Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 39

Fason Bondye konsidere san

Fason Bondye konsidere san

San enpòtan anpil. Pèsonn pa t ap ka viv si yo pa t gen san. Se Bondye ki kreye nou e se li sèl ki gen dwa pou l di fason pou nou sèvi ak san. Ki sa l di sou san? Èske nou ka manje l? Èske nou ka aksepte pou yo ban nou l? E ki jan nou ka pran bon desizyon nan domèn sa a?

1. Ki jan Jewova konsidere san?

Men sa Jewova te di adoratè l yo nan epòk yo t ap ekri Bib la: “Lavi tout kalite kreyati vivan se san l.” (Levitik 17:14). Pou Jewova, san se lavi. Kòm lavi se yon kado Bondye bay ki sakre, san se yon bagay ki sakre tou.

2. Ki sa Bondye pa vle nou fè ak san?

Anvan Jezi te vin sou tè a, Jewova te bay adoratè l yo lòd pou yo pa manje san. (Li Jenèz 9:4 ak Levitik 17:10.) Li te bay lòd sa a ankò lè kolèj santral la te bay kretyen yo lòd pou yo “kontinye evite . . . san”. — Li Travay 15:28, 29.

Ki sa evite san vle di? Si yon doktè ta di w pou w evite alkòl, ou pa t ap bwè l. Men, èske w t ap manje manje ki gen alkòl ladan yo oubyen èske w t ap pran l nan venn ou? Se sèten w pa t ap fè sa. Menm jan an tou, lòd Bondye bay pou nou evite san an vle di nou pa dwe ni bwè san, ni manje vyann yo pa t senyen. Nitou nou pa dwe manje okenn manje yo te mete san ladan l.

Ki jan lamedsin sèvi ak san e ki sa Jewova panse sou sa? Gen kèk nan fason lamedsin sèvi ak san ki vyole lwa Bondye yo aklè. Sa gen ladan l fè moun pran san oswa nenpòt pati prensipal san an, sa vle di globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Gen lòt fason lamedsin sèvi ak san kote nou pa ka di aklè si yo vyole lwa Bondye bay anrapò ak san an. Pa egzanp, yo konn sèvi ak kèk pati toupiti yo rele fraksyon yo pran nan youn nan pati prensipal ki gen nan san an. Gen lòt ka kote se ak pwòp san pasyan an yo sèvi. Se nou chak ki pou pran desizyon pa nou nan domèn sa yo a. — Galat 6:5.

FOUYE PLIS

Fason pou w deside ki tretman medikal w ap aksepte.

3. Pran desizyon k ap fè Jewova plezi anrapò ak tretman medikal

Ki jan w ka chwazi tretman medikal ki pa depaman ak fason Bondye wè kesyon san an? Pase VIDEYO a, epi fè yon ti pale sou enpòtans sa genyen pou w suiv pwen ki vin apre yo.

  • Priye Bondye pou l ba w sajès. — Jak 1:5.

  • Chèche prensip biblik ki ka ede w e gade fason w ka aplike yo. — Pwovèb 13:16.

  • Chèche konnen ki tretman ki disponib kote w ap viv la.

  • Gade pou w wè kiyès nan tretman sa yo ou pa ka aksepte.

  • Asire w desizyon w pran an pap anpeche w gen yon bon konsyans. — Travay 24:16 b.

  • Se pou w sonje, pèsonn pa gen dwa di w ki desizyon pou w pran nan kesyon ki gen rapò ak konsyans, kit se moun ou marye avè l la, kit se yon ansyen, kit se moun k ap etidye Labib avè w la. — Women 14:12.

  • Ekri desizyon w yo yon fason pou lòt moun ka konnen ki sa w vle.

4. Temwen Jewova yo vle jwenn bonjan swen nan domèn medikal

Li posib pou nou obeyi lwa Bondye bay anrapò ak san an toutpandan nou jwenn bon kalite swen nan domèn medikal kote yo pa itilize san. Gade VIDEYO a.

Li Tit 3:2, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa nou dwe toujou pale ak doktè yo avèk respè e avèk dousè?

Sa ki pa akseptab

Se chak kretyen ki pou deside

A. Plasma.

Fraksyon ki soti nan plasma a

B. Globil blan.

Fraksyon ki soti nan globil blan yo

C. Plakèt.

Fraksyon ki soti nan plakèt yo

D. Globil wouj.

Fraksyon ki soti nan globil wouj yo

 5. Tretman medikal ki gen rapò ak fraksyon san

San an gen kat pati prensipal: globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Yo retire pati ki pi piti, sètadi fraksyon san, nan chak pati prensipal sa yo c. Yo sèvi ak kèk nan fraksyon sa yo nan yon seri medikaman. Yo itilize medikaman sa yo pou konbat yon seri maladi oubyen pou kanpe emoraji.

Anrapò ak fraksyon san, se chak kretyen ki dwe pran pwòp desizyon pa l selon konsyans li ki fòme grasa Labib. Gen kretyen ki ka deside pa aksepte yon tretman kote yo sèvi ak fraksyon san. Gen lòt kretyen ki kapab santi konsyans yo pèmèt yo aksepte fraksyon san.

Lè ou menm w ap pran desizyon pa w, reflechi sou kesyon sa a:

  • Ki jan m ka esplike yon doktè rezon ki fè mwen aksepte yon seri fraksyon san oswa mwen pa aksepte yo?

SI YON MOUN TA DI W: “Ki pwoblèm ki genyen si yon moun pran san?”

  • Ki sa w panse sou kesyon sa a?

SA W TE APRANN

Jewova pa vle nou mal sèvi ak san.

Revizyon

  • Poukisa Jewova konsidere san kòm yon bagay ki sakre?

  • Ki jan nou fè konnen lòd Bondye bay pou nou evite san an gen rapò ak pran san?

  • Ki jan w ka pran bon desizyon anrapò ak tretman kote yo sèvi ak san?

Objektif

APRANN PLIS

Sou ki sa w dwe reflechi anvan w deside si w ap aksepte yon tretman medikal kote y ap sèvi ak pwòp san w?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 15 oktòb 2000)

Ki sa w dwe sonje lè w ap deside si pou w aksepte fraksyon san?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 15 jen 2004)

Ki sa k te ede yon doktè pou l kwè fason Jewova konsidere san an bon?

“Mwen te aksepte fason Bondye konsidere san” (Reveye n! 8 desanm 2003)

Aprann fason ansyen ki travay nan Komite lyezon ospitalye yo ede frè ak sè yo.

Jewova ap soutni moun ki malad yo (10:23)

a Gade leson 35 ki gen tit: “Fason pou nou pran bon desizyon”.

b Gade  pwen 5 ki gen tit: “Tretman medikal ki gen rapò ak fraksyon san”, nòt 3 ki gen tit: “Fason lamedsin sèvi ak san”, ak Ministè Wayòm novanm 2006, paj 3-6.

c Gen kèk doktè ki konsidere kat pati prensipal san yo kòmkwa se fraksyon san yo ye. Se sa k fè w bezwen byen esplike ou pa aksepte pou yo ba w ni san, ni globil wouj, ni globil blan, ni plakèt, ni plasma.