Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 13

Kris se Modèl nou

Kris se Modèl nou

(1 Pyè 2:21)

  1. 1. Jewova sove nou.

    Li montre’l gen lanmou

    Lè’l te bay Jezi Kris pou limanite.

    Kris te vin sou tè a,

    Li bese li byen ba.

    Bèl egzanp li bay louwe non Bondye.

  2. 2. Pawòl Bondye’l te li

    Pou ede’l ret an vi.

    Sa te ba’l sajès ak bonjan konesans.

    Fè volonte Papa’l

    Se sa’k te manje pa’l,

    Li te obeyi’l avèk andirans.

  3. 3. Ann imite Jezi,

    Ann toujou pran plezi

    Louwe Jewova Dye nan tout sa n’ap fè.

    Si’n toujou ret fidèl

    Lè’n suiv Kris kòm modèl,

    Bondye ap avè’n, l’ap fè nou favè.