Sòm 43​:​1-5

  • Bondye se Jij ki bay delivrans lan

    • “Voye limyè w ak verite w” (3)

    • “Poukisa m dekouraje konsa a?” (5)

    • “Se pou m ret tann Bondye” (5)

43  Fè m jwenn jistis, o Bondye+,Defann kòz mwen+ kont yon nasyon ki pa fidèl.Sove m anba men moun k ap twonpe moun e k ap fè sa ki mal.   Paske, se ou ki Bondye m, ki fòtrès mwen+.Poukisa w voye m jete konsa a?Poukisa pou m ap mache byen tris akoz ènmi m nan k ap toupizi m+?   Voye limyè w ak verite w+.Se pou yo gide m+,Se pou yo mennen m nan mòn ou an ki sakre ak nan tabènak* ou a+.   Lè sa a, m ap parèt devan lotèl Bondye a+,Devan Bondye ki fè kè m kontan anpil la.E m ap fè louwanj pou ou avèk hap*+, o Bondye, Bondye m nan.   Poukisa m* dekouraje konsa a?Poukisa m boulvèse konsa a?Se pou m ret tann Bondye+.Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m e kòm Bondye m+.

Nòt anba paj

Oswa: “Poukisa nanm mwen”.