Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w mande : “ Kote Jewova ye ? ”

Èske w mande : “ Kote Jewova ye ? ”

Èske w mande : “ Kote Jewova ye ? ”

“ Yo vin kanpe lwen m [...]. E yo pa mande :‘ Kote Jewova ye ? ’ ” — JEREMI 2:5, 6.

1. Ki sa moun yo konn gen nan tèt yo lè yo mande : “ Kote Bondye ye ? ”

“ KOTE Bondye ye ? ” Se yon kesyon anpil moun poze tèt yo. Gen ladan yo, se yon senp enfòmasyon y ap chèche genyen sou Kreyatè a, yo sèlman ta renmen konnen ki kote li abite. Gen lòt menm ki poze kesyon sa a apre yon katastwòf fin pase oubyen apre yon malè fin frape yo e yo pa ka konprann poukisa Bondye pa fè anyen. Men, gen moun, kesyon sa a pa vin nan tèt yo menm paske yo pa dakò ak ide ki fè kwè gen yon Bondye ki egziste. — Sòm 10:4.

2. Ki moun ki jwenn bon rezilta nan efò yo fè pou yo chèche Bondye ?

2 Natirèlman, gen anpil moun ki rekonèt kantite prèv ki montre gen yon Bondye ki egziste (Sòm 19:1 ; 104:24). Gen nan moun sa yo ki annik kontante yo ak yon fòm relijyon. Men, toupatou sou tè a, gen plizyè milyon lòt moun ki tèlman renmen laverite, sa pouse yo chèche vrè Bondye a. Anfèt, moun sa yo pa fè efò yo pou granmesi piske Bondye “ pa lwen okenn nan nou ”. — Travay 17:26-28.

3. a) Ki kote Bondye abite ? b) Kesyon : “ Kote Jewova ye ? ” a, ki sans li genyen nan Bib la ?

3 Lè yon moun jwenn Jewova vre, li rann li kont ‘ se yon Espri li ye ’, moun pa ka wè l. (Jan 4:24.) Jezi te konn pale de vrè Bondye a antanke ‘ Papa l ki nan syèl la ’. Sa sa vle di ? Sa vle di, kote Papa nou abite a, espirityèlman palan, se yon kote ki wo anpil, menm jan syèl la plase nan lespas nan yon pozisyon ki wo anpil pa rapò ak tè a (Matye 12:50 ; Izayi 63:15). Nou pa ka wè Bondye avèk je nou se vre, men li ban nou posiblite pou nou konnen l e li pèmèt nou aprann anpil bagay sou pwogram li genyen (Egzòd 33:20 ; 34:6, 7). Lè yon moun ki gen bon kè poze kesyon sou sans lavi a, li reponn yo. Li ban nou yon baz solid ki pèmèt nou detèmine pozisyon l sou kesyon ki gen rapò ak lavi nou. Sa vle di nou ka konnen sa l panse sou kesyon sa yo e nou ka konnen tou si sa nou anvi fè ann amoni avèk pwogram li. Jewova vle pou nou poze tèt nou jan de kesyon sa yo e pou nou fè efò pou nou jwenn repons yo. Li te sèvi ak pwofèt Jeremi pou l reprann pèp Izrayèl la poutèt yo pa t fè sa. Yo te konn non Bondye, men yo pa t mande : “ Kote Jewova ye ? ” ​(Jeremi 2:6.) Se pa pwogram Jewova ki te priyorite nan lavi yo. Yo pa t chèche direksyon nan men l. E ou menm ? Lè w gen desizyon pou w pran, kit se ti desizyon, kit se gwo desizyon, èske w mande : “ Kote Jewova ye ? ”

Moun ki konsilte Bondye

4. Piske David te konn konsilte Jewova, ki leson nou ka tire nan sa ?

4 David, yon pitit Jese, te devlope yon fwa solid nan Jewova menm pandan li te jenn tigason. Li te konnen se Jewova ki “ Bondye vivan an ”. E David te konstate nan lavi l jan Jewova konn pwoteje l. Lafwa David ak lanmou li te gen pou “ non Jewova ” te fè l touye Golyat, yon Filisten, yon jeyan, ki te byen ame (1 Samyèl 17:26, 34-51). Poutan, viktwa David te jwenn nan pa t fè l fè tèt li twòp konfyans. Sa pa t fè l met nan tèt li, kèlkeswa sa l ta vin fè, Jewova t ap beni l. Pandan ane ki te vin apre yo, David te konn konsilte Jewova lè l te gen desizyon pou l pran (1 Samyèl 23:2 ; 30:8 ; 2 Samyèl 2:1 ; 5:19). Men ki sa l te konn di nan priyè l : “ Fè m konnen chemen w, O Jewova. Anseye m pwòp wout ou. Fè m mache nan verite w la epi anseye m, paske se ou menm ki Bondye delivrans mwen. Se nan ou mwen gen espwa pandan tout jounen an. ” ​(Sòm 25:4, 5) Èske se pa yon bèl egzanp pou nou suiv ?

