Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

“Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w”

“Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w”

“Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” — EZA. 41:10.

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki efè mesaj ki nan Ezayi 41:10 la te gen sou yon sè ki te rele Yoshiko? b) Ki moun ki ka jwenn byenfè nan mesaj sa a Jewova te fè ekri a?

GEN yon sè fidèl ki te rele Yoshiko ki te resevwa yon move nouvèl. Doktè l te di l li rete sèlman kèk mwa pou l viv. Ki jan sè a te reyaji? Yoshiko te sonje youn nan vèsè li pi renmen nan Bib la: Ezayi 41:10. (Li vèsè a.) Apre sa, li te rete byen kalm epi li te di doktè a li pa pè paske Jewova ap kenbe men l *. Mesaj ki nan vèsè a te bay sè nou an fòs e li te ede l met konfyans li nan Jewova nèt. Menm vèsè sa a ka ede nou rete kalm lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm. Pou nou ka konprann jan sa ka fèt, pou kòmanse annou egzamine rezon ki fè Bondye te bay Ezayi mesaj sa a.

2 Okòmansman, Jewova te fè Ezayi ekri pawòl sa yo pou bay Juif ki t apral ann egzil Babilòn yo fòs. Men, Jewova te fè konsève mesaj sa a nonsèlman pou byen Juif ki t apral ann egzil yo men tou pou byen tout pèp li a annapre (Eza. 40:8; Wom. 15:4). Jodi a, n ap viv nan ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’, e plis pase nenpòt lè, nou bezwen ankourajman nou jwenn nan liv Ezayi a. — 2 Tim. 3:1.

3. a) Ki pwomès nou jwenn nan Ezayi 41:10 ki se tèks pou ane 2019 la? b) Poukisa nou bezwen pwomès sa yo?

3 Nan atik sa a, nou pral konsantre sou twa pwomès ki nan Ezayi 41:10, yon seri pwomès ki ka fòtifye lafwa nou nan Jewova: 1) Jewova ap avèk nou, 2) li se Bondye nou, e 3) l ap ede nou. Nou bezwen pwomès * sa yo paske, menm jan ak sè Yoshiko, n ap fè fas ak pwoblèm nan lavi a. Epitou, nou dwe fè fas ak presyon ki gen nan monn nan. Gen kèk nan nou ki menm ap andire pèsekisyon anba yon seri gouvènman ki gen anpil pouvwa. Ann egzamine chak pwomès sa yo youn apre lòt.

“MWEN AVÈ W”

4. a) Ki premye pwomès nou pral egzamine? (Gade nòt la tou.) b) Ki jan Jewova montre santiman li gen pou nou? c) Ki jan sa Bondye di yo fè w santi w?

4 Men premye pwomès Jewova fè nou: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w.” * Jewova montre li avèk nou lè l ban nou tout atansyon l ak tout afeksyon l. Gade sa l di ki montre afeksyon ak lanmou li gen pou nou: “[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w.” (Eza. 43:4). Pèsonn nan linivè pa ka fè Jewova sispann renmen sèvitè l yo. Li pap janm lage nou (Eza. 54:10). Se pa ti kouraj sa ban nou lè nou konnen li renmen nou e li se zanmi nou. L ap pwoteje nou jodi a, menm jan li te pwoteje Abram (Abraram), zanmi l. Men sa Jewova te di l: “Ou pa bezwen pè, Abram. Mwen se yon boukliye pou ou.” — Jen. 15:1.

Avèk èd Jewova, nou ka travèse nenpòt eprèv nou jwenn ki tankou gwo dlo oswa ki tankou flanm dife. (Gade paragraf 5-6.) *

5-6. a) Ki jan nou fè konnen Jewova vle ede nou ak pwoblèm nou yo? b) Ki leson nou ka aprann nan egzanp Yoshiko a?

5 Nou konnen Jewova vle ede n ak pwoblèm nou yo paske li fè pèp li a pwomès ki annapre a: “Lè w ap janbe dlo, m ap avè w. Lè w ap travèse rivyè, dlo pap kouvri w. Lè w ap mache nan dife, ou pap boule, e flanm dife pap kankannen w.” (Eza. 43:2). Ki sa pawòl sa yo vle di?

