Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 3

Kiyès ki te ekri Bib la?

“Moyiz ekri tout sa Jewova te di yo.”

Egzòd 24:4

“Dànyèl te fè yon rèv ak yon seri vizyon pandan l te kouche sou kabann li. Apre sa, li ekri sa l te wè nan rèv la. Li rakonte tout sa l te wè nèt.”

Dànyèl 7:1

“Lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye.”

1 Tesalonisyen 2:13

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye.”

2 Timote 3:16

“Se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.”

2 Pyè 1:21