1 Korentyen 7​:​1-40

  • Konsèy pou moun ki pa marye ak konsèy pou moun ki marye (1-16)

  • Ret nan sitiyasyon Bondye te rele w la (17-24)

  • Konsèy pou moun ki pa marye yo ak konsèy pou vèv yo (25-40)

    • Avantaj ki genyen lè yon moun selibatè (32-35)

    • Marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’ (39)

7  Kounye a, konsènan bagay nou te ekri yo, li pi bon pou yon gason pa manyen yon fi*. 2  Sepandan, akoz imoralite seksyèl* ki fin gaye, se pou chak gason gen pwòp madanm li+, e se pou chak fi gen pwòp mari l+. 3  Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la, e se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l+. 4  Se pa madanm nan ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se mari a. Menm jan an tou, se pa mari a ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se madanm nan. 5  Pinga youn refize lòt, sof si nou antann nou sou sa pou yon tan nou fikse, yon fason pou nou ka konsakre tan pou nou lapriyè, e apre sa pou nou tounen ansanm ankò, dekwa pou Satan pa kontinye tante nou poutèt nou pa ka kontwole tèt nou. 6  Sepandan, lè m di sa a, se pa lòd m ap pase nou, men se pèmisyon mwen ban nou. 7  Men, mwen ta renmen pou tout moun tankou m. Men, Bondye bay chak moun don pa yo+, youn jwenn li yon jan, lòt la jwenn li yon lòt jan. 8  Kounye a, m ap di moun ki pa marye yo ak vèv yo, li pi bon pou yo si yo rete menm jan avè m+. 9  Men, si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye, paske li pi bon pou yon moun marye pase pou l kite anvi pote l ale+. 10  Men sa m ap di moun marye yo, e se pa mwen menm ki di l, se Seyè a: Yon madanm pa dwe separe ak mari l+. 11  Men, si li separe avè l, se pou l rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l. E yon mari pa dwe kite madanm li+. 12  Men, pou lòt moun yo, men sa m ap di, wi, mwen menm, se pa Seyè a+: Si yon frè gen madanm li ki pa kwayan, e madanm nan dakò rete ak li, li pa dwe kite l. 13  E si yon madanm gen mari l ki pa kwayan, e mari a dakò rete ak li, li pa dwe kite mari a. 14  Paske, mari ki pa kwayan an vin sen parapò ak madanm li, e madanm ki pa kwayan an vin sen parapò ak frè a. Si se pa t sa, pitit nou yo pa t ap pwòp, men kounye a, yo sen. 15  Men, si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe. Nan ka sa a, frè a oswa sè a pa gen okenn obligasyon ankò. Bondye te rele nou pou nou viv anpè+. 16  Anfèt, ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w+? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou? 17  Piske Jewova* bay chak moun pòsyon pa yo, se pou chak moun rete jan Bondye te rele l la+. E se lòd sa a mwen bay nan tout kongregasyon yo. 18  Èske yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l+? Li mèt ret jan l ye a. Èske yon moun pa t sikonsi lè Bondye te rele l? Li pa bezwen fè yo sikonsi l+. 19  Sikonsi pa vle di anyen, pa sikonsi pa vle di anyen+, men, sa ki enpòtan, se obeyi kòmandman Bondye yo+. 20  Nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l+. 21  Èske w te yon esklav lè Bondye te rele w la? Pa chaje tèt ou pou sa+. Men, si w ka vin lib, ou mèt pwofite okazyon an. 22  Paske, kèlkeswa moun ki nan Seyè a ki te esklav lè Bondye te rele l, li vin yon moun lib ki pou Seyè a+. Menm jan an tou, yon moun ki te lib lè Bondye te rele l, li vin yon esklav Kris. 23  Yo te peye yon pri pou yo achte nou+. Sispann fè tèt nou tounen esklav lèzòm. 24  Frè m yo, nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l, toutpandan l kenbe relasyon l ak Bondye. 25  Kanta pou moun ki vyèj yo*, Seyè a pa ban m lòd pou yo, men m ap bay opinyon pa m+ antanke moun Seyè a fè mizèrikòd pou m ka fidèl. 26  Se sa k fè, mwen panse akoz sitiyasyon difisil n ap fè fas la a, li pi bon pou yon moun rete jan l ye a. 27  Èske w gen madanm? Sispann chèche separe avè l+. Èske w san madanm? Sispann chèche yon madanm. 28  Men, menmsi w ta marye, ou pa t ap peche. E si yon moun ki vyèj ta marye, moun sa a pa t ap peche. Sepandan, moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo*. Men, se epaye m ap eseye epaye nou sa. 29  Anplis, frè m yo, men sa m ap di nou: Tan ki rete a vin pi kout+. Depi kounye a, se pou moun ki gen madanm fè tankou yo pa t genyen. 30  Epitou, se pou moun k ap kriye yo tankou moun ki pap kriye. Se pou moun k ap rejwi yo tankou moun ki pap rejwi. Se pou moun k ap achte yo tankou moun ki pa posede anyen. 31  E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. Paske, monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat. 32  An reyalite, mwen pa vle nou enkyete nou ditou. Gason ki pa marye a enkyete l pou bagay Seyè a, ki jan pou l fè Seyè a plezi. 33  Men, gason ki marye a enkyete l pou bagay monn nan+, ki jan pou l fè madanm li plezi, 34  e li vin gen de okipasyon. Menm jan an tou, fi ki pa marye a ak fi ki vyèj la enkyete yo pou bagay Seyè a+, pou yo ka sen ni nan kò yo ni nan lespri yo. Sepandan, fi ki marye a enkyete l pou bagay monn nan, ki jan pou l fè mari l plezi. 35  Men, m ap di nou sa nan avantaj nou. Se pa pou m mare pye nou, men se pou m ankouraje nou pou nou fè sa ki kòrèk e pou nou toujou sèvi Seyè a san nou pa distrè. 36  Men, si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk lè l rete san l pa marye* e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: Li mèt marye+ si se sa l vle. Li pa peche. 37  Men, si yon moun byen deside nan kè l, si li pa gen okenn nesesite, si li kontwole pwòp volonte l e si li pran desizyon nan kè l pou l rete san l pa marye*, li byen fè+. 38  Yon lòt bò, yon moun ki marye* byen fè tou, men, yon moun ki pa marye ap fè pi byen toujou+. 39  Yon fi ini ak mari l toutotan mari a vivan+. Men, si mari l ta vin mouri, li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a+. 40  Sepandan, dapre mwen menm, l ap viv ak plis kè kontan si l rete jan l ye a. E se sèten, mwen panse mwen menm tou, mwen gen lespri Bondye.

Nòt anba paj

Anpalan de relasyon seksyèl ak yon fi.
Se fòm pliryèl mo grèk pòneya a yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Kanta pou moun ki pa janm marye yo”.
Lit.: “nan chè yo”.
Oswa: “ki pa kòrèk anrapò ak vijinite l”.
Oswa: “pou l kenbe vijinite l”.
Oswa: “yon moun ki bay vijinite l nan maryaj”.