Sòm 72​:​1-20

  • Dominasyon wa Bondye tabli a pot lapè

    • “Moun ki jis yo ap vin anpil” (7)

    • Moun l ap dirije yo sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè (8)

    • Delivrans anba vyolans (14)

    • Tè a gen pou l chaje ak manje angren (16)

    • Yo louwe non Bondye pou toutan (19)

Yon chante ki gen rapò ak Salomon. 72  O Bondye, fè wa a konnen lwa w yo,Fè pitit gason wa a konnen jistis ou+.   Se pou l defann kòz pèp ou a yon fason ki dwat,Se pou l defann moun ki dekouraje yo avèk jistis+.   Se pou mòn yo pote lapè pou pèp ou a,Se pou ti mòn yo pote lajistis.   Se pou l defann* moun nan mitan pèp la ki pòv yo,Se pou l sove pitit moun ki pòv yo,Se pou l fini ak moun k ap vòlè yo+.   Y ap gen lakrentif pou ou toutotan gen solèy,Toutotan gen lalin,Jenerasyon apre jenerasyon+.   Wa a ap tankou dlo lapli ki tonbe sou gazon yo koupe,Tankou dlo lapli ki wouze tè a+.   Pandan l ap dirije a, moun ki jis yo ap vin anpil*+,E lapè ap blayi tout kote+ jiskaske lalin nan pa la ankò.   L ap gen moun l ap dirije* sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè,Soti nan Rivyè a* rive nan dènye bout tè a+.   Moun ki abite nan dezè a ap bese byen ba devan l,Wa a ap bat ènmi l yo+. 10  Wa Tasis la ak wa zile yo gen pou yo peye taks+.Wa Cheba a ak wa Seba a gen pou yo pote kado+. 11  Tout wa yo pral bese byen ba devan l,E tout nasyon yo pral sèvi l. 12  Paske, l ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a,L ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. 13  L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo,L ap sove lavi* moun ki pòv yo. 14  L ap delivre yo* anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolansE san yo ap gen anpil valè nan je l. 15  Se pou l viv lontan, se pou yo ba l lò Cheba yo+,Se pou moun toujou priye pou li,Se pou l jwenn benediksyon tout lajounen. 16  Tè a gen pou l chaje ak manje angren+,Tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.Rekòt wa a ap anpil menm jan ak pyebwa nan forè Liban yo+,E moun nan vil yo ap anpil tankou zèb ki sou tè a+. 17  Se pou non l rete pou toutan+Se pou non l kontinye gaye toutotan solèy la egziste.Se pou moun jwenn benediksyon grasa li+,Se pou tout nasyon yo fè konnen jan kè l kontan. 18  Se pou yo louwe Jewova Dye, Bondye Izrayèl la+,Se li menm sèl ki fè yon pakèt aksyon estrawòdinè+. 19  Se pou yo louwe non l ki gen glwa pou toutan+E se pou glwa li kouvri tout tè a+.Amèn! Amèn! 20  Se la priyè David, pitit gason Jese a, fini+.

Nòt anba paj

Lit.: “jije”.
Lit.: “ap boujonnen”.
Oswa: “L ap dirije”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “L ap rachte nanm yo”.