5, 6. Ki jan Yewochafat te chèche Jewova nan divès moman nan lavi l ?

5 Nan desandan David yo, se Yewochafat ki te senkyèm wa. Pandan li te sou pouvwa a, te gen lame twa nasyon ki te met tèt yo ansanm pou vin fè lagè ak Jida. Nan yon ka ijan konsa, yon ka ki te konsène tout nasyon an, li te “ vire fas li pou l chèche Jewova ”. (2 Kwonik 20:1-3.) Se pa premye fwa Yewochafat te chèche Jewova. Li pa t fè menm jan ak wayòm ki nan nò Izrayèl la ki te tonbe nan apostazi pou l te adore Baral. Li te chwazi mache nan chemen Jewova trase (2 Kwonik 17:3, 4). Men, kòm kounye a li te tonbe nan gwo pwoblèm, èske li t apral montre l ap “ chèche Jewova ” ?

6 Nan moman kritik sa a, Yewochafat te priye an piblik nan vil Jerizalèm. Li te montre li sonje jan Jewova se yon Bondye ki Toupisan. Li te fè bèl refleksyon sou pwogram Jewova, ki te parèt klè lè Jewova te chase yon seri de nasyon e li te bay Izrayelit yo tè a kòm eritaj. Apre sa, wa a montre Jewova jan l bezwen sekou nan men l (2 Kwonik 20:6-12). Èske Jewova te kite yo jwenn li nan sikonstans sa a ? Pa gen dout sou sa. Li te sèvi ak yon Levit ki rele Yarazyèl pou l di yo egzakteman ki sa yo dwe fè e, nan demen, li te bay pèp li a laviktwa (2 Kwonik 20:14-28). Ki jan w ka asire w Jewova ap kite w jwenn li lè w mande l sa pou w fè ?

7. Priyè ki moun Bondye tande ?

7 Jewova pa gen patipri. Li envite moun tout nasyon pou yo chèche l nan lapriyè (Sòm 65:2 ; Travay 10:34, 35). Lè moun vin sipliye l, li pran sa ki nan kè yo an konsiderasyon. Li ban nou asirans l ap tande lapriyè moun ki jis yo (Pwovèb 15:29). Moun ki pa t enterese nan li oparavan, men kounye a ki vin chèche direksyon nan men l avèk imilite, li kite yo jwenn li (Izayi 65:1). Menm moun ki dezobeyi lwa l, si yo repanti avèk imilite, l ap tande priyè yo (Sòm 32:5, 6 ; Travay 3:19). Poutan, lè yon moun pa gen yon kè ki obeyisan, moun sa a se anven l ap priye (Mak 7:6, 7). Ann analize kèk egzanp.

Yo te mande, men yo pa t jwenn

8. Sa k fè Jewova pa t koute priyè wa Sayil ?

8 Apre pwofèt Samyèl te fè wa Sayil konnen Jewova rejte l poutèt li dezobeyi l, Sayil te pwostène devan Jewova (1 Samyèl 15:30, 31). Men, se yon jès Sayil te fè pou fè wè. Sayil pa t gen nan tèt li pou l obeyi Jewova vre, men sa k te enterese l se te pou l jwenn onè devan pèp la. Kèk tan apre sa, Filisten yo te vin fè lagè ak Izrayèl, Sayil te al konsilte Jewova pou lafòm. Men, lè l wè li pa jwenn repons, l al kay yon manbo malgre li te konnen se yon bagay Jewova kondane (Detewonòm 18:10-12 ; 1 Samyèl 28:6, 7). Nan 1 Kwonik 10:14, nou jwenn yon rezime sou fason Sayil te aji a. Li di : “ Li pa t konsilte Jewova. ” Poukisa ? Se paske priyè Sayil te fè a pa montre li te gen lafwa. Se kòmsi li pa t janm priye.

