Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an

Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an

“M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an.” — SÒM 22:22.

KANTIK 59 Louwe Bondye!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki santiman David te gen pou Jewova, e ki sa sa te pouse l fè?

MEN sa wa David te ekri: “Jewova gran e li merite pou yo fè louwanj pou li.” (Sòm 145:3). Li te renmen Jewova e sa te pouse l fè louwanj pou Bondye “nan mitan kongregasyon an”. (Sòm 22:22; 40:5.) Pa gen dout nan sa, ou renmen Jewova e w dakò ak David ki te di: “O Jewova, Bondye Izrayèl, zansèt nou an, se pou yo fè louwanj pou ou pou tout tan gen tan.” — 1 Kwo. 29:10-13.

2. a) Ki jan nou ka fè louwanj pou Jewova? b) Ki difikilte kèk moun konn jwenn e ki sa nou pral wè?

2 Youn nan fason nou fè louwanj pou Jewova jodi a, se lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo. Men gen yon gwo difikilte anpil frè ak sè jwenn. Yo anvi fè kòmantè, men yo pè. Ki sa k ka ede yo? Ki konsèy ki ka ede nou tout pou nou fè kòmantè ki ankourajan? Anvan nou reponn kesyon sa yo, annou fè yon ti pale sou kat rezon prensipal ki fè n fè kòmantè nan reyinyon yo.

REZON KI FÈ NOU FÈ KÒMANTÈ NAN REYINYON YO

3-5. a) Dapre Ebre 13:15, pou ki rezon nou fè kòmantè nan reyinyon yo? b) Èske nou tout oblije fè menm kalite kòmantè? Esplike.

3 Se nou tout Jewova bay privilèj pou nou fè louwanj pou li (Sòm 119:108). Lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo se yon fason nou bay Bondye “louwanj kòm sakrifis”, e pa gen lòt moun ki ka fè sakrifis sa a pou nou. (Li Ebre 13:15.) Èske Jewova egzije pou nou tout ba l menm kalite sakrifis, oswa menm kalite kòmantè? Non!

4 Jewova konnen nou tout pa gen menm kapasite e nou pa nan menm sitiyasyon. Se sa k fè li bay sakrifis nou gen posiblite fè pou li yo anpil valè. Fè yon ti reflechi sou divès kalite sakrifis li te aksepte nan men Izrayelit yo. Gen nan yo ki te ka ofri yon mouton oswa yon kabrit. Men, yon Izrayelit ki te pòv te ka ofri “de toutrèl oswa de jenn pijon”. E si yon Izrayelit pa t gen mwayen pou l achte de zwazo, Jewova te aksepte l bay “yon dizyèm efa bon farin”. (Lev. 5:7, 11.) Farin te pi bon mache, men Jewova te apresye sakrifis sa a kanmenm, depi se te “bon farin”.

5 Bondye nou an ki gen bonte santi l menm jan an jodi a. Lè n ap fè kòmantè, li pa egzije pou nou tout pale byen menm jan ak Apolòs oswa pou nou konvenk moun menm jan ak Pòl (Tra. 18:24; 26:28). Sèl sa Jewova vle se pou nou fè pi bon kòmantè nou ka fè a, selon limit nou. Sonje egzanp vèv ki te bay de ti pyès monnen yo. Jewova te bay dam nan anpil valè paske li te bay sa l te genyen ki te pi bon an. — Lik 21:1-4.

Lè nou fè kòmantè, ni nou menm, ni moun k ap koute yo jwenn byenfè. (Gade paragraf 6-7.) *

6. a) Dapre Ebre 10:24, 25, ki efè kòmantè nou tande yo ka gen sou nou? b) Ki jan w ka montre rekonesans ou pou kòmantè w tande ki ankouraje w yo?

6 Youn kapab ankouraje lòt ak kòmantè nou fè. (Li Ebre 10:24, 25.) Nou tout renmen tande divès kalite kòmantè ki fèt nan reyinyon nou yo. Nou pran plezi tande pawòl senp ki soti nan kè yon timoun. Lè nou tande yon moun k ap fè kòmantè ak kè kontan sou yon verite li fèk aprann, sa touche nou. E nou vrèman apresye moun ki “mete kouraj” sou yo pou yo fè yon kòmantè, menm lè yo timid oubyen yo fèk kòmanse aprann yon lang (1 Tes. 2:2, nòt). Ki jan nou ka montre nou apresye efò yo fè? Yon fason nou ka fè sa se lè nou remèsye yo apre reyinyon an pou kòmantè ankourajan yo te fè. Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou fè yon kòmantè tou. Lè sa a, nonsèlman nou jwenn ankourajman nan reyinyon yo, men nou ankouraje lòt moun tou. — Wom. 1:11, 12.

