2 Wa 4​:​1-44

  • Elize fè luil yon vèv vin anpil (1-7)

  • Yon dam Chounèm byen akeyi Elize (8-16)

  • Dam nan vin gen yon pitit gason; pitit la mouri (17-31)

  • Elize resisite tigason ki mouri a (32-37)

  • Elize fè yo vin ka bwè bouyon an (38-41)

  • Elize fè pen vin anpil (42-44)

4  Madanm youn nan pwofèt yo*+ di Elize byen fò: “Mari m, sèvitè w la, mouri, e w konnen byen li te toujou gen lakrentif pou Jewova+. Kounye a, gen yon moun li dwe ki vini pou l pran toude pitit mwen yo kòm esklav li.”  Lè sa a, Elize di l: “Ki sa m ka fè pou ou? Di m ki sa w gen nan kay la?” Fi a di l: “Sèvant ou an pa gen anyen nan kay la sof yon po luil+.”  Li di l: “Sot deyò, mande tout vwazen w yo veso vid. Pran kantite veso w ka pran.  Apre sa, rantre lakay ou ak pitit gason w yo epi fèmen pòt la. Plen tout veso yo ak luil. Chak veso w fin plen, mete l apa.”  Madanm nan ale. Li menm ak pitit gason l yo antre nan kay la, yo fèmen pòt la. Yo pran lonje veso ba li, e li menm li vide luil ladan yo+.  Lè tout veso yo fin plen, li di youn nan pitit gason l yo: “Pote yon lòt veso pou mwen+.” Men, pitit li a di l: “Pa gen veso ankò.” Lè sa a, luil la sispann koule+.  Apre sa, l al kot sèvitè vrè Dye a ki di l: “Al vann luil la, epi peye dèt ou. Apre sa, ou menm ak pitit gason w yo ap viv ak sa k rete a.”  Yon jou, Elize al Chounèm+. Nan vil sa a, te gen yon dam anpil moun te konnen, ki te mande l pou l manje lakay li+. Chak fwa li pase nan vil la, li ret lakay dam nan pou l manje.  Yon jou, dam nan di mari l: “Mwen konnen mesye ki toujou vin nan zòn nan se yon sèvitè Bondye ki espesyal. 10  Tanpri, ann fè yon ti chanm pou li sou tèt kay la+ epi ann met yon kabann, yon tab, yon chèz ak yon pòtlanp ladan l. Konsa, chak fwa l vin lakay nou, l ap ka ret nan chanm nan+.” 11  Yon jou, li vin nan zòn nan e li monte nan chanm ki sou tèt kay la pou l fè yon ti kouche. 12  Epi, li di Geyazi+, sèvitè l la: “Rele dam Chounèm+ nan pou mwen.” Geyazi rele dam nan, epi dam nan vin kanpe devan l lan. 13  Elize di Geyazi: “Tanpri, men sa pou w di dam nan pou mwen: ‘Gade tout traka w bay tèt ou pou nou+. Ki sa m ka fè pou ou+? Èske w vle m pale ak wa a+ oubyen ak chèf lame a pou ou?’” Men, dam nan di: “Non, m ap viv nan mitan pèp mwen e mwen pa gen okenn pwoblèm.” 14  Epi Elize di: “Nan ka sa a, ki sa nou ka fè pou li?” Geyazi di: “Bon, li pa gen pitit+, e mari l granmoun.” 15  Menm moman an Elize di: “Rele l.” Vrèmanvre, li rele fi a e fi a vin kanpe devan pòt la. 16  Li di l: “Nan ane k ap vini an, nan apeprè menm dat sa a, w ap kenbe yon pitit gason nan bra w+.” Men, fi a di l: “Non mèt mwen, sèvitè vrè Dye a, pa bay sèvant ou an manti.” 17  Annapre, fi a vin ansent e li fè yon pitit gason nan menm dat la nan ane apre a, jan Elize te di l la. 18  Pitit la vin gran, epi yon jou li soti al kot papa l ki te ansanm avèk moun k ap rekòlte yo. 19  Li t ap plede di papa l: “Tèt mwen ap fè m mal!” Papa a di sèvitè l la: “Mennen l bay manman l.” 20  Vrèmanvre, sèvitè a mennen l tounen bay manman l. Epi, li ret chita sou janm manman l jiska midi. Apre sa, li mouri+. 21  Lè manman an wè sa, li monte nan chanm sèvitè vrè Dye a+, li mete l kouche sou kabann nan, li fèmen pòt chanm nan epi l ale. 22  Li rele mari l, li di l: “Tanpri, voye youn nan sèvitè yo ak youn nan bourik yo pou mwen. M ap kouri al kot sèvitè vrè Dye a, m ap tounen talè konsa.” 23  Men, mari a di l: “Poukisa w pral kote l jodi a? Jodi a pa yon nouvèl lin+ ni se pa yon jou saba.” Men, madanm li di l: “Pa enkyete w, tout bagay anfòm.” 