9. Lè Sidkiya te sipliye Jewova pou l di l sa pou l fè, ki pwoblèm ki te gen nan sa ?

9 Gen yon bagay menm jan an ki te pase nan epòk wayòm Jida a t apral rive nan bout li. Tank moman sa a t ap pwoche, se tank moun yo t ap priye e se tank yo te al chèche konsèy nan men pwofèt Jewova yo. Sepandan, menm pèp sa a ki te di yo gen respè pou Jewova a t ap adore zidòl (Sefànya 1:4-6). Menmsi yo te konsilte Jewova, yo pa t prepare kè yo pou yo fè volonte l. Wa Sidkiya te sipliye Jeremi pou l al kontakte Jewova pou li. Jewova te deja di wa a sa l ta dwe fè. Men, piske l te manke lafwa, piske l te pè moun, li pa t obeyi vwa Jewova. E Jewova li menm pa t reponn wa a ankò kòmkwa pou l ta ba l repons li te swete a. — Jeremi 21:1-12 ; 38:14-19.

10. Ki pwoblèm ki te genyen nan fason Yowanàn te mande Jewova sa pou l fè ? Ki leson nou ka tire nan sa ?

10 Lè Jerizalèm te fin detwi e lame Babilonyen yo te fin mennen Juif yo ann egzil, Yowanàn te fè preparasyon pou l mennen ti gwoup Juif ki te rete nan Jida a ann Ejip. Yo te gentan pran tout dispozisyon, men, anvan yo ale, yo te mande Jeremi pou l priye Jewova pou yo yon fason pou l di yo sa pou yo fè. Sepandan, lè yo wè repons yo t ap atann nan, se pa li yo te jwenn, sa yo te deja gen nan tèt yo a, se li yo te fè (Jeremi 41:16–43:7). Nou sot wè plizyè egzanp ki montre ki sa ki ka fè Jewova pa kite yon moun k ap chèche fas li jwenn li. Èske pa gen yon leson nou ka tire ladan yo yon fason pou l ka kite nou jwenn li ?

“ Se pou nou kontinye verifye ”

11. Sa k fè nou bezwen aplike sa nou jwenn nan Efezyen 5:10 la ?

11 Pou yon moun adore Jewova, fò li vwe vi l ba li, fò li batize, fò li asiste reyinyon e fò li preche. Men, se pa sa sèlman ki gen nan vrè adorasyon an. Se yon bagay ki antre nan tout ti detay nan vi nou. Se chak jou n ap jwenn presyon. Genyen ki anba anba, gen lòt ki parèt aklè. E se yon seri presyon ki ka fè nou pa bay Bondye atachman nou ta sipoze ba li a. Men, ki jan n ap reyaji devan presyon sa yo ? Lè apot Pòl t ap ekri kretyen fidèl ki t ap viv Efèz yo, men konsèy li te ba yo : “ Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. ” ​(Efezyen 5:10). Bib la pale nou de kèk sitiyasyon ki te rive ki montre avantaj ki genyen lè yon moun suiv konsèy sa a.

12. Poukisa Jewova te fache lè David te fè yo transpòte lach alyans lan nan vil Jerizalèm ?

12 Lè yo te retounen ann Izrayèl avèk lach alyans lan, li te fè yon pakèt tan nan yon vil ki rele Kiryat-yeyarim. David te vle transfere Lach la Jerizalèm. Li te chita pale ak chèf ki pami pèp la, e li te di l ap fè transpòte Lach la ‘ si sa parèt bon pou yo e si se yon bagay Jewova dakò ’. Men, li pa t pran san l pou l te konnen egzakteman ki sa Bondye vle ki pou fèt nan yon ka konsa. Si l te fè sa, yo pa t ap janm mete Lach la nan yon charyo. Se Levit kowatit yo ki t ap pote l sou zepòl yo e se yon bagay Bondye te byen klè sou li. Menmsi David se yon moun ki te konn konsilte Jewova souvan, fwa sa a, li pa t fè sa jan l ta dwe fè l. Yo te peye sa chè. Pi devan, David te vin admèt yo fè fot piske l te di : “ Jewova, Bondye nou an, atake nou paske nou pa t chèche l tankou sa fèt nan koutim nou. ” — 1 Kwonik 13:1-3 ; 15:11-13 ; Nonb 4:4-6, 15 ; 7:1-9.

