Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 7

Yon gason ki brav

Yon gason ki brav

TANK te vin gen pi plis moun sou tè a, se tank pifò moun t ap fè move zak menm jan ak Kayen. Men te gen yon mesye ki pa t menm avèk yo. Li te rele Enòk. Se te yon nonm ki brav. Malgre tout moun alantou l yo t ap fè move zak, Enòk te kenbe la ap sèvi Bondye.

Èske w konnen poukisa moun sa yo t ap plede fè move zak konsa ? Reflechi pou w wè, kiyès ki te fè Adan ak Èv dezobeyi Bondye ? Kiyès ki te fè yo manje fwi yo pa t dwe manje a ? Se te yon move zanj. Bib la rele l Satan. L ap chèche rann tout moun mechan.

Yon lè, Jewova Dye te di Enòk pou l di moun yo yon bagay yo pa t vle tande. Men ki sa l te ye : “ Yon jou Bondye pral detwi tout mechan. ” Siman moun yo te fache anpil lè yo te tande sa. Petèt yo t ap menm chèche touye Enòk. Konsa, Enòk te bezwen brav anpil pou l anonse moun yo sa Bondye pral fè.

Bondye pa t kite Enòk viv pou anpil tan nan mitan moun mechan sa yo. Enòk te viv 365 an sèlman. Poukisa nou di “ 365 an sèlman ” ? Se paske moun nan epòk sa a te pi djanm pase moun jounen jodi a epi yo te konn viv pi plis tan. Tankou la a, gen Metouchela, yon pitit gason Enòk ki te rive viv 969 an !

Apre Enòk fin mouri, moun yo te vin pi mechan toujou. Bib la di konsa : “ Toutan se sou move bagay yo t ap reflechi ”, e “ tè a te vin chaje ak vyolans ”.

Èske w konnen youn nan rezon ki fè lè sa a, te gen anpil pwoblèm sou tè a konsa ? Se paske Satan te gen yon lòt metòd pou l fè moun yo fè sa k pa bon. Se sou sa nou pral pale nan lòt istwa a.