LABIB — TRADIKSYON MONN NOUVO A

Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

Kreyòl ayisyen
Ki pwomès Bib la fè pou lavni?
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/1001061100/univ/wpub/1001061100_univ_sqr_xl.jpg
nwt p. 20-21

KESYON 10

Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

“Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.”

Sòm 37:29

“Tè a ret la pou toutan.”

Eklezyas 1:4

“Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun.”

Ezayi 25:8

“Lè sa a, je moun ki avèg yo ap ouvri, zòrèy moun ki soud yo ap tande. Lè sa a, moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit, e lang moun ki bèbè yo ap fè rèl kè kontan. Epi, sous dlo pral pete nan dezè a, dlo pral koule nan plèn ki nan dezè a.”

Ezayi 35:5, 6

“L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

Revelasyon 21:4

“Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. Yo pap bati pou lòt moun abite, e yo pap plante pou lòt moun manje. Paske, pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa, e moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.”

Ezayi 65:21, 22