Revelasyon 16​:​1-21

  • Sèt bòl kòlè Bondye yo (1-21)

    • Yo vide yo sou tè a (2), nan lanmè a (3), nan rivyè yo ak nan sous dlo yo (4-7), sou solèy la (8, 9), sou twòn bèt sovaj la (10, 11), nan Rivyè Efrat la (12-16), nan lè a (17-21)

    • Lagè Bondye a nan Amagedon (14,16)

16  Epi, mwen tande yon vwa ki soti nan pati ki pi sen an+ ki di sèt zanj yo byen fò: “Al vide sèt bòl kòlè Bondye yo sou tè a+.” 2  Premye zanj lan ale, li vide bòl li a sou tè a+. Epi, moun ki te gen mak bèt sovaj la+ e ki t ap adore estati l la+ vin gen yon gwo maleng ki fè yo mal+. 3  Dezyèm zanj lan vide bòl li a nan lanmè a+. Lanmè a vin tounen san+, tankou san yon moun ki mouri, e tout sa ki t ap viv* nan lanmè a mouri+. 4  Twazyèm zanj lan vide bòl li a nan rivyè yo ak nan sous* dlo yo+, epi yo tounen san+. 5  E mwen tande zanj ki gen pouvwa sou dlo yo di: “Ou menm, Sila a ki la e ki te la a+, ou menm ki fidèl+, ou jis, paske ou bay santans sa yo+, 6  poutèt yo te fè san moun ki sen yo ak san pwofèt yo koule+. E ou ba yo san pou yo bwè+. Se sa yo merite+.” 7  Epi, mwen tande lotèl la di: “Wi, Jewova* Dye, ou menm ki Toupisan an+, jijman w yo jis, e moun ka fè yo konfyans+.” 8  Katriyèm zanj lan vide bòl li a sou solèy la+, e solèy la jwenn pèmisyon pou l boule lèzòm. 9  Epi, yon gwo chalè boule lèzòm, men yo blasfeme non Bondye, li menm ki gen pouvwa sou kalamite sa yo. Yo pa repanti e yo pa ba l glwa. 10  Senkyèm zanj lan vide bòl li a sou twòn bèt sovaj la. E wayòm li an vin fè nwa+, epi moun yo kòmanse mòde lang yo akoz doulè yo genyen. 11  Men, yo blasfeme Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo genyen yo, e yo pa repanti pou zak yo fè. 12  Sizyèm zanj lan vide bòl li a nan gwo Rivyè Efrat la+, e dlo rivyè a seche+ pou wout la ka pare pou wa yo+ k ap soti nan direksyon solèy leve*. 13  Epi, mwen wè dragon an+, bèt sovaj la ak fo pwofèt la ki gen twa pawòl enspire ki pa pwòp* ki t ap sot nan bouch yo, youn nan bouch yo chak. E pawòl sa yo te tankou krapo. 14  Annefè, se pawòl demon enspire, e pawòl sa yo ap reyalize siy+. Y al jwenn wa ki sou tout tè a, pou rasanble yo pou lagè+ ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an+. 15  “Tande! M ap vini tankou yon vòlè+. Byennere moun ki rete je klè+ e ki kite rad li sou li, dekwa pou l pa mache toutouni, pou moun pa wè wont li pran+.” 16  E yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon*+. 17  Setyèm zanj lan vide bòl li a nan lè a. Lè sa a, gen yon vwa ki soti nan pati ki pi sen an+, nan twòn nan, e vwa a di byen fò: “Sa fini!” 18  Vin gen zèklè, vwa ak loray, e gen yon gwo tranblemanntè ki fèt, yon tranblemanntè ki fò anpil, e potko janm gen youn konsa ki fèt depi lèzòm sou tè a+. 19  Gwo vil la+ fann an twa, e vil nasyon yo detwi. Bondye sonje Gran Babilòn nan+ pou l ba li koup ki gen diven gwo kòlè l la+. 20  Epi, tout zile kouri, e mòn yo vin pa la ankò+. 21  Epi, yon gwo lagrèl sot nan syèl la tonbe sou lèzòm+. Chak grenn lagrèl te peze anviwon yon talan*. Moun yo te blasfeme Bondye akoz kalamite lagrèl la+ te lakòz, paske kalamite a te rèd anpil.

Nòt anba paj

Oswa: “tout nanm ki t ap viv”.
Oswa: “ak nan fontèn”.
Oswa: “k ap soti nan lès”.
Lit.: “ki gen twa espri ki pa pwòp”.
Se yon mo ebre ki vle di: “Mòn Megido”.
Yon talan grèk egal 20,4 kg. Gade Apendis B14.