Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout sa te rive grasa yon souri!

Tout sa te rive grasa yon souri!

GEN de jèn dam ki t ap mache ansanm nan yon zòn ki gen anpil biznis nan vil Bagyo, nan peyi Filipin. Je yo te tonbe sou yon charyo piblikasyon, men, yo pa t pwoche kote l. Helen, yon sè ki te kanpe kot charyo a, te ba yo yon bèl souri. Medam yo te kontinye wout yo, men yo pa t bliye bèl souri Helen te ba yo a.

Nan pita, pandan medam yo te nan yon bis pou yo retounen lakay yo, yo te wè yon gwo ansèy jw.org nan yon Sal Wayòm. Yo te sonje se menm lèt sa yo yo te wè sou charyo a. Yo te desann bis la pou y al gade orè reyinyon yo ki afiche sou baryè Sal Wayòm nan.

Toule de medam yo te asiste youn nan reyinyon ki te fèt annapre yo. E kiyès yo te wè pandan yo t ap antre nan Sal Wayòm nan? Helen! Menm kote a yo te wè se li menm ki te ba yo bèl souri a. Men sa Helen di: “Pandan yo t ap vin kote m, mwen te santi m yon ti jan jennen. Mwen te panse petèt mwen te fè yon bagay ki mal.” Men, medam yo te esplike Helen sa k te pase a.

Medam yo te renmen reyinyon an, e yo te kontan moman yo te pase a. Yo te santi yo lakay yo. Lè yo te wè lòt moun ap netwaye Sal la apre reyinyon an, yo te mande si yo kapab ede yo. Apre sa, youn nan medam yo te kite peyi a, men lòt la te vin nan reyinyon e li te kòmanse etidye Labib. Tout sa te rive grasa yon souri!