6 Jewova pa pwomèt l ap retire pwoblèm ki fè lavi a difisil yo, men li pap kite pwoblèm ki tankou “rivyè” yo pote n ale oswa li pap kite difikilte ki tankou “flanm dife” yo fè nou soufri pou toutan. Li ban nou garanti l ap avèk nou, l ap ede nou “janbe” oswa travèse difikilte sa yo. Ki sa Jewova ap fè? L ap ede nou rete kalm pou n ka kenbe fidelite nou menm lè nou fè fas ak lanmò (Eza. 41:13). Yoshiko, nou te pale de li pi wo a, te wè sa se verite. Men sa pitit fi l di: “Nou te sezi wè jan manmi te kalm. Vrèmanvre, nou te wè Jewova te ba li bonjan lapè. Manman m te pale ak enfimyè yo ak lòt malad yo sou Jewova ak pwomès li fè yo pou jis jou li mouri a.” Ki sa nou aprann nan egzanp Yoshiko a? Lè nou met konfyans nou nan pwomès Bondye fè ki di “m ap avèk ou” a, nou menm tou, nou ka gen kouraj ak fòs pandan n ap fè fas ak eprèv.

“MWEN SE BONDYE W”

7, 8. a) Ki dezyèm pwomès nou pral egzamine, e ki sa l vle di? b) Poukisa Jewova te di Juif ki te ann egzil yo yo “pa bezwen pè”? c) Ki pawòl nou jwenn nan Ezayi 46:3, 4 ki dwe te ede pèp Bondye a pou yo pa pè?

7 Gade dezyèm pwomès pwofèt Ezayi te ekri a: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w.” Ki sa sa vle di? Nan vèsè sa a, nan lang orijinal la mo lè yo tradui l yo mete “bay tèt ou pwoblèm” nan te gen ide “toujou ap vire gade dèyè paske ou pè danje oswa ou pè pou yon moun pa vin fè w mal” oswa “w ap gade toupatou menm jan ak yon moun ki panike”.

8 Poukisa Jewova te di Juif ki t apral ann egzil Babilòn yo yo “pa bezwen pè”? Se paske li te konnen moun nan peyi sa a t ap vin pè. Ki sa ki t ap lakòz laperèz sa a? Nan fen peryòd 70 ane Juif yo t ap fè ann egzil la, lame peyi Medi ak peyi Pès yo ki te pisan te atake Babilòn. Jewova t ap itilize lame sa a pou l libere pèp li a ki te prizonye nan Babilòn (Eza. 41:2-4). Lè Babilónyen yo ak moun lòt nasyon ki t ap viv nan epòk sa a te konnen ènmi yo t ap vini, yo te fè efò pou yo pa pè lè youn te di lòt: “Mete kouraj sou ou.” Epitou, yo te fè plis zidòl. Yo te espere zidòl sa yo t ap pwoteje yo (Eza. 41:5-7). Pandan tan sa a, pawòl Jewova te fè pwofèt Ezayi ekri yo te kalme Juif ki te ann egzil yo. Jewova te di: “Men ou menm, o Izrayèl [kontrèman ak nasyon ki te ozalantou yo], ou se sèvitè m. [...] Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w.” (Eza. 41:8-10). Remake sa Jewova te di: “Mwen se Bondye w.” Grasa pawòl sa yo, Jewova te bay adoratè fidèl li yo asirans li pap bliye yo, li toujou Bondye yo e yo toujou pèp li. Li te di yo: “M ap pote nou [...], e m ap delivre nou.” Se sèten, pawòl sa yo ki bay asirans te bay Juif ki te ann egzil yo fòs. — Li Ezayi 46:3, 4.

9-10. Poukisa nou pa gen okenn rezon pou nou pè? Bay yon egzanp.

9 Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, moun ki bò kote nou yo ap enkyete yo pou jan yo wè monn nan ap vin pi mal. Nòmalman, nou menm tou, sitiyasyon monn nan gen efè sou nou. Men nou pa bezwen kite sa fè nou pè. Jewova di nou: “Mwen se Bondye w.” Poukisa pawòl sa a se yon gwo rezon pou nou rete kalm?

10 Ann pran yon egzanp: Jowèl ak Bètoni se de pasaje ki nan yon bis. Wout la pa bon menm e gen falèz. Pandan bis la ap pase nan wout la, li kòmanse balanse, moun yo panike men chofè a di: “Ret nan plas nou, talè n ap kite zòn nan.” Jowèl panike anpil. Men chofè a di: “Pa bay tèt nou pwoblèm! Mwen konn wout sa a byen. Nou mèt fè m konfyans.” Lè sa a, Jowèl souke tèt li epi li di: “Sa l ap di konsa? Pou m fè l konfyans?” Men li te remake Bètoni pa t panike menm. Li mande l: Apa w pa panike? Bètoni fè yon ti souri epi li di: “Mwen byen konn chofè sa a. Se papa m!” Apre sa, Bètoni di l: “Ban m pale w de papa m. Si w te byen konnen l e si w te konnen jan l kondui byen, ou pa t ap panike.”

