Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

“Chèf tout gason se Kris”

“Chèf tout gason se Kris”

“Chèf tout gason se Kris.” — 1 KOR. 11:3.

KANTIK 12 Gran Dye, Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka gen enfliyans sou fason yon gason aji ak madanm li ak pitit li?

KI SA mo “chèf” la vle di pou ou? Gen kèk gason ki kite tradisyon, kilti oswa fason fanmi yo te leve yo gen enfliyans sou fason y ap aji ak madanm yo ak pitit yo. Remake sa Yanita, yon sè k ap viv ann Ewòp, di: “Kote m ap viv la, moun yo vrèman kwè fi gen mwens enpòtans pase gason e yo dwe konsidere yo kòm sèvant.” E men sa yon frè ki rele Luke k ap viv Ozetazini di: “Gen kèk papa ki fè pitit gason yo konnen pa gen anyen fi di ki bon e opinyon yo pa enpòtan.” Men, atitid konsa pa ann amoni ak fason Jewova vle gason egzèse otorite yo. (Konpare ak Mak 7:13.) Donk, ki jan yon gason ka aprann vin yon bon chèf fanmi?

2. Ki sa yon chèf fanmi dwe konnen, e poukisa?

2 Pou yon gason yon bon chèf fanmi, toudabò li dwe konprann ki sa Jewova vle l fè. Li bezwen konnen tou poukisa Jewova bay moun otorite, e sitou, ki jan li ka imite egzanp Jewova ak Jezi. Poukisa li enpòtan pou yon gason konn bagay sa yo? Paske Jewova bay chèf fanmi yo kèk otorite e li atann pou yo byen sèvi ak otorite li ba yo a. — Lik 12:48b.

KI SA MO CHÈF LA VLE DI?

3. Ki sa nou aprann sou mo chèf la, jan sa parèt nan 1 Korentyen 11:3?

3 Li 1 Korentyen 11:3. Vèsè sa a montre fason Jewova òganize fanmi li genyen an ni nan syèl la ni sou tè a. Mo chèf la gen de aspè enpòtan ladan l: otorite ak responsablite. Jewova se “chèf” la, oswa pi gwo otorite a, e tout pitit li yo, ni zanj yo ni lèzòm, gen kont pou yo rann li (Wom. 14:10; Efe. 3:14, 15). Jewova bay Jezi otorite sou kongregasyon an, men, Jezi gen kont pou l rann Jewova sou fason l aji ak nou (1 Kor. 15:27). Jewova bay yon mari otorite tou sou madanm li ak pitit li, men, yon mari gen kont pou l rann ni Jewova ni Jezi pou fason li aji ak fanmi l. — 1 Pyè 3:7.

4. Ki otorite Jewova ak Jezi genyen?

4 Piske Jewova se Chèf fanmi li genyen an ni nan syèl la ni sou tè a, li gen otorite pou l mete yon seri règ sou fason pitit li yo dwe konpòte yo e pou l asire l yo respekte règ sa yo (Eza. 33:22). Jezi, antanke chèf kongregasyon an, gen dwa mete yon seri règ epi veye pou yo respekte yo. — Gal. 6:2; Kol. 1:18-20.

5. Nan yon fanmi kretyen, ki otorite chèf fanmi an genyen, e ki limit li genyen?

5 Menm jan ak Jewova ak Jezi, nan yon fanmi kretyen, chèf fanmi an gen otorite pou l pran desizyon pou fanmi l (Wom. 7:2; Efe. 6:4). Sepandan, otorite li genyen an gen limit. Pa egzanp, règ li bay yo dwe baze sou prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Pwo. 3:5, 6). E yon chèf fanmi pa gen otorite pou l met yon seri règ pou moun ki pa fè pati fanmi l (Wom. 14:4). Epitou, lè pitit gason ak pitit fi l vin gran e yo kite kay la, se vre yo kontinye gen respè pou li, men, yo pa anba otorite l ankò. — Mat. 19:5.

POUKISA JEWOVA BAY KÈK MOUN OTORITE?

6. Poukisa Jewova te bay kèk moun otorite?

6 Jewova bay kèk moun otorite paske li renmen fanmi li genyen an. Se yon kado li bay fanmi l. Lefètke gen otorite nan fanmi Jewova a, sa fè gen lapè ak lòd nan fanmi an (1 Kor. 14:33, 40). Si nan fanmi Jewova a yo pa konnen aklè kiyès ki gen otorite, t ap gen dezòd e pa t ap gen kè kontan nan fanmi an. Pa egzanp, pa gen moun ki t ap konnen kiyès ki dwe pran dènye desizyon yo e ki dwe pran latèt pou respekte desizyon sa yo.

