Egzòd 33​:​1-23

  • Mesaj Bondye bay pou l blame pèp la (1-6)

  • Tant reyinyon an deyò kan an (7-11)

  • Moyiz mande Jewova pou l fè l wè glwa li (12-23)

33  Apre sa, Jewova di Moyiz: “Ou menm ak pèp ou te fè kite peyi Ejip la, nou mèt leve kite kote nou ye a. Pran wout pou n al nan peyi mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb sèman se desandan* yo mwen t ap bay li a+.  M ap voye yon zanj devan nou+ e l ap mete moun Kanaran yo, Amorit yo, desandan Èt yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+ deyò nan peyi a.  N ap monte al nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+, men, mwen pa pral avèk nou, paske nou se yon pèp ki gen tèt di*+ e mwen pa vle touye nou sou wout la+.”  Lè pèp la tande jan Bondye te pale di, sa te lage yo nan lapenn, e pa gen youn nan yo ki te mete bèl bagay sou yo.  Jewova di Moyiz: “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nou se yon pèp ki gen tèt di*+. Mwen ta gendwa pase nan mitan nou epi m touye nou tout yon sèl kou+. Pa met bèl bagay nou yo sou nou pandan m ap reflechi pou m wè ki sa pou m fè nou.’”  Se sa k fè, depi nan Mòn Orèb, Izrayelit yo te sispann met bèl bagay* sou yo.  Apre sa, Moyiz leve tant li l al mete l pa deyò kan an, nan yon ti distans parapò ak kan an. Li te rele tant lan tant reyinyon. Chak moun ki te vle mande Jewova+ yon bagay te ale nan tant reyinyon an, ki te pa deyò kan an.  Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te leve e chak moun te kanpe devan tant pa yo, yo t ap gade Moyiz jis li antre nan tant lan.  Depi Moyiz te antre nan tant lan, nyaj ki gen fòm poto a te desann+ e l te ret devan tant lan pandan Bondye ap pale ak Moyiz+. 10  Lè moun yo nan pèp la te wè nyaj la devan tant lan, yo tout te leve e yo te pwostène devan tant pa yo. 11  Jewova te pale fasafas+ ak Moyiz tankou se te de moun k ap pale youn ak lòt. Lè Moyiz te retounen nan kan an, Jozye+, pitit gason Noun nan, sèvitè Moyiz la+, te toujou rete nan tant lan. 12  Apre sa, Moyiz di Jewova: “Ou di m: ‘Se pou w pran devan pèp la pou w monte avè l.’ Men, ou pa di m kiyès w ap voye avè m. Mete sou sa, ou di m: ‘Mwen konnen w byen* e w jwenn favè nan je m.’ 13  Si m jwenn favè nan je w vre, tanpri, ede m konn chemen w yo+ pou m ka konnen w e pou m ka kontinye jwenn favè nan je w. Pa bliye tou, pèp sa a se pèp pa w+.” 14  Lè sa a, Bondye di l: “Mwen* pral avè w+ e m ap fè w jwenn lapè+.” 15  Epi, Moyiz di Bondye: “Si w* pa prale ansanm avèk nou, pito w kite nou kote nou ye a. 16  Ki jan moun ap fè konnen mwen menm ak pèp la jwenn favè nan je w? Èske se pa lè w ale avèk nou+ mwen menm ak pèp la ap konnen nou diferan ak tout lòt pèp ki gen sou tè a+?” 17  Apre sa, Jewova di Moyiz: “M ap fè sa w mande m nan paske w jwenn favè nan je m e mwen konnen w byen*.” 18  Moyiz di l: “Tanpri, fè m wè glwa w.” 19  Men, Bondye di l: “M ap fè w wè tout bon bagay mwen gen lakay mwen, e m ap pwoklame non m, Jewova+, devan w. Se moun mwen fè favè a m ap fè favè e se moun mwen gen pitye pou li a m ap gen pitye pou li+.” 20  Epitou, li di l: “Ou pa ka wè fas mwen, paske pèsonn pa ka wè m epi pou l kontinye viv.” 21  Apre sa, Jewova di l: “Men yon kote ki toupre m. Kanpe sou gwo wòch sa a ki la a. 22  Lè m ap fè glwa m pase devan w, m ap mete w nan yon fant nan wòch la e m ap bare w ak men m jiskaske m fin pase. 23  Apre sa, m ap retire men m e w ap wè do m. Men ou pap ka wè fas mwen+.”

Nòt anba paj

Lit.: “semans”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Lit.: “te retire bèl bagay yo”.
Oswa: “Mwen chwazi w”. Lit.: “Mwen konnen w nan non w”.
Lit.: “Figi m”.
Lit.: “Si figi w”.
Lit.: “mwen konnen w nan non w”.