Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon konstriksyon ki pral ba w glwa

Yon konstriksyon ki pral ba w glwa

Telechaje:

  1. 1. Jewova, Ou menm Kreyatè a,

    Menm syèl la pa kapab kenbe’w,

    Alewè pou kote’n sèvi’w yo.

    Poutan, lespri’w ka rete la.

    Tout moun ki renmen limyè ou bay,

    Ap chèche ba’w adorasyon.

    Nou renmen sèvi’w nan inite,

    E sa ba’w kè kontan toutbon.

    (YON TI DIPLIS)

    Pa gen anyen’n genyen,

    Se pa ou ki ban nou li.

    Se nan men’w nou resevwa

    Tout sa nou vle ofri’w.

    (REFREN)

    Nou vle di’w mèsi pou tout sa’w fè,

    Nou met vwa’n ansanm pou’n louwe’w,

    Paske’w fè’n jwenn sa’n te espere,

    Grasa kay sa’k pral glorifye’w.

  2. 2. Jewova’w konnen nou te bezwen

    Yon lokal pou’n ka onore’w,

    Ki la pou ede sèvitè’w yo

    Ak tout lòt moun ki respekte’w.

    Nou dedye li pou sèvis ou a.

    Gen travay pou nou fè toujou

    Pou’n ede moun fè pwogrè chak jou,

    Konsa’n montre Kris lanmou nou.

    (YON TI DIPLIS)

    Donk, nou bay tout nou menm,

    Tout tan nou, tout sa’n genyen.

    Pou tout sa ou fè deja,

    Ou merite tout glwa.

    (REFREN)

    Nou vle di’w mèsi pou tout sa’w fè,

    Nou met vwa’n ansanm pou’n louwe’w,

    Paske’w fè’n jwenn sa’n te espere,

    Grasa kay sa’k pral glorifye’w.