Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 5

Ki mesaj ki gen nan Bib la?

“M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon.”

Jenèz 3:15

“Grasa desandans ou, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon, paske w koute vwa m.”

Jenèz 22:18

“Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”

Matye 6:10

“Bondye ki bay lapè a pral kraze Satan anba pye nou talè konsa.”

Women 16:20

“Lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.”

1 Korentyen 15:28

“Anfèt, se Abraram ak desandans li a [ki se Kris] yo te fè pwomès yo. [...] Anplis, si nou se byen Kris, nou se desandans Abraram toutbon.”

Galat 3:16, 29

“Wayòm monn nan vin tounen Wayòm Seyè nou an ak Kris li a. E li pral dirije antanke wa pou tout tan gen tan.”

Revelasyon 11:15

“Kidonk, yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. Yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li.”

Revelasyon 12:9

“Li met men sou dragon an, premye sèpan an, li menm ki Dyab la e ki Satan an, li mare l pou 1 000 an.”

Revelasyon 20:2