Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ta dwe mande padon?

Poukisa m ta dwe mande padon?

 Ki jan w t ap reyaji nan sitiyasyon sa yo?

  1.   Pwofesè w ap repwoche w, li di w ap bay pwoblèm nan klas la.

     Èske w pa ta dwe mande pwofesè a eskiz, menmsi w panse li egzajere nan sa l di a?

  2.   Yon zanmi w aprann ou te pale l mal.

     Èske w pa ta dwe mande zanmi w lan eskiz, menmsi w panse sa w te di a se laverite?

  3.   Ou fache ak papa w e ou pale avè l yon fason ki manke respè.

     Èske w pa ta dwe mande papa w eskiz, menmsi w panse se li ki te fè w fache?

 Repons toule twa kesyon sa yo se wi. Men, ou ka mande tèt ou sa k fè ou ta dwe mande padon, alòske w te gen bonjan rezon ki fè w te reyaji konsa?

 Poukisa w ta dwe mande padon?

  •   Lè w mande padon, sa montre w gen matirite. Lè w pran responsablite pou sa w di ak sa w fè, w ap vin gen kalite k ap itil ou pi devan.

     “Lè yon moun gen imilite ak pasyans, sa ede l mande padon pi fasil e sa ede l koute sa lòt moun ap di l.” — Rachel.

  •   Lè w mande padon, sa pèmèt ou rete anpè ak lòt moun. Moun ki pa gen pwoblèm pou yo mande padon montre sa k pi enpòtan pou yo se chèche gen lapè, se pa chèche gen rezon oswa montre lòt moun antò.

     “Menm lè w panse ou gen rezon, fè lapè pi enpòtan. Sa pa koute anyen pou w di: ‘Padon’. Men, sa kapab fè de moun rete zanmi.” — Miriam.

  •   Lè w mande padon, sa fè w santi w pi byen. Lè w regrèt ou te blese yon moun akoz yon pawòl ou te di oswa yon bagay ou te fè l, men ou poko mande l padon, se yon gwo pwa lou sa ye pou ou. Men, lè w mande padon, ou retire chay lou sa a sou do w. a

     “Pafwa, lè m te pale di ak manman m oswa ak papa m, m te santi m mal. Malgre sa, m te wè l difisil pou m mande yo eskiz. Lè m te mande eskiz, m te toujou santi m pi byen, paske sa te pèmèt vin gen lapè ankò nan fanmi an.” — Nia.

    Lè w regrèt yon pawòl ou te di oswa yon bagay ou te fè, men ou poko mande padon, se yon gwo pwa lou sa ye pou ou. Men, lè w mande padon, ou retire chay sa a sou do w.

 Èske sa mande efò pou n mande padon? Wi! Men sa Dena, yon jèn dam ki te oblije mande manman l padon plizyè fwa paske l te konn pale rèd ak li, admèt: “Sa pa fasil pou m mande padon. M santi mo yo pa ka soti nan bouch mwen!”

 Fason w ka mande padon

  •   Si sa posib, mande padon fasafas. Lè w fasafas ak moun nan, sa pèmèt li wè si w regrèt vre. Si se yon mesaj tèks ou voye ba li, li ka pa kwè w. Menmsi w ajoute yon smayli ki montre w tris, ou ka pa parèt sensè e mesaj la ka pa touche moun nan.

     Konsèy: Si w pa ka mande eskiz fasafas, pito w rele moun nan nan telefòn oswa ou ekri l yon ti kat. Kèlkeswa jan w deside fè sa, byen chwazi mo w ap di yo.

     Prensip Bib la bay: “Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn.” — Pwovèb 15:28.

  •   Pa pran tan pou w mande padon. Plis ou pran tan pou w rezoud pwoblèm nan, se plis l ap parèt pi grav, e se plis w ap santi w malalèz avèk moun ou te blese a.

     Konsèy: Fikse yon lè pou w rezoud pwoblèm nan. Pa egzanp, ou ka di: ‘M ap mande padon jodi a.’ Deside ki lè k ap pi bon pou w fè sa, epi fè l.

     Prensip Bib la bay: “Regle bagay yo byen vit.” — Matye 5:25.

  •   Mande padon ak tout kè w. Lè w di moun nan: ‘M regrèt se konsa ou santi w’, se pa padon w mande. Men sa yon jèn fi ki rele Janelle di: “An jeneral, moun ki viktim nan ap respekte w si l wè w rekonèt sa w te fè a.”

     Konsèy: Mande padon san kondisyon. Pa di: “M ap mande w padon si w mande m padon anvan.”

     Prensip Bib la bay: “Annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè.” — Women 14:19.

a Si w ta pèdi oswa ou ta kraze bagay yon moun, li t ap saj pou w remèt li oswa repare l pou w montre ou regrèt toutbonvre.