Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

5YÈM PATI

Soti nan egzil nan Babilòn pou rive nan rekonstriksyon miray Jerizalèm

Soti nan egzil nan Babilòn pou rive nan rekonstriksyon miray Jerizalèm

Pandan Izrayelit yo te egzile nan peyi Babilòn, lafwa yo te pase anba anpil eprèv. Yo te lage Chadrak, Mechak ak Abednego nan yon founèz yo te chofe anpil. Men, Bondye te fè yo soti vivan. Kèk tan apre Mèd ak Pès yo te fin kapote pisans Babilòn nan, te gen moun ki te fè lage Danyèl nan yon twou ki gen lyon ladan l. Men, Bondye te pwoteje l, li te fèmen bouch lyon yo.

Finalman, Siris, wa Pès la, te libere Izrayelit yo. Yo te retounen nan peyi yo egzakteman 70 an apre yo te depòte yo Babilòn kòm kaptif. Youn nan premye bagay yo te fè lè yo te rantre Jerizalèm, se bati yo te kòmanse bati tanp Jewova a. Men, ènmi yo pa t pran tan pou yo te fè kanpe travay la. Se sa k fè, lè yo resi fin bati tanp lan, yo te gentan gen 22 an nan peyi a.

Nou gen bagay n ap aprann sou vwayaj Ezra lè l tounen Jerizalèm pou l anbeli tanp lan. Sa te fèt 47 an apre tanp lan te fin bati. Epi, 13 an apre vwayaj Ezra a, Neyemya te ede yo rebati miray Jerizalèm nan ki te kraze. SENKYÈM pati a pale sou evènman ki te pase pandan 152 an nan epòk sa a.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 77

Yo refize met ajenou

Èske Bondye ap sove twa jènjan obeyisan sa yo anba founèz dife a?

ISTWA 78

Yon ekriti sou mi an

Pwofèt Dànyèl bay sans kat mo dwòl yo.

ISTWA 79

Dànyèl nan twou lyon an

Dànyèl resevwa santans lanmò, men èske l pa t ka evite sa?

ISTWA 80

Pèp Bondye a kite Babilòn

Siris, wa peyi Pès la, te reyalize yon pwofesi lè l te pran Babilòn, e kounye a l ap akonpli yon lòt pwofesi.

ISTWA 81

Yo gen konfyans Bondye ap ede yo

Izrayelit yo dezobeyi lwa lèzòm yo pou yo ka obeyi Bondye. Èske Bondye ap beni yo?

ISTWA 82

Mòdekay ak Estè

Rèn Vachti te bèl, men wa Asyeris te ranplase l ak Estè kòm nouvo rèn li. Poukisa?

ISTWA 83

Miray Jerizalèm nan

Toutpandan travayè yo t ap rebati miray la, yo te oblije toujou gen epe yo ak lans yo lajounen kou lannuit.