Jan 21​:​1-25

  • Jezi parèt devan disip li yo (1-14)

  • Pyè di Jezi li gen lanmou pou li (15-19)

    • “Bay ti mouton m yo manje” (17)

  • Sa k ap rive disip Jezi renmen an (20-23)

  • Dènye pawòl yo (24, 25)

21  Apre sa, Jezi parèt devan disip yo ankò bò Lanmè Tiberyad. Men ki jan l te parèt sou yo: 2  Simon Pyè te ansanm ak Toma (yo te rele Jimo a+), ak Natanayèl+ ki moun Kana nan Galile, ak pitit Zebede yo+ ansanm ak de lòt disip Jezi. 3  Simon Pyè di yo: “Mwen pral lapèch.” Yo di l: “Nou pral avè w.” Yo ale, yo monte nan bato a, men yo fè tout nuit lan yo pa pran anyen+. 4  Kou l pral jou, Jezi kanpe bò lanmè a. Men, disip yo pa t konprann si se te Jezi+. 5  Epi, Jezi di yo: “Timoun, nou pa gen anyen* pou moun manje la a?” Yo reponn li: “Non!” 6  Li di yo: “Lage filè a adwat bato a n ap jwenn kichòy.” Epi yo lage l, men yo pa t ka rale l monte paske yo te pran yon pakèt pwason+. 7  Lè sa a, disip Jezi te renmen an+ di Pyè konsa: “Se Seyè a!” Kou Simon Pyè tande se Seyè a, li mete rad sou li*, paske l pa t gen rad sou li*, e li plonje nan lanmè a. 8  Men, lòt disip yo vini nan ti bato a, toutpandan y ap trennen filè a ki te chaje pwason, paske yo pa t lwen tè, yo te sèlman nan yon distans 90 mèt konsa*. 9  Lè yo rive sou rivaj la, yo wè yon dife chabon ki gen pwason sou li, e te gen pen tou. 10  Jezi di yo: “Vin ak kèk nan pwason nou fèk pran yo.” 11  Lè sa a, Simon Pyè monte nan bato a, li rale filè a vin sou rivaj la, li te plen ak gwo pwason. Te gen 153 pwason. Malgre te gen tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12  Jezi di yo: “Vin manje.” Pa gen youn nan disip yo ki te gen kouraj mande l: “Kiyès ou ye?”, paske yo te konnen se Seyè a. 13  Jezi vini, li pran pen an, li ba yo l, e li fè menm bagay la ak pwason an. 14  Se twazyèm fwa+ Jezi te parèt devan disip yo apre l te fin leve sot nan lanmò. 15  Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo?” Li reponn li: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje+.” 16  Yon dezyèm fwa, li di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Li reponn li: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Pran swen ti mouton m yo+.” 17  Yon twazyèm fwa, li di l: “Simon, pitit Jan, èske w gen afeksyon pou mwen?” Pyè vin tris poutèt li mande l yon twazyèm fwa: “Èske w gen afeksyon pou mwen?” Lè sa a, li di l: “Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje+. 18  Anverite m ap di w sa: Lè w te pi jèn, ou te konn met rad sou ou poukont ou e ou te konn mache al kote w vle. Men, lè w vin granmoun, w ap lonje men w e se yon lòt moun k ap abiye w e k ap mennen w al kote w pa vle.” 19  Li te di sa pou l fè konnen fason Pyè t apral mouri a t ap pèmèt Bondye jwenn glwa. Epi, lè l fin di sa, li di l: “Kontinye suiv mwen+.” 20  Pyè vire e li wè disip Jezi te renmen an+ k ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te kage sou lestomak Jezi pandan soupe a e ki te di: “Seyè, kiyès moun sa a k ap trayi w la?” 21  Lè Pyè wè l, Pyè di Jezi: “Seyè, e misye?” 22  Jezi di l: “Si m vle l rete jiskaske m vini, sa w gen pou w wè nan sa? Ou menm, kontinye suiv mwen.” 23  Se konsa, pawòl la vin gaye pami frè yo, kòmkwa disip sa a pa t ap mouri. Men, Jezi pa t di l li pa t ap mouri. Li te di: “Si m vle l rete jiskaske m vini, sa w gen pou w wè nan sa?” 24  Se disip sa a+ ki bay temwayaj sou bagay sa yo e ki ekri yo, e nou konnen temwayaj li bay la se laverite. 25  Anfèt, gen anpil lòt bagay ankò Jezi te fè. Si yo ta ekri yo tout an detay, mwen panse pa t ap gen ase plas nan monn nan pou met woulo yo ekri yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “nou pa gen pwason”.
Oswa: “paske li te prèske toutouni”.
Oswa: “li vlope kò l ak rad li a”.
Lit.: “anviwon 200 koude”. Gade Apendis B14.