11. Ki leson nou ka aprann nan egzanp lan?

11 Ki leson nou ka aprann nan egzanp sa a? Menm jan ak Bètoni, nou pa panike paske nou byen konnen Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Nou konnen l ap ede nou nan dènye jou sistèm sa a, l ap ede nou travèse gwo pwoblèm nou ka jwenn (Eza. 35:4). Nou mete konfyans nou nan Jewova e sa fè nou rete kalm alòske rès moun nan monn nan pè anpil (Eza. 30:15). Nou aji menm jan ak Bètoni tou lè nou fè lòt moun konnen rezon nou genyen pou nou met konfyans nou nan Bondye. Yo menm tou yo ka gen asirans y ap jwenn èd nan men Jewova kèlkeswa pwoblèm yo jwenn nan.

“M AP BA W FÒS [E] M AP EDE W”

12. a) Ki twazyèm pwomès nou pral egzamine? b) Lè yo pale de “men” Jewova, ki sa sa fè nou sonje?

12 Ann gade twazyèm pwomès Ezayi te ekri a: “M ap ba w fòs, wi, m ap ede w”. Ezayi te deja esplike ki jan Jewova t ap bay pèp li a fòs. Li te di: “Jewova [...] ap vini avèk pisans. Li pral dirije avèk men l.” (Eza. 40:10). Souvan Bib la sèvi ak mo “men” an nan yon sans senbolik e li vle di pouvwa. Donk, lè vèsè a di Jewova “pral dirije avèk men l”, sa fè nou sonje Jewova se yon wa ki pisan. Li te itilize fòs san parèy li genyen an pou l ede sèvitè l yo nan tan lontan e pou l defann yo, e jodi a li kontinye bay moun ki met konfyans nan li yo fòs e li pwoteje yo. — Det. 1:30, 31; Eza. 43:10, nòt.

Pa gen zam ki ka anpeche Jewova pwoteje nou ak bra li ki gen fòs. (Gade paragraf 12-16.) *

13. a) Ki lè sitou Jewova kenbe pwomès li fè pou l ban nou fòs la? b) Ki garanti Bondye ban nou ki fè nou gen fòs ak asirans?

13 Jewova kenbe pwomès kote li di nou “m ap ba w fòs” la, sitou nan moman ènmi yo ap pèsekite nou. Jodi a, gen kèk kote nan monn nan kote ènmi nou yo ap fè tout sa yo kapab pou yo bloke travay predikasyon an oswa entèdi aktivite òganizasyon nou an. Menm lè sa, atak sa yo pa fè nou panike. Jewova ban nou yon garanti ki fè nou gen fòs ak asirans. Men ki pwomès li fè nou: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” (Eza. 54:17). Pawòl sa yo fè nou sonje twa bagay enpòtan.

14. Poukisa nou pa sezi lè nou wè ènmi Bondye yo atake nou?

14 Premyèman, antanke disip Kris nou atann pou yo rayi nou (Mat. 10:22). Jezi te fè disip li yo konnen yo t ap jwenn gwo pèsekisyon nan dènye jou yo (Mat. 24:9; Jan 15:20). Dezyèmman, pwofesi Ezayi a avèti nou, li fè nou konnen se pa rayi ènmi nou yo t ap rayi nou sèlman, yo t ap sèvi ak tout kalite zam kont nou. Pami zam sa yo gen manti anba anba, manti kri ak gwo pèsekisyon (Mat. 5:11). Jewova pap anpeche ènmi nou yo sèvi ak zam sa yo pou atake nou (Efe. 6:12; Rev. 12:17). Men, nou pa bezwen pè. Poukisa?

15-16. a) Ki twazyèm bagay nou bezwen sonje, e ki jan Ezayi 25:4, 5 montre sa? b) Ki jan Ezayi 41:11, 12 esplike sa k pral rive moun ki pral atake nou yo?

