Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

W ap gen fòs, w ap gen kran

W ap gen fòs, w ap gen kran

Telechaje:

  1. 1. Li poko jou.

    Premye sa’l fè,

    Nan kè’l, li lapriyè

    Pou pitit li yo,

    Pou tout frè’l ak sè’l:

    “Papa, ede’n ret fidèl.”

    Bagay yo konn rèd pafwa,

    Men, li pa janm pèdi espwa.

    Li pran ka moun anpil,

    E chan sa’ toujou ret nan lespri’l.

    (REFREN)

    ‘Wi, m’ap fè’w vin djanm.

    Ou pa bezwen pè.

    M’ap toujou avè’w.

    Wi, mwen ba’w valè.’

    W’ap gen fòs, w’ap gen kran.

    Pou li, se pi bèl chan.

    “San mank l’ap fè’w vin fèm,

    Epi l’ap fè’w vin djanm.”

    (YON TI DIPLIS)

    Li lè pou’l pran lari,

    Pou’l chèche lavi.

    Pa g’anyen ki fin sèten.

    Bon zanmi’l yo la,

    Yo ede’l pa faya.

    Konsa’l pa janm pè demen.

  2. 2. L’ap monte wo,

    Kòmsi’l gen zèl

    Tankou èg ki nan syèl.

    Twòp travay pou’l fè.

    Li manke tan, l’enkyè.

    Men’l pa janm bliye lapriyè.

    Malgre doulè nan tout kò’l,

    L’ap travay di’l pa plenyen sò’l.

    Sa ki vrèman soutni’l

    Se chan sa’ ki toujou nan lespri’l:

    (REFREN)

    ‘Wi, m’ap fè’w vin djanm.

    Ou pa bezwen pè.

    M’ap toujou avè’w.

    Wi, mwen ba’w valè.’

    W’ap gen fòs, w’ap gen kran.

    Pou li, se pi bèl chan.

    “San mank l’ap fè’w vin fèm,

    Epi l’ap fè’w vin djanm.”

    “San mank l’ap fè’w vin fèm,

    Epi l’ap fè’w vin djanm.”