Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 7

Jewova se fòs nou

Jewova se fòs nou

(Ezayi 12:2)

  1. 1. Jewova Dye, nou renmen’w ak tout kè’n.

    Ou se fòs nou, ou toujou satisfè’n.

    Nou se Temwen k’ap preche Pawòl ou,

    Menmsi gen moun ki pa vle koute nou.

    (REFREN)

    Jewova, fòs nou, Ou menm ki Souvren,

    N’ap fè konnen non’w tout lajounen.

    Glorye Jewova, Bondye Toupisan,

    Ou se kachèt nou, fòtrès nou toutan.

  2. 2. Kè nou kontan paske’w fè nou favè.

    Laverite ouvri je’n, nou wè klè.

    Nou li Labib, nou aprann volonte’w,

    E ak tout kè’n, n’ap soutni souvrènte’w.

    (REFREN)

    Jewova, fòs nou, Ou menm ki Souvren,

    N’ap fè konnen non’w tout lajounen.

    Glorye Jewova, Bondye Toupisan,

    Ou se kachèt nou, fòtrès nou toutan.

  3. 3. N’ap kontinye sèvi’w ak kè kontan.

    Byenke Satan ap teste’n, nou konfyan.

    Menmsi’l dèyè touye’n, Bondye, ede’n

    Pou nou toujou kenbe fidelite’n.

    (REFREN)

    Jewova, fòs nou, Ou menm ki Souvren,

    N’ap fè konnen non’w tout lajounen.

    Glorye Jewova, Bondye Toupisan,

    Ou se kachèt nou, fòtrès nou toutan.