Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 60

Kontinye vin pi pwòch Jewova

Kontinye vin pi pwòch Jewova

Pandan w ap fè etid sa a, ou aprann anpil bagay sou Jewova. Bagay ou aprann yo te ede w renmen l pi plis, e sandout, ou deja vwe lavi w ba li e w batize. Si w poko fè sa, petèt w ap reflechi pou w fè sa anvan lontan. Men, se pa paske w batize ki vle di ou pa bezwen kontinye fè pwogrè. Ou kapab kontinye vin pi pwòch Jewova pou toutan. Ki jan w ka fè sa?

1. Poukisa w dwe kontinye vin pi pwòch Jewova?

Nou bezwen fè anpil efò pou n kontinye vin pi pwòch Jewova. Poukisa? Se “yon fason pou anyen pa janm pote nou ale” byen lwen l (Ebre 2:1). Ki sa k ka ede nou sèvi Jewova fidèlman? Nou kapab kontinye rete okipe nan travay predikasyon an e nou kapab chèche lòt mwayen pou nou fè plis nan sèvis n ap bay Bondye nou an. (Li Filipyen 3:16.) Pa gen pi bèl vi pase fason n ap viv nan sèvis n ap bay Jewova a!— Sòm 84:10.

2. Ki lòt bagay ou dwe kontinye fè?

Se vre etid la ap fini, men lavi w antanke kretyen ap kontinye. Bib la di: “Nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a.” (Efezyen 4:23, 24). Tank w ap kontinye etidye Pawòl Bondye a e w ap kontinye asiste reyinyon yo, w ap aprann nouvo bagay sou Jewova e sou kalite l genyen yo. Fè efò pou w gen kalite Jewova genyen yo plis toujou. Kontinye fè tout chanjman ou wè w bezwen fè pou w fè kè Jewova kontan.

3. Ki jan Jewova ap ede w fè pwogrè?

Men sa Bib la di: “Bondye [...] ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid.” (1 Pyè 5:10). Nou tout ap jwenn tantasyon. Men, Jewova ban nou sa nou bezwen pou nou rete djanm (Sòm 139:23, 24). Li pwomèt l ap ban nou ni volonte, ni fòs pou nou sèvi l fidèlman.— Li Filipyen 2:13.

FOUYE PLIS

Gade ki jan w ka kontinye vin pi pwòch Jewova e gade ki jan l pral beni w.

4. Kontinye kominike ak pi bon Zanmi w ka genyen an

Pou w te vin zanmi ak Jewova, ou te pran abitid priye l e w te pran abitid etidye Labib. Ki jan aktivite sa yo kapab ede w vin pi pwòch avè l toujou?

Li Sòm 62:8, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w ka amelyore fason w priye Jewova ak sa w ap di l yon fason pou w vin pi bon zanmi l?

Li Sòm 1:2 ak nòt la, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w ka amelyore fason w ap li Bib la pou w ka vin pi pwòch Jewova?

Ki jan w ka pi byen pwofite etid pèsonèl ou? Pou w jwenn kèk ide, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki konsèy ou te jwenn nan videyo a ki kapab itil ou?

  • Sou ki sa w ta renmen etidye?

5. Fikse objektif nan sèvis w ap bay Jewova a

Lè w gen objektif nan sèvis w ap bay Jewova a, sa kapab ede w kontinye fè pwogrè oswa vin pi pwòch li. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki jan Cameron te jwenn byenfè lefètke l te fikse objektif nan sèvis l ap bay Jewova?

Se pa tout moun ki ka deplase al preche nan yon lòt peyi, men tout moun kapab fikse objektif ki rezonab. Li Pwovèb 21:5, epi gade ki objektif ou ta ka fikse . . .

  • nan kongregasyon an.

  • nan travay predikasyon an.

Ki jan prensip ki nan vèsè sa a kapab ede w pou w atenn objektif ou yo?

Kèk objektif ou kapab fikse

  • Amelyore fason w priye.

  • Li tout Bib la.

  • Aprann konnen tout moun nan kongregasyon w.

  • Kòmanse yon etid biblik epi kontinye etid sa a.

  • Sèvi kòm pyonye oksilyè oswa kòm pyonye pèmanan.

  • Si w se yon frè, travay pou w vin yon sèvitè ministeryèl.

6. Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!

Li Sòm 22:26, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa w kapab fè pou w viv ak kè kontan depi kounye a e pou toutan?

SA W TE APRANN

Kontinye vin pi pwòch Jewova e kontinye fikse objektif nan sèvis w ap ba li a. Lè sa a, w ap ka viv ak kè kontan pou toutan.

Revizyon

  • Poukisa w mèt sèten Jewova ap ede w sèvi l fidèlman?

  • Ki jan w ka vin pi pwòch Jewova?

  • Ki jan objektif ou fikse nan sèvis w ap bay Jewova a ap ede w vin pi pwòch li?

Objektif k ap mande plis tan

APRANN PLIS

Ki sa Jewova bay plis valè, èske se yon sèl gwo aksyon nou fè pou n montre nou fidèl avè l oubyen lè nou sèvi l fidèlman pandan tout vi nou?

Se pou n fidèl menm jan ak Abraram (9:20)

Menm yon sèvitè Jewova ki fidèl kapab pèdi kè kontan l genyen. Gade ki jan li ka vin gen kè kontan ankò.

Rejwenn lajwa w grasa etid ak meditasyon (5:25)

Ki jan w ka fikse objektif nan sèvis w ap bay Jewova a e ki jan w kapab atenn objektif sa yo?

“Chèche gen objektif espirityèl pou w bay Kreyatè w la glwa” (Toudegad 15 jiyè 2004)

Poukisa li enpòtan anpil pou yon kretyen gen matirite, e ki jan w kapab rive gen matirite?

“Ann fè efò pou nou vin gen matirite paske ‘gwo jou Senyè a pa lwen rive’” (Toudegad 15 me 2009)