Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 28

Montre w apresye sa Jewova ak Jezi fè pou ou

Montre w apresye sa Jewova ak Jezi fè pou ou

Ki jan w santi w lè yon zanmi w ba ou yon bèl kado? Sandout, ou kontan anpil e w ta renmen fè zanmi w lan konnen ou apresye kado a. Jewova ak Jezi ban nou pi gwo kado ki egziste a! Ki kado sa a e ki jan nou ka montre nou apresye l?

1. Bay youn nan fason nou ka montre nou apresye sa Bondye ak Kris fè pou nou.

Bib la pwomèt “nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [Jezi]” ap kapab viv pou toutan (Jan 3:16). Ki sa sa vle di demontre nou gen lafwa? Se pa lè nou annik kwè nan Jezi nou demontre nou gen lafwa. Men, nou dwe demontre nou gen lafwa tou nan desizyon n ap pran e nan sa n ap fè (Jak 2:17). Lè nou montre nou gen lafwa nan pawòl nou ak nan aksyon nou, nou vin bon zanmi ak Jezi ansanm ak Papa l, Jewova. — Li Jan 14:21.

2. Ki evènman espesyal ki ede nou demontre rekonesans pou sa Jewova ak Jezi te fè a?

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, Jezi te fè disip li yo konnen yon lòt fason pou yo montre yo gen rekonesans pou sakrifis li a, li te di yo pou yo reyini ansanm pou yon evènman Bib la rele “Soupe Seyè a”, yo rele l tou Memoryal lanmò Kris la (1 Korentyen 11:20). Jezi te mete l sou pye yon fason pou apot yo ak tout lòt vrè kretyen ki t ap vin apre yo kapab sonje li te bay lavi l pou yo. Men sa Jezi te di konsènan evènman espesyal sa a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (Lik 22:19). Lè w asiste Memoryal la, ou montre w gen rekonesans pou gwo lanmou Jewova ak Jezi gen pou nou.

FOUYE PLIS

Aprann lòt fason w ka demontre rekonesans pou gwo lanmou Jewova ak Jezi gen pou nou. Gade rezon ki fè Memoryal lanmò Kris la enpòtan anpil.

3. Ki sa nou ka fè pou nou montre nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi te fè pou nou an?

Imajine yon moun ta sove lavi w pandan w t apral nwaye. Èske w t ap annik bliye sa moun sa a te fè pou ou a oubyen èske w pa t ap chèche fason pou w montre moun sa a jan w gen rekonesans?

Jewova sove lavi nou. Li 1 Jan 4:8-10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Sa k fè sakrifis Jezi a se yon kado ki gen anpil valè?

  • Ki jan w santi w pou sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou ou a?

Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou an? Li 2 Korentyen 5:15 ak 1 Jan 4:11; 5:3. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:

  • Selon vèsè a, ki sa nou ka fè pou n montre rekonesans nou?

4. Imite Jezi

Yon lòt fason nou ka montre rekonesans nou se lè nou imite Jezi. Li 1 Pyè 2:21, epi reponn kesyon sa a:

  • Bay kèk lòt fason ou ka suiv tras Jezi pye pou pye.

5. Asiste Memoryal lanmò Kris la

Pou w ka wè sa yo te fè premye fwa yo t ap selebre Soupe Seyè a, li Lik 22:14, 19, 20, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa yo te fè nan Soupe Seyè a?

  • Ki sa pen an ak diven an reprezante? — Gade vèsè 19 ak 20.

Jezi te vle pou disip li yo selebre Soupe Seyè a yon fwa pa ane nan dat li te mouri a. Se sa k fè Temwen Jewova yo reyini chak ane pou yo sonje lanmò Kris jan l te mande sa a. Pou w ka aprann plis sou reyinyon sa a, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki sa nou fè nan Memoryal la?

Pen an reprezante kò Jezi antanke moun pafè li te sakrifye pou nou an. Diven an reprezante san l.

GEN MOUN KI DI: “Annik kwè nan Jezi epi w ap sove.”

  • Ki jan w t ap sèvi ak Jan 3:16 ak Jak 2:17 pou w montre moun sa yo yo bezwen fè plis pase sa?

SA W TE APRANN

Nou montre nou gen rekonesans pou sa Jezi te fè pou nou lè n demontre lafwa nan li e lè n asiste Memoryal lanmò li a.

Revizyon

  • Ki sa demontre lafwa nan Jezi vle di?

  • Ki jan w ta renmen montre ou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou ou?

  • Poukisa li enpòtan anpil pou w asiste Memoryal lanmò Kris la?

Objektif

APRANN PLIS

Ki sa lanmò Kris la pouse nou fè?

Li te itilize kò l pou l onore Jewova (9:28)

Aprann plis sou lafwa ak fason nou ka demontre l.

“Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo” (Toudegad oktòb 2016)

Gen yon dam ki te vin chanje lavi l lè l te fin aprann konnen plis bagay sou sakrifis Jezi a. Gade ki sa l rakonte nan istwa ki gen tit: “Mwen santi m pwòp, mwen santi m vivan e m konplè”.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye out 2011)

Ann wè poukisa se kèk moun ki manje pen an e ki bwè diven an pandan Memoryal la.

“Poukisa fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a pa menm ak fason lòt relijyon fè l?” (Atik sou Entènèt)