Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

“Chèf fi se gason”

“Chèf fi se gason”

“Chèf fi se gason.” — 1 KOR. 11:3.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki kesyon konsa yon sè selibatè ta dwe poze tèt li lè l enterese nan yon frè li wè ki te kapab vin mari l?

TOUT kretyen anba otorite Jezi Kris, yon chèf ki pafè. Men, lè yon sè marye, li vin anba otorite yon gason ki enpafè. Sa ka pa toujou fasil. Se sa k fè, lè yon sè enterese nan yon frè e li wè frè sa a te ka vin mari l, l ap bon pou sè a poze tèt li kesyon ki vin annapre yo: ‘Ki sa k montre m frè sa a ap yon bon chèf fanmi? Èske sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi l? Si se pa sa k pi enpòtan pou li, ki sa k fè m panse l ap ka ede fanmi an gen bon relasyon ak Jewova apre maryaj nou?’ Nòmalman, yon sè ta dwe poze tèt li kesyon sa yo tou: ‘Ki kalite mwen genyen k ap itil nan maryaj la? Èske m gen pasyans e èske m renmen bay? Èske m gen yon relasyon solid ak Jewova?’ ​(Ekl. 4:9, 12). Lè yon fi pran bon desizyon anvan li marye, sa ka fè l jwenn anpil kè kontan nan maryaj li.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Gen plizyè milyon sè ki bay bèl egzanp lefètke yo soumèt devan mari yo. Yo merite felisitasyon! Se pa ti kontan nou kontan sèvi Jewova ansanm ak medam sa yo ki fidèl! Nan atik sa a, n ap jwenn repons twa kesyon ki vin annapre yo: 1) Ki pwoblèm konsa fi ki marye yo ka jwenn? 2) Poukisa yon fi ki marye chwazi soumèt anba otorite mari l? 3) Ki sa mari ak madanm ki kretyen yo ka aprann konsènan soumisyon nan egzanp Jezi, Abigayil, ak Mari ki te marye ak Jozèf e ki te manman Jezi?

KI PWOBLÈM KONSA SÈ KI MARYE YO KA JWENN?

3. Sa k fè pa gen maryaj ki pafè?

3 Maryaj se yon kado Bondye bay ki pafè, men nou menm nou enpafè (1 Jan 1:8). Se sa k fè Pawòl Bondye a avèti moun ki marye yo y ap jwenn yon seri pwoblèm k ap tankou “tribilasyon nan lavi yo”. (1 Kor. 7:28.) Ann wè kèk pwoblèm yon fi ki marye ka jwenn.

4. Ki sa k fè yon fi ki marye ka santi lè l soumèt devan mari l sa rabese l?

4 Petèt, fason yon fi ki marye te leve ka fè l santi lè l soumèt devan mari l sa rabese l. Men sa Marisol k ap viv Ozetazini di: “Kote m te leve a, yo toujou ap di medam yo yo menm ak gason dwe egal nan tout bagay. Mwen konnen se Jewova ki pran dispozisyon pou gen otorite nan fanmi yo e se li menm ki bay medam yo yon wòl ki mande pou yo gen imilite e ki merite respè. Men, li difisil pou m wè kesyon otorite a yon fason ki rezonab.”

5. Ki ide kèk gason gen sou fi ki pa ann amoni ak Bib la?

5 Yon lòt bò, yon fi ka marye ak yon gason ki panse fi gen mwens valè pase gason. Men sa yon sè k ap viv ann Amerik disid di: “Nan zòn kote n ap viv la se mesye yo ki manje anvan, e apre sa medam yo manje. Yo atann se tifi yo ki pou fè manje e ki pou netwaye kay, men tigason yo menm, se manman yo ak sè yo ki pou fè tout bagay pou yo. E yo fè yo konnen se yo menm ki ‘wa nan kay la’.” Men sa yon sè ki rele Yingling k ap viv ann Azi di: “Gen yon pwovèb nan lang mwen ki fè konnen fi yo pa bezwen entèlijan oswa gen kapasite pou yo fè yon seri bagay, wòl yo se fè travay nan kay, yo pa gen dwa fè mari yo konnen sa yo panse.” Yon mari ki kite panse konsa enfliyanse l, yon panse ki pa montre li gen lanmou e ki pa ann amoni ak sa Bib la di, rann lavi madanm li difisil. Li pa imite Jezi e li pa fè Jewova plezi. — Efe. 5:28, 29; 1 Pyè 3:7.

