1 Pyè 4​:​1-19

  • Se pou nou viv pou n fè volonte Bondye, menm jan ak Kris (1-6)

  • Lafen tout bagay vin pi pre (7-11)

  • Lè n ap soufri paske nou se kretyen (12-19)

4  Piske Kris te soufri nan lachè+, nou menm tou, se pou nou gen menm mantalite* sa a, paske yon moun ki soufri nan lachè fini ak peche+, 2  yon fason pou l pa viv pou dezi lèzòm ankò pandan rès tan l ap viv nan lachè a+, men pou l fè volonte Bondye+. 3  Paske, tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi+. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan*, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan*+. 4  Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal+. 5  Men, moun sa yo pral rann kont devan sila a ki pare pou l jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri+. 6  Anfèt, se pou rezon sa a yo te anonse moun ki mouri yo bon nouvèl la tou+, yon fason pou byenke yo jije yo anrapò ak lachè selon lèzòm, yo ka viv ann amoni ak lespri, selon Bondye. 7  Men, lafen tout bagay vin pi pre. Donk, se pou nou gen bonsans+, e se pou nou veye* pou nou pa neglije lapriyè+. 8  Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt+, paske lanmou kouvri yon pakèt peche+. 9  Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen+. 10  Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason+. 11  Si yon moun ap pale, se pou l pale kòmsi se deklarasyon sakre Bondye l ap bay. Si yon moun ap sèvi, se pou l sèvi antanke moun ki depann de fòs Bondye bay+, dekwa pou Bondye ka jwenn glwa nan tout bagay+ pa mwayen Jezi Kris. Glwa ak pisans se pou li pou tout tan gen tan. Amèn. 12  Byenneme, nou pa bezwen sezi poutèt gwo eprèv n ap rankontre+ e ki vin sou nou tankou dife, kòmsi se yon bagay etranj ki rive nou. 13  Okontrè, se pou nou toujou kontan anpil+ poutèt n ap patisipe nan soufrans Kris yo+, dekwa pou nou ka nan lajwa e pou nou ka kontan anpil tou lè glwa li va parèt+. 14  Si yo pale nou mal* poutèt non Kris, nou mèt kontan+, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou. 15  Sepandan, pinga okenn nan nou soufri paske l se asasen, oswa paske l se vòlè, oswa paske l ap fè sa ki mal, oswa paske l se moun k ap antre nan zafè lòt moun+. 16  Men, si yon moun soufri paske l se kretyen, li pa bezwen wont+. Okontrè, se pou l kontinye bay Bondye glwa dèske l pote non sa a. 17  Paske, tan ki fikse pou jijman an rive, e l ap kòmanse nan kay Bondye a+. Bon, si l kòmanse sou nou an premye+, kòman sa va fini pou moun ki pa obeyi bon nouvèl Bondye a+? 18  “Si moun ki jis la se ak difikilte l ap sove, e moun ki pa gen respè pou Bondye yo ak moun k ap fè peche yo, ki kote y ap pase+?” 19  Donk, se pou moun k ap soufri ann akò ak volonte Bondye yo kontinye remèt tèt yo* bay yon Kreyatè ki fidèl, toutpandan y ap fè sa ki byen+.

Nòt anba paj

^ Oswa: “se pou nou gen menm detèminasyon”.
^ Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont.” Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
^ Oswa: “yon bagay ki kont lalwa”.
^ Oswa: “se pou nou vijilan”.
^ Oswa: “Si yo joure nou”.
^ Oswa: “kontinye konfye nanm yo”.