15 Annou gade twazyèm bagay nou bezwen sonje a. Jewova fè konnen “nenpòt zam” yo itilize kont nou “pap itil anyen”. Menm jan yon miray se yon pwoteksyon k ap anpeche yon gwo tanpèt ban nou pwoblèm, se konsa Jewova ap pwoteje nou pou “moun ki san pitye [ki] vin an kòlè” yo pa fè nou mal. (Li Ezayi 25:4, 5.) Ènmi nou yo pap janm ka fè anyen k ap anpeche nou gen lavi ki pap janm fini an. — Eza. 65:17.

16 Mete sou sa, Jewova fè nou gen plis konfyans nan li lè l ban nou bonjan esplikasyon sou sa k pral rive moun ki “fache anpil kont” nou yo. (Li Ezayi 41:11, 12.) Kèlkeswa atak ènmi nou yo ta fè sou nou, e kèlkeswa jan bagay yo ta rèd, se ap toujou menm rezilta a: “Y ap detwi” tout moun ki ènmi Bondye yo e “yo pap egziste ankò”.

FASON NOU CHÈCHE VIN GEN PLIS KONFYANS NAN JEWOVA

Nou ka vin gen plis konfyans nan Jewova lè nou li Labib regilyèman pou nou aprann konnen l. (Gade paragraf 17-18.) *

17-18. a) Lè nou li Labib, ki jan sa ka fè nou vin gen plis konfyans nan Bondye? Bay yon egzanp. b) Lè nou medite sou tèks pou ane 2019 la, ki jan sa ka ede nou?

17 Nou vin gen plis konfyans nan Jewova tank n ap aprann konnen l pi byen. E sèl fason nou ka pi byen konnen l se lè nou pran tan nou pou nou li Bib la e lè nou medite sou sa nou li yo. Bib la fè nou konnen divès fason Jewova te pwoteje pèp li a nan tan lontan. Tout sa fè nou gen asirans l ap pran swen nou jodi a.

18 Ann fè yon ti reflechi sou bèl mo Ezayi itilize pou ede nou wè jan Jewova pwoteje nou. Li pale de Jewova antanke yon bèje e li pale de sèvitè Bondye yo antanke ti mouton. Men sa Ezayi te di konsènan Jewova: “L ap rasanble ti mouton yo ak bra l, e l ap pote yo sou lestomak li.” (Eza. 40:11). Lè nou santi nou nan bra Jewova ki gen fòs, nou santi nou an sekirite e nou kalm. Esklav fidèl ki prevwayan an te chwazi Ezayi 41:10 kòm tèks pou ane 2019 la pou ede nou rete kalm malgre pwoblèm nou jwenn yo. Li di: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w.” Pran tan pou nou medite sou pawòl ankourajan sa yo. Y ap ban nou fòs lè n ap fè fas ak difikilte k ap vin pi devan yo.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

^ § 5 Tèks pou ane 2019 la ban nou twa rezon ki fè nou ka rete kalm menm lè gen move bagay k ap fèt nan monn nan oswa ki rive nan lavi nou. Atik sa a pral egzamine twa rezon sa yo e l ap ede nou pou n santi n gen mwens strès epi fè Jewova plis konfyans. Medite sou tèks pou ane a. Fè efò pou w sonje l. L ap ba w fòs pou w fè fas ak pwoblèm ki gen pou rive pi devan.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Pwomès Jewova yo ban nou asirans gen yon seri bagay k ap rive kanmenm. Yo fè nou santi nou gen mwens strès lè n ap fè fas ak pwoblèm nou ka jwenn nan lavi a.

^ § 4 Nou jwenn ekspresyon “ou pa bezwen pè” a twa fwa, se nan Ezayi 41:10, 13 ak 14. Nan menm vèsè sa yo, byen souvan nou jwenn mo “mwen” an (pou fè referans ak Jewova). Poukisa Jewova te pouse pwofèt Ezayi pou l sèvi ak mo “mwen” an souvan konsa? Li te fè sa pou mete aksan sou yon bagay ki enpòtan: sèl fason pou nou rete kalm lè nou gen pwoblèm se lè nou met konfyans nou nan Jewova.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Moun nan yon fanmi ki jwenn divès kalite eprèv nan travay, akoz pwoblèm sante, nan travay predikasyon an ak nan lekòl.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lapolis ki debake nan yon reyinyon Temwen Jewova k ap fèt nan yon kay prive, men frè ak sè yo pa panike.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Adorasyon an fanmi ki fèt regilyèman ban nou fòs pou nou andire.