Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 113

Pòl nan vil Wòm

Pòl nan vil Wòm

GADE ! Men yo anchennen Pòl, epi men yon sòlda women ap siveye l. Pòl se yon prizonye nan vil Wòm. L ap tann sa Seza women an ap deside fè avè l. Pandan li nan prizon an, yo pèmèt moun vin wè l.

Twa jou apre Pòl fin antre Wòm, li voye di chèf juif yo pou yo vin kote l. Anpil Juif ki abite Wòm vini vre. Pòl preche yo konsènan Jezi e konsènan Wayòm Bondye a. Sa ki kwè yo vin kretyen. Konsa tou, genyen ki pa t kwè.

Pòl preche sòlda ki t ap siveye l yo tou. Pandan dezan li fè kòm prizonye a, li preche valè moun li kapab. Sa fè menm moun lakay Seza te tande bon nouvèl Wayòm nan. Gen ladan yo ki vin kretyen.

Men, kiyès ou sipoze vizitè k ap ekri sou tab la ye ? Se Timote. Timote te pase nan prizon tou poutèt li t ap pale de Wayòm nan. Men, li lib kounye a. Li vin ede Pòl. Èske w konnen ki sa Timote ap ekri la a ? Ann wè ki sa.

Èske w sonje nou te pale de vil Filip ak Efèz nan istwa 110 la ? Pòl te bay kout men nan tabli kongregasyon kretyen nan vil sa yo. Kounye a, pandan Pòl nan prizon an, li ekri kretyen sa yo. Nou jwenn lèt sa yo nan Bib la. Yo rele yo Efezyen ak Filipyen. Pòl ap di Timote ki sa pou l ekri nan lèt l ap voye bay zanmi kretyen ki Filip yo.

Filipyen yo rann Pòl anpil sèvis. Yo te voye kado ba li pandan l nan prizon an. Pòl ap voye di yo mèsi. Se Epafwodit ki te pote kado yo. Men, li te malad grav anpil, li te prèske mouri. Kounye a, kòm li refè, li pral lakay li. Se li menm k ap pote lèt Pòl ak Timote ap fè a etan l ap retounen Filip.

Pandan Pòl nan prizon an, li ekri de lòt lèt. Nou jwenn lèt sa yo nan Bib la. Li voye youn bay kretyen yo ki nan vil Kolòs. Èske w konnen ki jan lèt sa a rele ? Li rele Kolosyen. Li voye lòt lèt la bay yon bon zanmi l ki rele Filemon k ap viv Kolòs tou. Li ekri l pou l pale de yon jeran Filemon genyen ki rele Onezim.

Onezim te sove kite kay Filemon, li te vin Wòm. Nou pa konn pa ki fason li konnen Pòl nan prizon isit la. Li vin wè l, Pòl tou preche l. Onezim pa t pran tan pou l vin kretyen tou. Kounye a, Onezim vin regrèt li te sove kite kay mèt li. Èske w konnen sa Pòl di Filemon nan lèt la ?

Pòl mande Filemon pou l padone Onezim. Li voye di l konsa : ‘ M ap voye l tounen ba ou. Men, se pa jeran w sèlman li ye kounye a, li se yon bon frè kretyen tou. ’ Lè Onezim retounen Kolòs, li pote toule de lèt yo avèk li. Youn pou Kolosyen yo. Lòt la pou Filemon. Nou pa bezwen mande jan Filemon kontan lè li aprann sèvitè l la vin kretyen.

Pòl voye bonjan nouvèl bay Filipyen yo ak Filemon nan lèt li ekri yo a. Li voye di Filipyen yo : ‘ M ap voye Timote ban nou. Men, mwen pap pran tan pou m vin vizite nou. ’ Li voye di Filemon konsa : ‘ Prepare yon kote pou mwen pou m rete. ’

Kou Pòl lage, li mache vizite frè ak sè kretyen yo plizyè kote. Men, yo te vin mete Pòl nan prizon nan vil Wòm ankò. Fwa sa a, li konnen y ap touye l. Sa l fè, li ekri Timote pou l vini prese prese. Li di l : ‘ Mwen fidèl devan Bondye, l ap rekonpanse m. ’ Kèk ane apre yo te fin touye Pòl, yo te detwi Jerizalèm ankò, fwa sa a se Women yo ki fè sa.

Men, Bib la gen plis bagay ladan l toujou. Jewova Dye fè apot Jan ekri dènye liv yo, san wete liv Revelasyon an. Liv Revelasyon an pale sou tan k ap vini yo. Ann wè kounye a ki sa ki gen pou rive.