Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 17

Ki kalite moun Jezi ye?

Ki kalite moun Jezi ye?

Lè nou aprann sa Jezi te di ak sa l te fè lè l te sou tè a, sa fè nou wè yon seri kalite li gen lakay li ki fè nou vin pi pwòch li e ki fè nou vin pi pwòch Jewova, Papa l. Ki bèl kalite konsa Jezi genyen e ki fason nou ka imite kalite sa yo nan lavi nou?

1. Nan ki sans Jezi menm jan ak Papa l?

Pandan plizyè milye ane Jezi te pase nan syèl la, li te wè kòman Papa l te demontre lanmou, e li te aprann nan men l. Se sa k fè, Jezi panse e li aji menm jan ak Papa l. (Li Jan 5:19.) Anfèt, Jezi tèlman byen imite pèsonalite Papa l, sa fè l te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9). Plis w ap aprann konnen Jezi, se plis w ap aprann konnen Jewova pi byen tou. Pa egzanp, konpasyon Jezi te demontre pou moun montre nou jis nan ki pwen Jewova gen sousi pou nou.

2. Ki fason Jezi te montre li renmen Jewova?

Jezi te di: “Dekwa pou monn nan ka konnen mwen renmen Papa a, mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” (Jan 14:31). Pandan Jezi te sou tè a, li te demontre gwo lanmou li gen pou Papa l lè l te obeyi Papa l menm lè sa te difisil. Mete sou sa, Jezi te tèlman renmen Papa l, sa te fè l renmen pale de Papa l e li te renmen ede lòt moun vin zanmi L. — Jan 14:23.

3. Ki fason Jezi te montre li renmen moun?

Labib fè konnen “se lèzòm [Jezi] te pi renmen”. (Pwovèb 8:31, nòt.) Li te demontre lanmou sa a lè l te ankouraje lòt moun e lè l te ede yo san l pa t ap defann okenn enterè. Mirak li te fè yo te montre li gen pouvwa, men tou, yo te montre jan l gen konpasyon (Mak 1:40-42). Li te aji byen ak tout kalite moun e li pa t gen okenn prejije, epi tout kalite moun ki t ap koute l yo te jwenn konsolasyon ak espwa nan pawòl li yo. Jezi te aksepte mouri e li te soufri paske l renmen lèzòm, men moun li te pi renmen se moun ki te obeyi sa l di. — Li Jan 15:13, 14.

FOUYE PLIS

Aprann plis sou pèsonalite Jezi. Gade pou w wè ki jan w ka demontre lanmou menm jan avè l, e ki fason w ka montre ou renmen bay menm jan avè l.

4. Jezi renmen Papa l

Grasa egzanp Jezi, li te aprann nou ki jan nou ka montre nou renmen Bondye. Li Lik 6:12, Jan 15:10 ak Jan 17:26. Apre w fin li chak vèsè sa yo, reponn kesyon sa a:

  • Ki jan nou ka montre nou renmen Jewova menm jan ak Jezi?

Jezi te tèlman renmen Papa l ki nan syèl la, sa te fè l priye l souvan.

5. Jezi enterese nan lòt moun

Jezi te mete enterè pa lòt moun anvan enterè pa l. Menm lè l te fatige, li te sèvi ak tan l, ak fòs li pou l ede lòt moun. Li Mak 6:30-44, epi reponn kesyon sa yo:

  • Dapre sa w li nan istwa sa a, bay kèk fason Jezi te montre li enterese nan lòt moun. — Gade vèsè 31, 41 ak 42.

  • Ki sa k te pouse Jezi ede lòt moun? — Gade vèsè 34.

  • Piske nou konnen se imite Jezi te imite kalite Jewova yo, ki sa sa aprann nou sou Jewova?

  • Bay kèk fason nou ka montre nou enterese nan lòt moun menm jan ak Jezi.

6. Jezi renmen bay

Jezi te renmen bay malgre li pa t gen anpil bagay materyèl, e li ankouraje nou pou n renmen bay tou. Li Travay 20:35, epi reponn kesyon sa a:

  • Dapre Jezi, ki jan nou kapab gen kè kontan?

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Bay kèk fason nou ka pataje ak lòt moun menm lè nou pa gen gwo mwayen.

Èske w te konnen?

Bib la aprann nou pou nou priye Jewova nan non Jezi. (Li Jan 16:23, 24.) Lè nou priye konsa, nou montre nou gen rekonesans pou sa Jezi fè pou l ede nou vin zanmi Jewova.

GEN MOUN KI DI: “Sa pa fè Bondye anyen lè l wè n ap soufri.”

  • Kòm Jezi imite kalite Jewova, Papa l, genyen yo, ki jan fason l aji pwouve Jewova enterese nan nou?

SA W TE APRANN

Jezi renmen Jewova e li renmen moun. Kòm Jezi menm jan ak Papa l, plis w ap aprann konnen Jezi, se plis w ap aprann konnen Jewova.

Revizyon

  • Ki jan nou ka montre nou renmen Jewova menm jan ak Jezi?

  • Ki jan nou ka montre nou renmen lòt moun menm jan ak Jezi?

  • Kiyès nan kalite Jezi yo ou pi renmen?

Objektif

APRANN PLIS

Gade pou w wè sa k fè nou bezwen priye nan non Jezi.

“Poukisa nou dwe priye nan non Jezi?” (Toudegad 1ye avril 2008)

Èske Bib la pale sou aparans Jezi?

“Ki aparans Jezi te genyen?” (Atik sou Entènèt)

Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te boule ak fi?

“Yo gen respè ak diyite anba pwoteksyon Bondye” (Toudegad oktòb 2012)