Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m dwe rejte pònografi?

Poukisa m dwe rejte pònografi?

 Èske w ka rive rejte l?

 Si w ap sèvi ak Entènèt, ou mèt atann towouta w ap tonbe sou yon fòm pònografi kanmenm. Men sa Hayley, ki gen 17 an, fè konnen: “Kounye a, ou pa menm bezwen al chèche l. Se li ki vin jwenn ou.

 Pònografi ka yon tantasyon menm pou moun ki detèmine pou evite l yo. Men sa Greg, ki gen 18 an, fè konnen: “M te di tèt mwen m ap toujou fè atansyon, men, m pa t rive fè sa. Ou pa ka di sa pap janm rive w.”

 Jodi a, pònografi vin pi fasil pou moun jwenn pase nenpòt lòt epòk. Epi, ak zafè sèksting ki vin gaye a, gen anpil jèn ki lage kò yo nan fè pwòp pònografi pa yo epi distribye yo.

 Sa w dwe sonje: W ap fè fas ak pi gwo defi pase defi paran w ak granparan w te konn jwenn lè yo te nan laj ou. Kidonk, kesyon an se: èske w ka rive rejte pònografi? — Sòm 97:10.

 Repons lan se wi, si w deside fè sa vre. Men, anvan sa, ou bezwen gen konviksyon pònografi se yon bagay ki mal. Anpalan de pònografi, ann wè sa kèk moun di sou sa ak sa ki verite.

 Sa moun di ak sa ki verite

 Sa moun di: Pònografi pa ka fè w anyen.

 Sa ki verite: Efè tabak gen sou poumon w lan se menm efè sa a pònografi gen sou lespri w, sa vle di, li anpwazonnen w. Li minimize yon bagay Bondye te kreye nan entansyon pou l ini de moun grasa yon lyen ki pisan e k ap dire (Jenèz 2:24). Rive yon lè, li ka menm vin fè w ensansib opwen pou w pa bay sa ki byen ak sa ki mal regle anyen pou ou. Pa egzanp, selon kèk espesyalis, mesye ki gade pònografi regilyèman yo gen plis posiblite pou yo vin ensansib devan vyolans moun ap fè sou fi.

  Bib la di gen kèk moun, “kesyon moralite a, yo pa gen sa menm ankò”. (Efezyen 4:19.) Konsyans yo vin ensansib jiskaske yo pa gen okenn pwoblèm pou yo fè sa ki mal.

 Sa moun di: Pònografi ka aprann ou kèk bagay sou sèks.

 Sa ki verite: Pònografi aprann ou vin ava. Li minimize valè moun e l fè yo parèt kòm yon senp bagay ki la sèlman pou plezi w. Nou pa sezi dèske selon yon etid yo fè, yo rann yo kont gen mwens posiblite pou moun ki gen abitid gade pònografi yo satisfè nan domèn seksyèl apre yo fin marye.

  Bib la mande kretyen yo pou yo evite “imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi [...] fè sa ki mal, [...] ak tanta”, yon seri bagay pònografi ankouraje. — Kolosyen 3:5.

 Sa moun di: Moun ki rejte pònografi yo jis konsidere tout bagay ki gen rapò ak sèks kòm bagay ki chokan.

 Sa ki verite: Moun ki rejte pònografi yo gen yon pwennvi ki wo nivo konsènan sèks. Yo konsidere l kòm yon kado Bondye bay pou anbeli lyen ki genyen ant yon gason ak yon fi ki marye e ki gen obligasyon youn anvè lòt. Sa klè, moun ki gen pwennvi sa a ap jwenn plis satisfaksyon nan domèn seksyèl apre yo fin marye.

  Bib la pale byen klè konsènan sèks. Pa egzanp, pou mari yo, li di: “Pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan. [...] Se pou lanmou w gen pou li toujou fè kè w kontan.” — Pwovèb 5:18, 19.

 Fason pou w rejte pònografi

 Ki sa w ka fè fè si w santi anvi pou w gade pònografi a twò fò pou w reziste kont li? Fich aktivite “Fason pou m rejte pònografi” a kapab ede w.

 Ou mèt gen asirans ou kapab rejte tantasyon pou w gade pònografi a. Ou ka menm aprann sispann fè sa si w te deja kòmanse. W ap jwenn byenfè si w fè sa.

 Ann pran egzanp Calvin: Li fè konnen l te gen abitid gade pònografi lè l te gen anviwon 13 an. Men sa Calvin di: “M te konnen li pa t bon pou m gade pònografi, men, m pa t ka goumen kont anvi pou m gade l la. Epi, apre m te fin gade l, m te santi m pa bon menm. Rive yon lè, papa m te vin konn sa, e pou m onèt, se pa ti soulaje m te santi m soulaje! Finalman, m te ka resevwa èd m te bezwen an.”

 Calvin te aprann rejte pònografi. Men sa l di: “Mwen te fè yon gwo erè lè m te kòmanse gade pònografi a e pou jis kounye a m kontinye ap peye sa paske vye imaj yo kontinye ap monte nan tèt mwen. Pafwa, m konn anvi reflechi ak sa m ka wè si m al gade imaj mwen pa dwe gade. Men, annapre, m konn reflechi ak jan m kontan, jan m gen yon konsyans pwòp ak jan m gen yon bèl avni k ap tann mwen lefètke m ap aji jan Jewova vle a.”