Sòm 51:1-19
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri, lè pwofèt Natan t al kote l apre l te fin gen relasyon ak Batcheba a+.
51 Fè m favè, o Bondye, akoz lanmou fidèl ou genyen an+.Efase sa m fè ki mal yo, paske, ou gen anpil mizèrikòd+.
2 Lave m byen lave akoz erè m nan+,Netwaye m pou w efase peche m nan+.
3 Paske, mwen byen konnen sa m te fè ki mal yo,E se toutan peche m+ nan devan m*.
4 Se kont ou menm, se sitou kont ou menm*, mwen te peche+.Mwen fè sa ki mal nan je w+.Konsa, ou jis lè w paleE jijman w fè a bon+.
5 Men, mwen fèt ak peche nan mwen,Mwen gen peche nan mwen depi lè manman m ansent mwen+.
6 Ou pran plezi nan moun ki gen laverite nan fon kè yo+.Aprann mwen ki jan pou m gen vrè sajès la nan kè m*.
7 Pirifye m anba peche m nan* pou m ka pwòp+.Lave m pou m ka vin pi blan pase nèj+.
8 Fè m tande vwa moun ki kontan e k ap rejwiPou m ka rejwi menmsi w fin kraze zo m+.
9 Vire figi w pou w pa gade* peche m yo+Epi efase* tout erè m yo+.
10 Fè kè m vin pwòp, o Bondye+.Ban m yon lòt espri+, yon espri k ap fè m fidèl.
11 Pa voye m jete.Pa retire lespri sen w sou mwen.
12 Fè m retounen gen kè kontan mwen te genyen lè w te sove m nan+.Fè m anvi obeyi w*.
13 M ap fè moun k ap fè sa ki mal yo konnen chemen w yo+Yon fason pou moun k ap fè peche yo ka tounen vin jwenn ou.
14 Pa fè m peye pou san ki te koule a+, o Bondye, Bondye delivrans mwen an+,Pou m ka kontan sèvi ak lang mwen pou m fè konnen jan w jis+.
15 O Jewova, louvri bouch mwenPou m ka fè louwanj pou ou+.
16 Paske, se pa yon sakrifis ou vle, si se te sa, mwen ta ba w youn+.Ou pa pran plezi nan ofrann yo boule nèt pou ou+.
17 Sakrifis ki fè Bondye plezi a se yon espri ki toumante.O Bondye, ou pap rejte* yon kè k ap fann+.
18 Fè sa ki bon pou Siyon paske ou vle sa ki bon pou li.Rebati miray Jerizalèm yo.
19 Lè sa a, w ap pran plezi nan sakrifis ki fèt nan ladwati yo,Nan sakrifis ki boule nèt yo ak nan bèt yo ofri tou antye yo.Lè sa a, y a ofri towo bèf sou lotèl ou a+.

