Al gade sa k anndan l

Poukisa paran m pa kite m pran detant?

Poukisa paran m pa kite m pran detant?

Imajine sitiyasyon ki vin annapre a:

Ou vle al nan yon fèt, men ou pa sèten paran w ap dakò. Ki sa w ap deside fè?

  1.  PA MANDE ANYEN, ANNIK ALE.

  2.  PA MANDE ANYEN, ANNIK PA ALE.

  3.  MANDE EPI TANN.

1. PA MANDE ANYEN, ANNIK ALE

  Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou vle fè zanmi w yo wè ou endepandan. Ou panse ou konn plis bagay pase paran w, oswa ou pa bay sa yo panse twòp enpòtans. — Pwovèb 14:18.

 Rezilta sa ap bay: Sa ka enpresyone zanmi w yo, men y ap tou konnen ou konn twonpe moun. Si w ka twonpe paran w, w ap alèz pou w twonpe zanmi w tou. Si paran w vin konnen sa w fè a, sa ap fè yo mal, y ap santi se kòmsi ou te trayi yo e siman yo ka pa ba w pèmisyon pou w soti ak zanmi w ankò. — Pwovèb 12:15.

2. PA MANDE ANYEN, ANNIK PA ALE

  Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou reflechi sou envitasyon an e w rann ou kont se pa yon bagay ki mache ak prensip ou genyen yo e gen kèk nan moun k ap la yo ki pa bon moun pou w pase tan avè yo (1 Korentyen 15:33; Filipyen 4:8). Men, petèt tou, ou chwazi pa ale paske w pa gen kran pou w mande paran w pèmisyon.

 Rezilta sa ap bay: Si w pa soti ak zanmi w yo paske w konnen se pa yon bon chwa, lè sa a w ap gen plis konviksyon lè w ap reponn yo. Men, si ou pa ale jis paske w pa gen kran pou w mande paran w pèmisyon, ou ka ret nan kay la byen raz paske w santi se sèl ou menm ki pap detann ou.

3. MANDE EPI TANN

  Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou konnen se paran w ki gen otorite e w respekte sa yo panse (Kolosyen 3:20). Ou renmen yo e ou pa vle fè yo lapenn lè w twonpe yo epi w soti san yo pa konnen (Pwovèb 10:1). Epitou, ou gen posiblite pou w esplike yo sitiyasyon an.

 Rezilta sa ap bay: Paran w ap santi ou renmen yo e w respekte yo. E si yo twouve sa w mande a rezonab, petèt yo ka di wi.

Rezon ki fè paran yo ka di non

Menm jan ak yon moun k ap veye sou ou nan yon plaj, paran w nan pi bon pozisyon pou yo wè danje yo.

 Pou nou esplike youn nan rezon yo, ann pran yon egzanp: Si w gen pou w al benyen nan yon plaj, petèt ou t ap pito al nan yon plaj kote gen yon moun ki konn naje byen e k ap voye je sou ou. Poukisa? Paske, pandan w ap benyen an, li ka difisil pou w rann ou kont tout danje ki ta ka genyen. Men, moun k ap veye sou ou a ap pi byen wè danje yo. Menm jan an tou, kòm paran w konn plis bagay pase w e yo gen eksperyans, yo ka wè danje ou pa wè. Menm jan ak moun k ap veye sou ou sou plaj la, objektif paran w se pa anpeche w pran detant, men se ede w evite danje ki ta ka gate ti moman detant w ap pran nan lavi a.

 Men yon lòt rezon ki fè yo ka di non: Paran w vrèman anvi pwoteje w. Lanmou yo gen pou ou fè yo di w wi lè sa posib e non lè sa pa posib. Lè w mande yo pèmisyon pou w fè yon bagay, yo mande tèt yo si yo kite w fè sa w mande a, èske y ap ka sipòte rezilta yo ka jwenn yo. Y ap dakò e y ap di w wi sèlman si yo gen konviksyon si w ale sa pap ba w pwoblèm.

Sa w ka fè pou w gen plis chans pou yo di w wi

Sa w ka fè

 Onèt: Ou bezwen mande tèt ou: ‘Pou ki rezon vre ki fè m vle ale? Èske se aktivite m pral fè a ki enterese m vre oswa èske se paske m vle fè menm bagay ak tout moun? Èske se paske gen yon moun ki atire m k ap la?’ Epi di paran w pou ki rezon ou vle ale. Yo menm yo te jèn tou, e yo konnen w byen. Menmsi w pa di yo, y ap konprann poukisa w vle ale a kanmenm. Donk, si w di yo sa, y ap vrèman apresye lefètke w onèt avè yo e w ap aprann anpil nan eksperyans yo (Pwovèb 7:1, 2). Bon, si w pa di yo vrè rezon an, w ap redui chans pou yo ta di w wi.

 Bon moman: Pa kouri al kot paran w kou yo sot travay oubyen lè yo konsantre sou lòt bagay pou w mande yo pèmisyon. Al kote yo lè yo pi rilaks. Men, pa tann dènye moman pou w al kote yo epi pou w atann yo ba w yon repons tousuit. Yo pap vle pran yon desizyon sou kout tèt. Donk, pa pran tan pou w mande pèmisyon epi ba yo tan pou yo reflechi.

 Sa w ap di: Ba yo tout detay. Esplike yo egzakteman sa w vle. Paran yo pa alèz lè w di yo “m pa konnen” sitou si yo te mande w: “Kiyès k ap la?” “Èske ap gen granmoun la?” oswa “A ki lè y ap fini?”

 Fason w wè yo: Pa wè paran w kòm ènmi w. Se pou w konsidere se nan kan w yo ye paske an reyalite se sa l ye vre. Si se konsa w wè yo, petèt lè w ap pale avè yo, ou pap tankou moun k ap lite avè yo e w ap pi fasil kowopere.

 Montre paran w ou gen ase matirite pou w aksepte desizyon yo pran e ou respekte desizyon sa a. Si w fè sa, y ap gen respè pou ou. E pwochen fwa a, yo ka pi dispoze chèche okazyon pou yo di w wi.