2 Pyè 1:1-21
1 Mwen menm, Simon Pyè, yon esklav Jezi Kris, yon apot li, m ap ekri moun ki vin gen lafwa yo, yon lafwa ki gen anpil valè menm jan ak lafwa pa nou*, grasa jistis Bondye nou an ak Sovè a Jezi Kris:
2 Mwen swete pou nou vin gen plis favè san parèy ak lapè grasa yon konesans egzak+ sou Bondye e sou Jezi, Seyè nou an,
3 paske pisans li ki soti nan Bondye pèmèt nou jwenn tout bagay* ki kapab ede nou viv ak atachman pou Bondye, grasa konesans egzak sou Sila a ki sèvi ak glwa li ak bonte* li genyen pou l rele nou+.
4 Grasa bagay sa yo, li fè nou* yon seri gwo pwomès ki gen anpil valè+, dekwa pou nou kapab vin patisipe nan glwa Bondye antanke espri+. E li fè nou pwomès sa yo paske nou chape anba koripsyon ki gen nan monn nan, koripsyon move dezi lakòz.
5 Pou rezon sa a menm, fè bonjan efò+ pou nou mete bonte* sou lafwa nou+, sou bonte nou, mete konesans+,
6 sou konesans nou, mete metriz+, sou metriz nou, mete andirans, sou andirans nou, mete atachman pou Bondye+,
7 sou atachman nou gen pou Bondye, mete afeksyon pou frè yo, epi sou afeksyon nou gen pou frè yo, mete lanmou+.
8 Paske, si bagay sa yo egziste nan nou an kantite, y ap anpeche nou rete san nou pap fè anyen oswa san nou pa pwodui anyen+, anrapò ak konesans egzak sou Jezi Kris, Seyè nou an.
9 Men, yon moun ki pa gen bagay sa yo se yon moun ki avèg ki fèmen je l pou l pa wè limyè a*+, e ki vin bliye yo te pirifye l pou peche li te konn fè+ lontan yo.
10 Se pou rezon sa a, frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou+ ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe+.
11 Anfèt, se konsa y ap fè nou antre avèk glwa nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris+, yon Wayòm k ap la pou toutan+.
12 Pou rezon sa a, mwen toujou vle fè nou sonje bagay sa yo, kwak nou konnen yo, e kwak nou byen chita nan laverite ki nan nou an.
13 Men, mwen wè li bon pou m fè nou sonje bagay sa yo, toutotan mwen nan kò lachè* sa a+, pou m ka reveye nou+,
14 piske m konnen moman pou m depoze kò lachè mwen genyen an prèske rive, jan Jezi Kris, Seyè nou an, te fè m konn sa tou+.
15 M ap toujou fè tout sa m kapab, dekwa pou nou kapab sonje* bagay sa yo poukont nou apre m fin ale.
16 Se pa lejann moun envante avèk ladrès nou te suiv pou n te fè nou konnen pisans Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm ak prezans li, non, men okontrè, nou te vin tounen temwen ki wè ak je nou jan li gran+.
17 Paske, li te resevwa onè ak glwa nan men Bondye, Papa a, Sila a ki gen kokenn glwa a, lè Bondye te fè l tande pawòl* ki di: “Se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a+.”
18 Wi, pawòl sa yo, nou te tande yo sot nan syèl la, pandan nou te avè l sou mòn sakre a.
19 Se sa k fè, pawòl ki ekri nan pwofesi yo vin pi sèten pou nou, e nou fè byen lè nou fikse atansyon nou sou pawòl sa a tankou se sou yon lanp+ k ap klere nan yon kote ki fè nwa, nan kè nou, jiskaske l fè jou e jiskaske yon zetwal dimaten+ leve.
20 Paske toudabò nou konn sa: Pa gen okenn pwofesi nan Ekriti a ki soti nan entèpretasyon moun fè sou sa k ap pase.
21 Paske, se pa t janm volonte lòm+ ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo*+.
Nòt anba paj
^ Oswa: “yon lafwa ki gen menm privilèj ak lafwa pa nou”.
^ Oswa: “pisans li ki soti nan Bondye ban nou tout bagay gratis”.
^ Oswa: “bèl kalite”.
^ Oswa: “li ban nou gratis”.
^ Oswa: “bèl kalite; bon konpòtman”.
^ Se kapab tou: “ki avèg, ki pa wè klè”.
^ Lit.: “mwen nan tabènak”.
^ Oswa: “pou nou kapab pale”.
^ Lit.: “pawòl ki tankou yon vwa”.
^ Lit.: “t ap pote yo”.