7. Nan ki sans nou jwenn byenfè lè nou fè kòmantè?

7 Lè nou fè kòmantè, sa fè nou jwenn byenfè (Eza. 48:17). Nan ki sans? Premyèman, si nou gen objektif pou nou fè yon kòmantè, sa fè nou plis chofe pou nou byen prepare reyinyon an. Lè nou byen prepare, nou vin pi byen konprann Pawòl Bondye a. E plis nou byen konprann li, se plis n ap ka byen aplike sa n aprann yo. Dezyèmman, lè nou fè kòmantè, sandout n ap pi byen pwofite reyinyon yo. Twazyèmman, kòm fè kòmantè mande efò, byen souvan, nou kontinye sonje sa n te di nan kòmantè nou te fè a byen lontan apre reyinyon an.

8, 9. a) Jan Malachi 3:16 fè konn sa, ki jan w t ap di Jewova santi l lè nou fè kòmantè? b) Malgre sa, ki difikilte kèk moun genyen?

8 Nou fè Jewova kontan lè nou pale de lafwa nou. Nou mèt gen asirans Jewova tande kòmantè nou fè yo e li vrèman apresye efò nou fè pou nou fè kòmantè nan reyinyon yo. (Li Malachi 3:16.) Li montre jan li bay sa valè lefètke l beni nou lè nou fè tout sa n kapab pou n fè l plezi. — Mal. 3:10.

9 Sa klè, nou gen bonjan rezon pou nou fè kòmantè nan reyinyon yo. Men malgre sa, gen moun ki ka pè leve men yo. Pa dekouraje si w santi w konsa. Annou egzamine kèk prensip nan Bib la, kèk egzanp, ak kèk konsèy pratik ki ka ede nou tout fè efò pou nou fè plis kòmantè nan reyinyon yo.

SA NOU KA FÈ SI NOU PÈ

10. a) Ki sa anpil nan nou pè? b) Si w pè fè kòmantè, ki kalite sa ka montre w genyen?

10 Èske kè w konn kase chak fwa w anvi leve men w pou w fè yon kòmantè? Ebyen, se pa ou sèl. An reyalite, pifò nan nou santi nou yon jan pè lè n ap fè kòmantè. Anvan pou w rive lite ak santiman sa a, ou bezwen byen konnen sa k fè w pè a. Èske w pè pou w pa bliye sa w vle di oubyen w pè pou w pa di yon bagay ki pa sa? Èske w pè pou w pa fè yon kòmantè ki parèt raz devan kòmantè lòt moun yo? An reyalite si w santi w konsa, se pa yon move bagay. Sa ka montre ou gen imilite e w konsidere lòt moun yo siperyè w. Jewova renmen kalite sa a (Sòm 138:6; Flp. 2:3). Men, Jewova vle pou w ba l louwanj tou e pou w ankouraje frè ak sè yo nan reyinyon yo (1 Tes. 5:11). Li renmen w e l ap ba w kouraj ou bezwen pou w fè kòmantè.

11. Ki sa Bib la fè nou sonje ki ka ede nou?

11 Annou egzamine kèk bagay Bib la fè nou sonje. Bib la di nou tout fè erè nan sa nou di ak nan fason nou di yo (Jak 3:2). Jewova pa atann pou nou pafè e frè n ak sè n yo pa atann pou nou pafè nonplis (Sòm 103:12-14). Yo se fanmi nou nan domèn espirityèl e yo renmen nou (Mak 10:29, 30; Jan 13:35). Yo ka konprann sa nou di nan kòmantè a se pa egzakteman sa nou te vle di.

12-13. Ki sa egzanp Neyemi ak Jonas aprann nou?