24  Madanm nan sele bourik la e li di sèvitè l la: “Fè bourik la mache. Ou pa bezwen ralanti pou mwen sof si m di w fè sa.” 25  Epi, li ale Mòn Kamèl, kote sèvitè vrè Dye a. Kou sèvitè vrè Dye a wè l k ap vini delwen, li di Geyazi sèvitè l la: “Gade! Men dam Chounèm nan lòtbò a. 26  Kouri al rankontre l. Men sa pou w mande l: ‘Èske w byen? Èske mari w byen? Èske pitit la byen?’” Lè Geyazi mande l sa, li di l: “Tout bagay anfòm.” 27  Men, kou fi a rive kot sèvitè vrè Dye a nan mòn nan, li lage kò l atè e li kenbe pye sèvitè vrè Dye a+. Geyazi avanse bò kote l pou l pouse l, men, sèvitè vrè Dye a di l: “Kite l, paske li nan gwo lapenn*, Jewova kache m sa, li pa di m anyen.” 28  Apre sa, fi a di l: “Mèt mwen, èske m te mande w yon pitit gason? Èske m pa t di w pinga w ban m fo espwa+?” 29  Menm kote a, Elize di Geyazi: “Mare rad ou nan ren w+, pran baton m nan epi al kay dam nan. Nenpòt moun ou rankontre, pa salye l. Nenpòt moun ki salye w, pa reponn li. Ale epi mete baton m nan sou figi tigason an.” 30  Lè sa a, manman tigason an di: “Menm jan li klè Jewova vivan e menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman mwen pap deplase san ou+.” Kidonk, Elize ale ansanm avè l. 31  Geyazi pran devan yo. Lè l rive, li met baton an sou figi tigason an, men li pa tande anyen, tigason an pa souke kò l+. Li retounen al jwenn Elize e li di l: “Tigason an pa leve.” 32  Lè Elize antre nan kay la, kadav tigason an te sou kabann li an+. 33  Li antre, li fèmen pòt la e li kòmanse priye Jewova+. 34  Apre sa, li monte sou kabann nan, li lonje kò l sou pitit la, li mete bouch li sou bouch pitit la, li mete je l sou je l, li mete men l sou men l e li rete la sou tigason an. Epi, kò tigason an kòmanse vin cho+. 35  Apre sa, li fè ale vini nan kay la, li monte sou kabann nan e li lonje kò l sou kò tigason an ankò. Lè sa a, tigason an estènen sèt fwa epi li ouvè je l+. 36  Epi, Elize rele Geyazi, li di l: “Rele dam Chounèm nan pou mwen.” Vrèmanvre, li rele fi a e fi a vin jwenn li. Elize di l: “Pran pitit gason w lan+.” 37  Lè sa a, fi a antre, li lage kò l atè a nan pye l e li bese byen ba devan l jis atè. Apre sa, li pran pitit gason l lan, li soti. 38  Lè Elize retounen Gilgal, te gen yon grangou nan zòn nan+. Pandan pwofèt yo+ chita devan l, li di sèvitè l la+: “Met gwo bonm nan sou dife epi fè yon bouyon pou pwofèt yo.” 39  Epi, gen youn nan yo ki al nan savann nan pou l ranmase fèy. Li tonbe sou yon lyann e li plen rad li ak fwi won li te keyi sou lyann nan. Apre sa, li retounen, li koupe yo fè ti moso, li mete yo nan bonm nan, san l pa t konnen sa yo te ye. 40  Annapre, yo bay mesye yo li pou yo manje. Men, kou mesye yo goute bouyon an, yo di byen fò: “Sèvitè vrè Dye a, gen pwazon nan chodyè a.” Yo pa t ka manje l. 41  Lè sa a, li di: “Pote enpe farin pou mwen.” Apre li fin lage l nan bonm nan, li di: “Bay moun yo li pou yo manje.” Apre sa, pa t gen anyen ki te ka ba yo pwoblèm nan bonm nan ankò+. 42  Gen yon mesye ki te soti Baalchalicha+ ki te pote 20 pen lòj* pou sèvitè vrè Dye a+. Pen sa yo te fèt ak lòj ki te soti nan premye rekòt lòj ki te fèt la. Mete sou sa, li te pote yon sak ki te gen lòt manje angren ki te tou fre+. Epi, Elize di: “Bay moun yo li pou yo manje.” 43  Men, sèvitè l la di: “Mwen pa ka met ti kantite manje sa a devan 100 gason+.” Elize di: “Bay moun yo li pou yo manje, paske men sa Jewova di: ‘Y ap manje e gen rès k ap rete+.’” 44  Apre sa, li mete l devan yo, yo manje l e gen rès ki te rete+, jan Jewova te di sa a.

Nòt anba paj

Lit.: “pitit pwofèt yo”. Sanble se te yon lekòl pou fòme pwofèt oubyen se te yon gwoup pwofèt.
Oswa: “paske nanm li anmè”.
Oswa: “nanm ou”.
Se yon kalite manje angren.