Sòm 56​:​1-13

  • Priyè akoz pèsekisyon

    • “Mwen met konfyans mwen nan Bondye” (4)

    • “Dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la” (8)

    • “Ki sa yon moun ka fè m?” (4, 11)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Toutrèl ki pa fè bri e ki lwen an”. Yon chante David te ekri. Miktam*. Li gen rapò ak lè moun Filisti yo te pran David nan Gat+. 56  Fè m favè, o Bondye, paske gen moun k ap atake m*.Tout lajounen, y ap lite kont mwen, yo kontinye ap fè m abi.   Tout lajounen, ènmi m yo kontinye ap pale di avè m.Gen anpil moun k ap lite kont mwen avèk awogans.   Lè laperèz anvayi m+, se nan ou mwen met konfyans mwen+.   Mwen met konfyans mwen nan Bondye, Sila a mwen fè louwanj pou pawòl li a.Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè.Ki sa yon moun* ka fè m+?   Tout lajounen y ap ban m pwoblèm.Sèl sa yo gen nan panse yo se fè m sa ki mal+.   Yo kache kò yo yon kote pou yo atake m.Yo veye tout sa m ap fè+Nan espwa y ap touye m*+.   Voye yo jete akoz mechanste y ap fè yo,Se pou w detwi nasyon yo pandan w an kòlè, o Bondye+.   Ou te avè m nan tout deplasman m yo+.Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la+.Èske w pa ekri tout move bagay ki rive m yo nan liv ou a+?   Ènmi m yo ap fè bak lè m mande w pou w ede m+.Mwen gen asirans Bondye avè m+. 10  Mwen met konfyans mwen nan Bondye, Sila a mwen fè louwanj pou pawòl li a.Mwen met konfyans mwen nan Jewova, Sila a mwen fè lwanj pou pawòl li a. 11  Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè+.Ki sa yon moun ka fè m+? 12  Mwen gen obligasyon pou m respekte pwomès mwen fè w yo, o Bondye+,M ap ofri w sakrifis pou m remèsye w+. 13  Paske, ou te delivre m* anba lanmò+E w te anpeche m bite+,Yon fason pou m ka mache devan w, o Bondye, nan limyè ki klere moun ki vivan yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “k ap chèche mòde m”.
Lit.: “yon chè”.
Oswa: “y ap pran nanm mwen”.
Oswa: “delivre nanm mwen”.