yon fason ki egzak. Aprann ki jan istwa sa yo ki nan Bib la ka fè nou jwenn byenfè jodi a.

Samdi: Ki pwofesi yo te bay konsènan lè Jezi t ap fèt ak lè l te timoun, e èske pwofesi sa yo te reyalize toutbonvre?

Dimanch: Nan yon diskou piblik ki baze sou Bib la, ki gen tit: “Poukisa nou pa pè move nouvèl?”, w ap aprann poukisa plizyè milyon moun jodi a gen anpil rezon pou yo santi yo an sekirite malgre jan monn nan ye.

DRAM

Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a: Premye epizòd

Vrè limyè monn nan

Jezi te fèt pa mwayen yon mirak, e sa se te premye nan tout evènman ki te rive lè l te timoun. Epi akoz yon wa ki te mechan ki te vle touye l, paran l te oblije deplase al ann Ejip avè l. Pi devan, Jezi te fè yon seri gran anseyan nan epòk li a rete bouch ouvè. W ap wè tout evènman sa yo ak anpil lòt ankò nan yon dram, y ap pase premye epizòd la ki gen de pati vandredi ak samdi.

Gade videyo ki annapre yo anrapò ak kongrè ane sa a

Ki sa k gen nan kongrè nou yo?

Gade ki sa w ka atann ou pral jwenn nan kongrè Temwen Jewova yo.

Kongrè Temwen Jewova yo pou ane 2024 la: “Anonse bon nouvèl la!”

Sa nou pral wè nan pwogram kongrè a ane sa a.

Apèsi sou dram nan: Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a

Anpil moun konnen fason Jezi te fèt la se yon mirak. Men, ki sa k te rive anvan ak apre gwo evènman sa a?