7. Selon Efezyen 5:25, 28, ki jan Jewova vle pou gason yo aji ak madanm yo?

7 Si dispozisyon Bondye pran pou gason yo gen otorite nan fanmi yo se yon bon bagay, poukisa gen tout fi sa yo jodi a ki fè konnen mari yo ap fè yo pase mizè e y ap kontwole tout sa y ap fè? Se paske anpil gason pa suiv prensip Jewova bay pou fanmi yo e yo pito chwazi suiv koutim oswa tradisyon zòn kote y ap viv la. Yo ka ap maltrete madanm yo tou paske sa fè yo santi yo byen. Pa egzanp, yon mari gendwa ap kontwole madanm li pou l ka montre li enpòtan oswa li se yon “gason toutbon”. Li ka di tèt li li pa ka fòse madanm li renmen l, men li ka fè l pè l. E li ka menm sèvi ak sa pou l kontwole madanm li *. Li klè, lè mesye yo rezone oswa aji konsa, sa fè medam yo pèdi onè ak respè yo merite, e sa yo fè a pa ann amoni ditou ak sa Jewova vle. — Li Efezyen 5:25, 28.

KI JAN YON GASON KA APRANN VIN YON BON CHÈF FANMI?

8. Ki jan yon gason ka aprann vin yon bon chèf fanmi?

8 Yon gason ka aprann vin yon bon chèf fanmi lè l imite fason Jewova ak Jezi sèvi ak otorite yo. Ann wè de nan kalite Jewova ak Jezi genyen, e ann wè ki jan yon chèf fanmi ka montre kalite sa yo nan fason l ap aji ak madanm li ak pitit li.

9. Ki jan Jewova montre li gen imilite?

9 Imilite. Se Jewova ki gen plis sajès. Epoutan, li koute opinyon sèvitè l yo (Jen. 18:23, 24, 32). Li pèmèt sila yo ki anba otorite l di sa yo panse (1 Wa 22:19-22). Jewova pafè, men li pa atann pou nou pafè kounye a. Okontrè, li ede moun k ap sèvi l yo ki enpafè pou yo reyisi nan sèvis y ap ba li a (Sòm 113:6, 7). Anfèt, Bib la menm fè konnen Jewova se yon “èd”. (Sòm 27:9; Ebre 13:6.) Wa David te rekonèt se grasa imilite Jewova genyen ki fè l te ka fè gwo travay li te fè yo. — 2 Sam. 22:36.

10. Ki jan Jezi te montre li gen imilite?

10 Ann pran egzanp Jezi. Byenke li te Seyè e li te Mèt disip li yo, li te lave pye yo. Ki youn nan rezon ki fè Jewova te fè ekri istwa sa a nan Bib la? Pa gen dout se pou l bay tout moun, san wete chèf fanmi yo, yon modèl pou yo suiv. Men sa Jezi di: “Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” ​(Jan 13:12-17). Byenke Jezi te gen anpil otorite, li pa t atann pou lòt moun sèvi l. Okontrè, li te sèvi lòt moun. — Mat. 20:28.

Yon chèf fanmi ka montre li gen imilite ak lanmou lè li fè travay nan kay e lè li ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye. (Gade paragraf 11, 13.)

11. Ki sa yon chèf fanmi ka aprann sou imilite nan egzanp Jewova ak Jezi?

11 Leson pou nou. Gen plizyè fason yon chèf fanmi ka montre li gen imilite. Pa egzanp, li pa atann pou madanm li ak pitit li pafè. Li koute opinyon moun nan fanmi l, menm lè yo pa dakò ak sa l di. Men sa Marley k ap viv Ozetazini di: “Mwen menm ak mari m konn pa gen menm opinyon. Men, mwen santi li ban m enpòtans e li respekte m, paske li mande m opinyon m e li byen reflechi sou sa m di l anvan l pran yon desizyon.” Mete sou sa, yon mari ki gen imilite dispoze fè travay nan kay, menmsi nan zòn kote l ap viv la yo konsidere travay sa yo kòm travay fi. Se yon bagay ki kapab difisil. Sa k fè sa? Men sa yon sè ki rele Rachel di: “Nan zòn kote m soti a, si yon mari ap ede madanm li lave veso oswa netwaye kay, vwazen l ak moun nan fanmi l t ap mande tèt yo si l se yon ‘gason toutbon’. Yo t ap panse li pa ka dirije madanm li.” Si se konsa moun nan zòn kote w ap viv la panse, sonje Jezi te lave pye disip li yo, menm lè moun te konsidere travay sa a kòm travay pou esklav fè. Objektif yon bon chèf fanmi, se pa chèche fè moun wè l se yon moun ki enpòtan, men, se fè madanm li ak pitit li santi yo byen. Anplis imilite, ki lòt kalite ki enpòtan anpil pou yon bon chèf fanmi genyen?

