Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 40

Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?

Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?

Imajine yon manman ki renmen pitit li k ap prepare pitit li pou l voye l lekòl. Li asire l pitit li a benyen, rad li pwòp e yo byen ranje. Konsa, pitit li a ap an sante e sa ap fè lòt moun wè paran l byen pran swen l. Menm jan an tou, Jewova, Papa nou ki renmen nou, vle pou nou pwòp ni nan domèn fizik, ni nan domèn moral. Lè nou pwòp, sa bon pou nou e sa onore Jewova.

1. Ki jan nou kapab pwòp nan domèn fizik?

Jewova di nou: “Nou dwe sen.” (1 Pyè 1:16). Nou sen lè nou pwòp nan domèn fizik ak nan domèn moral. Nou kapab pwòp nan domèn fizik lè nou benyen regilyèman e nou veye pou rad nou, kay nou ak machin nou, moto nou oswa bekàn nou pwòp e byen ranje. Nou kapab patisipe nan netwayaj k ap fèt nan Sal Wayòm nan tou. Lè nou fè efò pou nou pwòp nan domèn fizik, sa onore Jewova. — 2 Korentyen 6:3, 4.

2. Si nou vle pwòp ki abitid nou dwe evite?

Bib la ankouraje nou pou nou “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. (2 Korentyen 7:1.) Se sa k fè nou fè efò pou nou evite tout bagay ki kapab fè dega nan kò nou oswa nan lespri nou. Panse nou dwe fè Jewova plezi. Se sa k fè nou fè tout sa nou kapab pou nou rejte move panse (Sòm 104:34). Mete sou sa, nou veye pou pawòl n ap di toujou pwòp. — Li Kolosyen 3:8.

Ki lòt bagay ki ka ede nou rete pwòp nan domèn fizik oswa nan domèn moral? Gen yon seri bagay ki kapab sal kò nou. Se sa k fè nou pa fimen, nou pa pran tabak nan dan, nou pa pran tabak nan nen, nou pa pran dwòg e nou pa fè lòt bagay ki sanble ak sa yo. Konsa, nou pi an sante e nou montre nou respekte lavi, ki se yon kado. Nou fè efò pou nou pwòp nan domèn moral tou, lè nou lite pou nou pa tonbe nan yon seri pratik tankou mastibasyon ak pònografi (Sòm 119:37; Efezyen 5:5). Li ka difisil pou yon moun sispann pratike bagay sa yo, men Jewova ka ede nou. — Li Ezayi 41:13.

FOUYE PLIS

Gade ki jan lè nou pwòp nan domèn fizik, sa onore Jewova, e gade ki jan nou ka kite abitid ki pa pwòp yo.

3. Lè nou pwòp sa onore Jewova

Nou kapab wè kòman Jewova konsidere kesyon sa a lè nou egzamine kòmandman li te bay nasyon Izrayèl la. Li Egzòd 19:10 ak Egzòd 30:17-19, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa vèsè sa yo ede nou wè konsènan fason Jewova konsidere pwòpte nan domèn fizik?

  • Ki sa nou dwe toujou fè pou nou rete pwòp nan domèn fizik?

Pou nou toujou pwòp nan domèn fizik, sa mande tan ak efò. Men, nou kapab pwòp kèlkeswa kote nou rete oubyen kèlkeswa kantite kòb nou genyen. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a:

  • Lè nou kenbe bagay nou itilize pou n preche yo pwòp epi byen ranje, ki bon efè sa genyen sou moun n ap preche yo?

4. Fason pou w kite move abitid ou genyen

Jewova kapab ede w kite nenpòt move abitid.

Si w konn fimen oswa w konn pran dwòg, petèt ou konnen jan l difisil pou w kite abitid sa yo. Ki sa k ka ede w? Gade ki efè move abitid la gen sou ou. Li Matye 22:37-39, epi fè yon ti pale sou fason tabak oswa dwòg ka gen efè sou:

  • Amitye yon moun ak Jewova.

  • Fanmi yon moun ak moun bò kote l.

Fè yon lis tout sa w ka fè pou w kite yon move abitid ou genyen a. Gade VIDEYO a.

Li Filipyen 4:13, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè yon moun gen bon abitid pou l priye, pou l etidye Bib la e pou l asiste reyinyon, ki jan sa ka ba l fòs pou l kite yon move abitid?

5. Lite pou w pa gen move panse e pou w pa gen abitid ki pa pwòp

Li Kolosyen 3:5, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan nou fè konnen pònografi, sèksting ak mastibasyon se bagay ki pa pwòp nan je Jewova?

  • Èske w panse li rezonab pou Jewova atann pou nou pwòp nan domèn moral? Poukisa?

Gade ki jan w ka lite pou w pa gen panse ki pa pwòp. Gade VIDEYO a.

Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre nou dwe aji yon fason ki fèm pou nou rete pwòp nan domèn moral. Li Matye 5:29, 30, epi reponn kesyon ki vin apre a:

  • Byenke Jezi pa t vle di nou dwe fè tèt nou mal nan domèn fizik, li te vle fè konprann nou dwe aji yon fason ki fèm. Ki sa yon moun ka fè pou l rejte panse ki pa pwòp b?

Si w ap lite pou w sispann gen panse ki pa pwòp, Jewova apresye efò w yo. Li Sòm 103:13, 14, epi reponn kesyon sa a:

  • Si w ap lite pou w kite yon move abitid, ki jan vèsè sa yo ka ede w kontinye fè efò?

Si w tonbe, sa pa vle di w echwe!

Li ka fasil pou w di w pa reyisi, genlè pito w bay vag. Men, fè yon ti reflechi: si yon moun nan yon kous bite e li tonbe, sa pa vle di li pèdi kous la, ni sa pa vle di li oblije rekòmanse kous la nèt. Menm jan an tou, si w ap lite pou w kite yon move abitid epi w tonbe ladan l ankò, sa pa vle di ou pap ka kite l e sa pa vle di tout pwogrè w te gentan fè yo pa itil anyen. Si w tonbe kèk fwa, sa nòmal. Pa dekouraje! Ou ka rive kite move abitid ou genyen an avèk èd Jewova.

GEN MOUN KI DI: “Mwen pa ka kite move abitid sa a.”

  • Ak ki vèsè ou ka sèvi pou w montre moun sa a li ka kite move abitid li genyen an avèk èd Jewova.

SA W TE APRANN

Lè kò nou ak lespri nou pwòp e lè nou aji yon fason ki pwòp, nou fè Jewova plezi.

Revizyon

  • Poukisa li enpòtan pou nou pwòp?

  • Ki jan w ka pwòp nan domèn fizik?

  • Ki sa w ka fè pou panse w ak aksyon w toujou pwòp?

Objektif

APRANN PLIS

Ki bagay tou senp ou ka fè pou w rete pwòp nan domèn fizik menm lè ou pa gen anpil kòb?

Sante ak pwòpte — Fason pou n lave men nou (3:01)

Gade kèk bagay ou kapab fè pou w sispann fimen.

“Fason pou w kite fimen” (Reveye n! me 2010)

W ap wè ki jan yon mesye te sispann gade pònografi.

“Mwen te echwe plizyè fwa anvan m reyisi” (Toudegad no 4 2016)

a Gen yon atik nan seksyon Aprann plis nan leson sa a ki gen tit: “Fason pou w kite fimen”. Li esplike kèk bon bagay yon moun ka fè pou l kite yon move abitid.

b Pou w jwenn èd pou w sispann pratike mastibasyon, gade “Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?” nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1, chapit 25.