12 Reflechi sou kèk egzanp nan Bib la ki ka ede w lè w pè. Sonje egzanp Neyemi. Li te konn travay nan palè yon wa ki te gen anpil pouvwa. Neyemi te tris paske l te aprann miray Jerizalèm nan ak pòtay li yo te kraze (Ney. 1:1-4). Imajine jan kè l dwe te kase lè wa a te mande l pou l di l poukisa l parèt tris konsa! Neyemi te fè yon priyè tou kout, apre sa li te reponn wa a. Sa te fè wa a fè anpil bagay pou l ede pèp Bondye a (Ney. 2:1-8). Reflechi ak egzanp Jonas tou. Jonas te tèlman pè lè Jewova te mande l pou l al pale ak moun Niniv yo, li te fè nan yon lòt direksyon (Jon. 1:1-3). Men, grasa èd Jewova, Jonas te reyisi preche moun Niniv yo. E sa l te di yo te bon anpil pou moun Niniv yo (Jon. 3:5-10). Egzanp Neyemi an aprann nou enpòtans pou nou priye anvan nou reponn. E egzanp Jonas la aprann nou Jewova kapab ede nou sèvi l menmsi nou ta pè anpil. Mezanmi, pa gen okenn kongregasyon k ap fè moun pè menm jan ak moun Niniv yo!

13 Ki konsèy pratik ki ka ede w fè kòmantè nan reyinyon yo? Ann egzamine kèk ladan yo.

14. Poukisa nou dwe byen prepare reyinyon yo, e ki lè nou ka fè sa?

14 Prepare chak reyinyon. Lè w fikse yon lè pou w byen prepare reyinyon yo, w ap santi w pi alèz pou w fè kòmantè (Pwo. 21:5). Nòmalman, nou tout pa gen menm pwogram pou nou prepare reyinyon yo. Eloise, yon vèv ki nan 80 an yo, kòmanse prepare Toudegad byen bonè nan semèn nan. Men sa l di: “Mwen pi byen pwofite reyinyon yo lè m etidye sa yo pral egzamine yo alavans.” Joy, yon sè k ap travay aplentan, toujou rezève yon ti tan lavèy reyinyon an pou l prepare Toudegad la. Men sa l di: “Mwen renmen gen pwen yo fre nan lespri m”. Men sa Ike, yon ansyen ki gen anpil aktivite e ki pyonye, di: “Mwen wè li pi bon pou m pase plizyè ti moman ki kout ap etidye pandan semèn nan olye m pase yon pakèt tan yon sèl kou.”

15. Ki jan w ka byen prepare yon reyinyon?

15 Ki sa sa mande pou w byen prepare yon reyinyon? Chak fwa w pral etidye, toudabò mande Jewova pou l ba w lespri sen (Lik 11:13; 1 Jan 5:14). Apre sa, pran kèk minit pou w fè yon koudèy sou sa w pral etidye a. Egzamine tit la, soutit yo, foto yo ak kare yo. Pandan w ap egzamine chak paragraf, li kantite vèsè ou kapab nan vèsè yo site yo. Medite sou enfòmasyon yo, byen konsantre sou pati w ta renmen fè kòmantè sou yo. Plis ou byen prepare, se plis w ap byen pwofite reyinyon an e se plis l ap fasil pou w fè kòmantè. — 2 Kor. 9:6.

16. Ki zouti elektwonik ki disponib, e ki jan w ka sèvi avèk yo?

16 Si sa posib, sèvi ak zouti elektwonik ki disponib nan yon lang ou konnen. Jewova fè nou jwenn yon seri zouti elektwonik pou ede nou prepare reyinyon yo pa mwayen òganizasyon l lan. Aplikasyon JW Library® a pèmèt nou telechaje piblikasyon nou etidye yo sou yon aparèy mobil. Apre sa, nou ka etidye nenpòt lè ak nenpòt kote, e lè sa pa posib, omwen n ap gen posiblite pou nou li oubyen koute sa nou te telechaje yo. Gen moun ki sèvi ak zouti sa a lè yo nan poz nan travay yo, nan lekòl yo oubyen lè y ap vwayaje. Watchtower Library ak BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a fè li fasil pou nou fè rechèch sou kèk pwen nou ta renmen pi byen konprann nan sa n ap etidye a.

Ki lè w rezève pou w prepare reyinyon yo? (Gade paragraf 14-16.) *

17. a) Poukisa li bon pou nou prepare plizyè kòmantè? b) Ki sa w te aprann nan videyo Fè zanmi ak Jewova: Prepare kòmantè nou an?

