Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 49

Ki jan fanmi w ka gen kè kontan? Premye pati

Ki jan fanmi w ka gen kè kontan? Premye pati

Moun ki fèk marye yo espere kè kontan yo te genyen jou maryaj yo a ap la pou toutan. Se yon bagay ki ka fèt. Kretyen ki marye depi lontan yo e ki fè anpil efò pou yo aplike prensip ki nan Bib la nan maryaj yo konnen sa ka fèt vre.

1. Ki konsèy Bib la bay mari yo?

Jewova mete mari yo chèf nan fanmi yo. (Li Efezyen 5:23.) Jewova vle mari a pran desizyon k ap bon pou fanmi an. Bib la bay mari yo konsèy sa a: “Kontinye renmen madanm nou.” (Efezyen 5:25). Ki sa sa vle di? Lè yon mari renmen madanm li, li aji avè l avèk jantiyès ni lè yo poukont yo, ni lè yo devan moun. Li pwoteje l pou anyen mal pa rive l e li fè tout sa l kapab pou l pran swen l, pou l ba l afeksyon ak atansyon (1 Timote 5:8). Sa k pi enpòtan an, li pran latèt nan ede l gen bon relasyon ak Jewova (Matye 4:4). Pa egzanp, li priye e li li Labib ak madanm li. Lè yon mari pran swen madanm li li renmen, sa pèmèt li kontinye zanmi Jewova.— Li 1 Pyè 3:7.

2. Ki konsèy Bib la bay madanm yo?

Pawòl Bondye a fè konnen yon madanm “dwe gen yon gwo respè pou mari l”. (Efezyen 5:33.) Ki jan l ka montre sa? Li ka fè sa lè l konsantre sou bèl kalite mari l genyen, sou efò l fè pou l pran swen l e pou l pran swen timoun yo. Yon lòt fason l ka montre l gen respè pou mari l, se lè l travay ak mari l pou desizyon l pran yo reyisi, lè l pale avè l avèk jantiyès e lè l pale an byen de li, menmsi mari a pap sèvi Jewova.

3. Ki jan de moun marye ka fè maryaj yo vin pi solid?

Men sa Bib la di konsènan moun ki marye yo: “Yo de a ap vin yon sèl chè.” (Matye 19:5). Sa vle di yo dwe fè anpil efò pou anyen pa lakòz lanmou yo gen youn pou lòt la febli. Yo fè sa lè yo toujou pase tan ansanm, lè yo alèz pou yo pale de sa yo panse ak sa yo santi e yo demontre lanmou lè y ap pale youn ak lòt. Mete sou sa, apa Jewova, yo pa kite anyen, ni yo pa kite okenn lòt moun vin pi enpòtan pase moun yo marye avè l la. Yo fè anpil efò tou pou yo pa vin twò pwòch ak okenn lòt moun.

FOUYE PLIS

Gade kèk prensip nan Bib la ki ka ede w fè maryaj ou vin pi solid.

4. Nou menm mari, se pou nou renmen madanm nou epi byen pran swen yo

Bib la di “mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo”. (Efezyen 5:28, 29.) Ki sa sa vle di? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki apre a.

  • Bay kèk fason yon mari ka montre li renmen madanm li e li pran swen l.

Li Kolosyen 3:12, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan yon mari ka demontre kalite sa yo nan maryaj li?

5. Nou menm madanm, se pou nou renmen mari nou epi respekte yo

Bib la ankouraje madanm yo pou yo renmen mari yo kit y ap sèvi Jewova, kit yo pap sèvi Jewova. Li 1 Pyè 3:1, 2, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Si mari w pap sèvi Jewova, sandout ou ta renmen l vin sèvi Jewova avè w. Ki jan w panse li ka pi fasil pou w ede l fè sa? Èske se lè w toujou ap preche l oubyen èske se lè w gen yon bèl konduit e w demontre respè pou li? Sa k fè se konsa w reponn?

Mari ak madanm kapab pran bon desizyon ansanm. Men, pafwa madanm nan gendwa pa dakò ak mari l. Lè sa a, li kapab fè l konnen sa l panse avèk kalm e avèk respè. Men, li dwe sonje Jewova bay mari l responsablite pou l deside sou sa ki bon pou fanmi an. Li ta dwe fè tout sa l kapab pou l soutni desizyon mari l. Lè l fè sa, sa pèmèt gen kè kontan nan fanmi an. Li 1 Pyè 3:3-5, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan Jewova santi l lè yon madanm demontre respè pou mari l?

6. Ou kapab rezoud pwoblèm ki gen nan maryaj ou yo

Pa gen maryaj ki pafè. Se sa k fè, moun ki marye yo bezwen travay ansanm pou yo fè fas ak difikilte yo rankontre. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, gen plizyè bagay ki te fè moun sa yo pa t pwòch ankò. Ki bagay sa yo?

  • Ki sa yo te fè pou yo ka fè maryaj yo vin pi solid?

Li 1 Korentyen 10:24 ak Kolosyen 3:13. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:

  • Ki jan konsèy sa a ka ede moun ki marye fè maryaj yo vin pi solid?

Bib la di youn dwe onore lòt. Onore yon moun vle di aji avèk moun sa a avèk jantiyès e avèk respè. Li Women 12:10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske yon mari oubyen yon madanm ta dwe tann se lòt la ki onore l anvan? Sa k fè se konsa w reponn?

GEN MOUN KI DI: “Mwen menm ak moun mwen marye avè l la pa pwòch menm jan an ankò.”

  • Ki sa w t ap di pou montre yo Bib la ka ede yo?

SA W TE APRANN

Yon mari ak yon madanm kapab gen kè kontan lè youn renmen lòt, lè youn respekte lòt e lè yo suiv prensip ki nan Bib la.

Revizyon

  • Ki sa yon mari kapab fè pou gen kè kontan nan maryaj li?

  • Ki sa yon madanm kapab fè pou gen kè kontan nan maryaj li?

  • Si w marye, ki prensip nan Bib la ki kapab ede w fè maryaj ou vin pi solid?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kèk bon konsèy ki kapab ede w viv ak kè kontan nan fanmi w.

Fanmi w ka gen kè kontan (bwochi)

Gade yon videyo mizik ki mete aksan sou benediksyon w ap jwenn si w suiv konsèy Bondye bay sou maryaj.

De moun ki damou (4:26)

Gade ki sa sa vle di pou yon madanm soumèt devan otorite mari l.

“Nou menm medam yo, poukisa nou dwe soumèt nou anba otorite?” (Toudegad 15 me 2010)

Gade ki jan konsèy Bib la bay sou maryaj kapab bay bon rezilta.

Bib la sove maryaj nou (7:12)