Sòm 5​:​1-12

  • Jewova se refij moun ki jis yo

    • Bondye rayi mechanste (4, 5)

    • “Gide m nan chemen w yo ki jis” (8)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou neyilòt*. Yon chante David te ekri. 5  O Jewova, koute pawòl mwen yo+,Tande jan m ap plenn.   Koute m lè m rele w pou m mande w sekou,Wa mwen, Bondye mwen, paske se ou menm mwen priye.   O Jewova, w ap tande vwa m nan maten+.Nan maten, m ap fè w konnen sa k enkyete m+ e m ap tann ou reponn mwen.   Ou pa yon Dye ki pran plezi nan mechanste+.Moun ki pa bon pa ka rete bò kote w+.   Okenn moun awogan pa ka kanpe devan w.Ou rayi tout moun k ap fè mechanste+.   W ap detwi moun k ap bay manti yo+.Jewova rayi moun ki vyolan ak moun k ap twonpe moun*+.   Men, mwen menm, m ap vin lakay ou+ poutèt lanmou fidèl ou genyen an+,M ap bese byen ba ak gwo lakrentif pou ou nan direksyon tanp ou an ki sakre+.   O Jewova, gide m nan chemen w yo ki jis,Ede m byen konprann chemen w yo+ poutèt ènmi m yo.   Pa gen anyen yo di moun ka fè konfyans,Se sèlman sa ki mal yo gen nan kè yo.Gòj yo tankou yon tonm ki tou ouvri,Yo sèvi ak lang yo pou yo flate moun*+. 10  Men, Bondye, ou gen pou w kondane yo.Plan yo fè yo ap lakòz malè yo+.Se pou w retire yo devan w akoz tout peche yo fè yo,Paske yo fè rebèl avè w. 11  Men, tout moun ki pran refij bò kote w yo ap rejwi+.Y ap toujou rele ak kè kontan.W ap anpeche moun fè yo sa ki mal,E moun ki renmen non w yo ap gen kè kontan poutèt ou menm. 12  Paske w ap beni moun ki jis la, o Jewova,W ap fè l favè, e tankou yon gwo boukliye+, w ap pwoteje l.

Nòt anba paj

Oswa: “rayi moun k ap touye moun ansanm ak blofè”.
Oswa: “Yo fè lang yo dous”.