13. Ki rapèl ki te fèt nan yon chante yo te chante lè yo te reyisi ale ak Lach la Jerizalèm ?

13 Finalman, lè Levit yo te pran Lach la lakay Obèd-edòm e yo te pote l Jerizalèm, moun yo te chante yon chante David te konpoze. Nan chante sa a, David te di yon pawòl touchan ki te sèvi moun yo rapèl. Men li : “ Chèche Jewova, chèche fòs li, toujou chèche fas li. Sonje travay estrawòdinè li fè yo, sonje mirak li fè ak vèdik ki sot nan bouch li. ” — 1 Kwonik 16:11, 12.

14. Ki leson nou ka tire nan bon egzanp Salomon te kite ? Ki leson nou ka tire tou nan peche li te komèt lè l te rive nan granmoun ?

14 Anvan David te mouri, li te bay yon pitit gason l ki rele Salomon yon konsèy. Li te di : “ Si w chèche [Jewova], l ap kite w jwenn li. ” ​(1 Kwonik 28:9). Lè Salomon te fin pran pouvwa a, li te al Gibeyòn kote tant reyinyon an te ye a e li te fè sakrifis bay Jewova. Se etan lòtbò a Jewova te di Salomon : “ Ou mèt mande m ! Ki sa pou m ba ou ? ” San mezire, Jewova te bay Salomon sajès ak konesans li te mande pou l dirije Izrayèl. Men tou, li te fè l rich e li te fè l jwenn glwa (2 Kwonik 1:3-12). Salomon te sèvi ak plan achitekti Jewova te bay David la pou l fè yon trè bèl tanp. Sepandan, Salomon pa t chèche Jewova lè pou l te chwazi madanm. Li te marye ak fi ki pa t ap adore Jewova. Lè l te rive nan granmoun, madanm sa yo te fè l kite Jewova (1 Wa 11:1-10). Li enpòtan pou nou “ kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi ” san nou pa gade sou renome nou, sou entèlijans nou oswa konesans nou posede !

15. Lè Zera te vin batay ak Jida, sa k fè Aza te ka priye Jewova avèk konfyans l ap delivre Jida ?

15 Sa k te pase nan ka wa Aza, yon pitit pitit pitit Salomon, montre nesesite pou nou fè sa. Apre Aza te fin gen onz an sou pouvwa a, yon Etyopyen ki rele Zera te mache avèk yon lame ki gen yon milyon sòlda ladan l pou l fè lagè ak Jida. Èske Jewova t apral delivre Jida ? Plis pase 500 an anvan sa, Jewova te klè ak pèp la, li te di l sa l ta dwe atann nan men l si l koute l e si l obeyi kòmandman l yo. Li te di pèp la tou ki sa pou yo atann si yo dezobeyi l (Detewonòm 28:1, 7, 15, 25). Depi lè Aza te fèk monte sou pouvwa a, li te kraze otèl ak poto sakre yo te konn sèvi pou adore fo dye sou tout tèritwa l la. Li te ankouraje pèp la “ pou l chèche Jewova ”. Aza pa t tann se lè li an danje pou l fè travay sa a. Se sa k fè, li te ka priye Jewova avèk fwa pou l mande l sekou. Ki rezilta l te jwenn ? Jida te jwenn yon viktwa ki pa ret ak viktwa. — 2 Kwonik 14:2-12.

16, 17. a) Malgre Aza te gen laviktwa, se ki sa Jewova te voye fè l sonje ? b) Ki èd Aza te resevwa lè l te aji yon fason ki manke sajès, e ki jan l te reyaji ? c) Lè nou analize jan Aza te aji, ki leson nou ka tire ?

16 Toutfwa lè Aza retounen, Jewova te voye Azarya di l : “ Koute m, o Aza ansanm ak tout Jida ak Benjamen ! Jewova avèk nou toutotan nou montre nou avèk li. E si nou chèche l, l ap kite nou jwenn li. Men, si nou kite l, l ap kite nou tou. ” ​(2 Kwonik 15:2). Aza te vin pi detèmine toujou pou l travay nan enterè vrè adorasyon an. Men, apre 24 an, Aza t apral nan lagè ankò e fwa sa a li pa t chèche Jewova. Li pa t al chèche konnen sa Pawòl Bondye a di ni li pa t sonje sa Jewova te fè lè lame Etyopyen yo te anvayi Jida. Li te aji an moun sòt, li t al fè alyans ak peyi Siri. — 2 Kwonik 16:1-6.

