Al gade sa k anndan l

Reyinyon Temwen Jewova yo

Enfòmasyon sou reyinyon nou yo. Chèche yon kote nou fè reyinyon ki toupre lakay ou.

Adrès ki pi pre lakay mwen (opens new window)

Ki jan reyinyon nou yo dewoule?

Temwen Jewova yo òganize reyinyon de fwa pa semèn pou yo ka adore Jewova (Ebre 10:24, 25). Nan reyinyon sa yo, kote nenpòt moun ka asiste, nou egzamine sa Bib la di ak fason nou ka aplike konsèy Bib la bay yo nan lavi nou.

Moun yo nan asistans lan kapab patisipe nan pifò reyinyon nou yo. Se tankou yon konvèsasyon k ap fèt nan yon klas. Se chak moun k ap deside si y ap patisipe. Nou kòmanse reyinyon yo e nou fini yo ak yon kantik e yon priyè.

Ou pa bezwen Temwen Jewova pou w asiste reyinyon nou yo. Nou envite tout moun vin asiste avèk nou. Ou pap peye pou plas ou chita a. Nou pa janm fè lakòlèt.