12. Ki sa lanmou pouse Jewova ak Jezi fè?

12 Lanmou. Tout sa Jewova fè, se lanmou ki pouse l fè yo (1 Jan 4:7, 8). Jewova renmen nou e li vle nou vin zanmi l. Li sèvi ak Labib, Pawòl li te fè ekri a, ak òganizasyon l lan pou l montre nou sa. Li montre li gen sousi pou nou lefètke li ban nou asirans li renmen nou. Ki sa n ka di konsènan sa nou bezwen pou n viv? Jewova “ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo”. (1 Tim. 6:17.) Lè nou fè erè, li korije nou, men li pa sispann renmen nou. Se lanmou ki te pouse Jewova pran dispozisyon pou l bay ranson an pou nou. Jezi li menm tèlman renmen nou, li bay lavi l pou nou (Jan 3:16; 15:13). Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova ak Jezi renmen moun ki fidèl yo. — Jan 13:1; Wom. 8:35, 38, 39.

13. Poukisa li enpòtan pou yon chèf fanmi montre li renmen fanmi l? (Gade kare ki gen tit “ Ki jan yon gason ki fèk marye kapab jwenn respè madanm li?”)

13 Leson pou nou. Tout sa yon chèf fanmi ap fè, se lanmou ki dwe pouse l fè l. Poukisa sa enpòtan anpil? Men repons apot Jan bay: “Yon moun ki pa renmen frè l [oswa fanmi l] li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” ​(1 Jan 4:11, 20). Nòmalman, yon gason ki renmen fanmi l e ki vle imite Jewova ak Jezi ap ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye, l ap montre yo li renmen yo e l ap fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). L ap bay pitit li fòmasyon ak disiplin. Epitou, l ap kontinye aprann pran desizyon ki onore Jewova e ki bon pou fanmi l. Kounye a, nou pral pale sou chak bagay sa yo e nou pral wè fason yon chèf fanmi ka imite Jewova ak Jezi.

SA YON CHÈF FANMI DWE FÈ

14. Ki jan yon chèf fanmi ka ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye?

14 Li dwe ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye. Jezi te montre li menm jan ak Papa l paske li te vle ede moun ki t ap suiv li yo kontinye gen yon lafwa solid (Mat. 5:3, 6; Mak 6:34). Menm jan an tou, sa ki pi enpòtan pou yon chèf fanmi, se ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye (Det. 6:6-9). Li fè sa, lè li asire l li menm ak fanmi l li Pawòl Bondye a epi etidye l, asiste reyinyon yo, preche bon nouvèl la, epi vin zanmi Jewova e kontinye fè efò pou yo ret zanmi l.

15. Bay youn nan fason yon chèf fanmi kapab montre fanmi l li renmen yo.

15 Li dwe montre fanmi l li renmen yo. Anpil moun te tande Jewova di Jezi li renmen l (Mat. 3:17). Jezi te konn montre disip li yo li renmen yo e li te konn di yo sa. Disip li yo te fè l konnen yo renmen l tou (Jan 15:9, 12, 13; 21:16). Yon chèf fanmi ka montre madanm li ak pitit li li renmen yo nan fason l aji, pa egzanp, lè l etidye Labib avèk yo. Li dwe di yo tou li renmen yo e yo gen anpil valè pou li, epi li dwe felisite yo devan lòt moun lè sa apwopriye. — Pwo. 31:28, 29.

Pou yon chèf fanmi fè Jewova plezi li dwe fè fanmi l jwenn sa yo bezwen pou yo viv. (Gade paragraf 16.)

