Detewonòm 19​:​1-21

  • Moun ki touye moun e vil refij yo (1-13)

  • Yo pa dwe deplase bòn tè yo (14)

  • Temwen nan yon jijman (15-21)

    • Dwe gen de oswa twa temwen (15)

19  “Lè Jewova, Bondye nou an, fin detwi nasyon ki nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, lè nou fin pran peyi a nan men yo e nou rete nan vil yo ak nan kay yo+,  nou dwe mete twa vil apa nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an+.  Nou dwe separe tèritwa peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an an twa pati. Nan chak pati n ap mete yon vil apa e n ap fè wout ki mennen nan vil sa yo pou moun ki touye yon moun ka kouri al nan youn ladan yo.  “Men sa ki dwe fèt lè yon moun ki touye yon moun sove al nan youn nan vil sa yo pou l sove lavi l: Si li touye yon pwochen l san l pa fè espre e san l pa t rayi l anvan sa+.  Pa egzanp, si l al nan yon rak bwa ak yon pwochen l pou l koupe bwa, epi pandan l leve rach li pou l koupe yon pyebwa, tèt rach la chape kite manch lan l al frape pwochen l lan e pwochen l lan mouri, li dwe kouri al nan youn nan vil sa yo pou l ka sove lavi l+.  Men, si vil la twò lwen, moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ ka kouri dèyè moun ki touye moun nan akoz li fache anpil*, li ka gentan jwenn li e li touye l. Epoutan, moun ki te touye pwochen l lan gendwa pa t merite mouri, piske li gendwa pa t rayi l anvan sa+.  Se poutèt sa, mwen ban nou lòd sa a: ‘Mete twa vil apa.’  “Si Jewova, Bondye nou an, laji tèritwa nou an jan li te fè zansèt nou yo sèman an+, e li ban nou tout peyi li te pwomèt li t ap bay zansèt nou yo+,  paske nou obeyi kòmandman l yo avèk fidelite, kòmandman m ap ban nou jodi a, paske nou renmen Jewova, Bondye nou an, e nou toujou mache nan chemen l yo+, lè sa a n ap mete twa lòt vil apa anplis twa premye vil yo+. 10  Konsa, san moun inosan pap koule+ nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an e nou pap koupab pou san moun sa yo+. 11  “Men, si yon moun rayi yon pwochen l+, li rete yon kote ap tann li pou l ka atake l, li blese l* grav, epi pwochen l lan mouri, si moun nan kouri al nan youn nan vil sa yo, 12  ansyen ki nan vil li t ap viv la dwe voye chèche l kote l ye a pou yo lage l nan men moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a e li dwe mouri+. 13  Nou* pa dwe gen pitye pou li. Nou dwe detwi moun konsa nan peyi Izrayèl+ paske li koupab poutèt li fè san moun ki inosan koule. Konsa, tout bagay ap mache byen pou nou. 14  “Lè nou resevwa eritaj pa nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, nou pa dwe deplase bòn tè vwazen nou yo+ kote zansèt nou yo te mete yo a. 15  “Yon sèl temwen pa ka fè yo kondane* yon moun pou yon fot oswa yon peche moun sa a ta fè+. Se sou baz temwayaj* de oswa twa temwen n ap ka konnen si yon akizasyon se verite+. 16  Si yon temwen ki malveyan al pote plent pou yon moun, li lage yon akizasyon sou do l+, 17  de moun ki nan kont yo dwe parèt devan Jewova, devan prèt yo e devan moun ki jij nan moman an+. 18  Se pou jij yo mennen bonjan ankèt+. Si moun ki pote plent lan se manti li bay, si se fo akizasyon li lage sou do frè l la, 19  se pou nou fè l menm sa l te vle fè frè l la+. Se pou nou retire sa ki mal nan mitan nou+. 20  Lòt moun yo ap tande sa k rive a, y ap pè e yo pap janm fè yon bagay ki mal konsa ankò nan mitan nou+. 21  Nou* pa dwe gen pitye+: Se vi pou vi*, je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye+.

Nòt anba paj

Lit.: “akoz kè l vin cho”.
Oswa: “nanm li”.
Lit.: “Je nou”.
Lit.: “leve kont”.
Lit.: “Se sou bouch”.
Lit.: “Je nou”.
Oswa: “nanm pou nanm”.