Egzòd 21​:​1-36

  • Lwa pou pèp Izrayèl la (1-36)

    • Sou esklav ebre yo (2-11)

    • Sou vyolans moun fè sou moun (12-27)

    • Sou bèt yo (28-36)

21  “Men lwa pou w bay Izrayelit yo+:  “Si w achte yon Ebre kòm esklav+, l ap sèvi w kòm esklav pandan sizan, men nan setyèm ane a, w ap libere l san l pa peye anyen+.  Si l te vini poukont li, li prale poukont li. Men, si l te vin ak yon madanm, madanm nan pral avè l.  Si se mèt li ki te ba l yon madanm, e madanm nan te fè pitit gason ak pitit fi pou li, madanm nan ak pitit yo ap rete pou mèt li e li prale poukont li+.  Men, si esklav la ta ensiste epi l ta di: ‘Mwen renmen mèt mwen e mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen, mwen pa vle vin lib+’,  mèt la dwe mennen l devan vrè Dye a. Apre sa, l apral avè l devan pòt la oswa chanbrann pòt la, l ap pèse zòrèy li ak yon pik. Konsa, l ap vin esklav li pou lavi.  “Si yon gason vann pitit fi l kòm esklav, pitit fi a pap vin lib menm jan sa fèt pou yon gason ki esklav.  Si mèt li pa pran plezi nan li e li pa pran l kòm madanm sou kote, men li deside fè yon lòt moun achte* l, li pa gen dwa vann li bay yon etranje, paske li trayi l.  Si li chwazi bay yon pitit gason l li, l ap gen menm dwa ak yon pitit fi. 10  Si pitit la pran yon lòt fi kòm madanm, li pa dwe diminye nan sa l te konn ba l pou l manje, nan rad li te konn ba li e li dwe kontinye gen relasyon+ mari ak madanm avè l*. 11  Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, fi a dwe vin lib san l pa peye anyen. 12  “Si yon moun frape yon moun e moun sa a mouri, yo dwe touye l tou+. 13  Men, si l pa t fè espre, e vrè Dye a kite sa rive, m ap ban nou yon kote l ap ka ale pou l chape poul li+. 14  Si yon moun vin an kòlè anpil kont pwochen l e li touye l+, moun sa a dwe mouri tou, menmsi se devan lotèl mwen an nou oblije al pran l+. 15  Si yon moun leve men l sou papa l oswa sou manman l, yo dwe touye moun sa a+. 16  “Si yon moun kidnape yon moun+, epi li vann li, oubyen si yo jwenn moun li kidnape a nan men l+, se pou yo touye moun ki te kidnape lòt la+. 17  “Nenpòt moun ki bay papa l oswa manman l madichon, yo dwe touye l+. 18  “Si de gason nan kont epi youn nan yo bay lòt la yon kout wòch oswa yon kout pwen*, si sa k pran kou a pa mouri, men li oblije pran kabann, men sa ki dwe fèt: 19  Si moun nan kapab leve, si l ka sèvi ak yon baton pou l al mache deyò, yo pap pini moun ki te frape l la. L ap annik peye moun nan pou tout tan l fè li pa ka travay depi lè l pran kabann nan pou jis lè li geri nèt. 20  “Si yon moun frape yon gason ki esklav li oswa yon fi ki esklav li avèk yon baton, epi esklav la mouri frèt, se pou yo vanje esklav sa a+. 21  Sepandan, si esklav la kontinye viv pandan youn oubyen de jou, yo pa dwe vanje l paske mèt li te achte l ak lajan l. 22  “Si de gason ap goumen epi youn ladan yo frape yon fi ki ansent, e fi a akouche anvan lè*+, men ni li menm ni pitit li pa mouri*, se pou moun ki frape l la peye amann mari fi a mande a. L ap peye sa jij yo deside a+. 23  Men, si youn nan yo mouri*, se pou w bay vi pou vi*+, 24  je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye+, 25  boule pou boule, blese pou blese, kou pou kou. 26  “Si yon moun frape yon esklav li nan je e je a pete, kit esklav la se yon gason kit li se yon fi, se pou l libere esklav la poutèt je l li pete a+. 27  Si l frape yon esklav li e dan esklav la rache, kit esklav la se yon gason kit li se yon fi, se pou l libere esklav la poutèt dan l li rache a. 28  “Si yon towo bèf bay yon gason oswa yon fi yon kout kòn epi moun nan mouri, se pou yo kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri+, mete sou sa, yo pa dwe manje vyann nan. Yo pa dwe pini mèt bèf la. 29  Men, si towo bèf la te gen abitid bay moun kout kòn e yo te avèti mèt li, men l pa t fè anyen pou sa, e bèf la touye yon gason oswa yon fi, y ap kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri e y ap touye mèt li tou. 30  Si yo mande l pou l bay yon ranson*, li dwe bay tout sa yo mande l la pou l sove lavi l*. 31  Menmsi se yon tigason oswa yon tifi bèf la bay kout kòn nan, se lwa sa a y ap aplike pou mèt bèf la. 32  Si towo bèf la bay yon esklav yon kout kòn, kit se yon gason kit se yon fi, mèt bèf la ap bay mèt esklav la 30 chekèl*, e y ap kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri. 33  “Si yon moun dekouvri yon twou, oswa li fouye yon twou e l pa kouvri l, epi yon bèf oswa yon bourik tonbe ladan l, 34  mèt twou a ap dedomaje mèt bèt la+. L ap bay mèt bèt la kantite kòb bèt la vo, e bèt ki mouri a ap vin pou li. 35  Si towo bèf yon moun atake towo bèf yon lòt moun e li touye l, y ap vann bèf ki vivan an e y ap separe lajan an. Y ap separe bèt ki mouri a tou. 36  Men, si yon towo bèf te gen abitid bay bèt kout kòn e mèt li pa t fè anyen pou sa, li dwe bay bèf pa l la pou towo bèf ki mouri a, e towo bèf ki mouri a ap vin pou li.

Nòt anba paj

Lit.: “rachte”.
Lit.: “kontinye ba l sa l dwe l nan maryaj la”.
Se kapab tou: “yon kout zouti”.
Lit.: “e pitit li yo soti”.
Oswa: “pa blese grav”.
Anpalan de fi a oswa pitit la.
Oswa: “se pou w bay nanm pou nanm”.
Oswa: “yon reparasyon”.
Oswa: “nanm li”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.