16. Ki sa yon chèf fanmi dwe fè tou, e ki jan l ka montre li gen ekilib?

16 Li dwe fè fanmi l jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Jewova te fè Izrayelit yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv, menm lè yo te jwenn pinisyon poutèt yo te dezobeyi (Det. 2:7; 29:5). Jodi a tou, li fè n jwenn sa nou bezwen pou nou viv (Mat. 6:31-33; 7:11). Menm jan an tou, Jezi te bay moun ki t ap suiv li yo manje (Mat. 14:17-20). Epitou, li te geri anpil moun ki te malad (Mat. 4:24). Pou yon chèf fanmi fè Jewova plezi, li dwe fè fanmi l jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Sepandan, li bezwen gen ekilib, li pa dwe tèlman ap travay pou l pran swen fanmi l, li pa ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye e li pa montre yo li renmen yo jan l ta dwe fè sa.

17. Ki egzanp Jewova ak Jezi bay nan fason yo ban nou fòmasyon ak disiplin?

17 Li dwe ba yo fòmasyon. Se paske Jewova vle sa ki pi bon pou nou ki fè li ban nou fòmasyon ak disiplin (Ebre 12:7-9). Jezi menm jan ak Papa l, li bay moun ki anba otorite l yo fòmasyon yon fason ki montre li renmen yo (Jan 15:14, 15). Li fè sa yon fason ki fèm, men avèk jantiyès (Mat. 20:24-28). Li konprann nou enpafè e nou fè erè souvan. — Mat. 26:41.

18. Ki sa yon bon chèf fanmi konprann?

18 Yon chèf fanmi ki imite Jewova ak Jezi konprann madanm li ak pitit li se pa moun ki pafè. Li pa “eksite” sou madanm li ak pitit li (Kol. 3:19). Okontrè, li aplike prensip ki nan Galat 6:1 an e li eseye ede yo “avèk dousè”, pandan l sonje li menm tou li pa pafè. Menm jan ak Jezi, li wè pi bon fason pou l anseye yo se nan egzanp li bay. — 1 Pyè 2:21.

19-20. Lè yon chèf fanmi gen desizyon pou l pran, ki jan l ka imite Jewova ak Jezi?

19 Li dwe pran desizyon ki nan enterè fanmi l. Jewova pran desizyon ki nan enterè lòt moun. Pa egzanp, lè l te deside kreye lavi, se pa nan enterè pa l li te fè sa, men se paske li te vle nou pwofite lavi. Pèsonn pa t ka fòse l bay Pitit Gason l lan pou peche nou. Li te chwazi fè sakrifis sa a paske li te vle ede nou. Jezi te pran desizyon tou ki te nan enterè lòt moun (Wom. 15:3). Pa egzanp, yon lè li te fatige anpil, men, olye l te repoze, li te pito anseye yon foul moun. — Mak 6:31-34.

20 Yon bon chèf fanmi konnen youn nan bagay ki pi difisil li dwe fè se pran desizyon k ap bon pou fanmi l, e li pran responsablite sa a oserye. Li eseye evite pran desizyon san l pa chèche konn sa fanmi l panse oswa san l pa reflechi. Okontrè, li kite Jewova ba l fòmasyon * (Pwo. 2:6, 7). Konsa, l ap chèche enterè lòt moun, li pap chèche enterè pa l. — Flp. 2:4.

21. Sou ki sa atik ki vin apre a pral pale?

21 Jewova bay chèf fanmi yo yon travay ki pa fasil, e yo gen kont pou yo rann li pou fason yo fè travay sa a. Men, si yon mari fè efò pou l suiv egzanp Jewova ak Jezi, l ap yon bon chèf fanmi. E si madanm li jwe wòl pa l, y ap gen kè kontan nan maryaj yo. Ki jan yon madanm ta dwe wè responsablite mari l genyen antanke chèf fanmi, e ki difikilte li ka jwenn? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

KANTIK 16 Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

^ § 5 Lè yon gason marye, li vin yon chèf fanmi. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa mo chèf la vle di, poukisa Jewova mete chèf, e ki sa mesye yo ka aprann nan egzanp Jewova ak Jezi. Nan dezyèm atik nan seri sa a, nou pral wè sa yon mari ak yon madanm ka aprann nan egzanp Jezi ak nan lòt egzanp nan Bib la. E nan twazyèm atik la, nou pral wè fason frè yo ta dwe sèvi ak otorite yo nan kongregasyon an.

^ § 7 Ide ki fè kwè li nòmal pou yon gason maltrete madanm li, e menm bat li, konn parèt pafwa nan fim, nan jwèt e menm nan liv komik. Se sa k fè moun ka panse se pa yon bagay ki mal lè yon gason aji di ak madanm li.

^ § 20 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason pou n pran bon desizyon, gade atik ki gen tit “Pran desizyon ki onore Bondye”, ki parèt nan Toudegad 15 avril 2011, paj 13-17.