Egzòd 34​:​1-35

  • Moyiz prepare lòt wòch plat (1-4)

  • Moyiz wè glwa Jewova (5-9)

  • Bondye repete kèk enfòmasyon li te bay sou alyans lan (10-28)

  • Reyon limyè sot nan figi Moyiz (29-35)

34  Apre sa, Jewova di Moyiz: “Taye de wòch plat ki sanble ak premye wòch plat+ ou te kraze+ yo e m ap ekri pawòl mwen te ekri sou premye wòch plat yo+ sou yo.  Prepare w pou demen maten paske demen maten w ap monte sou Mòn Sinayi pou w parèt devan m sou tèt mòn nan+.  Pèsonn pa dwe monte avè w, e mwen pa dwe wè okenn lòt moun okenn kote sou mòn nan. Menm bèf yo ak mouton yo pa dwe al manje devan mòn nan+.”  Vrèmanvre, Moyiz taye de wòch plat ki sanble ak de premye yo, li leve byen bonè nan maten epi li monte nan Mòn Sinayi avèk de wòch plat yo nan men l, jan Jewova te mande l la.  Lè sa a, Jewova desann+ sou mòn nan nan nyaj la pou l vin bò kote Moyiz pou l fè yon deklarasyon konsènan non l, Jewova+.  Jewova te pase devan Moyiz e li te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd+ e ki gen kè sansib*+, ki pa fè kòlè fasil+, ki gen anpil lanmou fidèl*+, ki toujou di laverite*+,  ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon+, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche+. Men, li pap pa pini moun ki koupab yo+. L ap pini pitit ak pitit pitit pou bagay mal papa yo fè rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon an+.”  Lè sa a, Moyiz kouri bese tèt li jis atè.  Apre sa, li di: “O Jewova, si mwen jwenn favè nan je w vre, tanpri Jewova, ale avèk nou epi rete nan mitan nou+, menmsi nou se yon pèp ki gen tèt di*+, padone erè nou ak peche nou+ epi pran nou kòm byen pa w.” 10  Epi Bondye di: “M ap fè yon alyans avèk nou: Mwen gen pou m fè yon seri bagay estrawòdinè devan je nou, yon seri bagay ki poko janm fèt* sou tout tè a oswa nan mitan nasyon yo+. Tout nasyon n ap gen pou n viv nan mitan yo ap wè travay Jewova fè, paske sa m ap fè avèk nou an se yon bagay estrawòdinè+. 11  “Se pou nou byen koute sa m ap di nou jodi a+. M ap mete Amorit yo, moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo deyò devan nou+. 12  Veye kò nou pou nou pa fè alyans ak moun ki abite nan peyi kote nou prale a+ pou yo pa tounen yon pyèj pou nou+. 13  Men, se pou nou kraze lotèl yo bati yo ak poto sakre ki fèt an wòch yo e se pou nou koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+. 14  Nou pa dwe pwostène devan yon lòt dye+, paske Jewova se Sila a ki* mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman*. Vrèmanvre, li se yon Bondye ki mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman+. 15  Veye pou nou pa fè alyans avèk moun ki abite nan peyi a, paske lè y ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo e y ap fè sakrifis pou yo+, y ap envite nou e n ap manje nan sakrifis y ap ofri yo+. 16  Si nou fè alyans avèk yo, se sèten n ap pran kèk nan pitit fi yo pou pitit gason nou yo+. Lè pitit fi yo ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo, sa ap lakòz pitit gason nou yo aji tankou pwostitye ak dye sa yo+. 17  “Nou pa dwe fonn metal pou n fè zidòl+. 18  “Nou dwe selebre fèt Pen san ledven an+. N ap manje pen san ledven, jan m te ban nou lòd fè sa. N ap fè sa pandan sèt jou, nan tan ki fikse pou sa a nan mwa Abib*+, paske se nan mwa Abib nou te kite peyi Ejip. 19  “Tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo se pou mwen+, kit se premye towo bèf la, kit se premye mal mouton an+. 20  Se pou n bay yon mouton pou n achte lavi premye pitit yon bourik. Men, si n pa fè sa, nou dwe kase kou bourik la. Nou dwe achte lavi tout premye pitit gason nou yo+. Pèsonn pa dwe parèt devan m de men vid. 21  “N ap travay pandan sis jou, men n ap repoze* setyèm jou a+, kit se lè moman an rive pou n vire tè a, kit se nan sezon rekòt. 22  “N ap fete fèt Semèn yo avèk premye danre nou rekòlte nan rekòt ble a, e n ap fete fèt Rekòt* nan fen ane a+. 23  “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la, dwe parèt devan Jewova, vrè Seyè a, Bondye Izrayèl la+. 24  M ap chase nasyon yo devan nou+ e m ap agrandi tèritwa nou an. Pa gen moun k ap gen tanta sou peyi nou an lè nou monte pou n parèt devan Jewova, Bondye nou an, twa fwa nan ane a. 25  “Nou pa dwe ofri san yon bèt nou bay kòm sakrifis pou mwen ansanm ak yon bagay ki gen ledven ladan l+. Lè nou ofri sakrifis fèt Pak la, nou pa dwe kite l rete pandan tout nuit lan rive jis demen maten+. 26  “Se sa k pi bon nan premye danre nou rekòlte nan jaden n yo nou dwe pote lakay Jewova, Bondye nou an+. “Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.” 27  Apre sa, Jewova di Moyiz: “W ap ekri pawòl sa yo+, paske se selon pawòl sa yo m ap fè yon alyans avèk ou e avèk pèp Izrayèl la+.” 28  Moyiz te rete avèk Jewova 40 jou, 40 nuit. Li pa t manje pen ni li pa t bwè dlo+. Li* te ekri pawòl alyans lan, Dis Kòmandman yo*+, sou wòch plat yo. 29  Apre sa, Moyiz desann Mòn Sinayi, e de wòch plat Bondye te ekri sou yo ak dwèt li a te nan men l+. Lè Moyiz desann mòn nan, li pa t konnen si te gen reyon limyè ki t ap soti nan figi l akoz li te pale ak Bondye. 30  Lè Arawon ak tout Izrayelit yo te wè Moyiz, kòm yo te wè reyon limyè ap soti nan figi l, yo te pè pwoche bò kote l+. 31  Men, Moyiz te rele yo. Konsa, Arawon ak chèf ki te nan mitan pèp la te vin jwenn Moyiz e Moyiz te pale avèk yo. 32  Apre sa, tout Izrayelit yo te pwoche kote l e li te fè yo konnen tout kòmandman Jewova te ba li sou Mòn Sinayi a+. 33  Lè Moyiz te konn fin pale avèk yo, li te konn met yon vwal sou figi l+. 34  Men, lè Moyiz te konn antre kot Jewova pou l pale avè l, li te konn retire vwal la sou figi l jiskaske l soti+. Apre sa, li te konn soti pou l fè Izrayelit yo konnen lòd li te resevwa yo+. 35  Izrayelit yo te konn wè reyon limyè k ap soti nan figi Moyiz, se sa k fè Moyiz te konn remete vwal la sou figi l pou jis li tounen al pale ak Bondye*+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki fidèl”.
Oswa: “ki gen bonte ki gen lanmou”.
Oswa: “e ki gen pitye”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Oswa: “kreye”.
Lit.: “Jewova, non l”.
Oswa: “ki pa dakò okenn rivalite”.
Oswa: “obsève saba”.
Yo rele fèt sa a fèt Tonèl (Tabènak) tou.
Lit.: “Dis Pawòl yo”.
Sanble se Jewova. Gade vèsè 1.
Lit.: “li”.