6. Ki sa sè ki marye yo bezwen fè pou yo vin gen pi bon relasyon ak Jewova?

6 Jan nou te wè sa nan atik anvan an, Jewova atann pou yon mari ki kretyen ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye, fè yo santi li renmen yo epi fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). Men, byenke sè ki marye yo okipe anpil, yo dwe pran tan pou yo li Pawòl Bondye a chak jou, pou yo medite sou li e pou yo priye Jewova ak tout kè yo. Sa ka difisil. Piske sè ki marye yo okipe, yo gendwa santi yo pa gen tan oswa fòs pou yo fè bagay sa yo. Men, li vrèman enpòtan pou yo pran tan pou yo fè sa. Poukisa? Se paske Jewova vle nou chak vin zanmi l epi fè efò pou n kenbe amitye sa a. — Tra. 17:27.

7. Ki sa k ap fè l pi fasil pou yon sè ki marye jwe wòl Jewova ba li a?

7 Nòmalman, yon sè ki marye ka bezwen fè anpil efò pou l soumèt devan mari l ki enpafè. Sepandan, l ap pi fasil pou l jwe wòl Jewova ba li a si l konprann epi aksepte rezon ki fè Jewova mande pou l soumèt devan mari l.

POUKISA YON SÈ KI MARYE CHWAZI SOUMÈT DEVAN MARI L?

8. Jan sa parèt nan Efezyen 5:22-24, poukisa yon sè ki marye chwazi soumèt devan mari l?

8 Yon sè ki marye chwazi soumèt devan mari l paske se sa Jewova mande l fè. (Li Efezyen 5:22-24.) Li gen konfyans nan Papa l ki nan syèl la, paske li konnen li renmen l e li pa t ap janm mande l fè yon bagay ki pap bon pou li. — Det. 6:24; 1 Jan 5:3.

9. Ki sa k rive lè yon sè respekte otorite mari l?

9 Monn nan ankouraje medam yo pou yo pa respekte prensip Jewova yo e pou yo konsidere soumisyon kòm yon bagay ki rabese yo. Nòmalman, moun k ap pouse moun gen ide konsa pa konnen Bondye nou an ki gen lanmou. Jewova pa t ap janm mande pitit fi l yo ki gen anpil valè pou li fè yon bagay li konnen k ap rabese yo. Yon sè k ap fè anpil efò pou l jwe wòl Jewova ba li a ede fanmi l viv anpè (Sòm 119:165). Lè konsa, sa bon pou ni li menm, ni mari l, ni pitit li.

10. Ki sa nou ka aprann nan pawòl Carol di yo?

10 Yon madanm ki soumèt devan mari l ki enpafè montre li renmen Jewova e li respekte l antanke Sila a ki bay moun kèk otorite. Men sa Carol k ap viv ann Amerik disid di: “Mwen konnen mari m ap fè erè. Mwen konnen tou fason m aji lè l fè erè montre jis nan ki pwen mwen bay relasyon m ak Jewova anpil valè. Se sa k fè mwen fè efò pou m soumèt mwen paske mwen vle fè Papa m ki nan syèl la plezi.”

11. Ki sa k ede yon sè ki rele Aneese pou l padone, e ki sa nou ka aprann nan sa l di a?

11 Li ka difisil pou yon fi ki marye respekte mari l epi soumèt devan l si l santi mari l pa bay santiman l ak sa k ap trakase l okenn enpòtans. Men, ann wè ki sa yon sè ki marye ki rele Aneese fè lè sa rive. Men sa l di: “Mwen fè efò pou m pa fache. Mwen konnen nou tout konn fè erè. Objektif mwen se padone san grate tèt menm jan ak Jewova. Lè m padone, mwen vin santi m anpè ankò.” ​(Sòm 86:5). Lè yon fi ki marye konn padone, li pi fasil pou l soumèt devan mari l.

KI SA NOU KA APRANN NAN YON SERI EGZANP NOU JWENN NAN BIB LA?

12. Ki egzanp nou jwenn nan Bib la?

12 Gen moun ki ka panse yon moun ki soumèt li se yon moun ki manke kran. Men, se pa sa ditou. Nan Bib la, nou jwenn egzanp anpil moun ki te konn soumèt yo, men ki te gen anpil kran. Ann pran egzanp Jezi, Abigayil ak Mari.

13. Poukisa Jezi soumèt devan Jewova? Esplike.

13 Jezi soumèt devan Jewova, men se pa paske l pa entèlijan oswa l pa gen kapasite. Se paske Jezi te entèlijan anpil ki fè l te kapab anseye yon fason ki senp e ki klè (Jan 7:45, 46). Jewova te konnen Jezi gen anpil kapasite e li te kite l travay ansanm avè l lè l t ap kreye linivè (Pwo. 8:30; Ebre 1:2-4). Apre Jezi fin resisite, Jewova ba l “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”. (Mat. 28:18.) Menm lè Jezi gen anpil kapasite, li toujou konte sou Jewova pou gide l. Poukisa? Paske li renmen Papa l. — Jan 14:31.