17 Jan Aza te aji a te fè Jewova voye Anani, yon moun ki wè lwen, al reprann li. Menm nan moman sa a kote Anani te di Aza sa Jewova panse, li pa t twò ta pou l chanje. Men, olye l chanje, se fache l fache e li fè fèmen Anani nan yon kacho kote yo mete moun nan sèp (2 Kwonik 16:7-10). Ala tris sa tris ! Men, e nou menm ? Èske nou chèche Jewova e anmenmtan nou refize tande konsèy ? Lè nou twò kole ak monn nan epi yon ansyen ki gen sousi pou nou sèvi ak Bib la pou l ban nou konsèy, pou l ede nou ak tout kè l, yon fason pou n ka wè “ sa k ap fè Seyè a plezi ”, èske nou montre rekonesans nou pou sa ?

Pa bliye mande : “ Kote Jewova ye ? ”

18. Ki sa pawòl Eliyou te di Jòb la aprann nou ?

18 Menm yon moun ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova avèk fidelite, lè l anba gwo pwoblèm, li kapab fè yon bagay ki fè Jewova pa apwouve l. Lè Jòb te gen yon maladi repiyan ki t ap wonje l, li te pèdi tout pitit li ansanm ak tout byen l e yo te akize l mal, se tèt li sèlman li te wè. Lè sa a, men ki sa Eliyou te di l : “ Pa gen pesonn ki mande : ‘ Kote Bondye, Gran Kreyatè m nan, ye ? ’ ” ​(Jòb 35:10). Jòb te bezwen konsantre atansyon l sou Jewova e li te bezwen chèche konnen ki jan Jewova wè sitiyasyon an. Avèk imilite, Jòb te aksepte rapèl Eliyou te fè l la. Egzanp li an ka pouse nou fè menm jan an tou.

19. Ki sa, byen souvan, pèp Izrayèl la te bliye fè ?

19 Pèp Izrayèl la te konnen istwa l, li te konnen ki jan Jewova te aji avèk nasyon an. Men, twò souvan, yo te bliye sa lè yo te konn rankontre yon seri sitiyasyon difisil nan lavi yo (Jeremi 2:5, 6, 8). Lè yo te gen yon seri desizyon pou yo pran nan lavi yo, yo te prefere fè sa lide yo di yo olye pou yo mande : “ Kote Jewova ye ? ” — Izayi 5:11, 12.

Kontinye mande : “ Kote Jewova ye ? ”

20, 21. a) Ki moun nan epòk nou an ki chèche direksyon nan men Jewova menm jan ak Elicha ? b) Ki jan egzanp yo bay ki montre yo gen lafwa a ka sèvi nou ?

20 Lè ministè piblik Eliya t ap akonpli a te rive nan bout li, Elicha, sèvitè l la, te pran rad ofisyèl ki te tonbe sot sou Eliya a, li te al nan Jouden an, li frape dlo a avè l epi li di : “ Men, kote Jewova menm, Bondye Eliya a ? ” ​(2 Wa 2:14). Jewova te reponn, lè l te montre kounye a se sou Elicha lespri l te ye. Ki sa sa aprann nou ?

21 Gen yon bagay menm jan an ki pase nan epòk nou an. Nan kretyen wen ki te konn ap dirije travay predikasyon an, gen ladan yo ki mouri. Moun ki te vin gen responsablite pou yo sèvi kòm siveyan yo te fouye Bib la e yo te priye Jewova pou yo ka jwenn direksyon nan men l. Wi, yo te toujou mande : “ Kote Jewova ye ? ”. Kòm rezilta, Jewova kontinye dirije pèp li a e li fè travay yo akonpli yo bay bon rannman. Èske nou imite lafwa moun sa yo (Ebre 13:7) ? Si se sa, n ap rete kole ak òganizasyon Jewova a, n ap suiv direksyon l e n ap bay tout patisipasyon nou nan travay k ap fèt anba direksyon Jezi Kris la. — Zekarya 8:23.

Ki repons nou ta bay ?

• Nan ki entansyon nou bezwen mande : “ Kote Jewova ye ? ”

• Jodi a, lè nou mande “ kote Jewova ye ”, ki jan nou kapab jwenn repons kesyon sa a ?

• Sa k fè gen moun ki pa t jwenn repons lè yo te mande Jewova sa pou yo fè ?

• Ki egzanp biblik ki montre nou nan ki degre nou bezwen “ kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Ki jan wa Yewochafat te chèche Jewova ?

[Foto nan paj 18]

Pou ki rezon Sayil te al lakay yon manbo ?

[Foto nan paj 20]

Priye, etidye, medite pou w ka byen konnen “ kote Jewova ye ”.