Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si lòt moun pa aksepte m?

E si lòt moun pa aksepte m?

 “Depi ou pa fè lòt moun aksepte w, ou pap gen zanmi, ou pap ka fè anyen e ou pap vin anyen nan lavi a. Tout moun ap bliye w e w ap vin poukont ou.” — Carl.

 Èske pawòl sa yo egzajere? Petèt. Men, gen moun ki ka rive fè tout sa yo kapab pou yo pa tonbe nan sitiyasyon Carl pale de li a. E ou menm? Atik sa a pral ede w wè yon pi bon fason pou w fè zanmi.

 Poukisa jèn yo chèche fè lòt moun aksepte yo?

  •   Paske yo pa vle pou jèn parèy yo mete yo apa. “M te wè sou rezo sosyal yo yon seri foto yon gwoup zanmi te fè nan yon aktivite yo pa t envite m. Sa te fè m reflechi anpil sou ki sa k pa bon lakay mwen ki fè m pa bon ase pou yo, e sa te vin fè tèt mwen cho.” — Natalie.

     FÈ YON TI REFLECHI: Èske sa pa janm rive w pou yon gwoup zanmi mete w apa? Si se wi, ki sa w te fè pou gwoup zanmi sa a aksepte w?

  •   Paske yo pa vle parèt diferan. “Paran m yo pa vle ban m yon telefòn selilè. Men, lè timoun yo mande m si m gen yon nimewo e m di yo m pa genyen, yo di: ‘Sa l ye! Ki laj ou menm?’ Lè m di yo se 13 an m genyen, yo gade m yon jan dwòl.” — Mari.

     FÈ YON TI REFLECHI: Ki règ paran w yo mete ki kapab fè w parèt diferan nan je lòt moun? Ki sa w fè ak règ sa a yo ba ou a?

  •   Paske yo pa vle pran brimad. “Timoun yo nan lekòl la pa renmen moun ki aji oubyen ki pale yon fason diferan, oswa ki gen yon lòt relijyon. Si w pa fè menm jan avèk yo, y ap ba w brimad.” — Olivia.

     FÈ YON TI REFLECHI: Èske sa pa janm rive w yo ba w brimad paske ou pa menm jan ak tout moun? Ki sa w fè nan sitiyasyon an?

  •   Paske yo pa vle pèdi zanmi yo genyen. “M te chèche adapte m ak kèlkeswa gwoup m te ladan l lan. M te konn pale menm jan ak lòt moun. M te menm konn ri lè yon moun di yon bagay ki raz. Lè timoun yo t ap fawouche yon moun, m te menm konn antre ladan l ak tout m te byen konnen sa t ap fè moun nan mal.” — Rachel.

     FÈ YON TI REFLECHI: Nan ki pwen sa enpòtan pou ou pou kamarad ou aksepte w? Èske sa pa janm rive w chanje fason w pale oswa fason w aji pou w fè zanmi aksepte w?

 Sa nou dwe konnen

  •   Imite lòt moun kapab ba w plis pwoblèm annapre. Pou ki rezon? Paske, souvan moun yo wè se pòz w ap pran. Brian, ki gen 20 an, di: “Kamarad lekòl mwen yo te mwens aksepte m lè m t ap pran pòz m ap aji menm jan ak yon lòt moun. M vin aprann li pi bon lontan lè w montre w jan w ye a, paske moun yo konnen lè se pòz w ap pran.”

     MEN YON PI BON APWÒCH: Reflechi yon lòt fwa ankò sou sa ki pi enpòtan pou ou. Men sa Bib la di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Filipyen 1:10). Donk, mande tèt ou: ‘Ki sa ki pi enpòtan pou mwen? Pou yo ka aksepte m, fè sa moun ki pa gen menm prensip avè m renmen fè, oubyen ret moun mwen ye a?’

     “Sa pap itil anyen si w vin tankou lòt moun. Sa pap fè moun yo renmen w plis ni sa pap fè w vin yon pi bon moun.” — James.

  •   Lè w chèche fè moun aksepte w, sa ap anpeche w montre kiyès ou ye vre. Sa kapab fè w vin yon moun k ap viv pou moun. Men sa yon jèn gason ki rele Jeremy di: “M te konn fè nenpòt sa m dwe fè pou moun aksepte m, menmsi sa te fè m gen yon move repitasyon. M te vin tankou yon poupe nan men yo.”

     MEN YON PI BON APWÒCH: Olye pou w fonksyone tankou yon aganman ki chanje koulè selon kote l ye a, ou dwe konn ki sa ou bay valè e ou dwe aji selon valè sa yo. Se poutèt sa Bib la di: “Pa konprann pou nou fè [...] sa tout moun ap fè.” — Egzòd 23:2, Bib la.

     “M te eseye renmen tout sa yo te renmen, sa vle di mizik yo, rad yo, jwèt yo, emisyon yo, makiyaj yo... M te vle pou m tankou yo. M panse yo te wè se pòz m t ap pran. M panse tout moun te wè sa, e m te konn sa. M te fini pa vin tris e m te santi m poukont mwen, san m pa konn kiyès mwen ye vre. M pa t konn kiyès mwen ye ankò. M te vin aprann se pa tout moun ou rankontre k ap aksepte w ni se pa tout moun k ap renmen w. Men, sa pa vle di ou oblije sispann fè zanmi, sèlman ou dwe bay tèt ou posiblite ak tan pou w aprann kiyès ou ye vre.” — Melinda.

  •   Lè w chèche fè moun aksepte w, sa kapab fè w chanje konduit ou. Gen yon jèn gason ki rele Chris ki wè se yon verite, sitou lè l gade sa k te rive yon kouzen l. Men sa Chris di: “Pou moun aksepte kouzen m nan, li te kòmanse fè kèk bagay li pa t ap fè nòmalman, pa egzanp li te pran dwòg. Li prèske detwi lavi l paske li te vin esklav dwòg.”

     MEN YON PI BON APWÒCH: Evite moun ki montre yo pa gen bon prensip nan fason yo konpòte yo ak nan fason yo pale. Bib la di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” — Pwovèb 13:20.

     “Pafwa, li bon pou n apwoche nou de lòt moun e pou n fè efò pou yo aksepte n. Men, nou pa dwe fè yon bagay ki mal pou fè moun aksepte n alòske nou konnen li pa bon pou n fè l. Moun ki vle vin zanmi n nan ap aksepte n jan n ye toutbon an.” — Melanie.

     Men yon konsèy: Lè w ap chèche rankontre moun pou w fè nouvo zanmi, pa gade moun ki gen menm enterè avè w sèlman. Chèche moun ki suiv menm prensip avè w nan domèn moral ak nan domèn espirityèl e ki konn boule byen ak moun.

    Menm jan gen kèk rad ki pap fè w parèt byen, se konsa tou gen kèk moun ki pap ede w ret atache ak sa ki byen.