17 Si sa posib, prepare plizyè kòmantè pou chak sa yo pral egzamine. Poukisa? Paske yo gendwa pa toujou pran w lè w leve men w. Li posib lè w leve men w, plizyè lòt moun leve men yo tou, epi moun k ap kondui etid la chwazi youn nan yo. Moun k ap kondui etid la gendwa pa ka bay tout moun ki leve men yo kòmantè yon fason pou reyinyon an ka fini alè. Kidonk, pinga w ni fache ni dekouraje si yo pa ba w kòmantè nan kòmansman etid la. Si w te prepare plizyè kòmantè, w ap gen plis posiblite pou w patisipe nan reyinyon an. Petèt ou te prepare w pou w li yon vèsè. Men, si w kapab, prepare w pou w fè yon kòmantè ak pwòp mo pa w *.

18. Poukisa nou dwe fè kòmantè ki kout?

18 Fè kòmantè ki kout. Byen souvan, kòmantè ki pi ankourajan yo se kòmantè ki kout e ki senp. Donk, se pou w gen objektif pou w fè kòmantè ki kout. Fè efò pou w pa fè kòmantè ki depase 30 segonn (Pwo. 10:19; 15:23). Si w gen plizyè ane depi w ap fè kòmantè nan reyinyon, ou gen yon gwo responsablite: ou bezwen bay bon egzanp lè w pa fè kòmantè ki long. Si w fè kòmantè konplike ki dire plizyè minit, gen moun ki ka santi yo malalèz, yo ka panse yo pa ka fè bon kòmantè menm jan avè w. Mete sou sa, lè kòmantè w yo kout, ou bay plis moun posiblite pou yo fè kòmantè nan reyinyon an. Si se ou yo pran anvan, ou dwe fè yon kòmantè ki senp, ki dirèk. Pa eseye pale sou tout pwen ki nan paragraf la. Lè yo fin pale sou pwen prensipal ki gen nan yon paragraf, ou ka fè kòmantè sou lòt pwen yo. — Gade kare ki gen tit “ Ki kòmantè m ka fè?

19. Ki jan moun k ap kondui etid la ka ede w, men, ki sa w dwe fè?

19 Fè moun k ap kondui etid la konnen nan ki paragraf ou ta renmen fè kòmantè. Si w vle fè sa, ou ta dwe pale ak moun k ap kondui etid la kèk tan anvan reyinyon an kòmanse. Lè moman pou w fè kòmantè sou paragraf la rive, leve men w byen rapid epi leve l wo ase pou frè a ka wè w.

20. Nan ki sans yon reyinyon tankou yon manje zanmi pral manje ansanm?

20 Konsidere reyinyon yo tankou yon manje ou pral manje ansanm ak bon zanmi w. Imajine kèk frè ak sè nan kongregasyon w ye a ap planifye yon ti fèt, epi yo mande w pote yon ti bagay pou moun pase nan bouch yo, ki sa w t ap fè? Petèt ou t ap santi w yon jan strese, men petèt ou t ap fè tout posib ou pou w pote yon bagay tout moun ka renmen. Se Jewova ki envite nou, e li prepare yon tab ki gen anpil bon bagay pou nou nan reyinyon yo (Sòm 23:5; Mat. 24:45). E li kontan lè nou pote yon ti bagay senp, sa ki pi bon nou ka bay la. Donk, byen prepare, epi santi w alèz pou w fè kòmantè. Lè sa a, ou pap sèlman manje sou tab Jewova a, men tou w ap pote yon ti kichòy pou w pataje ak kongregasyon an.

KANTIK 2 Non ou se Jewova

^ § 5 Menm jan ak David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo, nou tout renmen Jewova e nou kontan fè louwanj pou li. Nou gen yon okazyon espesyal pou nou montre lanmou nou gen pou Bondye lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo. Men, gen kèk nan nou ki wè l difisil pou yo fè kòmantè nan reyinyon. Si se ka pa w, atik sa a ka ede w konprann rezon ki fè w pè fè kòmantè ak fason w ka rive venk krent sa a.

^ § 17 Gade videyo Fè zanmi ak Jewova: Prepare kòmantè nou ki sou jw.org/ht a. Gade anba ribrik SA BIB LA ANSEYE > TIMOUN.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Moun nan kongregasyon an ki kontan fè kòmantè nan yon etid Toudegad.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Kèk moun nan kongregasyon an yo te montre k ap fè kòmantè nan etid Toudegad la. Menm lè yo tout pa nan menm sitiyasyon, yo tout te rezève yon ti tan pou yo prepare sa yo pral egzamine nan reyinyon an.