Ezayi 65​:​1-25

  • Jijman Jewova kont moun k ap adore zidòl yo (1-16)

    • Dye Chans lan ak dye Desten an (11)

    • “Sèvitè m yo ap manje” (13)

  • Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf (17-25)

    • Bati kay; plante jaden rezen (21)

    • Pèsonn pap kraze kò yo travay pou granmesi (23)

65  “Mwen te ofri tèt mwen bay moun ki pa t mande pou mwen.Mwen te kite moun ki pa t ap chèche m jwenn mwen+.Mwen te di yon nasyon ki pa t ap fè louwanj pou non m: ‘Men mwen! Men mwen+!’   Mwen te pase tout jounen ap lonje men m bay yon pèp ki gen tèt di+,Bay moun k ap mache nan move chemen+,Moun k ap fè sa lide yo di yo+,   Yon pèp k ap manke m dega toutan nan figi m+,K ap fè sakrifis nan jaden+ e k ap fè sakrifis sou brik* pou lafimen monte.   Yo chita nan mitan yon seri tonm+,Yo pase nuit kote ki kache*,Yo manje vyann kochon+,E se bouyon ki fèt ak bagay ki pa pwòp ki nan veso yo genyen yo+.   Yo chak ap di: ‘Ret poukont ou. Pa pwoche kote m,Paske m pi pwòp pase w*.’Pèp sa a fè lafimen soti nan nen m, tout lajounen yo fè m fache.   Gade! Bagay sa yo ekri devan m.Mwen pap ret san m pa fè anyen,Men, m ap fè yo peye sa yo fè+.M ap fè yo peye nèt* pou sa yo fè,   Pou peche yo fè e pou peche zansèt yo te fè.” Se sa Jewova di+.“Paske, yo te fè lafimen sakrifis monte sou mòn yo,E yo te derespekte m sou ti mòn yo+.Pou kòmanse, mwen pral fè yo peye m sa nèt*.”   Men sa Jewova di:“Menm jan lè yon moun ap fè diven ak yon grap rezen,Gen moun ki di: ‘Pa kraze l, paske gen bon bagay* ladan l,’Se sa m pral fè pou sèvitè m yo tou.Mwen pap detwi yo tout+.   M ap fè Jakòb vin gen yon desandan*,E m ap fè moun k ap eritye mòn mwen yo sot nan ren Jida+.Moun mwen chwazi yo ap pran peyi a kòm byen pa yo,E se sèvitè m yo k ap ret ladan l+. 10  Chawon+ ap vin tounen yon kote yo gade mouton,E Vale* Akò+ ap vin yon kote pou pèp mwen an k ap chèche mMennen bèf yo al repoze. 11  Men, nou pami moun ki bliye Jewova+,Moun ki bliye mòn sakre m nan+,Moun ki prepare yon tab pou dye Chans lan,Ak moun ki plen vè yo ak diven ki byen konpoze pou dye Desten an. 12  Se sa k fè m ap bay nou pou yo touye nou ak kout epe+,E nou tout pral koube byen ba pou yo touye nou+.Paske, mwen te rele, men nou pa t reponn.Mwen te pale, men nou pa t koute+.Nou te kontinye fè sa ki mal devan je m,E nou te chwazi fè sa ki pa fè m plezi+.” 13  Se poutèt sa, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:“Gade! Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou+.Gade! Sèvitè m yo ap bwè+, men nou menm, n ap ret swaf.Gade! Sèvitè m yo ap kontan+, men nou menm, n ap wont+. 14  Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon,Men nou menm, n ap kriye akoz tristès nou gen nan kè nou,E n ap plenn paske nou nan lapenn. 15  Moun mwen chwazi yo pral sèvi ak non n ap kite dèyè a tankou yon malediksyon,E mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen pral touye nou grenn pa grenn,Men, m ap bay sèvitè m yo yon lòt non+. 16  Konsa, nenpòt moun k ap chèche jwenn benediksyon nan peyi a,Bondye verite a* ap beni l,E nenpòt moun ki fè yon sèman nan peyi a,L ap fè sèman an nan non Bondye verite a*+.Paske, yo pral bliye malè* ki te rive nan tan lontan yo.Mwen pap wè bagay sa yo ankò+. 17  Paske, gade! m ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf+.Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo*,E yo pap gen bagay konsa nan kè yo+. 18  Se sa k fè, se pou nou rejwi e se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo.Paske, gade! m ap fè Jerizalèm vin yon kote ki fè kè moun kontan,E pèp li a ap fè kè moun kontan+. 19  M ap kontan pou Jerizalèm e m ap rejwi pou pèp mwen an+.Yo pap tande bri moun k ap kriye oswa ki nan malè la a ankò+.” 20  “Pap janm gen yon timoun piti kote sa a ki viv yon ti tan sèlman,E pap gen yon granmoun ki pap fin viv tout tan l.Paske, yon moun ki gen 100 an ki mouri, y ap di li se yon timoun,E malediksyon ap tonbe sou yon moun ki peche, menmsi l gen 100 an*. 21  Y ap bati kay e y ap abite ladan yo+.Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay+. 22  Yo pap bati pou lòt moun abite,E yo pap plante pou lòt moun manje.Paske, pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa+,E moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo. 23  Yo pap kraze kò yo travay* pou granmesi+,Ni yo pap fè pitit ki pral tonbe nan malè,Paske yo menm ansanm ak desandan* yo+,Yo se pitit Jewova beni+. 24  Menm anvan yo rele, m ap reponn.Yo pap menm fin pale, m ap gentan tande. 25  Lou ak mouton ap manje ansanm,Lyon ap manje pay tankou towo bèf+,E sèpan ap manje pousyè.Yo pap fè okenn mal ni okenn ravaj okenn kote sou mòn sakre m nan+.” Se sa Jewova di.

Nòt anba paj

Petèt se brik yo te itilize pou yo fè atè kote yo te konn fè sakrifis yo oubyen brik ki te kouvri do kay yo.
Se kapab tou: “yo pase nuit nan joupa moun fè pou yo veye”.
Se kapab tou: “Paske m ap fè w vin sen menm jan avè m”.
Lit.: “M ap menm ba yo rekonpans yo nan kòlèt yo”.
Lit.: “Pou kòmanse, m ap mezire sa m ap peye yo a nan kòlèt yo”.
Lit.: “gen yon benediksyon”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “Bondye ki fidèl la”. Lit.: “Amèn”.
Oswa: “Bondye ki fidèl la”. Lit.: “Amèn”.
Oswa: “pwoblèm”.
Oswa: “Moun yo pap sonje ansyen bagay yo”.
Se kapab tou: “E yon moun ki pa rive viv 100 an, y ap di se madichon l genyen”.
Oswa: “travay di”.
Lit.: “semans”.