Sofoni 1:1-18
1 Men pawòl Jewova te di Sofoni*, pitit gason Kouchi, ki pitit gason Gedalya, ki pitit gason Amarya, ki pitit gason Ezekyas, nan epòk Jozyas+, pitit gason Amon+, te wa peyi Jida:
2 Jewova di: “M ap detwi tout sa ki sou tè a nèt+.
3 M ap detwi ni moun ni bèt.M ap detwi zwazo nan syèl la ak pwason nan lanmè yo+E m ap detwi bagay k ap fè moun tonbe yo*+ ansanm ak mechan yo.Epi, m ap elimine moun sou tè a.” Se sa Jewova di.
4 “M ap leve men m kont JidaE kont tout moun ki abite Jerizalèm yo.M ap elimine tout rès* Baal nan zòn sa a+,Ak non prèt k ap sèvi fo dye yo ansanm ak lòt prèt yo+.
5 M ap elimine moun k ap bese byen ba sou do kay yo devan lame syèl la+,Ak moun k ap bese byen ba pou yo fè sèman bay Jewova y ap ret fidèl avè l+,Toutpandan y ap fè sèman bay Malkam y ap ret fidèl avè l+.
6 M ap elimine moun ki vire do bay Jewova+Ak moun ki pa chèche Jewova oubyen ki pa mande l sa pou yo fè+.”
7 Se pou nou fè silans devan Jewova, Seyè ki Souvren an, paske jou Jewova a toupre rive+.Jewova prepare yon sakrifis. Li fè moun li envite yo vin sen.
8 “Mwen menm, Jewova, m ap pini prens yo,Pitit wa yo+ ak tout moun ki abiye tankou moun lòt nasyon nan jou sakrifis mwen an.
9 M ap pini tout moun ki monte sou estrad la* jou sa a,Moun ki fè kay mèt yo vin plen vyolans ak manti.”
10 Epi, Jewova di: “Jou sa a,Pral gen gwo rèl nan Pòtay Pwason an+,Pral gen kriye nan Dezyèm Katye vil la+,E pral gen yon gwo bri tankou bri yon bagay ki kraze sou ti mòn yo.
11 Nou menm ki rete Maktèch*, se pou n rele!Paske yo detwi tout negosyan* yo*E yo elimine tout moun k ap peze ajan yo.
12 Lè sa a, m ap pran tan pou m byen fouye Jerizalèm ak lanp,E m ap pini moun ki kè pòpòz yo*, moun ki di nan kè yo:‘Jewova pap fè ni byen ni mal+.’
13 Moun ap piye richès yo genyen yo e y ap kraze kay yo genyen yo+.Yo menm, y ap bati kay, men yo pap abite ladan yo,E y ap plante jaden rezen, men yo pap jwenn diven pou yo bwè ladan yo+.
14 Gran jou Jewova a toupre rive+!Li toupre rive e l ap vini byen vit*+!Bri jou Jewova a ap fè moun pè+.Jou sa a, yon sòlda ki konn fè lagè ap fè gwo rèl+.
15 Jou sa a se yon jou kòlè+,Yon jou malè ak tètchaje+,Yon jou tanpèt ak dezespwa,Yon jou fènwa, yon jou sonm+,Yon jou ki chaje nyaj ak fènwa pwès+,
16 Yon jou kòn ap sonnen e yon jou kote ap gen bri lagè+,Yon jou kote moun yo pral sonnen kòn e yo pral fè yon bri lagè pou yo atake vil ki byen pwoteje yo ak fòtrès ki nan kwen miray yo+.
17 M ap lage malè sou lèzòm,Yo pral mache tankou moun ki avèg+,Paske se kont Jewova yo peche+.San yo ap koule atè tankou pousyè,E trip yo* ap gaye tankou poupou bèt+.
18 Ni ajan ni lò yo posede pap ka sove yo nan jou kòlè Jewova a+.Paske kòlè l pral tankou yon dife e li pral kankannen tout tè a+,E li pral detwi tout moun sou tè a, wi, l ap detwi yo yon fason ki terib+.”
Nòt anba paj
^ Sa vle di: “Jewova kache moun (byen sere moun)”.
^ Sanble se te bagay oswa aktivite ki gen rapò ak adore zidòl.
^ Oswa: “tout tras”.
^ Oswa: “sou podyòm nan; nan kote yo bat manje angren an”. Petèt se te platfòm kote twòn wa a te ye a.
^ Lit.: “yo fè negosyan yo fè silans”.
^ Sanble se te yon pati nan Jerizalèm ki te toupre Pòtay Pwason.
^ Oswa: “komèsan”.
^ Lit.: “moun ki poze nan ma yo”, kòmsi se te nan yon barik diven.
^ Oswa: “l ap prese byen rapid”.
^ Oswa: “E chè yo”.

