Ezayi 22​:​1-25

  • Mesaj yo bay pou Vale Vizyon an (1-14)

  • Elyakim ap vin administratè nan plas Chebna (15-25)

    • Yon klou senbolik (23-25)

22  Men yon mesaj yo bay pou Vale Vizyon an*+: Ki sa k pase w ki fè tout moun monte sou tèt kay yo?   Ou se yon vil ki te chaje bri,Yon vil ki te chofe, yon vil ki te gen anpil kè kontan.Se pa ak epe yo te touye moun lakay ou yo,E yo pa t mouri nan lagè+.   Tout diktatè w yo chape poul yo ansanm+.San yon banza*, yo te fè yo tounen prizonye.Tout moun yo te jwenn, yo te fè yo vin prizonye+,Menm lè yo te fin chape al byen lwen.   Se sa k fè mwen di: “Retire je w sou mwen,Pou m ka kriye règ kriye m+.Pa plede konsole mAkoz pèp mwen an yo fin detwi+.   Paske Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an,Fè jou sa a tounen yon jou latwoublay, yon jou yo pèdi batay ak yon jou laperèz+Nan Vale Vizyon an.Y ap kraze miray la nèt+,E ap gen rèl nan mòn nan.   Moun Elam yo+ pran sak flèch yo,Yo monte sou charyo yo e sou cheval yo.Moun nan vil Ki yo+ pare boukliye yo.   Pi bèl plèn nou yoAp vin chaje ak charyo yo konn fè lagè,E cheval* yo ap kanpe nan pòtay vil la,   Y ap retire rido ki te bare* Jida a. Epi, men sa k ap rive: “Jou sa a, n ap met espwa nou nan depo zam ki nan Kay Forè a+  e n ap wè gen yon pakèt twou nan miray Vil David la+. Epi, n ap konsève dlo nan basen ki pi ba a+. 10  N ap konte kay nan Jerizalèm yo e n ap kraze kay pou n repare miray la pou l vin pi solid. 11  N ap fè yon rezèvwa ant de miray yo pou dlo ki nan ansyen basen an. Men, nou pap vire gade Gran Dye a ki fè sa e nou pap vire gade Sila a ki te prepare sa depi lontan an. 12  Jou sa a, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an,Ap mande pou nou kriye e pou nou nan lapenn+,Pou nou kale tèt nou e pou n met rad sak sou nou. 13  Men, olye de sa, se fèt n ap fè, kè nou ap kontan,N ap touye bèf ak mouton,N ap manje vyann e n ap bwè diven+.N ap di: ‘Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri+.’” 14  Epi, men sa Jewova, Chèf lame yo, fè m konnen: “‘Nou pap jwenn padon pou peche sa a jiskaske nou mouri+.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.” 15  Men sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di: “Al kot Chebna+, administratè ki responsab kay wa a*, di l: 16  ‘Ki sa w gen isit la e ki moun ou gen isit la ki fè w bay fouye yon tonm pou ou isit la?’ Misye bay fouye yon tonm pou li nan yon ti mòn. Li fè fouye yon tonm pou li* nan yon mas wòch. 17  ‘Gade monchè! Jewova ap lage w atè byen fò e l ap pran w ak tout fòs. 18  Wi, l ap plòtonnen w byen di tankou yon boul e l ap voye w jete nan yon gwo peyi. Se la w ap mouri e se la bèl charyo w yo ap ye. Se pral yon wont pou moun lakay mèt ou. 19  M ap desann ou sot nan pozisyon w ye a e m ap retire w nan travay ou ye a. 20  “‘Jou sa a, m ap rele Elyakim+, sèvitè m nan, pitit gason Ilkya a, 21  m ap met rad long ou an sou li, m ap mare senti w la nan tay li+ byen sere e m ap ba l pouvwa w genyen an. Epi, l ap vin yon papa ni pou moun Jerizalèm yo ni pou moun Jida yo. 22  M ap ba l responsab kle kay David la*+. Pèsonn pap fèmen pòt li ouvri e pèsonn pap ouvri pòt li fèmen. 23  M ap kloure l byen di tankou yon klou ki nan yon miray ki byen solid, e l ap vin tankou yon twòn ki pote glwa pou moun lakay papa l yo. 24  Y ap pandye tout glwa* moun lakay papa l yo ladan l, glwa desandan l yo ak pitit pitit li yo* ak glwa tout ti veso yo, veso ki tankou bòl yo, ansanm ak tout gwo krich yo. 25  “‘Jou sa a,’ se sa Jewova, Chèf lame yo, di, ‘m ap retire klou mwen te kloure nan miray ki byen solid la+, m ap kase l lage atè, chay ki te pandye ladan l yo ap tonbe e y ap kraze nèt, paske se Jewova menm ki di sa.’”

Nòt anba paj

Sanble y ap pale de Jerizalèm.
Oswa: “kavalye”.
Oswa: “retire pwoteksyon”.
Oswa: “responsab palè a”.
Oswa: “yon kote pou l rete”.
Lit.: “M ap met kle kay David la sou zepòl li”.
Lit.: “pwa”.
Oswa: “ak branch li yo”.