14. Ki sa mari yo ka aprann nan a) fason Jewova wè medam yo? b) pawòl ki nan Pwovèb 31 an?

14 Sa mari yo ka aprann. Se pa paske Jewova konsidere fi gen mwens enpòtans pase gason ki fè l mande fi ki marye yo pou yo soumèt devan mari yo. Jewova te montre sa aklè lefètke l chwazi fi kou gason pou al dirije ansanm ak Jezi (Gal. 3:26-29). Lefètke Jewova bay Pitit Gason l lan otorite, sa montre li gen konfyans nan li. Menm jan an tou, yon mari ki gen sajès ap bay madanm li otorite sou kèk bagay. Pawòl Bondye a fè konnen yon bon madanm kapab pran swen moun lakay li, li kapab achte tè epi vann tè, e li kapab fè biznis. (Li Pwovèb 31:15, 16, 18.) Li pa yon esklav ki pa gen dwa pou l di sa l panse. Okontrè, mari l fè l konfyans e li koute opinyon l. (Li Pwovèb 31:11, 26, 27.) Lè yon mari montre l respekte madanm li fason sa a, madanm nan ap kontan soumèt devan l.

Ki sa yon bon madanm ka aprann nan fason Jezi soumèt devan Jewova? (Gade paragraf 15.)

15. Ki sa medam ki marye yo ka aprann nan egzanp Jezi?

15 Sa medam ki marye yo ka aprann. Byenke Jezi te reyalize anpil gwo bagay, li pa t santi sa rabese l pou l soumèt devan Jewova (1 Kor. 15:28; Flp. 2:5, 6). Menm jan an tou, yon bon madanm k ap suiv egzanp Jezi pap santi se yon bagay ki rabesan pou l soumèt devan mari l. L ap soutni mari l nonsèlman paske l renmen l, men, sa k pi enpòtan an, paske l renmen Jewova e li respekte l.

Apre Abigayil fin voye manje bay David ak mesye David yo, l al kote l. Li bese byen ba devan l epi li sipliye l pou l pa tire revanj, sa ki t ap fè David fè yon gwo erè. (Gade paragraf 16.)

16. Jan sa parèt nan 1 Samyèl 25:3, 23-28, ki pwoblèm Abigayil te jwenn? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

16 Abigayil te marye ak yon mesye ki te rele Nabal. Nabal te egoyis, li te gen ògèy e li te engra. Malgre sa, Abigayil pa t kouri kraze maryaj li. Li te ka chwazi pa di anyen epi kite David ak mesye l yo touye mari l. Okontrè, li te fè tout sa l kapab pou l pwoteje Nabal ansanm ak pakèt moun yo te gen lakay yo. Imajine tout kouraj sa te mande pou Abigayil avanse sou 400 gason ki gen zam e pou l rezone ak David avèk respè. Li te menm mande padon pou sa mari l te fè a. (Li 1 Samyèl 25:3, 23-28.) David te rann li kont byen vit se Jewova ki te sèvi ak dam sa a ki te gen kran pou ba l yon konsèy ki te anpeche l fè yon gwo erè.

17. Ki sa mari yo ka aprann nan istwa David ak Abigayil la?

17 Sa mari yo ka aprann. Abigayil te gen sajès. E David te montre l gen sajès lefètke li te koute konsèy Abigayil te ba l la. Se sa k fè li pa t touye yon seri moun ki inosan. Menm jan an tou, yon mari ki gen sajès ap pran tan pou l byen koute opinyon madanm li lè yo gen desizyon enpòtan pou yo pran. Petèt sa madanm li di ap ede l pou l pa pran move desizyon.

18. Ki sa medam ki marye yo ka aprann nan egzanp Abigayil?

18 Sa medam ki marye yo ka aprann. Lè yon fi ki marye renmen Jewova e li respekte l, sa ka gen bon efè sou fanmi l, menmsi mari l pap sèvi Jewova oswa li pap obeyi prensip Jewova yo. Li pap chèche yon jan pou l kraze maryaj li. Okontrè, lefètke l respekte mari l e li soumèt devan l, sa ka ankouraje mari a aprann konnen Jewova (1 Pyè 3:1, 2). E menmsi mari l pa deside sèvi Jewova, Jewova ap kontan wè madanm nan fidèl anvè l epi li soumèt devan mari l.

