Sofoni 3​:​1-20

  • Jerizalèm se yon vil ki rebèl e ki kontamine (1-7)

  • Jijman ak retou pèp la (8-20)

    • Y ap pale yon lang ki pwòp (9)

    • Yon pèp ki gen imilite e ki pa awogan ap sove (12)

    • Jewova ap kontan pou Siyon (17)

3  Malè pou vil ki rebèl la, vil ki kontamine a, vil k ap toupizi moun ki ladan l yo+!  2  Li pa t vle koute+ e li pa t aksepte disiplin+.Li pa t met konfyans li nan Jewova+ e li pa t pwoche bò kote Bondye l la+.  3  Chèf ki ladan l yo se lyon k ap gwonde+.Jij li yo se lou k ap chase lannuit.Yo pa kite menm yon zo pou yo kraze nan demen maten.  4  Pwofèt li yo awogan, yo se moun ki trèt+.Prèt li yo pa gen respè pou bagay ki sakre+.Yo pa respekte lalwa+.  5  Jewova dwat e li ret nan vil la+, li pa fè okenn bagay ki mal.Maten apre maten, li fè yo konnen desizyon l yo+,Menm jan ak douvanjou ki toujou parèt.Men, moun ki pa dwat yo pa konn wont+.  6  “Mwen te detwi nasyon yo. Fòtrès yo genyen nan kwen miray yo te ret vid.Mwen te demantibile wout yo genyen yo, konsa pèsonn pa t pase ladan yo.Vil yo te tounen yon pakèt dekonm, san pa gen yon moun ladan yo, san okenn moun pa ret ladan yo+.  7  Mwen te di moun nan vil la: ‘San mank, n ap gen lakrentif pou mwen e n ap aksepte disiplin*+’,Yon fason pou kote yo rete a pa detwi+.Anfèt, mwen dwe mande l regleman* pou tout bagay sa yo.Men, yo pi chofe toujou pou yo fè sa ki mal+.  8  Men sa Jewova di: ‘Se poutèt sa, kontinye ret tann mwen*+,Jiskaske jou a rive pou m leve pou m pran tout sa m jwenn*.Paske, mwen pran desizyon pou m rasanble nasyon yo ak wayòm yo,Pou m lage kòlè m sou yo, tout kòlè m nèt+.Paske, kòlè m tankou yon dife e li pral kankannen tout tè a+.  9  Paske, lè sa a, m ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp,Pou yo tout ka louwe non m, ki se Jewova,E pou yo sèvi m kòtakòt*+.’ 10  “Moun k ap sipliye m yo, moun nan pèp mwen an ki gaye yo,Ap sot nan zòn rivyè ki nan peyi Etyopi yo pou yo pote yon ofrann pou mwen+. 11  Jou sa a, yo pap fè nou wontMalgre tout aksyon nou te fè pou nou fè rebèl avè m yo+.Paske, lè sa a m ap retire moun ki gen ògèy e k ap fè grandizè yo nan mitan nou,E nou pap janm gen ògèy ankò nan mòn mwen an ki sakre+. 12  M ap kite yon pèp ki gen imilite e ki pa awogan rete nan mitan nou+,E y ap jwenn pwoteksyon nan non m, ki se Jewova. 13  Rès moun ki nan pèp Izrayèl la+ pap fè sa ki pa bon+,Yo pap bay manti, ni yo pap twonpe moun ak lang nan bouch yo.Yo pral manje e yo pral kouche, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+.” 14  Nou menm moun Siyon, se pou n rele tèlman n kontan!Nou menm moun Izrayèl, se pou n rele, se pou n fè fèt+!Nou menm moun Jerizalèm yo, se pou nou gen kè kontan e se pou nou kontan ak tout kè nou+! 15  Jewova retire nou nan pinisyon* nou te ye a+.Li fè ènmi nou an ale+.Jewova, Wa Izrayèl la, nan mitan nou+.Nou pap pè malè ankò+. 16  Jou sa a, y ap di Jerizalèm:“Ou pa bezwen pè, o Siyon+.Pinga w kite men w vin fèb. 17  Jewova, Bondye nou an, nan mitan nou+.Piske li se Sila a ki gen pisans lan, l ap sove nou.L ap kontan anpil pou nou+.Lanmou li gen pou nou ap fè l santi l byen.L ap kontan pou nou e l ap rele tèlman l kontan. 18  M ap rasanble moun ki tris poutèt yo pa t la nan fèt nou yo+,Yo pa t la avèk nou paske yo te nan lawont ann egzil+. 19  Gade! Lè sa a, m ap pini tout moun k ap toupizi nou yo+,M ap sove moun k ap vole anlè yo+,E m ap rasanble moun ki gaye yo+.M ap fè moun fè lwanj pou yo, e m ap fè yo gen yon bon repitasyon*Nan tout peyi kote yo te nan lawont yo. 20  Lè sa a, m ap fè nou retounen lakay nou.Lè sa a, m ap rasanble nou.Paske, m ap fè nou gen yon bon repitasyon*, e m ap fè moun fè lwanj pou nou+ nan mitan tout pèp ki sou tè aLè m rasanble moun nou genyen ki ann egzil yo e mwen fè yo retounen devan je nou.” Se sa Jewova di+.

Nòt anba paj

Oswa: “dwe pini l”.
Oswa: “koreksyon”.
Oswa: “Se poutèt sa, ret tann mwen avèk pasyans”.
Se kapab tou: “pou m leve pou m parèt kòm temwen”.
Oswa: “pou yo adore m nan tèt ansanm”.
Lit.: “nan jijman”.
Lit.: “gen yon non”.
Lit.: “gen yon non”.