Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 14

Ki jan nou ka adore Bondye yon fason ki fè l plezi?

Ki jan nou ka adore Bondye yon fason ki fè l plezi?

Jan nou te wè sa nan leson ki vin anvan an, se pa tout relijyon ki fè Bondye plezi. Men, nou kapab adore Kreyatè nou an yon fason ki fè l kontan. Ki “adorasyon [oswa relijyon]” ki fè l plezi (Jak 1:27, nòt)? Ann egzamine sa Bib la anseye sou sa.

1. Ki jan nou ka fè konnen bon fason pou nou adore Bondye a?

Nou ka aprann bon fason pou nou adore Bondye a grasa Bib la. Men sa Jezi te di Bondye: “Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17). Gen relijyon ki meprize verite ki nan Pawòl Bondye a anpalan de Labib. Men, yo pito ranplase l ak sa lèzòm anseye e ak tradisyon yo. Men, Jewova pa pran plezi nan moun ki “mete kòmandman [l] sou kote”. (Li Mak 7:9.) Okontrè, nou fè kè l kontan lè nou sèvi ak Bib la pou nou konn bon fason pou nou adore l la.

2. Ki jan nou dwe adore Jewova?

Lefètke Jewova se Kreyatè nou, li merite pou se li menm nou adore sèlman (Revelasyon 4:11). Sa vle di, nou dwe renmen l e nou dwe adore l san nou pa sèvi ak okenn zidòl, imaj oswa senbòl. — Li Ezayi 42:8.

Adorasyon n ap bay Jewova a dwe yon adorasyon “ki sen, ki fè Bondye plezi”. (Women 12:1.) Sa vle di nou dwe viv ann amoni ak prensip moral li yo. Pa egzanp, moun ki renmen Jewova yo renmen prensip ki gen rapò ak maryaj yo e yo suiv yo. E yo evite yon seri pratik ki pa bon, pa egzanp, yo pa sèvi ak tabak, yo pa pran dwòg e yo pa mal sèvi ak alkòl a.

3. Poukisa nou dwe adore Jewova ansanm ak moun k ap sèvi l menm jan ak nou?

Nan reyinyon nou fè chak semèn yo, nou “louwe Jewova [...] nan kongregasyon an”. (Sòm 111:1, 2.) Youn nan fason nou fè sa se lè nou chante louwanj pou Bondye. (Li Sòm 104:33.) Jewova mande pou nou asiste reyinyon yo paske li renmen nou e li konnen reyinyon yo ap ede nou viv ak kè kontan pou toutan. Lè n al nan reyinyon, nonsèlman nou ankouraje lòt moun, men nou jwenn ankourajman tou.

FOUYE PLIS

Egzamine rezon ki fè Jewova pa dakò moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li. Aprann kèk fason enpòtan nou ka bay Bondye louwanj.

4. Nou pa dwe sèvi ak imaj nan adorasyon n ap bay Bondye

Ki jan nou fè konnen sa pap fè Bondye plezi? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan epòk yo t ap ekri Bib la, ki sa k te rive lè kèk moun ki fè pati pèp Bondye a te eseye adore l pandan y ap sèvi ak yon idòl?

Gen moun ki sèvi ak imaj lè y ap adore Bondye paske yo panse lè yo sèvi ak imaj, sa fè yo santi yo pi pwòch avèk Bondye. Men, lè yo sèvi ak imaj, èske sa pap fè Bondye pa aksepte adorasyon y ap ba li a pito? Li Egzòd 20:4-6 ak Sòm 106:35, 36, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki bagay oswa imaj ou konn wè moun itilize nan adorasyon y ap bay?

  • Ki jan Jewova konsidere zafè sèvi ak imaj la?

  • Èske w panse li akseptab pou nou sèvi ak imaj nan adorasyon n ap bay Bondye? Poukisa w reponn konsa?

5. Si se Jewova sèlman nou adore, n ap libere anba fo kwayans

Gade ki jan nou ka libere anba fo kwayans lè nou adore Jewova jan li mande l la. Gade VIDEYO a.

Li Sòm 91:14, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou nou lè se li menm sèl nou adore pou nou montre nou renmen l?

6. Nou adore Bondye nan reyinyon yo

Nou adore Jewova e nou ankouraje youn lòt lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo. Li Sòm 22:22, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w pran plezi koute kòmantè lòt moun fè nan reyinyon yo?

  • Èske w ta renmen prepare w pou w fè yon kòmantè?

7. Jewova kontan lè nou pataje sa nou aprann

Gen anpil fason nou ka pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun. Li Sòm 9:1 ak 34:1, epi reponn kesyon sa a:

  • Èske gen yon bagay ou te aprann nan Bib la ou ta renmen pataje ak yon lòt moun?

GEN MOUN KI DI: “Li enposib pou nou fè Bondye plezi.”

  • Ki sa w panse?

SA W TE APRANN

Nou fè Kreyatè nou an plezi lè se li menm sèl nou adore, lè nou fè louwanj pou li nan reyinyon yo e lè nou pataje sa nou aprann ak lòt moun.

Revizyon

  • Ki jan nou ka konnen bon fason pou nou adore Bondye a?

  • Poukisa se Jewova sèlman nou dwe adore?

  • Poukisa nou dwe adore Bondye ak lòt moun ki vle fè l plezi?

Objektif

APRANN PLIS

Li istwa yon dam ki te sispann adore zidòl nan istwa ki gen tit “Mwen pa esklav zidòl ankò”.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad oktòb-desanm 2011)

Aprann sa ki ka ede w pou w fè kòmantè nan reyinyon yo.

“Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an” (Toudegad janvye 2019)

Gade ki jan reyinyon yo te itil yon jèn gason menm lè sa pa t fasil pou l asiste yo.

Jewova te pran swen m (3:07)

Anpil moun panse tout kretyen sèvi ak kwa, men èske nou ta dwe sèvi ak kwa nan adorasyon nou?

“Poukisa Temwen Jewova yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon y ap bay Bondye a?” (Atik sou Entènèt)

a Nou pral pale sou bagay sa yo pi devan.