19. Nan ki sitiyasyon yon sè ki marye pap obeyi mari l?

19 Sepandan, menmsi yon sè soumèt devan mari l li pap obeyi si mari l ta mande l fè yon bagay Bib la kondane oswa pou l vyole yon prensip biblik. Pa egzanp, ann sipoze mari yon sè pap sèvi Jewova e l ta mande sè a pou l bay manti, pou l vòlè oswa pou l fè yon lòt bagay ki pa fè Jewova plezi. Se Jewova Dye tout kretyen, san wete sè ki marye yo, dwe obeyi toudabò. Si yo ta mande yon sè pou l vyole prensip ki nan Bib la, li dwe refize. L ap esplike avèk jantiyès rezon ki fè l pa ka fè sa, men l ap bezwen pale avèk konviksyon. — Tra. 5:29.

Gade paragraf 20 *.

20. Ki jan nou fè konnen Mari te gen bon relasyon ak Jewova?

20 Mari te gen bon relasyon ak Jewova. Se sèten li te byen konn Ekriti yo. Nan yon konvèsasyon li te gen ak Elizabèt, manman Jan ki te konn batize moun nan, Mari te site plis pase 20 pasaj ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo (Lik 1:46-55). Fè yon ti reflechi: Menm lè Mari te fiyanse ak Jozèf, se pa t devan Jozèf zanj Jewova a te parèt anvan. Zanj lan te pale ak Mari dirèkteman e l te fè Mari konnen se li menm k ap fè Pitit Gason Bondye a (Lik 1:26-33). Jewova te konn Mari byen e l te gen konfyans Mari t ap byen pran swen Pitit Gason l lan. Se sèten Mari te kontinye gen bon relasyon ak Jewova menm apre Jezi fin mouri e li te resisite pou l al nan syèl. — Tra. 1:14.

21. Ki sa mesye ki marye yo ka aprann nan sa Bib la di sou Mari?

21 Sa mari yo ka aprann. Yon mari ki gen sajès kontan lè madanm li konnen Ekriti yo byen. Sa pa ba l pwoblèm e li pa panse se chèche madanm li ap chèche pran latèt nan fanmi an. Li konnen lè madanm li byen konnen Bib la ak prensip ki nan Bib la, madanm li ap yon bon èd pou fanmi an. Menmsi madanm nan pi byen fòme pase mari l, nòmalman se responsablite mari a pou l pran latèt nan adorasyon an fanmi an ak nan lòt aktivite ki gen rapò ak sèvis Bondye. — Efe. 6:4.

Ki leson fi ki marye yo ka aprann nan egzanp Mari, manman Jezi, nan kesyon etidye ak medite? (Gade paragraf 22.) *

22. Ki sa medam ki marye yo ka aprann nan egzanp Mari?

22 Sa medam ki marye yo ka aprann. Yon fi dwe soumèt devan mari l, men, li gen responsablite pou l kontinye gen bon relasyon ak Jewova (Gal. 6:5). Se sa k fè li dwe rezève tan pou l fè etid pèsonèl e pou l medite. Sa ap ede l kontinye renmen Jewova, kontinye respekte l epi soumèt devan mari l ak kè kontan.

23. Nan ki sans lè fi ki marye yo soumèt devan mari yo, sa bon pou yo, sa bon pou fanmi yo, e sa bon pou kongregasyon an?

23 Yon fi ki marye ki kontinye soumèt devan mari l paske l renmen Jewova ap gen plis kè kontan ak satisfaksyon pase yon fi ki pa obeyi dispozisyon Jewova pran pou gen yon chèf nan fanmi l. Yon fi konsa se yon bèl egzanp pou jèn gason ak jèn fi yo. Epi, fason l aji fè gen yon bèl anbyans nonsèlman nan fanmi l, men tou nan kongregasyon an (Tit 2:3-5). Pami tout moun k ap sèvi Jewova fidèlman jodi a, pifò ladan yo se fi (Sòm 68:11). Nou tout, gason kou fi, gen yon wòl enpòtan pou nou jwe nan kongregasyon an. Atik ki vin apre a pral pale sou fason nou chak kapab jwe wòl sa a.

KANTIK 131 “Sa Bondye met anba menm jouk”

^ § 5 Jewova vle pou yon fi ki marye soumèt devan mari l. Ki sa sa vle di? Mari ak madanm ki kretyen yo ka aprann anpil bagay konsènan soumisyon nan egzanp Jezi ak nan egzanp kèk medam Bib la pale de yo.

^ § 68 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan Mari t ap pale ak Elizabèt, manman Jan ki te konn batize moun nan, Mari te site plizyè pasaj ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo pa kè.

^ § 70 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki marye bezwen rezève tan pou l etidye Bib la yon fason pou l kenbe yon bon relasyon ak Jewova.